Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 4  

1 Elifaz, moun Teman an, pran lapawòl, li di konsa:
-Jòb, si m’ pale avè ou, ou p’ap fache, vye frè? Mwen pa ka pa pale.
Yon lè, se ou ki te konn moutre moun anpil bagay, se ou ki te konn bay moun fòs lè yo fèb.
Pawòl nan bouch ou te yon ankourajman pou moun ki te dekouraje. Ou te ede yo kanpe sou de pye yo ankò.
Koulye a, paske se tou pa ou, ou pèdi tèt ou. Malè tonbe sou ou, w’ap depale.
W’ap sèvi Bondye, ou fèt pou genyen l’ konfyans. Ou mennen bak ou byen, ou pa fèt pou dekouraje.
 Repase tèt ou byen. Ou janm konnen yon inonsan ki mouri mal? Ou janm wè yo touye yon moun ki mache dwat?
M’ap di sa m’ wè ak je m’: Moun ki kouve mechanste nan kè yo epi k’ap mache bay moun lapenn, se mechanste ak lapenn yo rekòlte.
Lè Bondye fache, li soufle sou yo, yo mouri. Lè van tanpèt Bondye a leve, yo disparèt.
10 Mechan yo rele kou lyon, yo gwonde kou bèt sovaj. Men, Bondye fèmen bouch yo, li kase dan nan bouch yo.
11 Yo mouri tankou lyon ki pa jwenn bèt pou yo manje. Tout pitit yo gaye nan bwa.
12  Yon lè, mwen tande Bondye t’ap pale tou dousman nan zòrèy mwen. Mwen pa t’ fin tande nèt sa li t’ap di.
13 Tankou yon move rèv nan mitan lannwit, li mete yon bann vye lide nan tèt mwen. M’ pa ka dòmi tèlman mwen pè.
14 Mwen pran tranble, mwen santi yon frison mache nan tout kò m’. Tout zo nan kò m’ ap krake.
15 Yon souf pase bò figi m’, tout cheve nan tèt mwen kanpe.
16 Mwen rete konsa mwen wè yon moun kanpe devan m’. Mwen pa t’ rekonèt ki moun li ye. Men, fòm moun lan te la devan je m’. Mwen pa tande yon ti bri menm. Apre sa, mwen tande yon vwa ki t’ap pale tou dousman, li t’ap di:
17 Ki moun ki ka di li mache dwat devan Bondye? Ki moun ki san repwòch devan Bondye ki kreye l’ la?
18 Bondye pa janm fin fye sèvitè l’ yo nèt. Ata zanj li yo, li jwenn bagay pou l’ repwoche yo.
19 Ale wè atò pou moun ki fèt ak labou, pou moun ki soti nan pousyè tè, pou moun yo kapab kraze tankou poudbwa!
20 Yon sèl jou kont pou yo tounen pousyè, yo disparèt nèt. Pesonn pa wè sa.
21 Yo rete konsa yo kase kòd. Yo mouri san yo pa janm rive fin gen bon konprann.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 4

1 Éliphaz de Théman prit la parole et dit:
Si nous osons ouvrir la bouche, en seras-tu peiné? Mais qui pourrait garder le silence?
Voici, tu as souvent enseigné les autres, Tu as fortifié les mains languissantes,
Tes paroles ont relevé ceux qui chancelaient, Tu as affermi les genoux qui pliaient.
Et maintenant qu’il s’agit de toi, tu faiblis! Maintenant que tu es atteint, tu te troubles!
Ta crainte de Dieu n’est-elle pas ton soutien? Ton espérance, n’est-ce pas ton intégrité?
Cherche dans ton souvenir: quel est l’innocent qui a péri? Quels sont les justes qui ont été exterminés?
Pour moi, je l’ai vu, ceux qui labourent l’iniquité Et qui sèment l’injustice en moissonnent les fruits;
Ils périssent par le souffle de Dieu, Ils sont consumés par le vent de sa colère,
10 Le rugissement des lions prend fin, Les dents des lionceaux sont brisées;
11 Le lion périt faute de proie, Et les petits de la lionne se dispersent.
12 Une parole est arrivée furtivement jusqu’à moi, Et mon oreille en a recueilli les sons légers.
13 Au moment où les visions de la nuit agitent la pensée, Quand les hommes sont livrés à un profond sommeil,
14 Je fus saisi de frayeur et d’épouvante, Et tous mes os tremblèrent.
15 Un esprit passa près de moi… Tous mes cheveux se hérissèrent…
16 Une figure d’un aspect inconnu était devant mes yeux, Et j’entendis une voix qui murmurait doucement:
17 L’homme serait-il juste devant Dieu? Serait-il pur devant celui qui l’a fait?
18 Si Dieu n’a pas confiance en ses serviteurs, S’il trouve de la folie chez ses anges,
19 Combien plus chez ceux qui habitent des maisons d’argile, Qui tirent leur origine de la poussière, Et qui peuvent être écrasés comme un vermisseau!
20 Du matin au soir ils sont brisés, Ils périssent pour toujours, et nul n’y prend garde;
21 Le fil de leur vie est coupé, Ils meurent, et ils n’ont pas acquis la sagesse.
Louis Segond {LSG}

Job 4   

1 Then Eliphaz the Temanite answered and said,
If we assay to commune with thee, wilt thou be grieved? but who can withhold himself from speaking?
Behold, thou hast instructed many, and thou hast strengthened the weak hands.
Thy words have upholden him that was falling, and thou hast strengthened the feeble knees.
But now it is come upon thee, and thou faintest; it toucheth thee, and thou art troubled.
Is not this thy fear, thy confidence, thy hope, and the uprightness of thy ways?
Remember, I pray thee, who ever perished, being innocent? or where were the righteous cut off?
Even as I have seen, they that plow iniquity, and sow wickedness, reap the same.
By the blast of God they perish, and by the breath of his nostrils are they consumed.
10 The roaring of the lion, and the voice of the fierce lion, and the teeth of the young lions, are broken.
11 The old lion perisheth for lack of prey, and the stout lion’s whelps are scattered abroad.
12 Now a thing was secretly brought to me, and mine ear received a little thereof.
13 In thoughts from the visions of the night, when deep sleep falleth on men,
14 Fear came upon me, and trembling, which made all my bones to shake.
15 Then a spirit passed before my face; the hair of my flesh stood up:
16 It stood still, but I could not discern the form thereof: an image was before mine eyes, there was silence, and I heard a voice, saying,
17 Shall mortal man be more just than God? shall a man be more pure than his maker?
18 Behold, he put no trust in his servants; and his angels he charged with folly:
19 How much less in them that dwell in houses of clay, whose foundation is in the dust, which are crushed before the moth?
20 They are destroyed from morning to evening: they perish for ever without any regarding it.
21 Doth not their excellency which is in them go away? they die, even without wisdom.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}