Liv 1 Wa / 1 Rois / 1Kings

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Wa 16

1 Seyè a pale ak Jeou, pitit gason Anani. Li ba li mesaj sa a pou Bacha. Li di l’ konsa:
-Bacha pa t’ anyen menm. Men, mwen mete l’ chèf sou pèp mwen an, pèp Izrayèl la. Koulye a menm, li fè tankou Jewoboram, lèfini li lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Yo fè m’ fache ak peche yo fè yo.
Se konsa mwen pral disparèt Bacha ansanm ak tout fanmi li, tankou m’ te fè fanmi Jewoboram lan.
Chen pral manje kadav moun nan fanmi li ki va mouri nan lavil la. Malfini karanklou va manje kadav sa ki va mouri andeyò yo.
Tout lòt istwa sou sa Bacha te fè yo, sou jan li te yon vanyan gason, n’a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
Lè Bacha mouri, yo antere l’ lavil Tiza. Se Ela, pitit gason l’, ki moute wa nan plas li.
Seyè a te bay pwofèt Jeou, pitit gason Anani an, mesaj sa a pou Bacha ak fanmi li poutèt peche Bacha te fè kont Seyè a. Li te fè Seyè a fache sou li non sèlman paske li te fè sa ki mal tankou moun fanmi Jewoboram yo, men tou paske li te touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan.
Wa Asa t’ap mache sou vennsizan depi li t’ap gouvènen peyi Jida lè Ela, pitit gason Bacha, moute wa peyi Izrayèl la. Li gouvènen pandan dezan lavil Tiza.
Zimri, yonn nan chèf li yo ki te reskonsab mwatye cha lagè wa a, moute yon konplo kont wa a. Yon jou, Ela te lavil Tiza, li t’ap bwè gwòg lakay Atza ki te reskonsab palè wa a.
10 Zimri antre nan kay la, li touye wa Ela, li pran plas li sou fotèy la. Tou sa pase nan vennsetyèm lanne rèy Asa, wa peyi Jida a.
11 Moute Zimri moute wa, li touye dènye moun nan fanmi Bacha a. Li touye tout gason ki te fanmi l’ osinon zanmi l’.
12 Se konsa Zimri te touye tout fanmi Bacha a, jan Seyè a te mete pawòl la nan bouch pwofèt Jeou a.
13 Paske Bacha ak Ela, pitit li a, te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache ak vye zidòl yo. Yo te peche kont Seyè a, yo te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.
14 Tout lòt bagay Ela te fè yo, n’a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl la.
15  Wa Asa t’ap mache sou vennsetan depi li t’ap gouvènen peyi Jida a, lè Zimri pran pouvwa a pou sèt grenn jou lavil Tiza nan peyi Izrayèl. Lè sa a, lame pèp Izrayèl la t’ap sènen lavil Gibeton nan peyi Filisti.
16 Lè sòlda yo pran nouvèl Zimri te fè konplo sou wa a, li te menm touye l’, lapoula yo nonmen Omri, kòmandan lame a, wa peyi Izrayèl.
17 Omri kite lavil Gibeton ansanm ak tout lame a, li moute, l’ al sènen lavil Tiza.
18 Lò Zimri wè lavil la tapral tonbe nan men Omri, li antre nan ti fò ki sou tèt palè wa a, li mete dife nan palè a, epi li mouri nan dife a.
19 Sa te pase konsa paske Zimri te fè sa ki mal nan je Seyè a. Tankou Jewoboram, li pa t’ fè sa ki dwat devan Seyè a, li te lakòz pèp Izrayèl la fè peche tou.
20 Tout lòt bagay Zimri te fè ak istwa konplo li te moute a, n’a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
21 Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo te fè de kan: Mwatye ladan yo te vle fè Tibni, pitit gason Genat la, wa. Mwatye te pou Omri.
22 Patizan Omri yo kraze patizan Tibni, pitit gason Genat la. Tibni mouri, Omri moute wa.
23 Se konsa nan tranteyenyèm lanne rèy Asa, wa peyi Jida, Omri moute wa peyi Izrayèl. Li gouvènen peyi a pandan douzan. Pandan sizan, li gouvènen nan lavil Tiza.
