Liv Miche / Michee / Micah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Miche 7     

1 Ala malè pou mwen, mezanmi! Mwen tankou yon moun ki grangou nan mitan sezon rekòt epi ki pa jwenn yon ti fwi sou pyebwa, ni yon ti grenn rezen pou m’ mete nan bouch mwen. Tout rezen fin keyi. Tout bon fig frans fin tonbe.
Pa rete moun serye nan peyi a ankò. Pa gen moun k’ap sèvi Bondye ak tout kè yo. Tout moun ap tann chans pa yo pou mete men yo nan san. Moun ap mache mete pèlen yonn pou lòt.
Yo tout pase mèt nan fè sa ki mal ak de men yo. Chèf yo ap fè egzijans. Jij yo ap mande lajan anba pou regle zafè pou moun. Grannèg yo menm mande sa yo vle. Se konsa yo tout yo fè yon sèl bann ansanm.
Moun ki ta pi bon nan mitan yo a, se ponya wouye. Sa ki ta yon ti jan pi serye a, li boule pase lèt kandelab, li koupe pase zèb razwa. Jou pou Bondye pini pèp li a pral rive, jan l’ te voye yo avèti l’ la. Lè sa a, pèp la p’ap konnen ni sa pou l’ di ni sa pou l’ fè.
Pa mete konfyans ou nan zanmi! Pa apiye sou ankenn bon zanmi! Veye bouch ou ata ak madanm ou!
Lè sa a, pitit gason p’ap gen respè pou papa yo. Pitit fi ap kenbe tèt ak manman yo. Bèlfi ap fè kont ak bèlmè yo. Pi gwo lènmi ou se va pwòp moun k’ap viv nan kò kay ou.
 Men, se Seyè a ki tout mwen. Avèk konfyans, m’ap tann Bondye k’ap vin pou delivre m’ lan. Wi, Bondye mwen an ap tande m’!
Nou menm ki pa vle wè lavil Jerizalèm, nou pa bezwen kontan wè malè rive nou, nou menm moun lavil Jerizalèm. Nou tonbe, n’a leve ankò! Nou te mèt chita nan fènwa koulye a, Seyè a va yon limyè pou nou.
Se pou nou sipòte kòlè Seyè a paske nou fè peche kont Seyè a. Men bout pou bout, l’a pran defans nou, l’a rann nou jistis. L’ap mennen nou deyò nan limyè a ankò, n’a viv pou nou wè jistis Bondye.
10 Lè sa a, lènmi nou yo va wè sa, y’a wont, yo menm ki te konn ap mande nou: O wi! Kote Seyè a, Bondye nou an! N’a wè ak je nou jan lènmi nou yo ap fini. Y’a foule yo anba pye, y’a meprize yo tankou labou nan lari.
11 Nou menm, moun lavil Jerizalèm, jou pou nou rebati miray lavil la prèt pou rive. Lè sa a, y’a agrandi peyi a.
12 Wi, lè sa a, moun nou yo va tounen soti toupatou vin jwenn nou. Y’a soti nan peyi Lasiri bò solèy leve, y’a soti Lejip nan sid, y’a soti lòt bò larivyè Lefrat, y’a soti byen lwen lòt bò lanmè ak lòt bò mòn yo.
13 Men, tè a ap tounen dezè akòz mechanste moun k’ap viv sou li yo.
14  Seyè! Aji ak pèp ou te chwazi pou ou a tankou yon bon gadò k’ap pran swen mouton l’ yo. Koulye a, pèp ou a rete pou kont li nan yon rakbwa ki antoure ak bon tè. Kite y’ al manje nan bèl jaden peyi Bazan ak peyi Galarad jan yo te konn fè l’ nan tan lontan an!
15 Seyè! Fè mèvèy pou nou jan ou te fè l’ lè ou te fè nou soti kite peyi Lejip la!
16 Moun lòt nasyon yo va wè sa, y’a wont malgre tout fòs yo genyen. Y’a mete men nan bouch. Y’a sezi,
17 y’a trennen kò yo atè nan pousyè tankou koulèv. Y’a mache tankou bèt k’ap trennen sou vant! Y’a pè, y’a kouri soti nan fò yo. Y’a tranble devan Bondye, y’a tounen vin jwenn li. Y’a tranble tankou fèy bwa akòz Seyè a.
18 Pa gen bondye tankou ou, ou menm ki padonnen mechanste ti rès ki rete nan pèp ou a, ou menm ki pa gade sou sa yo fè ki mal. Ou pa fache pou tout tan. Ou pran tout plezi ou nan gen pitye pou moun.
19 Wi, w’a gen pitye pou nou ankò. W’a pran peche nou yo mete anba pye ou. W’a voye yo jete nan fon lanmè!
20 W’a moutre pitit Jakòb yo jan ou toujou kenbe pawòl ou. W’a moutre pitit Abraram yo jan ou p’ap janm sispann renmen yo, jan ou te sèmante l’ bay zansèt nou yo nan tan lontan!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Michee 7     

