Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 118  

1 Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p’ap janm sispann renmen nou!
Se pou pèp Izrayèl la di: -Wi, li p’ap janm sispann renmen nou!
Se pou prèt k’ap sèvi Bondye yo di: -Wi, li p’ap janm sispann renmen nou!
Se pou tout moun ki gen krentif pou Bondye di: -Wi, li p’ap janm sispann renmen nou!
Nan tray mwen te ye a, mwen rele Seyè a, li reponn mwen, li delivre m’.
Seyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m’?
Se Seyè a k’ap ede mwen. Se konsa m’ap kanpe gade moun ki rayi m’ yo.
Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l’ mete konfyans li nan moun.
Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l’ konte sou chèf.
10 Tout nasyon yo te sènen m’, Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt.
11 Yo te sènen m’, yo te kwense m’. Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt.
12 Yo te kouvri m’ tankou myèl. Men, yo mouri tankou dife nan pay. Avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt.
13 Yo te ban m’ yon bourad pou fè m’ tonbe. Men, Seyè a te pote m’ sekou.
14 Se Seyè a ki tout fòs mwen, se pou li m’ap chante. Se li menm ki delivre m’.
15 Tande jan moun k’ap mache dwat devan Bondye yo ap rele anndan lakay yo, sitèlman yo kontan! Yo genyen batay la, yo delivre. Seyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li.
16 Pouvwa Seyè a se yon pakèt afè. Seyè a fè bèl bagay ak pouvwa li.
17 Non, mwen p’ap mouri. M’a viv! M’a rakonte sa Seyè a fè pou mwen.
18 Li te pini m’ byen pini. Men, li pa t’ touye m’.
19  Louvri pòt kay Bondye ki fè m’ jistis la pou m’ antre, pou m’ di Seyè a mèsi.
20 Men pòt kay Seyè a! Se moun ki mache dwat devan l’ sèlman ki ka pase ladan l’.
21 Seyè, m’ap di ou mèsi paske ou te koute m’, paske se ou menm ki delivre m’.
22 Wòch moun ki t’ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.
23 Sa se travay Seyè a menm! Se bèl bagay pou nou wè sa!
24 Ala yon bèl jounen Seyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan!
25 Aa! Seyè! Tanpri, delivre nou! Tanpri, fè nou reyisi nan tou sa n’ap fè!
26 Benediksyon pou moun ki vini nan non Seyè a! Nou menm ki nan kay Seyè a, n’ap beni nou.
27 Seyè a se Bondye li ye. Li wete nou nan fènwa kote nou te ye a. Avèk branch bwa nan men nou, ranje nou pou nou fè tout tou lotèl la.
28 Se ou ki Bondye mwen, m’ap di ou mèsi. Bondye mwen, m’ap di jan ou gen pouvwa!
29 Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p’ap janm sispann renmen nou!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 118