24 Apre sa, li achte mòn Samari a pou simil (6.000) pyès ajan nan men yon nonm yo te rele Chemè. Omri bati yon lavil sou tèt mòn lan, li rele l’ Samari, dapre non Chemè, ansyen mèt tè a.
25 Omri fè sa ki mal nan je Seyè a. Li fè pi mal pase moun ki te chèf anvan l’ yo.
26 Li mache pye pou pye dèyè Jewoboram, pitit Nebat la: li fè sa ki mal, li lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Se konsa yo te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache ak vye zidòl yo.
27 Tout lòt istwa sou sa Omri te fè yo, sou jan li te yon vanyan gason, n’a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
28 Lè Omri mouri, yo antere l’ lavil Samari. Se Akab, pitit gason l’ lan, ki moute wa nan plas li.
29  Wa Asa te gen trantwitan depi li t’ap gouvènen peyi Jida a lè Akab, pitit Omri a, moute wa peyi Izrayèl. Pandan venndezan li gouvènen peyi Izrayèl nan lavil Samari.
30 Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li fè pi mal pase tout moun ki te chèf anvan l’ yo.
31 Non sèlman li te fè tankou Jewoboram, pitit Nebat la, men l’ ale pi lwen toujou. Li marye ak Jezabèl, pitit fi Elbaal, wa peyi Sidon. Li pran sèvi Baal, l’ al met ajenou devan li.
32 Nan mitan lavil Samari, li bati yon tanp pou Baal, li mete yon lotèl ladan l’.
33 Li fè yon estati pou Astate tou. Li fè pi mal pase tout lòt wa peyi Izrayèl ki te pase anvan l’ yo pou fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache.
34 Se pandan rèy Akab la, yon nonm yo rele Iyèl, moun lavil Betèl, rebati lavil Jeriko. Men, pawòl Seyè a te di Jozye, pitit Noun lan, rive vre. Abiram, premye pitit Iyèl la, mouri lè yo t’ap fouye fondasyon lavil la, lèfini Segoub, dezyèm pitit gason Iyèl la, mouri lè yo t’ap moute pòtay lavil la.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

1 Rois 16 

1 La parole de l’Éternel fut ainsi adressée à Jéhu, fils de Hanani, contre Baescha:
Je t’ai élevé de la poussière, et je t’ai établi chef de mon peuple d’Israël; mais parce que tu as marché dans la voie de Jéroboam, et que tu as fait pécher mon peuple d’Israël, pour m’irriter par leurs péchés,
voici, je vais balayer Baescha et sa maison, et je rendrai ta maison semblable à la maison de Jéroboam, fils de Nebath.
Celui de la maison de Baescha qui mourra dans la ville sera mangé par les chiens, et celui des siens qui mourra dans les champs sera mangé par les oiseaux du ciel.
Le reste des actions de Baescha, ce qu’il a fait, et ses exploits, cela n’est-il pas écrit dans le livre des Chroniques des rois d’Israël?
Baescha se coucha avec ses pères, et il fut enterré à Thirtsa. Et Éla, son fils, régna à sa place.
La parole de l’Éternel s’était manifestée par le prophète Jéhu, fils de Hanani, contre Baescha et contre sa maison, soit à cause de tout le mal qu’il avait fait sous les yeux de l’Éternel, en l’irritant par l’oeuvre de ses mains et en devenant semblable à la maison de Jéroboam, soit parce qu’il avait frappé la maison de Jéroboam.
La vingt-sixième année d’Asa, roi de Juda, Éla, fils de Baescha, régna sur Israël à Thirtsa. Il régna deux ans.
Son serviteur Zimri, chef de la moitié des chars, conspira contre lui. Éla était à Thirtsa, buvant et s’enivrant dans la maison d’Artsa, chef de la maison du roi à Thirtsa.
10 Zimri entra, le frappa et le tua, la vingt-septième année d’Asa, roi de Juda, et il régna à sa place.
11 Lorsqu’il fut roi et qu’il fut assis sur son trône, il frappa toute la maison de Baescha, il ne laissa échapper personne qui lui appartînt, ni parent ni ami.
12 Zimri détruisit toute la maison de Baescha, selon la parole que l’Éternel avait dite contre Baescha par Jéhu, le prophète,
13 à cause de tous les péchés que Baescha et Éla, son fils, avaient commis et qu’ils avaient fait commettre à Israël, irritant par leurs idoles l’Éternel, le Dieu d’Israël.