1 Malheur à moi! car je suis comme à la récolte des fruits, Comme au grappillage après la vendange: Il n’y a point de grappes à manger, Point de ces primeurs que mon âme désire.
L’homme de bien a disparu du pays, Et il n’y a plus de juste parmi les hommes; Ils sont tous en embuscade pour verser le sang, Chacun tend un piège à son frère.
Leurs mains sont habiles à faire le mal: Le prince a des exigences, Le juge réclame un salaire, Le grand manifeste son avidité, Et ils font ainsi cause commune.
Le meilleur d’entre eux est comme une ronce, Le plus droit pire qu’un buisson d’épines. Le jour annoncé par tes prophètes, ton châtiment approche. C’est alors qu’ils seront dans la confusion.
Ne crois pas à un ami, Ne te fie pas à un intime; Devant celle qui repose sur ton sein Garde les portes de ta bouche.
Car le fils outrage le père, La fille se soulève contre sa mère, La belle-fille contre sa belle-mère; Chacun a pour ennemis les gens de sa maison. –
Pour moi, je regarderai vers l’Éternel, Je mettrai mon espérance dans le Dieu de mon salut; Mon Dieu m’exaucera.
Ne te réjouis pas à mon sujet, mon ennemie! Car si je suis tombée, je me relèverai; Si je suis assise dans les ténèbres, L’Éternel sera ma lumière.
Je supporterai la colère de l’Éternel, Puisque j’ai péché contre lui, Jusqu’à ce qu’il défende ma cause et me fasse droit; Il me conduira à la lumière, Et je contemplerai sa justice.
10 Mon ennemie le verra et sera couverte de honte, Elle qui me disait: Où est l’Éternel, ton Dieu? Mes yeux se réjouiront à sa vue; Alors elle sera foulée aux pieds comme la boue des rues. –
11 Le jour où l’on rebâtira tes murs, Ce jour-là tes limites seront reculées.
12 En ce jour, on viendra vers toi De l’Assyrie et des villes d’Égypte, De l’Égypte jusqu’au fleuve, D’une mer à l’autre, et d’une montagne à l’autre.
13 Le pays sera dévasté à cause de ses habitants, A cause du fruit de leurs oeuvres.
14 Pais ton peuple avec ta houlette, le troupeau de ton héritage, Qui habite solitaire dans la forêt au milieu du Carmel! Qu’ils paissent sur le Basan et en Galaad, Comme au jour d’autrefois. –
15 Comme au jour où tu sortis du pays d’Égypte, Je te ferai voir des prodiges. –
16 Les nations le verront, et seront confuses, Avec toute leur puissance; Elles mettront la main sur la bouche, Leurs oreilles seront assourdies.
17 Elles lécheront la poussière, comme le serpent, Comme les reptiles de la terre; Elles seront saisies de frayeur hors de leurs forteresses; Elles trembleront devant l’Éternel, notre Dieu, Elles te craindront.
18 Quel Dieu est semblable à toi, Qui pardonnes l’iniquité, qui oublies les péchés Du reste de ton héritage? Il ne garde pas sa colère à toujours, Car il prend plaisir à la miséricorde.
19 Il aura encore compassion de nous, Il mettra sous ses pieds nos iniquités; Tu jetteras au fond de la mer tous leurs péchés.
20 Tu témoigneras de la fidélité à Jacob, De la bonté à Abraham, Comme tu l’as juré à nos pères aux jours d’autrefois.

Louis Segond {LSG}

Micah 7      

1 Woe is me! for I am as when they have gathered the summer fruits, as the grapegleanings of the vintage: there is no cluster to eat: my soul desired the firstripe fruit.
The good man is perished out of the earth: and there is none upright among men: they all lie in wait for blood; they hunt every man his brother with a net.
That they may do evil with both hands earnestly, the prince asketh, and the judge asketh for a reward; and the great man, he uttereth his mischievous desire: so they wrap it up.
The best of them is as a brier: the most upright is sharper than a thorn hedge: the day of thy watchmen and thy visitation cometh; now shall be their perplexity.
Trust ye not in a friend, put ye not confidence in a guide: keep the doors of thy mouth from her that lieth in thy bosom.
For the son dishonoureth the father, the daughter riseth up against her mother, the daughter in law against her mother in law; a man’s enemies are the men of his own house.
Therefore I will look unto the Lord; I will wait for the God of my salvation: my God will hear me.
Rejoice not against me, O mine enemy: when I fall, I shall arise; when I sit in darkness, the Lord shall be a light unto me.
I will bear the indignation of the Lord, because I have sinned against him, until he plead my cause, and execute judgment for me: he will bring me forth to the light, and I shall behold his righteousness.
10 Then she that is mine enemy shall see it, and shame shall cover her which said unto me, Where is the Lord thy God? mine eyes shall behold her: now shall she be trodden down as the mire of the streets.
11 In the day that thy walls are to be built, in that day shall the decree be far removed.
12 In that day also he shall come even to thee from Assyria, and from the fortified cities, and from the fortress even to the river, and from sea to sea, and from mountain to mountain.
13 Notwithstanding the land shall be desolate because of them that dwell therein, for the fruit of their doings.
14 Feed thy people with thy rod, the flock of thine heritage, which dwell solitarily in the wood, in the midst of Carmel: let them feed in Bashan and Gilead, as in the days of old.
15 According to the days of thy coming out of the land of Egypt will I shew unto him marvellous things.
16 The nations shall see and be confounded at all their might: they shall lay their hand upon their mouth, their ears shall be deaf.
17 They shall lick the dust like a serpent, they shall move out of their holes like worms of the earth: they shall be afraid of the Lord our God, and shall fear because of thee.
18 Who is a God like unto thee, that pardoneth iniquity, and passeth by the transgression of the remnant of his heritage? he retaineth not his anger for ever, because he delighteth in mercy.
19 He will turn again, he will have compassion upon us; he will subdue our iniquities; and thou wilt cast all their sins into the depths of the sea.
20 Thou wilt perform the truth to Jacob, and the mercy to Abraham, which thou hast sworn unto our fathers from the days of old.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}