Liv Lik / Luc / Luke

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Lik 17             

 Jezi di disip li yo: Ap toujou gen bagay k’ap fèt ki pou fè moun fè peche. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive.
Li ta pi bon pou li si yo ta mare yon gwo wòl moulen nan kou l’ epi yo voye l’ jete nan lanmè; wi, sa ta pi bon pou li pase pou l’ ta lakòz yonn nan ti piti sa yo tonbe nan peche.
Veye kò nou byen. Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l’ chanje konpòtman li, padonnen li.
Si nan yon sèl jounen an li peche sèt fwa kont ou, si toulesèt fwa yo, li tounen vin jwenn ou pou l’ di ou: Mwen p’ap fè sa ankò, se pou ou padonnen li.
Apòt yo di Jezi: Fè nou gen plis konfyans non.
Jezi di yo: Si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di pye sikomò sa a: Derasinen tèt ou sot la a, al plante tèt ou nan lanmè, li ta obeyi nou.
Sipoze yonn nan nou gen yon domestik k’ap travay tè l’ osinon k’ap gade mouton pou li. Lè domestik la soti nan jaden, èske l’ap di li: Pwoche vit, vin chita bò tab la pou ou manje.
Non. Okontrè. L’ap di li: Pare manje pou mwen. Twouse ponyèt ou pou ou ka sèvi m’ pandan m’ap manje, pandan m’ap bwè. Se lè m’ fin manje, ou menm wa manje, wa bwè.
Li pa gen mèsi pou l’ di domestik la paske domestik la fè sa l’ te mande l’ fè a, pa vre.
10 Se menm jan an tou pou nou, lè nou fin fè tou sa yo te mande nou fè, se pou n’ di: Se domestik nou ye, nou fè sa n’ te dwe fè.
11  Pandan Jezi te nan chemen pou li al Jerizalèm, li t’ap pase sou fwontyè ki separe peyi Samari ak peyi Galile.
12 Antan l’ t’ap antre nan yon bouk, dis moun ki te gen maladi lalèp vin kontre li. Yo rete kanpe byen lwen l’,
13 yo pale byen fò, yo di l’ konsa: Jezi, Mèt, gen pitye pou nou.
14 Lè Jezi wè yo, li di: Al fè prèt yo wè nou. Pandan yo taprale, yo geri.
15 Yonn ladan yo ki wè li geri tounen sou wout li, li t’ap fè lwanj Bondye byen fò pou tout moun tande.
16 Li lage kò l’ atè nan pye Jezi, li di l’ mèsi. Nonm sa a te yon moun pèyi Samari.
17 Jezi pran lapawòl, li di l’: Nou toulèdis te geri pa vre. Kote nèf lòt yo?
18 Se etranje sa a sèlman ki chonje pou l’ vin fè lwanj Bondye?
19 Epi li di li: Leve non. Ou mèt ale. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou.
20  Farizyen yo mande Jezi kilè Bondye t’ap vin tabli gouvènman l’ lan. Li reponn yo: Bondye ap vin tabli gouvènman l’ lan yon jan pou tout moun wè li.
21 Men, yo p’ap di: Men l’ bò isit, osinon: Men l’ bò laba. Paske, konnen sa byen, gouvenman Bondye a la nan mitan nou.
22 Epi li di disip yo: Gen yon lè nou va anvi wè yonn nan jou ki pou Moun Bondye voye nan lachè a, men nou p’ap wè sa.
23 Y’a di nou: Gade, men l’ bò isit, osinon: Gade, men l’ bò laba. Pa ale, pa kouri dèyè yo.
24 Lè yon kout zèklè fè yan, li klere syèl la byen klere depi yon bout jouk nan lòt bout la, pa vre. Se va menm jan an tou pou Moun Bondye voye nan lachè a, lè jou l’ va rive.
25 Men, anvan sa, li gen pou l’ soufri anpil, moun alèkile yo p’ap vle wè li.
26 Sa ki te rive nan tan Noe a se sa k’ap rive tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a vini.
27 Moun t’ap manje, yo t’ap bwè, moun t’ap marye, yo t’ap marye pitit fi yo; se konsa tout bagay te ye, jouk jou Noe te antre nan gwo batiman an. Lè inondasyon an fèt, li touye yo tout.
28 Sa ki te rive nan tan Lòt la va rive menm jan an tou. Moun t’ap manje, yo t’ap bwè, yo t’ap achte, yo t’ap plante, yo t’ap bati.
29 Men, jou Lòt soti kite lavil Sodòm lan, dife souf grennen sot nan syèl la tankou lapli, tonbe sou yo; yo tout peri.
30 Se va menm jan an tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a parèt.
31 Jou sa a, moun ki va sou tèt kay p’ap bezwen desann anndan kay la ale pran zafè li. Moun ki nan jaden p’ap bezwen tounen lakay ankò.
32 Chonje istwa madanm Lòt la.
33 Moun ki va chache sove lavi l’ va pèdi l’; men moun ki va pèdi lavi l’ va konsève li.
34 M’ap di nou sa: Jou lannwit sa a, va gen de moun sou yon menm kabann; y’ap pran yonn, y’ap kite lòt la.
35 Va gen de fanm k’ap pile grenn ansanm: y’ap pran yonn, y’ap kite lòt la.
36 Va gen dezòm nan yon menm jaden; y’ap pran yonn, y’ap kite lòt la.
37 Disip yo pran lapawòl, yo mande l’ konsa: Ki kote sa pral fèt, Mèt? Li reponn yo: Kote kadav la va ye, se la votou yo va sanble.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Luc 17            

