Liv Ézayi / Ésaïe / Isaiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ézayi 5  

1 Mwen pral chante yon chante pou nou, yon chante sou zanmi m’ ak jaden rezen l’ lan. Zanmi m’ lan te gen yon jaden rezen, sou tèt yon ti mòn ki te gen yon bon venn tè.
Li bat tout tè a, li wete tout wòch ladan l’. Li plante pi bon kalite pye rezen ladan l’. Apre sa, li bati yon ti kay tou won nan mitan jaden an pou veye l’. Li fè yon basen pou kraze rezen yo. Li te kwè jaden an tapral ba li bon rezen. Men, se vye rezen si ase li bay.
Lè sa a, zanmi mwen an di: -Nou menm moun lavil Jerizalèm ak moun peyi Jida yo, nou pral di m’ kilès nan nou de a, jaden rezen an ak mwen menm, ki antò.
Kisa pou m’ te fè pou jaden rezen an mwen pa t’ fè? Mwen t’ap tann li ban m’ bon jan rezen. Poukisa se bann vye rezen si sa yo li donnen?
Enben! M’ap fè nou konnen sa mapral fè jaden rezen mwen an. Mwen pral kraze tout lantiray li a pou bèt antre vin manje l’, pou yo kraze l’ anba pye yo.
M’ap fè l’ tounen yon jaden yo piye. Yo p’ap netwaye branch li yo, yo p’ap sekle l’ ankò. Zèb pikan ak raje ap fin anvayi l’. Mwen p’ap kite lapli tonbe sou li.
Pèp Izrayèl la, se li ki jaden rezen Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a. Moun peyi Jida yo, se yo ki bon plan li te plante a. Li t’ap tann yo mache dwat: Yo lage kò yo nan fè lenjistis. Li t’ap tann yo fè sa ki dwat devan je l’, men, nan tout peyi a, se rèl malere ase ou tande.
 Madichon pou moun k’ap bati kay sou kay, pou moun k’ap achte tè pou mete sou sa yo genyen deja! Talè konsa, p’ap gen plas pou lòt moun nan peyi a. Yo vle se yo menm ase ki pou rete nan peyi a.
Men sèman mwen tande Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, fè: Tout kay sa yo gen pou yo tounen mazi. Yo te mèt bèl kou yo bèl, yo te mèt gwo kou yo gwo, p’ap gen moun pou rete ladan yo.
10 Jaden rezen ki sou dis kawo tè ap bay yon sèl barik diven. Pou chak dis mamit grenn yo plante, y’a rekòlte yon sèl mamit.
11 Madichon pou moun k’ap leve granmaten pou yo ale chache gwòg pou yo bwè, pou moun k’ap rete byen ta lannwit pou bwè diven jouk yo sou!
12 Lè y’ap fè fèt, se pou gen gita ak bandjo, tanbou ak fif ak barik plen diven. Men, yo pa chache konprann sa Seyè a ap fè, yo pa wè travay l’ap fè a.
13 Pèp la pa konn anyen menm. Se poutèt sa y’ap fè yo prizonye, y’ap depòte yo. Grannèg yo pral mouri grangou. Pèp la menm ap mouri swaf dlo.
14 Peyi kote mò yo ye a ap tann yo konsa. L’ap louvri pòtay li yo byen gran pou l’ resevwa yo. Se la tout grannèg yo pral desann ansanm ak pèp la k’ap fè bri ak kè kontan.
15 Yo pral trennen tout moun nan labou. Yo pral fè yo wont. Tout moun ki t’ap gonfle lestonmak yo pral bese je yo atè.
16 Men, Seyè a pral moutre jan li gen pouvwa lè l’a fè sa li gen pou l’ fè a. Li pral fè wè jan li se Bondye tout bon ki apa a lè l’a jije pèp li a.
17 Toupatou, nan lavil yo, mouton yo ap mache manje zèb tankou nan savann. P’ap gen pak ankò pou angrese bèt. Tout bèt ap lage. Y’ap mache manje toupatou nan lavil la.
