Liv Eklezyas / Ecclésiaste / Ecclesiastes

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Eklezyas 7    

1 Pito yo nonmen non ou anbyen pase pou yo pale sou kalite bon odè ou mete sou ou. Jou ou mouri a pi bon pase jou ou fèt la.
Pito ou ale nan yon kay kote ki gen lanmò pase pou ou ale nan yon kay kote y’ap fè fèt, paske tout moun gen pou mouri. Nou menm ki vivan, nou pa dwe janm bliye sa.
Pito yon moun nan lapenn pase pou l’ gen kè kontan. Lapenn rale figi ou, men l’ap louvri lespri ou.
Moun ki gen bon konprann toujou ap kalkile sou lanmò. Moun sòt toujou ap kalkile sou ki jan pou yo jwi lavi a.
Pito ou tande yon moun ki gen bon konprann ap rale zòrèy ou pase pou ou tande moun sòt ap fè lwanj pou ou.
Lè moun sòt ap ri, se tankou move chabon k’ap pete nan dife. Sa pa vo anyen.
 Lè yon moun ki gen bon konprann ap sibi move trètman, sa ka fè l’ pèdi tèt li. Lajan sou kote fè l’ pèdi karaktè l’.
Lè yon bagay ap fini li pi bon pase lè l’ap konmanse. Pito ou pran pasyans pase pou ou kite lògèy ap pouse ou.
Pa fè kòlè fasil, paske se moun sòt ki renmen fache.
10 Pa janm mande poukisa tan lontan te pi bon pase tan n’ap viv koulye a. Moun ki gen bon konprann p’ap mande bagay konsa.
11  Sa bon pou moun gen bon konprann. Se tankou si ou te gen anpil byen. Se yon gwo avantaj pou tout moun k’ap viv sou latè.
12 Bon konprann pwoteje ou menm jan lajan ka fè l’. Men, avantaj yon moun genyen lè li gen konesans avèk bon konprann, sa l’ konnen an ap fè l’ viv.
13 Gade travay Bondye! Ki moun ki ka drese sa Bondye kwochi?
14 Lè bagay ap mache byen pou ou, fè kè ou kontan. Lè malè tonbe sou ou, chonje ni yonn ni lòt se nan Bondye sa soti. Konsa, yon moun pa janm konnen sa k’ap vin apre l’.
15 Lavi n’ sou latè pa vo anyen, se vre! Men mwen wè tout kalite bagay: Mwen wè moun debyen, atout yo mache dwat la, mouri mouri yo. Mwen wè mechan yo menm ap viv lontan pou fè mechanste.
16 Pa chache twò bon, ni gen twòp lespri. Sa ou bezwen touye tèt ou fè?
17 Men, pa twò mechan ni pa twò sòt. Poukisa pou ou ta mouri anvan lè ou?
18 Evite fè eksè ni nan yon sans ni nan yon lòt. Si ou gen krentif pou Bondye, ou p’ap tonbe nan fè eksè.
19 Sa konesans fè pou yon moun, dis grannèg pa ka fè l’ pou yon lavil.
20 Pa gen moun k’ap mache dwat sou latè ki ka di tou sa l’ap fè byen, li pa janm fè sa ki mal.
21 Pa koute tou sa moun ap di. Konsa ou p’ap tande lè domestik ou ap pale ou mal.
22 Paske ou menm tou, nan kè ou, ou konnen konbe fwa ou pale moun mal.
23  Mwen sèvi avèk bon konprann mwen pou m’ fè tout esperyans sa yo nan lavi. Mwen di mwen ta renmen gen bon konprann. Men, mwen pa t’ janm rive genyen l’.
24 Lavi se yon mistè. Li tankou yon twou san fon. Ki moun ki ka rive konprann li?
25 Men, mwen pran san m’ pou m’ chache konnen, pou m’ egzaminen tout bagay. Mwen te soti pou m’ te konprann, pou m’ te jwenn repons pou tout keksyon mwen t’ap poze tèt mwen, pou m’ te rive konnen jan moun mechan yo pèdi tèt yo, jan moun sòt yo egare.
26 Mwen jwenn yon bagay ki pi rèd pase lanmò. Se fanm. Lè yo di yo renmen ou, se pèlen yo pare pou ou. Lè yo pase bra yo nan kou ou, se chenn yo pase nan kou ou. Yon moun ki fè Bondye plezi va chape anba men yo. Men, moun k’ap fè sa ki mal ap tonbe anba grif yo.
27 Wi, men sa mwen menm filozòf la, mwen di: Antan m’ap chache konprann, lè mwen mete tou sa m’ konnen yonn sou lòt, bout pou bout men sa mwen rive jwenn.
28 M’ap chache yon lòt esplikasyon. Men mwen pa jwenn li. Sou mil gason mwen kontre, se yon sèl mwen jwenn ki gen konprann. Men pou fanm, mwen pa jwenn yonn menm.
29 Men sa ase mwen jwenn: Bondye kreye moun pou yo viv san pwoblèm, li mete yon chemen tou dwat devan yo, men se yo menm ki chache traka bay tèt yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ecclésiaste 7