1 Jésus dit à ses disciples: Il est impossible qu’il n’arrive pas des scandales; mais malheur à celui par qui ils arrivent!
Il vaudrait mieux pour lui qu’on mît à son cou une pierre de moulin et qu’on le jetât dans la mer, que s’il scandalisait un de ces petits.
Prenez garde à vous-mêmes. Si ton frère a péché, reprends-le; et, s’il se repent, pardonne-lui.
Et s’il a péché contre toi sept fois dans un jour et que sept fois il revienne à toi, disant: Je me repens, -tu lui pardonneras.
Les apôtres dirent au Seigneur: Augmente-nous la foi.
Et le Seigneur dit: Si vous aviez de la foi comme un grain de sénevé, vous diriez à ce sycomore: Déracine-toi, et plante-toi dans la mer; et il vous obéirait.
Qui de vous, ayant un serviteur qui laboure ou paît les troupeaux, lui dira, quand il revient des champs: Approche vite, et mets-toi à table?
Ne lui dira-t-il pas au contraire: Prépare-moi à souper, ceins-toi, et sers-moi, jusqu’à ce que j’aie mangé et bu; après cela, toi, tu mangeras et boiras?
Doit-il de la reconnaissance à ce serviteur parce qu’il a fait ce qui lui était ordonné?
10 Vous de même, quand vous avez fait tout ce qui vous a été ordonné, dites: Nous sommes des serviteurs inutiles, nous avons fait ce que nous devions faire.
11 Jésus, se rendant à Jérusalem, passait entre la Samarie et la Galilée.
12 Comme il entrait dans un village, dix lépreux vinrent à sa rencontre. Se tenant à distance, ils élevèrent la voix, et dirent:
13 Jésus, maître, aie pitié de nous!
14 Dès qu’il les eut vus, il leur dit: Allez vous montrer aux sacrificateurs. Et, pendant qu’ils y allaient, il arriva qu’ils furent guéris.
15 L’un deux, se voyant guéri, revint sur ses pas, glorifiant Dieu à haute voix.
16 Il tomba sur sa face aux pieds de Jésus, et lui rendit grâces. C’était un Samaritain.
17 Jésus, prenant la parole, dit: Les dix n’ont-ils pas été guéris? Et les neuf autres, où sont-ils?
18 Ne s’est-il trouvé que cet étranger pour revenir et donner gloire à Dieu?
19 Puis il lui dit: Lève-toi, va; ta foi t’a sauvé.
20 Les pharisiens demandèrent à Jésus quand viendrait le royaume de Dieu. Il leur répondit: Le royaume de Dieu ne vient pas de manière à frapper les regards.
21 On ne dira point: Il est ici, ou: Il est là. Car voici, le royaume de Dieu est au milieu de vous.
22 Et il dit aux disciples: Des jours viendront où vous désirerez voir l’un des jours du Fils de l’homme, et vous ne le verrez point.
23 On vous dira: Il est ici, il est là. N’y allez pas, ne courez pas après.
24 Car, comme l’éclair resplendit et brille d’une extrémité du ciel à l’autre, ainsi sera le Fils de l’homme en son jour.
25 Mais il faut auparavant qu’il souffre beaucoup, et qu’il soit rejeté par cette génération.
26 Ce qui arriva du temps de Noé arrivera de même aux jours du Fils de l’homme.
27 Les hommes mangeaient, buvaient, se mariaient et mariaient leurs enfants, jusqu’au jour où Noé entra dans l’arche; le déluge vint, et les fit tous périr.
28 Ce qui arriva du temps de Lot arrivera pareillement. Les hommes mangeaient, buvaient, achetaient, vendaient, plantaient, bâtissaient;
29 mais le jour où Lot sortit de Sodome, une pluie de feu et de souffre tomba du ciel, et les fit tous périr.
30 Il en sera de même le jour où le Fils de l’homme paraîtra.
31 En ce jour-là, que celui qui sera sur le toit, et qui aura ses effets dans la maison, ne descende pas pour les prendre; et que celui qui sera dans les champs ne retourne pas non plus en arrière.
32 Souvenez-vous de la femme de Lot.
33 Celui qui cherchera à sauver sa vie la perdra, et celui qui la perdra la retrouvera.
34 Je vous le dis, en cette nuit-là, de deux personnes qui seront dans un même lit, l’une sera prise et l’autre laissée;
35 de deux femmes qui moudront ensemble, l’une sera prise et l’autre laissée.
36 De deux hommes qui seront dans un champ, l’un sera pris et l’autre laissé.
37 Les disciples lui dirent: Où sera-ce, Seigneur? Et il répondit: Où sera le corps, là s’assembleront les aigles.