18  Madichon pou nou! Nou sitèlman renmen mechanste n’ap fè a, n’ap trennen l’ dèyè nou kote nou pase. Peche nou yo te mèt gwo, n’ap rale yo dèyè nou tankou bèt k’ap rale kabwèt!
19 Y’ap plede di: Se pou Bondye fè vit! Se pou li prese fè sa l’ap fè a pou nou ka wè l’. Se pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa prese fè travay li vle fè a, pou nou ka wè sa li gen nan tèt li.
20 Madichon pou moun ki vle fè byen pase pou mal, mal pase pou byen, pou moun k’ap di fènwa se limyè, limyè se fènwa, pou moun k’ap di bagay anmè dous, bagay dous anmè!
21 Madichon pou moun ki konprann yo gen konesans, pou moun ki mete nan tèt yo yo gen lespri!
22 Madichon pou nou! Lè se boutèy diven pou nou desann, nou pa manke kouraj! Lè se gwòg pike pou nou konpoze, nou pa manke vanyan gason!
23 Men, nou lage moun ki koupab yo pou lajan. Nou pa kite moun k’ap mache dwat yo jwenn jistis.
24 Se sa ki fè y’ap disparèt nou sou tè a tankou pay ak zèb chèch ki boule nan dife. Rasin yo ap pouri anba tè. Van ap pran flè yo, l’ap bwote yo ale tankou pousyè, paske yo pa t’ koute lòd Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te ba yo. Yo te meprize kòmandman Bondye pèp Izrayèl la te bay.
25 Se sa ki fè tou, Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te leve men l’ sou yo, li frape yo. Lè sa a, mòn yo tranble. Kadav moun mouri yo ap trennen nan mitan lari tankou fatra. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin ak yo.
26 Seyè a leve drapo l’ pou l’ bay siyal la. L’ap rele yon pèp ki byen lwen. L’ap soufle byen fò, l’ap rele moun soti jouk lòt bò nèt, nan dènye bout latè. Gade! Y’ap vole konsa, y’ap kouri vini!
27 Pa gen yonn ladan yo ki bouke! Pa gen yonn ladan yo ki fè bitay! Yo pa konn sa ki rele kabicha, ale wè dòmi! Ren yo toujou mare. Sapat yo toujou mare byen sere nan pye yo.
28 Pwent flèch yo taye byen fen. Banza yo tou pare pou tire. Pye chwal yo di kou wòch. Kabwèt yo woule vit tankou van siklòn.
29 Sòlda yo gwonde tankou fenmèl lyon. Yo rele tankou yon bann ti lyon. Yo gwonde, yo tonbe sou bèt yo pran an, yo pote l’ ale. Pa gen moun ki pou rache l’ soti nan bouch yo!
30 Jou sa a, y’ap gwonde sou pèp Izrayèl la. Y’ap fè bri tankou lanmè lè li move. Voye je, gade peyi a! Se renk fènwa ak tray pou tout moun. Nwaj nwa bouche toupatou nan syèl la!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ésaïe 5

1 Je chanterai à mon bien-aimé Le cantique de mon bien-aimé sur sa vigne. Mon bien-aimé avait une vigne, Sur un coteau fertile.
Il en remua le sol, ôta les pierres, et y mit un plant délicieux; Il bâtit une tour au milieu d’elle, Et il y creusa aussi une cuve. Puis il espéra qu’elle produirait de bons raisins, Mais elle en a produit de mauvais.
Maintenant donc, habitants de Jérusalem et hommes de Juda, Soyez juges entre moi et ma vigne!
Qu’y avait-il encore à faire à ma vigne, Que je n’aie pas fait pour elle? Pourquoi, quand j’ai espéré qu’elle produirait de bons raisins, En a-t-elle produit de mauvais?
Je vous dirai maintenant Ce que je vais faire à ma vigne. J’en arracherai la haie, pour qu’elle soit broutée; J’en abattrai la clôture, pour qu’elle soit foulée aux pieds.
Je la réduirai en ruine; elle ne sera plus taillée, ni cultivée; Les ronces et les épines y croîtront; Et je donnerai mes ordres aux nuées, Afin qu’elles ne laissent plus tomber la pluie sur elle.