1 Une bonne réputation vaut mieux que le bon parfum, et le jour de la mort que le jour de la naissance.
Mieux vaut aller dans une maison de deuil que d’aller dans une maison de festin; car c’est là la fin de tout homme, et celui qui vit prend la chose à coeur.
Mieux vaut le chagrin que le rire; car avec un visage triste le coeur peut être content.
Le coeur des sages est dans la maison de deuil, et le coeur des insensés dans la maison de joie.
Mieux vaut entendre la réprimande du sage que d’entendre le chant des insensés.
Car comme le bruit des épines sous la chaudière, ainsi est le rire des insensés. C’est encore là une vanité.
L’oppression rend insensé le sage, et les présents corrompent le coeur.
Mieux vaut la fin d’une chose que son commencement; mieux vaut un esprit patient qu’un esprit hautain.
Ne te hâte pas en ton esprit de t’irriter, car l’irritation repose dans le sein des insensés.
10 Ne dis pas: D’où vient que les jours passés étaient meilleurs que ceux ci? Car ce n’est point par sagesse que tu demandes cela.
11 La sagesse vaut autant qu’un héritage, et même plus pour ceux qui voient le soleil.
12 Car à l’ombre de la sagesse on est abrité comme à l’ombre de l’argent; mais un avantage de la science, c’est que la sagesse fait vivre ceux qui la possèdent.
13 Regarde l’oeuvre de Dieu: qui pourra redresser ce qu’il a courbé?
14 Au jour du bonheur, sois heureux, et au jour du malheur, réfléchis: Dieu a fait l’un comme l’autre, afin que l’homme ne découvre en rien ce qui sera après lui.
15 J’ai vu tout cela pendant les jours de ma vanité. Il y a tel juste qui périt dans sa justice, et il y a tel méchant qui prolonge son existence dans sa méchanceté.
16 Ne sois pas juste à l’excès, et ne te montre pas trop sage: pourquoi te détruirais-tu?
17 Ne sois pas méchant à l’excès, et ne sois pas insensé: pourquoi mourrais-tu avant ton temps?
18 Il est bon que tu retiennes ceci, et que tu ne négliges point cela; car celui qui craint Dieu échappe à toutes ces choses.
19 La sagesse rend le sage plus fort que dix chefs qui sont dans une ville.
20 Non, il n’y a sur la terre point d’homme juste qui fasse le bien et qui ne pèche jamais.
21 Ne fais donc pas attention à toutes les paroles qu’on dit, de peur que tu n’entendes ton serviteur te maudire;
22 car ton coeur a senti bien des fois que tu as toi-même maudit les autres.
23 J’ai éprouvé tout cela par la sagesse. J’ai dit: Je serai sage. Et la sagesse est restée loin de moi.
24 Ce qui est loin, ce qui est profond, profond, qui peut l’atteindre?
25 Je me suis appliqué dans mon coeur à connaître, à sonder, et à chercher la sagesse et la raison des choses, et à connaître la folie de la méchanceté et la stupidité de la sottise.
26 Et j’ai trouvé plus amère que la mort la femme dont le coeur est un piège et un filet, et dont les mains sont des liens; celui qui est agréable à Dieu lui échappe, mais le pécheur est pris par elle.
27 Voici ce que j’ai trouvé, dit l’Ecclésiaste, en examinant les choses une à une pour en saisir la raison;
28 voici ce que mon âme cherche encore, et que je n’ai point trouvé. J’ai trouvé un homme entre mille; mais je n’ai pas trouvé une femme entre elles toutes.
29 Seulement, voici ce que j’ai trouvé, c’est que Dieu a fait les hommes droits; mais ils ont cherché beaucoup de détours.
Louis Segond {LSG}