14 Le reste des actions d’Éla, et tout ce qu’il a fait, cela n’est-il pas écrit dans le livre des Chroniques des rois d’Israël?
15 La vingt-septième année d’Asa, roi de Juda, Zimri régna sept jours à Thirtsa. Le peuple campait contre Guibbethon, qui appartenait aux Philistins.
16 Et le peuple qui campait apprit cette nouvelle: Zimri a conspiré, et même il a tué le roi! Et ce jour-là, tout Israël établit dans le camp pour roi d’Israël Omri, chef de l’armée.
17 Omri et tout Israël avec lui partirent de Guibbethon, et ils assiégèrent Thirtsa.
18 Zimri, voyant que la ville était prise, se retira dans le palais de la maison du roi, et brûla sur lui la maison du roi.
19 C’est ainsi qu’il mourut, à cause des péchés qu’il avait commis en faisant ce qui est mal aux yeux de l’Éternel, en marchant dans la voie de Jéroboam, et en se livrant aux péchés que Jéroboam avait commis pour faire pécher Israël.
20 Le reste des actions de Zimri, et la conspiration qu’il forma, cela n’est-il pas écrit dans le livre des Chroniques des rois d’Israël?
21 Alors le peuple d’Israël se divisa en deux partis: une moitié du peuple voulait faire roi Thibni, fils de Guinath, et l’autre moitié était pour Omri.
22 Ceux qui suivaient Omri l’emportèrent sur ceux qui suivaient Thibni, fils de Guinath. Thibni mourut, et Omri régna.
23 La trente et unième année d’Asa, roi de Juda, Omri régna sur Israël. Il régna douze ans. Après avoir régné six ans à Thirtsa,
24 il acheta de Schémer la montagne de Samarie pour deux talents d’argent; il bâtit sur la montagne, et il donna à la ville qu’il bâtit le nom de Samarie, d’après le nom de Schémer, seigneur de la montagne.
25 Omri fit ce qui est mal aux yeux de l’Éternel, et il agit plus mal que tous ceux qui avaient été avant lui.
26 Il marcha dans toute la voie de Jéroboam, fils de Nebath, et se livra aux péchés que Jéroboam avait fait commettre à Israël, irritant par leurs idoles l’Éternel, le Dieu d’Israël.
27 Le reste des actions d’Omri, ce qu’il a fait, et ses exploits, cela n’est-il pas écrit dans le livre des Chroniques des rois d’Israël?
28 Omri se coucha avec ses pères, et il fut enterré à Samarie. Et Achab, son fils, régna à sa place.
29 Achab, fils d’Omri, régna sur Israël, la trente-huitième année d’Asa, roi de Juda. Achab, fils d’Omri, régna vingt-deux ans sur Israël à Samarie.
30 Achab, fils d’Omri, fit ce qui est mal aux yeux de l’Éternel, plus que tous ceux qui avaient été avant lui.
31 Et comme si c’eût été pour lui peu de choses de se livrer aux péchés de Jéroboam, fils de Nebath, il prit pour femme Jézabel, fille d’Ethbaal, roi des Sidoniens, et il alla servir Baal et se prosterner devant lui.
32 Il éleva un autel à Baal dans la maison de Baal qu’il bâtit à Samarie,
33 et il fit une idole d’Astarté. Achab fit plus encore que tous les rois d’Israël qui avaient été avant lui, pour irriter l’Éternel, le Dieu d’Israël.
34 De son temps, Hiel de Béthel bâtit Jéricho; il en jeta les fondements au prix d’Abiram, son premier-né, et il en posa les portes aux prix de Segub, son plus jeune fils, selon la parole que l’Éternel avait dite par Josué, fils de Nun
Louis Segond {LSG}

1 Kings 16

1 Then the word of the Lord came to Jehu the son of Hanani against Baasha, saying,
Forasmuch as I exalted thee out of the dust, and made thee prince over my people Israel; and thou hast walked in the way of Jeroboam, and hast made my people Israel to sin, to provoke me to anger with their sins;
Behold, I will take away the posterity of Baasha, and the posterity of his house; and will make thy house like the house of Jeroboam the son of Nebat.
