Liv Jeremi / Jérémie / Jeremiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jeremi 2   

1 Seyè a pale avè m’, li di m’ konsa:
-Ale non. Men mesaj ou pral bay nan zòrèy tout moun lavil Jerizalèm. Men sa Seyè a di: Mwen chonje jan ou te ye nan tan lontan, jan ou t’ap mouri pou mwen lè ou te jenn, jan ou te renmen m’ lè nou te fèk marye. Ou te swiv mwen nan dezè a, kote anyen pa pouse.
Lè sa a, moun Izrayèl yo te yon pèp ki t’ap viv apa pou mwen ase, tankou premye rekòt jaden yo mete apa pou mwen. Malè te tonbe sou tout moun ki te manyen yo paske se avè m’ yo te annafè. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, nou menm tout moun branch fanmi pèp Izrayèl la, koute mesaj Seyè a!
Men sa Seyè a voye di nou: -Kisa mwen te fè zansèt nou yo ki mal kifè yo te vire do ban mwen? Yo pran mache dèyè yon bann zidòl ki pa vo anyen. Yo menm tou, yo vin pa vo anyen.
Yo pa chonje reve mande kote Seyè a, li menm ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, li menm ki te louvri chemen pou nou nan dezè a, nan yon peyi tè sèk, plen twou, yon peyi san dlo, plen danje, kote moun pa rete, kote moun pa menm pase.
Mwen fè nou antre nan yon peyi kote ki gen bèl jaden pou nou te ka manje tout bon rekòt ak tout lòt bon bagay li yo. Men, lè nou rive ladan l’, nou pa respekte peyi a. Nou fè peyi mwen te ban nou an tounen yon peyi ki ban m’ degoutans.
Prèt yo pa janm mande kote Seyè a? Yo menm mwen te fè konnen lòd mwen yo, yo pa konnen m’ ankò. Chèf yo trayi m’. Pwofèt yo pale nan non Baal. Y’ap kouri dèyè zidòl ki pa ka fè anyen pou yo.
 Se konsa, mwen menm Seyè a, mwen pral plede ak nou ankò. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. Mwen pral plede ak pitit pitit nou yo.
10 Ale bò solèy kouche, rive jouk sou zile Chip. Voye moun nan peyi Keda, bò solèy leve. N’a wè sa k’ap pase isit la pa janm rive lòt kote anvan sa.
11 Lòt nasyon yo pa janm chanje bondye yo, malgre se pa t’ bondye tout bon yo te ye. Men, pèp mwen an te pito zidòl ki pa ka fè anyen pou yo pase mwen menm, Bondye ki te fè bèl bagay pou yo a.
12 Se pou syèl la pantan lè li tande sa! Se pou l’ tranble. Se pou l’ rete sezi! Se mwen menm Seyè a ki di sa.
13 Paske pèp mwen an fè de kalite peche: Yo vire do ban mwen, mwen menm sous dlo fre a. Y’ ale fè rezèvwa pou dlo. Rezèvwa yo tou fann, yo pa ka kenbe dlo.
14  Se pa esklav moun pèp Izrayèl yo ye. Ni yo pa fèt nan esklavaj. Poukisa atò lènmi ap bwote yo ale konsa?
15 Y’ap gwonde sou li tankou lyon, y’ap rele byen fò. Yo fè peyi a tounen yon savann. Yo mete dife nan tout lavil li yo. Pa rete yon moun ladan yo.
16 Ata moun Menmfis yo ak moun Tapanès yo ap kale tèt yo.
17 Se nou menm ki chache sa, paske nou vire do bay Seyè a, Bondye nou an, antan li t’ap moutre nou chemen pou nou pran an.
18 Koulye a, kisa nou kwè n’a jwenn lè nou pran chemen Lejip pou n al bwè dlo nan larivyè Nil? Kisa ou kwè n’a jwenn lè nou pran chemen Lasiri pou n al bwè dlo nan larivyè Lefrat?