Ecclesiastes 7    

1 A good name is better than precious ointment; and the day of death than the day of one’s birth.
It is better to go to the house of mourning, than to go to the house of feasting: for that is the end of all men; and the living will lay it to his heart.
Sorrow is better than laughter: for by the sadness of the countenance the heart is made better.
The heart of the wise is in the house of mourning; but the heart of fools is in the house of mirth.
It is better to hear the rebuke of the wise, than for a man to hear the song of fools.
For as the crackling of thorns under a pot, so is the laughter of the fool: this also is vanity.
Surely oppression maketh a wise man mad; and a gift destroyeth the heart.
Better is the end of a thing than the beginning thereof: and the patient in spirit is better than the proud in spirit.
Be not hasty in thy spirit to be angry: for anger resteth in the bosom of fools.
10 Say not thou, What is the cause that the former days were better than these? for thou dost not enquire wisely concerning this.
11 Wisdom is good with an inheritance: and by it there is profit to them that see the sun.
12 For wisdom is a defence, and money is a defence: but the excellency of knowledge is, that wisdom giveth life to them that have it.
13 Consider the work of God: for who can make that straight, which he hath made crooked?
14 In the day of prosperity be joyful, but in the day of adversity consider: God also hath set the one over against the other, to the end that man should find nothing after him.
15 All things have I seen in the days of my vanity: there is a just man that perisheth in his righteousness, and there is a wicked man that prolongeth his life in his wickedness.
16 Be not righteous over much; neither make thyself over wise: why shouldest thou destroy thyself ?
17 Be not over much wicked, neither be thou foolish: why shouldest thou die before thy time?
18 It is good that thou shouldest take hold of this; yea, also from this withdraw not thine hand: for he that feareth God shall come forth of them all.
19 Wisdom strengtheneth the wise more than ten mighty men which are in the city.
20 For there is not a just man upon earth, that doeth good, and sinneth not.
21 Also take no heed unto all words that are spoken; lest thou hear thy servant curse thee:
22 For oftentimes also thine own heart knoweth that thou thyself likewise hast cursed others.
23 All this have I proved by wisdom: I said, I will be wise; but it was far from me.
24 That which is far off, and exceeding deep, who can find it out?
25 I applied mine heart to know, and to search, and to seek out wisdom, and the reason of things, and to know the wickedness of folly, even of foolishness and madness:
26 And I find more bitter than death the woman, whose heart is snares and nets, and her hands as bands: whoso pleaseth God shall escape from her; but the sinner shall be taken by her.
27 Behold, this have I found, saith the preacher, counting one by one, to find out the account:
28 Which yet my soul seeketh, but I find not: one man among a thousand have I found; but a woman among all those have I not found.
29 Lo, this only have I found, that God hath made man upright; but they have sought out many inventions.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}