Him that dieth of Baasha in the city shall the dogs eat; and him that dieth of his in the fields shall the fowls of the air eat.
Now the rest of the acts of Baasha, and what he did, and his might, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Israel?
So Baasha slept with his fathers, and was buried in Tirzah: and Elah his son reigned in his stead.
And also by the hand of the prophet Jehu the son of Hanani came the word of the Lord against Baasha, and against his house, even for all the evil that he did in the sight of the Lord, in provoking him to anger with the work of his hands, in being like the house of Jeroboam; and because he killed him.
In the twenty and sixth year of Asa king of Judah began Elah the son of Baasha to reign over Israel in Tirzah, two years.
And his servant Zimri, captain of half his chariots, conspired against him, as he was in Tirzah, drinking himself drunk in the house of Arza steward of his house in Tirzah.
10 And Zimri went in and smote him, and killed him, in the twenty and seventh year of Asa king of Judah, and reigned in his stead.
11 And it came to pass, when he began to reign, as soon as he sat on his throne, that he slew all the house of Baasha: he left him not one that pisseth against a wall, neither of his kinsfolks, nor of his friends.
12 Thus did Zimri destroy all the house of Baasha, according to the word of the Lord, which he spake against Baasha by Jehu the prophet.
13 For all the sins of Baasha, and the sins of Elah his son, by which they sinned, and by which they made Israel to sin, in provoking the Lord God of Israel to anger with their vanities.
14 Now the rest of the acts of Elah, and all that he did, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Israel?
15 In the twenty and seventh year of Asa king of Judah did Zimri reign seven days in Tirzah. And the people were encamped against Gibbethon, which belonged to the Philistines.
16 And the people that were encamped heard say, Zimri hath conspired, and hath also slain the king: wherefore all Israel made Omri, the captain of the host, king over Israel that day in the camp.
17 And Omri went up from Gibbethon, and all Israel with him, and they besieged Tirzah.
18 And it came to pass, when Zimri saw that the city was taken, that he went into the palace of the king’s house, and burnt the king’s house over him with fire, and died.
19 For his sins which he sinned in doing evil in the sight of the Lord, in walking in the way of Jeroboam, and in his sin which he did, to make Israel to sin.
20 Now the rest of the acts of Zimri, and his treason that he wrought, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Israel?
21 Then were the people of Israel divided into two parts: half of the people followed Tibni the son of Ginath, to make him king; and half followed Omri.
22 But the people that followed Omri prevailed against the people that followed Tibni the son of Ginath: so Tibni died, and Omri reigned.
23 In the thirty and first year of Asa king of Judah began Omri to reign over Israel, twelve years: six years reigned he in Tirzah.
24 And he bought the hill Samaria of Shemer for two talents of silver, and built on the hill, and called the name of the city which he built, after the name of Shemer, owner of the hill, Samaria.
25 But Omri wrought evil in the eyes of the Lord, and did worse than all that were before him.
26 For he walked in all the way of Jeroboam the son of Nebat, and in his sin wherewith he made Israel to sin, to provoke the Lord God of Israel to anger with their vanities.
27 Now the rest of the acts of Omri which he did, and his might that he shewed, are they not written in the book of the chronicles of the kings of Israel?
28 So Omri slept with his fathers, and was buried in Samaria: and Ahab his son reigned in his stead.
29 And in the thirty and eighth year of Asa king of Judah began Ahab the son of Omri to reign over Israel: and Ahab the son of Omri reigned over Israel in Samaria twenty and two years.
30 And Ahab the son of Omri did evil in the sight of the Lord above all that were before him.
31 And it came to pass, as if it had been a light thing for him to walk in the sins of Jeroboam the son of Nebat, that he took to wife Jezebel the daughter of Ethbaal king of the Zidonians, and went and served Baal, and worshipped him.
32 And he reared up an altar for Baal in the house of Baal, which he had built in Samaria.
33 And Ahab made a grove; and Ahab did more to provoke the Lord God of Israel to anger than all the kings of Israel that were before him.
34 In his days did Hiel the Bethelite build Jericho: he laid the foundation thereof in Abiram his firstborn, and set up the gates thereof in his youngest son Segub, according to the word of the Lord, which he spake by Joshua the son of Nun.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}