19 Se mal nou fè a k’ap tounen yon fwèt pou nou! Se vire nou vire do ban mwen an k’ap kondannen nou! Se pou nou konnen jan sa pa dous, jan sa pa bon pou nou vire do ban mwen, Seyè a, Bondye nou an, pou nou sispann gen krentif pou mwen. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
20  Izrayèl, gen lontan depi ou pa rekonèt otorite m’ ankò! W’ap manje kòd, w’ap di: Mwen p’ap sèvi Seyè a. Lèfini, sou tout ti mòn anba tout gwo pyebwa ou nan dezòd, w’ap fè sèvis pou lòt bondye.
21 Mwen te plante ou tankou yon pye rezen kalite, ki soti nan bon semans. Men koulye a, gade jan ou chanje: Ou tounen yon vye pye rezen mawon. M’ pa konnen kote ou soti.
22 Ou te mèt lave kò ou ak gwo savon, ou te mèt fwote kò ou ak potas, m’ap toujou wè kras malpwòpte ou yo sou ou. Se mwen menm Seyè a, Bondye a, ki di sa.
23 Ki jan ou fè ka di ou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, ou pa janm kouri dèyè Baal yo? Gade tout vye makakri w’ap fè nan fon an! Rekonèt sa ou fè a non! Ou tankou yon jenn fenmèl chamo ki lage nan bwa, w’ap kouri adwat agoch.
24 Ou tankou yon fenmèl bourik mawon nan savann. Lè li an chalè, l’ap pran sant van an. Lè li bezwen kwaze, ki moun ki ka kenbe l’? Mal yo pa bezwen bat kò yo pou yo jwenn li. Depi se mwa li, y’ap jwenn li.
25 Izrayèl, manyè sispann! W’ap plede fatige janm ou yo! Gòj ou ap fin chèch! Men w’ap di: Non! M’ pa kab fè anyen pou sa! Mwen renmen bondye lòt nasyon yo. Fòk m’ al dèyè yo.
26 Menm jan yon vòlè wont lè yo bare l’, se konsa moun pèp Izrayèl yo pral wont, ni wa yo, ni chèf yo, ni prèt yo, ni pwofèt yo!
27 Yo rele pyebwa yo papa! Yo rele wòch yo manman m’ ki fè m’! Wi, yo pito vire ban m’ do, pase pou yo tounen vin jwenn mwen. Men, depi yo nan traka, y’ap rele: -Seyè, leve non! Vin delivre nou!
28 Men, nou menm moun Jida yo, kote bondye nou te fè pou nou yo? Lè nou nan traka, se yo ki pou leve vin delivre nou, si yo kapab! Moun Jida, nou gen yon bondye nan chak lavil nou yo!
29  Poukisa n’ap plede avè m’ konsa? Nou tout nou kenbe tèt avè m’. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa!
30 Mwen te pini pitit nou yo, men sa pa t’ sèvi anyen. Nou pa t’ dakò pou m’ te korije nou! Tankou lyon ki fin wè mò, nou rale nepe nou yo, nou touye pwofèt nou yo.
31 (Nou menm k’ap viv koulye a, koute byen sa Seyè a ap di a.) Pèp Izrayèl, èske mwen te tankou yon dezè pou nou, tankou yon kote ki fènwa anpil? Poukisa atò pou nou di: -Nou granmoun tèt nou, nou p’ap janm tounen vin jwenn ou ankò!32 Eske yon jenn fi ka bliye bijou li yo? Eske yon lamarye ka bliye rad nòs li? Men, pèp mwen an bliye m’, m’ pa ka konte depi kilè.
33 Ou konnen byen sa pou ou fè lè w’ap kouri dèyè gason. Lè konsa, nanpwen krim ou p’ap fè.
34 Rad ou yo tache ak san pòv ansanm ak san inonsan, moun ou pa t’ bare ap fè anyen ki mal. Malgre tou sa,
35 w’ap plede di ou pa antò. Seyè a pa fache avè ou ankò. Men, mwen menm Seyè a, mwen pral pini ou paske ou refize rekonèt ou te fè sa ou pa t’ dwe fè.
