Liv Ézayi / Ésaïe / Isaiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ézayi 21  

1 Men mesaj Bondye bay sou plenn bò lanmè a, nan peyi Babilòn: -Tankou yon van siklòn k’ap bale dezè Negèv la, yon gwo malè pral soti nan peyi san manman yo.
Mwen fè yon vizyon, mwen wè bagay ki pou bay gwo lapenn lan. Mwen wè moun k’ap trayi, moun k’ap kraze brize! Nou menm lame peyi Elam lan, moute al atake! Nou menm sòlda peyi Medi yo, al sènen lavil li yo! Bondye pral fè moun k’ap soufri anba peyi Babilòn lan sispann plenn.
Se poutèt sa, tout zantray mwen ap bouyi! Mwen gen yon sèl doulè anba vant tankou yon fanm ki prèt pou akouche. M’ap tòde. Mwen rete vant ba: mwen pa wè anyen, mwen pa tande anyen.
Tèt mwen ap vire. M’ap tranble tèlman mwen pè. Mwen t’ap tann solèy la kouche. Men, lè aswè rive, se te pi mal.
Nan vizyon an, mwen wè yon tab byen ranje, yo louvri tapi atè pou envite yo chita. Y’ap manje, y’ap bwè. Yon moman, yo bay yon lòd: Kanpe, chèf lame yo! Pare zam nou pou defann nou!
Apre sa, Seyè a di m’ konsa: -Ale non! Mete yon gad veye! W’a di l’ pou l’ fè ou konnen tou sa la wè.
Si l’ wè kavalye k’ap vini sou chwal yo, de pa de ak yon pati moun sou bourik, yon lòt pati sou chamo, se pou l’ louvri je l’ gade byen.
Gad la rele byen fò: -Mèt, m’ap rete kanpe la nan pòs mwen tout lajounen. Mwen p’ap deplase kote m’ ye a. M’ap veye tout lannwit.
Lè sa a, yon lame kavalye parèt. Y’ap mache vini de pa de. Gad la bay nouvèl la. Li di: Lavil Babilòn tonbe! Wi, li tonbe! Tout estati zidòl yo tonbe plat atè, yo kraze!
10 Nou menm, pèp mwen an, mwen te fwote nou anba pye m’ tankou moun fwote diri sou glasi. Men, koulye a m’ap fè nou konnen bon nouvèl mwen te tande a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ki te fè m’ konn sa.
11  Men mesaj Bondye bay pou moun peyi Edon yo: -Yon moun rete peyi Seyi, l’ap rele m’. Li di m’: Ey, gad! Kilè li ye? Konbe tan ankò pou nwit lan bout? Konbe tan ankò anvan solèy leve?
12 Mwen reponn: -Bajou prèt pou kase. Men apre sa, se va lannwit ankò. Si nou vle mande sa ankò, tounen vin mande.
13  Men mesaj Bondye bay pou moun peyi Arabi yo: -Nou menm moun peyi Dedan, se nan mitan raje ki nan savann Arabi a nou pral moute kan nou pase nwit!
14 Al kontre moun ki swaf dlo yo pou ba yo bwè. Moun peyi Tema yo al kontre moun k’ap kouri sove yo, yo pote manje ba yo.
15 Moun yo pran kouri pou yo chape anba nepe sòlda ki te soti pou touye yo, anba flèch ki te tou pare pou pèse yo, anba gwo danje ki te gen nan batay la.
16 Lè sa a, Seyè a di m’ konsa: -Nan yon lanne, jou pou jou, tankou moun k’ap travay pou lajan kalkile lè travay yo, p’ap rete anyen nan tout bèl pouvwa peyi Keda a!
17 Ou tande jan nan peyi sa a gen anpil vanyan sòlda ki konn tire banza byen? Enben! Se de twa ase ki va rete. Se mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki di sa.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ésaïe 21

