Liv SÒM

SÒM  1  |  3  10  11  12  13  14  15  16  17  18  19  20  21  22  23  24 25  26  27  28  |   29  |  30   |  31  32  33 34  35  36  37  38  39  |  40  41  42  43  44  45 46  47  48  |  49  50  |  51 52  53  54  55  56  57  58  |  59 60  61  62  63  64 65  66  |  67  68  69  70 71  72  73  74  75  76  77  78  79  80  81  82  83 84  85  86  |  87  88  89 90  91  |  92  93  94  95 96  97  98  99   |  100  101 102  |  103  |  104  |  105  |  106  |  107  |  108  |  109  |  110  |  111  |  112 113 114  |  115  |  116 117  118  |  119  |  120  |  121  |  122 123  |  124  |  125  |  126  |  127  |  128 129  |  130  |  131  |  132  |  133  |  134  |  135  |  136  |  137  |  138  |  139  |  140  |  141  |  142  |  143  |  144  |  145  |  146  |  147  |  148 149  |  150  |   

Sòm 28            Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}  

© 2020 Audio Track Brother Willy.                          

Se yon sòm David. 
1 Seyè, se ou menm ki twou wòch kote m’ kache a, se nan pye ou m’ap rele. Pa fè tankou ou pa tande m’. Si ou pa reponn mwen, m’ap tankou yon kadav y’ap antere.
Tande m’ non, lè m’ap rele ou, lè m’ap mande ou sekou. Koute m’ non, lè mwen leve de bra m’ nan direksyon kay ki apa pou ou a.
Pa mete m’ nan menm sak ak mechan yo, ak moun k’ap fè sa ki mal, ak moun ki gen bèl pawòl nan bouch yo men ki gen mechanste plen kè yo.
Pini yo pou sa yo fè, pou tou sa yo fè ki mal. Pini yo pou tou sa yo fè, ba yo sa yo merite.
Yo pa pran ka sa Seyè a te fè, sa l’ te fè ak men l’. Se pou Seyè a detwi yo, se pou l’ disparèt yo nèt alè.
 Ann fè lwanj Seyè a. Li tande m’ lè mwen rele l’.
Seyè a ap pwoteje m’, l’ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m’, kè m’ kontan. M’ap chante pou m’ fè lwanj li.
Se Seyè a ki tout fòs pèp li a. L’ap defann wa li chwazi a, l’ap delivre l’.
Seyè, sove pèp ou a non! Beni tout moun pa ou yo! Aji ak yo tankou yon bon gadò. Pran swen yo tout tan tout tan.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}