La vigne de l’Éternel des armées, c’est la maison d’Israël, Et les hommes de Juda, c’est le plant qu’il chérissait. Il avait espéré de la droiture, et voici du sang versé! De la justice, et voici des cris de détresse!
Malheur à ceux qui ajoutent maison à maison, Et qui joignent champ à champ, Jusqu’à ce qu’il n’y ait plus d’espace, Et qu’ils habitent seuls au milieu du pays!
Voici ce que m’a révélé l’Éternel des armées: Certainement, ces maisons nombreuses seront dévastées, Ces grandes et belles maisons n’auront plus d’habitants.
10 Même dix arpents de vigne ne produiront qu’un bath, Et un homer de semence ne produira qu’un épha.
11 Malheur à ceux qui de bon matin Courent après les boissons enivrantes, Et qui bien avant dans la nuit Sont échauffés par le vin!
12 La harpe et le luth, le tambourin, la flûte et le vin, animent leurs festins; Mais ils ne prennent point garde à l’oeuvre de l’Éternel, Et ils ne voient point le travail de ses mains.
13 C’est pourquoi mon peuple sera soudain emmené captif; Sa noblesse mourra de faim, Et sa multitude sera desséchée par la soif.
14 C’est pourquoi le séjour de morts ouvre sa bouche, Élargit sa gueule outre mesure; Alors descendent la magnificence et la richesse de Sion, Et sa foule bruyante et joyeuse.
15 Les petits seront abattus, les grands seront humiliés, Et les regards des hautains seront abaissés.
16 L’Éternel des armées sera élevé par le jugement, Et le Dieu saint sera sanctifié par la justice.
17 Des brebis paîtront comme sur leur pâturage, Et des étrangers dévoreront les possessions ruinées des riches.
18 Malheur à ceux qui tirent l’iniquité avec les cordes du vice, Et le péché comme avec les traits d’un char,
19 Et qui disent: Qu’il hâte, qu’il accélère son oeuvre, Afin que nous la voyions! Que le décret du Saint d’Israël arrive et s’exécute, Afin que nous le connaissions!
20 Malheur à ceux qui appellent le mal bien, et le bien mal, Qui changent les ténèbres en lumière, et la lumière en ténèbres, Qui changent l’amertume en douceur, et la douceur en amertume!
21 Malheur à ceux qui sont sages à leurs yeux, Et qui se croient intelligents!
22 Malheur à ceux qui ont de la bravoure pour boire du vin, Et de la vaillance pour mêler des liqueurs fortes;
23 Qui justifient le coupable pour un présent, Et enlèvent aux innocents leurs droits!
24 C’est pourquoi, comme une langue de feu dévore le chaume, Et comme la flamme consume l’herbe sèche, Ainsi leur racine sera comme de la pourriture, Et leur fleur se dissipera comme de la poussière; Car ils ont dédaigné la loi de l’Éternel des armées, Et ils ont méprisé la parole du Saint d’Israël.
25 C’est pourquoi la colère de l’Éternel s’enflamme contre son peuple, Il étend sa main sur lui, et il le frappe; Les montagnes s’ébranlent; Et les cadavres sont comme des balayures au milieu des rues. Malgré tout cela, sa colère ne s’apaise point, Et sa main est encore étendue.
26 Il élève une bannière pour les peuples lointains, Et il en siffle un des extrémités de la terre: Et voici, il arrive avec promptitude et légèreté.
27 Nul n’est fatigué, nul ne chancelle de lassitude, Personne ne sommeille, ni ne dort; Aucun n’a la ceinture de ses reins détachée, Ni la courroie de ses souliers rompue.
28 Ses flèches sont aiguës, Et tous ses arcs tendus; Les sabots de ses chevaux ressemblent à des cailloux, Et les roues de ses chars à un tourbillon.
29 Son rugissement est comme celui d’une lionne; Il rugit comme des lionceaux, il gronde, et saisit la proie, Il l’emporte, et personne ne vient au secours.
30 En ce jour, il y aura près de lui un mugissement, Comme celui d’une tempête sur mer; En regardant la terre, on ne verra que ténèbres, Avec des alternatives d’angoisse et d’espérance; Au ciel, l’obscurité régnera.