1 Oracle sur le désert de la mer. Comme s’avance l’ouragan du midi, Il vient du désert, du pays redoutable.
Une vision terrible m’a été révélée. L’oppresseur opprime, le dévastateur dévaste. -Monte, Élam! Assiège, Médie! Je fais cesser tous les soupirs. –
C’est pourquoi mes reins sont remplis d’angoisses; Des douleurs me saisissent, Comme les douleurs d’une femme en travail; Les spasmes m’empêchent d’entendre, Le tremblement m’empêche de voir.
Mon coeur est troublé, La terreur s’empare de moi; La nuit de mes plaisirs devient une nuit d’épouvante.
On dresse la table, la garde veille, on mange, on boit… Debout, princes! oignez le bouclier!
Car ainsi m’a parlé le Seigneur: Va, place la sentinelle; Qu’elle annonce ce qu’elle verra. –
Elle vit de la cavalerie, des cavaliers deux à deux, Des cavaliers sur des ânes, des cavaliers sur des chameaux; Et elle était attentive, très attentive.
Puis elle s’écria, comme un lion: Seigneur, je me tiens sur la tour toute la journée, Et je suis à mon poste toutes les nuits;
Et voici, il vient de la cavalerie, des cavaliers deux à deux! Elle prit encore la parole, et dit: Elle est tombée, elle est tombée, Babylone, Et toutes les images de ses dieux sont brisées par terre! –
10 O mon peuple, qui as été battu comme du grain dans mon aire! Ce que j’ai appris de l’Éternel des armées, Dieu d’Israël, Je vous l’ai annoncé.
11 Oracle sur Duma. On me crie de Séir: Sentinelle, que dis-tu de la nuit? Sentinelle, que dis-tu de la nuit?
12 La sentinelle répond: Le matin vient, et la nuit aussi. Si vous voulez interroger, interrogez; Convertissez-vous, et revenez.
13 Oracle sur l’Arabie. Vous passerez la nuit dans les broussailles de l’Arabie, Caravanes de Dedan!
14 Portez de l’eau à ceux qui ont soif; Les habitants du pays de Théma Portent du pain aux fugitifs.
15 Car ils fuient devant les épées, Devant l’épée nue, devant l’arc tendu, Devant un combat acharné.
16 Car ainsi m’a parlé le Seigneur: Encore une année, comme les années d’un mercenaire, Et c’en est fait de toute la gloire de Kédar.
17 Il ne restera qu’un petit nombre des vaillants archers, fils de Kédar, Car l’Éternel, le Dieu d’Israël, l’a déclaré.

Louis Segond {LSG}

Isaiah 21 

1 The burden of the desert of the sea. As whirlwinds in the south pass through; so it cometh from the desert, from a terrible land.
A grievous vision is declared unto me; the treacherous dealer dealeth treacherously, and the spoiler spoileth. Go up, O Elam: besiege, O Media; all the sighing thereof have I made to cease.
Therefore are my loins filled with pain: pangs have taken hold upon me, as the pangs of a woman that travaileth: I was bowed down at the hearing of it; I was dismayed at the seeing of it.
My heart panted, fearfulness affrighted me: the night of my pleasure hath he turned into fear unto me.
Prepare the table, watch in the watchtower, eat, drink: arise, ye princes, and anoint the shield.
For thus hath the Lord said unto me, Go, set a watchman, let him declare what he seeth.
And he saw a chariot with a couple of horsemen, a chariot of asses, and a chariot of camels; and he hearkened diligently with much heed:
And he cried, A lion: My lord, I stand continually upon the watchtower in the daytime, and I am set in my ward whole nights:
And, behold, here cometh a chariot of men, with a couple of horsemen. And he answered and said, Babylon is fallen, is fallen; and all the graven images of her gods he hath broken unto the ground.
10 O my threshing, and the corn of my floor: that which I have heard of the Lord of hosts, the God of Israel, have I declared unto you.
11 The burden of Dumah. He calleth to me out of Seir, Watchman, what of the night? Watchman, what of the night?
12 The watchman said, The morning cometh, and also the night: if ye will enquire, enquire ye: return, come.
13 The burden upon Arabia. In the forest in Arabia shall ye lodge, O ye travelling companies of Dedanim.
14 The inhabitants of the land of Tema brought water to him that was thirsty, they prevented with their bread him that fled.
15 For they fled from the swords, from the drawn sword, and from the bent bow, and from the grievousness of war.
16 For thus hath the Lord said unto me, Within a year, according to the years of an hireling, and all the glory of Kedar shall fail:
17 And the residue of the number of archers, the mighty men of the children of Kedar, shall be diminished: for the Lord God of Israel hath spoken it.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}