36 Gade jan w’ap avili tèt ou, lè w’ap kouri dèyè bondye lòt nasyon yo! W’ap pran wont nan men peyi Lejip menm jan sa te rive ou avèk peyi Lasiri.
37 W’a vire do ou kite peyi Lejip. Avèk men ou, w’a bouche figi ou tèlman w’a wont. Mwen menm, Seyè a, mwen voye moun ou fè konfyans yo jete. Yo p’ap ka fè anyen pou ou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jérémie 2

1 La parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
Va, et crie aux oreilles de Jérusalem: Ainsi parle l’Éternel: Je me souviens de ton amour lorsque tu étais jeune, De ton affection lorsque tu étais fiancée, Quand tu me suivais au désert, Dans une terre inculte.
Israël était consacré à l’Éternel, Il était les prémices de son revenu; Tous ceux qui en mangeaient se rendaient coupables, Et le malheur fondait sur eux, dit l’Éternel.
Écoutez la parole de l’Éternel, maison de Jacob, Et vous toutes, familles de la maison d’Israël!
Ainsi parle l’Éternel: Quelle iniquité vos pères ont-ils trouvée en moi, Pour s’éloigner de moi, Et pour aller après des choses de néant et n’être eux-mêmes que néant?
Ils n’ont pas dit: Où est l’Éternel, Qui nous a fait monter du pays d’Égypte, Qui nous a conduits dans le désert, Dans une terre aride et pleine de fosses, Dans une terre où règnent la sécheresse et l’ombre de la mort, Dans une terre par où personne ne passe, Et où n’habite aucun homme?
Je vous ai fait venir dans un pays semblable à un verger, Pour que vous en mangiez les fruits et les meilleures productions; Mais vous êtes venus, et vous avez souillé mon pays, Et vous avez fait de mon héritage une abomination.
Les sacrificateurs n’ont pas dit: Où est l’Éternel? Les dépositaires de la loi ne m’ont pas connu, Les pasteurs m’ont été infidèles, Les prophètes ont prophétisé par Baal, Et sont allés après ceux qui ne sont d’aucun secours.
C’est pourquoi je veux encore contester avec vous, dit l’Éternel, Je veux contester avec les enfants de vos enfants.
10 Passez aux îles de Kittim, et regardez! Envoyez quelqu’un à Kédar, observez bien, Et regardez s’il y a rien de semblable!
11 Y a-t-il une nation qui change ses dieux, Quoiqu’ils ne soient pas des Dieux? Et mon peuple a changé sa gloire contre ce qui n’est d’aucun secours!
12 Cieux, soyez étonnés de cela; Frémissez d’épouvante et d’horreur! dit l’Éternel.
13 Car mon peuple a commis un double péché: Ils m’ont abandonné, moi qui suis une source d’eau vive, Pour se creuser des citernes, des citernes crevassées, Qui ne retiennent pas l’eau.
14 Israël est-il un esclave acheté, ou né dans la maison? Pourquoi donc devient-il une proie?
15 Contre lui les lionceaux rugissent, poussent leurs cris, Et ils ravagent son pays; Ses villes sont brûlées, il n’y a plus d’habitants.
16 Même les enfants de Noph et de Tachpanès Te briseront le sommet de la tête.
17 Cela ne t’arrive-t-il pas Parce que tu as abandonné l’Éternel, ton Dieu, Lorsqu’il te dirigeait dans la bonne voie?
18 Et maintenant, qu’as-tu à faire d’aller en Égypte, Pour boire l’eau du Nil? Qu’as-tu à faire d’aller en Assyrie, Pour boire l’eau du fleuve?
19 Ta méchanceté te châtiera, et ton infidélité te punira, Tu sauras et tu verras que c’est une chose mauvaise et amère D’abandonner l’Éternel, ton Dieu, Et de n’avoir de moi aucune crainte, Dit le Seigneur, l’Éternel des armées.
20 Tu as dès longtemps brisé ton joug, Rompu tes liens, Et tu as dit: Je ne veux plus être dans la servitude! Mais sur toute colline élevée Et sous tout arbre vert Tu t’es courbée comme une prostituée.