Louis Segond {LSG}

Luke 17      

Then said he unto the disciples, It is impossible but that offences will come: but woe unto him, through whom they come!
It were better for him that a millstone were hanged about his neck, and he cast into the sea, than that he should offend one of these little ones.
Take heed to yourselves: If thy brother trespass against thee, rebuke him; and if he repent, forgive him.
And if he trespass against thee seven times in a day, and seven times in a day turn again to thee, saying, I repent; thou shalt forgive him.
And the apostles said unto the Lord, Increase our faith.
And the Lord said, If ye had faith as a grain of mustard seed, ye might say unto this sycamine tree, Be thou plucked up by the root, and be thou planted in the sea; and it should obey you.
But which of you, having a servant plowing or feeding cattle, will say unto him by and by, when he is come from the field, Go and sit down to meat?
And will not rather say unto him, Make ready wherewith I may sup, and gird thyself, and serve me, till I have eaten and drunken; and afterward thou shalt eat and drink?
Doth he thank that servant because he did the things that were commanded him? I trow not.
10 So likewise ye, when ye shall have done all those things which are commanded you, say, We are unprofitable servants: we have done that which was our duty to do.
11 And it came to pass, as he went to Jerusalem, that he passed through the midst of Samaria and Galilee.
12 And as he entered into a certain village, there met him ten men that were lepers, which stood afar off:
13 And they lifted up their voices, and said, Jesus, Master, have mercy on us.
14 And when he saw them, he said unto them, Go shew yourselves unto the priests. And it came to pass, that, as they went, they were cleansed.
15 And one of them, when he saw that he was healed, turned back, and with a loud voice glorified God,
16 And fell down on his face at his feet, giving him thanks: and he was a Samaritan.
17 And Jesus answering said, Were there not ten cleansed? but where are the nine?
18 There are not found that returned to give glory to God, save this stranger.
19 And he said unto him, Arise, go thy way: thy faith hath made thee whole.
20 And when he was demanded of the Pharisees, when the kingdom of God should come, he answered them and said, The kingdom of God cometh not with observation:
21 Neither shall they say, Lo here! or, lo there! for, behold, the kingdom of God is within you.
22 And he said unto the disciples, The days will come, when ye shall desire to see one of the days of the Son of man, and ye shall not see it.
23 And they shall say to you, See here; or, see there: go not after them, nor follow them.
24 For as the lightning, that lighteneth out of the one part under heaven, shineth unto the other part under heaven; so shall also the Son of man be in his day.
25 But first must he suffer many things, and be rejected of this generation.
26 And as it was in the days of Noe, so shall it be also in the days of the Son of man.
27 They did eat, they drank, they married wives, they were given in marriage, until the day that Noah entered into the ark, and the flood came, and destroyed them all.
28 Likewise also as it was in the days of Lot; they did eat, they drank, they bought, they sold, they planted, they builded;
29 But the same day that Lot went out of Sodom it rained fire and brimstone from heaven, and destroyed them all.
30 Even thus shall it be in the day when the Son of man is revealed.
31 In that day, he which shall be upon the housetop, and his stuff in the house, let him not come down to take it away: and he that is in the field, let him likewise not return back.
32 Remember Lot’s wife.
33 Whosoever shall seek to save his life shall lose it; and whosoever shall lose his life shall preserve it.
34 I tell you, in that night there shall be two men in one bed; the one shall be taken, and the other shall be left.
35 Two women shall be grinding together; the one shall be taken, and the other left.
36 Two men shall be in the field; the one shall be taken, and the other left.
37 And they answered and said unto him, Where, Lord? And he said unto them, Wheresoever the body is, thither will the eagles be gathered together.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}