1 Louez l’Éternel, car il est bon, Car sa miséricorde dure à toujours!
Qu’Israël dise: Car sa miséricorde dure à toujours!
Que la maison d’Aaron dise: Car sa miséricorde dure à toujours!
Que ceux qui craignent l’Éternel disent: Car sa miséricorde dure à toujours!
Du sein de la détresse j’ai invoqué l’Éternel: L’Éternel m’a exaucé, m’a mis au large.
L’Éternel est pour moi, je ne crains rien: Que peuvent me faire des hommes?
L’Éternel est mon secours, Et je me réjouis à la vue de mes ennemis.
Mieux vaut chercher un refuge en l’Éternel Que de se confier à l’homme;
Mieux vaut chercher un refuge en l’Éternel Que de se confier aux grands.
10 Toutes les nations m’environnaient: Au nom de l’Éternel, je les taille en pièces.
11 Elles m’environnaient, m’enveloppaient: Au nom de l’Éternel, je les taille en pièces.
12 Elles m’environnaient comme des abeilles; Elles s’éteignent comme un feu d’épines; Au nom de l’Éternel, je les taille en pièces.
13 Tu me poussais pour me faire tomber; Mais l’Éternel m’a secouru.
14 L’Éternel est ma force et le sujet de mes louanges; C’est lui qui m’a sauvé.
15 Des cris de triomphe et de salut s’élèvent dans les tentes des justes: La droite de l’Éternel manifeste sa puissance!
16 La droite de l’Éternel est élevée! La droite de l’Éternel manifeste sa puissance!
17 Je ne mourrai pas, je vivrai, Et je raconterai les oeuvres de l’Éternel.
18 L’Éternel m’a châtié, Mais il ne m’a pas livré à la mort.
19 Ouvrez-moi les portes de la justice: J’entrerai, je louerai l’Éternel.
20 Voici la porte de l’Éternel: C’est par elle qu’entrent les justes.
21 Je te loue, parce que tu m’as exaucé, Parce que tu m’as sauvé.
22 La pierre qu’ont rejetée ceux qui bâtissaient Est devenue la principale de l’angle.
23 C’est de l’Éternel que cela est venu: C’est un prodige à nos yeux.
24 C’est ici la journée que l’Éternel a faite: Qu’elle soit pour nous un sujet d’allégresse et de joie!
25 O Éternel, accorde le salut! O Éternel, donne la prospérité!
26 Béni soit celui qui vient au nom de l’Éternel! Nous vous bénissons de la maison de l’Éternel.
27 L’Éternel est Dieu, et il nous éclaire. Attachez la victime avec des liens, Amenez-la jusqu’aux cornes de l’autel!
28 Tu es mon Dieu, et je te louerai; Mon Dieu! je t’exalterai.
29 Louez l’Éternel, car il est bon, Car sa miséricorde dure à toujours!
Louis Segond {LSG}

Psalm 118 

1 O give thanks unto the Lord; for he is good: because his mercy endureth for ever.
Let Israel now say, that his mercy endureth for ever.
Let the house of Aaron now say, that his mercy endureth for ever.
Let them now that fear the Lord say, that his mercy endureth for ever.
I called upon the Lord in distress: the Lord answered me, and set me in a large place.
The Lord is on my side; I will not fear: what can man do unto me?
The Lord taketh my part with them that help me: therefore shall I see my desire upon them that hate me.
It is better to trust in the Lord than to put confidence in man.
It is better to trust in the Lord than to put confidence in princes.
10 All nations compassed me about: but in the name of the Lord will I destroy them.
11 They compassed me about; yea, they compassed me about: but in the name of the Lord I will destroy them.
12 They compassed me about like bees: they are quenched as the fire of thorns: for in the name of the Lord I will destroy them.
13 Thou hast thrust sore at me that I might fall: but the Lord helped me.
14 The Lord is my strength and song, and is become my salvation.
15 The voice of rejoicing and salvation is in the tabernacles of the righteous: the right hand of the Lord doeth valiantly.
16 The right hand of the Lord is exalted: the right hand of the Lord doeth valiantly.
17 I shall not die, but live, and declare the works of the Lord.
18 The Lord hath chastened me sore: but he hath not given me over unto death.
19 Open to me the gates of righteousness: I will go into them, and I will praise the Lord:
20 This gate of the Lord, into which the righteous shall enter.
21 I will praise thee: for thou hast heard me, and art become my salvation.
22 The stone which the builders refused is become the head stone of the corner.
23 This is the Lord‘s doing; it is marvellous in our eyes.
24 This is the day which the Lord hath made; we will rejoice and be glad in it.
25 Save now, I beseech thee, O Lord: O Lord, I beseech thee, send now prosperity.
26 Blessed be he that cometh in the name of the Lord: we have blessed you out of the house of the Lord.
27 God is the Lord, which hath shewed us light: bind the sacrifice with cords, even unto the horns of the altar.
28 Thou art my God, and I will praise thee: thou art my God, I will exalt thee.
29 O give thanks unto the Lord; for he is good: for his mercy endureth for ever.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}