21 Je t’avais plantée comme une vigne excellente Et du meilleur plant; Comment as-tu changé, Dégénéré en une vigne étrangère?
22 Quand tu te laverais avec du nitre, Quand tu emploierais beaucoup de potasse, Ton iniquité resterait marquée devant moi, Dit le Seigneur, l’Éternel.
23 Comment dirais-tu: Je ne me suis point souillée, Je ne suis point allée après les Baals? Regarde tes pas dans la vallée, Reconnais ce que tu as fait, Dromadaire à la course légère et vagabonde!
24 Anesse sauvage, habituée au désert, Haletante dans l’ardeur de sa passion, Qui l’empêchera de satisfaire son désir? Tous ceux qui la cherchent n’ont pas à se fatiguer; Ils la trouvent pendant son mois.
25 Ne t’expose pas à avoir les pieds nus, Ne dessèche pas ton gosier! Mais tu dis: C’est en vain, non! Car j’aime les dieux étrangers, je veux aller après eux.
26 Comme un voleur est confus lorsqu’il est surpris, Ainsi seront confus ceux de la maison d’Israël, Eux, leurs rois, leurs chefs, Leurs sacrificateurs et leurs prophètes.
27 Ils disent au bois: Tu es mon père! Et à la pierre: Tu m’as donné la vie! Car ils me tournent le dos, ils ne me regardent pas. Et quand ils sont dans le malheur, ils disent: Lève-toi, sauve-nous!
28 Où donc sont tes dieux que tu t’es faits? Qu’ils se lèvent, s’ils peuvent te sauver au temps du malheur! Car tu as autant de dieux que de villes, ô Juda!
29 Pourquoi contesteriez-vous avec moi? Vous m’avez tous été infidèles, dit l’Éternel.
30 En vain ai-je frappé vos enfants; Ils n’ont point eu égard à la correction; Votre glaive a dévoré vos prophètes, Comme un lion destructeur.
31 Hommes de cette génération, considérez la parole de l’Éternel! Ai-je été pour Israël un désert, Ou un pays d’épaisses ténèbres? Pourquoi mon peuple dit-il: Nous sommes libres, Nous ne voulons pas retourner à toi?
32 La jeune fille oublie-t-elle ses ornements, La fiancée sa ceinture? Et mon peuple m’a oublié Depuis des jours sans nombre.
33 Comme tu es habile dans tes voies pour chercher ce que tu aimes! C’est même au crime que tu les exerces.
34 Jusque sur les pans de ton habit se trouve Le sang de pauvres innocents, Que tu n’as pas surpris faisant effraction.
35 Malgré cela, tu dis: Oui, je suis innocente! Certainement sa colère s’est détournée de moi! Voici, je vais contester avec toi, Parce que tu dis: Je n’ai point péché.
36 Pourquoi tant d’empressement à changer ton chemin? C’est de l’Égypte que viendra ta honte, Comme elle est venue de l’Assyrie.
37 De là aussi tu sortiras, les mains sur la tête; Car l’Éternel rejette ceux en qui tu te confies, Et tu ne réussiras pas auprès d’eux.

Louis Segond {LSG}

Jeremiah 2 

1 Moreover the word of the Lord came to me, saying,
Go and cry in the ears of Jerusalem, saying, Thus saith the Lord; I remember thee, the kindness of thy youth, the love of thine espousals, when thou wentest after me in the wilderness, in a land that was not sown.
Israel was holiness unto the Lord, and the firstfruits of his increase: all that devour him shall offend; evil shall come upon them, saith the Lord.
Hear ye the word of the Lord, O house of Jacob, and all the families of the house of Israel:
Thus saith the Lord, What iniquity have your fathers found in me, that they are gone far from me, and have walked after vanity, and are become vain?
Neither said they, Where is the Lord that brought us up out of the land of Egypt, that led us through the wilderness, through a land of deserts and of pits, through a land of drought, and of the shadow of death, through a land that no man passed through, and where no man dwelt?