Louis Segond {LSG}

Isaiah 5 

1 Now will I sing to my wellbeloved a song of my beloved touching his vineyard. My wellbeloved hath a vineyard in a very fruitful hill:
And he fenced it, and gathered out the stones thereof, and planted it with the choicest vine, and built a tower in the midst of it, and also made a winepress therein: and he looked that it should bring forth grapes, and it brought forth wild grapes.
And now, O inhabitants of Jerusalem, and men of Judah, judge, I pray you, betwixt me and my vineyard.
What could have been done more to my vineyard, that I have not done in it? wherefore, when I looked that it should bring forth grapes, brought it forth wild grapes?
And now go to; I will tell you what I will do to my vineyard: I will take away the hedge thereof, and it shall be eaten up; and break down the wall thereof, and it shall be trodden down:
And I will lay it waste: it shall not be pruned, nor digged; but there shall come up briers and thorns: I will also command the clouds that they rain no rain upon it.
For the vineyard of the Lord of hosts is the house of Israel, and the men of Judah his pleasant plant: and he looked for judgment, but behold oppression; for righteousness, but behold a cry.
Woe unto them that join house to house, that lay field to field, till there be no place, that they may be placed alone in the midst of the earth!
In mine ears said the Lord of hosts, Of a truth many houses shall be desolate, even great and fair, without inhabitant.
10 Yea, ten acres of vineyard shall yield one bath, and the seed of an homer shall yield an ephah.
11 Woe unto them that rise up early in the morning, that they may follow strong drink; that continue until night, till wine inflame them!
12 And the harp, and the viol, the tabret, and pipe, and wine, are in their feasts: but they regard not the work of the Lord, neither consider the operation of his hands.
13 Therefore my people are gone into captivity, because they have no knowledge: and their honourable men are famished, and their multitude dried up with thirst.
14 Therefore hell hath enlarged herself, and opened her mouth without measure: and their glory, and their multitude, and their pomp, and he that rejoiceth, shall descend into it.
15 And the mean man shall be brought down, and the mighty man shall be humbled, and the eyes of the lofty shall be humbled:
16 But the Lord of hosts shall be exalted in judgment, and God that is holy shall be sanctified in righteousness.
17 Then shall the lambs feed after their manner, and the waste places of the fat ones shall strangers eat.
18 Woe unto them that draw iniquity with cords of vanity, and sin as it were with a cart rope:
19 That say, Let him make speed, and hasten his work, that we may see it: and let the counsel of the Holy One of Israel draw nigh and come, that we may know it!
20 Woe unto them that call evil good, and good evil; that put darkness for light, and light for darkness; that put bitter for sweet, and sweet for bitter!
21 Woe unto them that are wise in their own eyes, and prudent in their own sight!
22 Woe unto them that are mighty to drink wine, and men of strength to mingle strong drink:
23 Which justify the wicked for reward, and take away the righteousness of the righteous from him!
24 Therefore as the fire devoureth the stubble, and the flame consumeth the chaff, so their root shall be as rottenness, and their blossom shall go up as dust: because they have cast away the law of the Lord of hosts, and despised the word of the Holy One of Israel.
25 Therefore is the anger of the Lord kindled against his people, and he hath stretched forth his hand against them, and hath smitten them: and the hills did tremble, and their carcases were torn in the midst of the streets. For all this his anger is not turned away, but his hand is stretched out still.
26 And he will lift up an ensign to the nations from far, and will hiss unto them from the end of the earth: and, behold, they shall come with speed swiftly:
27 None shall be weary nor stumble among them; none shall slumber nor sleep; neither shall the girdle of their loins be loosed, nor the latchet of their shoes be broken:
28 Whose arrows are sharp, and all their bows bent, their horses’ hoofs shall be counted like flint, and their wheels like a whirlwind:
29 Their roaring shall be like a lion, they shall roar like young lions: yea, they shall roar, and lay hold of the prey, and shall carry it away safe, and none shall deliver it.
30 And in that day they shall roar against them like the roaring of the sea: and if one look unto the land, behold darkness and sorrow, and the light is darkened in the heavens thereof.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}