And I brought you into a plentiful country, to eat the fruit thereof and the goodness thereof; but when ye entered, ye defiled my land, and made mine heritage an abomination.
The priests said not, Where is the Lord? and they that handle the law knew me not: the pastors also transgressed against me, and the prophets prophesied by Baal, and walked after things that do not profit.
Wherefore I will yet plead with you, saith the Lord, and with your children’s children will I plead.
10 For pass over the isles of Chittim, and see; and send unto Kedar, and consider diligently, and see if there be such a thing.
11 Hath a nation changed their gods, which are yet no gods? but my people have changed their glory for that which doth not profit.
12 Be astonished, O ye heavens, at this, and be horribly afraid, be ye very desolate, saith the Lord.
13 For my people have committed two evils; they have forsaken me the fountain of living waters, and hewed them out cisterns, broken cisterns, that can hold no water.
14 Is Israel a servant? is he a homeborn slave? why is he spoiled?
15 The young lions roared upon him, and yelled, and they made his land waste: his cities are burned without inhabitant.
16 Also the children of Noph and Tahapanes have broken the crown of thy head.
17 Hast thou not procured this unto thyself, in that thou hast forsaken the Lord thy God, when he led thee by the way?
18 And now what hast thou to do in the way of Egypt, to drink the waters of Sihor? or what hast thou to do in the way of Assyria, to drink the waters of the river?
19 Thine own wickedness shall correct thee, and thy backslidings shall reprove thee: know therefore and see that it is an evil thing and bitter, that thou hast forsaken the Lord thy God, and that my fear is not in thee, saith the Lord God of hosts.
20 For of old time I have broken thy yoke, and burst thy bands; and thou saidst, I will not transgress; when upon every high hill and under every green tree thou wanderest, playing the harlot.
21 Yet I had planted thee a noble vine, wholly a right seed: how then art thou turned into the degenerate plant of a strange vine unto me?
22 For though thou wash thee with nitre, and take thee much soap, yet thine iniquity is marked before me, saith the Lord God.
23 How canst thou say, I am not polluted, I have not gone after Baalim? see thy way in the valley, know what thou hast done: thou art a swift dromedary traversing her ways;
24 A wild ass used to the wilderness, that snuffeth up the wind at her pleasure; in her occasion who can turn her away? all they that seek her will not weary themselves; in her month they shall find her.
25 Withhold thy foot from being unshod, and thy throat from thirst: but thou saidst, There is no hope: no; for I have loved strangers, and after them will I go.
26 As the thief is ashamed when he is found, so is the house of Israel ashamed; they, their kings, their princes, and their priests, and their prophets.
27 Saying to a stock, Thou art my father; and to a stone, Thou hast brought me forth: for they have turned their back unto me, and not their face: but in the time of their trouble they will say, Arise, and save us.
28 But where are thy gods that thou hast made thee? let them arise, if they can save thee in the time of thy trouble: for according to the number of thy cities are thy gods, O Judah.
29 Wherefore will ye plead with me? ye all have transgressed against me, saith the Lord.
30 In vain have I smitten your children; they received no correction: your own sword hath devoured your prophets, like a destroying lion.
31 O generation, see ye the word of the Lord. Have I been a wilderness unto Israel? a land of darkness? wherefore say my people, We are lords; we will come no more unto thee?
32 Can a maid forget her ornaments, or a bride her attire? yet my people have forgotten me days without number.
33 Why trimmest thou thy way to seek love? therefore hast thou also taught the wicked ones thy ways.
34 Also in thy skirts is found the blood of the souls of the poor innocents: I have not found it by secret search, but upon all these.
35 Yet thou sayest, Because I am innocent, surely his anger shall turn from me. Behold, I will plead with thee, because thou sayest, I have not sinned.
36 Why gaddest thou about so much to change thy way? thou also shalt be ashamed of Egypt, as thou wast ashamed of Assyria.
37 Yea, thou shalt go forth from him, and thine hands upon thine head: for the Lord hath rejected thy confidences, and thou shalt not prosper in them.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}