Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 146  

1 Lwanj pou Seyè a! Wi, kite m’ fè lwanj Seyè a!
M’ap pase tout lavi m’ ap fè lwanj Seyè a. M’ap chante pou Bondye mwen pandan tout tan m’ap viv.
Pa mete konfyans nou nan grannèg, nan moun ki pa ka delivre nou.
Kou souf yo koupe, yo tounen pousyè. Lamenm, tou sa yo te gen nan tèt yo disparèt.
 Ala bon sa bon pou moun ki gen Bondye Jakòb la pou tout sekou l’, pou moun ki mete tout espwa l’ nan Seyè a, Bondye li!
Se li menm ki fè syèl la, tè a ak lanmè a, ansanm ak tou sa ki ladan yo. L’ap toujou kenbe pawòl li.
Li rann jistis an favè tout moun k’ap sibi lenjistis. Li bay tout moun ki grangou manje pou yo manje.
Seyè a fè prizonye yo soti nan prizon. Seyè a fè avèg yo wè ankò. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj. Seyè a renmen moun ki mache dwat devan li.
Seyè a pwoteje etranje k’ap viv nan peyi a. L’ap pran swen vèv yo ak timoun ki san papa yo. Men, li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo.
10 Seyè a ap gouvènen pou tout tan. Nou menm, moun Siyon, Bondye nou an ap gouvènen pou tout tan. Lwanj pou Seyè a!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 146

1 Louez l’Éternel! Mon âme, loue l’Éternel!
Je louerai l’Éternel tant que je vivrai, Je célébrerai mon Dieu tant que j’existerai.
Ne vous confiez pas aux grands, Aux fils de l’homme, qui ne peuvent sauver.
Leur souffle s’en va, ils rentrent dans la terre, Et ce même jour leurs desseins périssent.
Heureux celui qui a pour secours le Dieu de Jacob, Qui met son espoir en l’Éternel, son Dieu!
Il a fait les cieux et la terre, La mer et tout ce qui s’y trouve. Il garde la fidélité à toujours.
Il fait droit aux opprimés; Il donne du pain aux affamés; L’Éternel délivre les captifs;
L’Éternel ouvre les yeux des aveugles; L’Éternel redresse ceux qui sont courbés; L’Éternel aime les justes.
L’Éternel protège les étrangers, Il soutient l’orphelin et la veuve, Mais il renverse la voie des méchants.
10 L’Éternel règne éternellement; Ton Dieu, ô Sion! subsiste d’âge en âge! Louez l’Éternel!
Louis Segond {LSG}

Psalm 146 

1 Praise ye the Lord. Praise the Lord, O my soul.
While I live will I praise the Lord: I will sing praises unto my God while I have any being.
Put not your trust in princes, nor in the son of man, in whom there is no help.
His breath goeth forth, he returneth to his earth; in that very day his thoughts perish.
Happy is he that hath the God of Jacob for his help, whose hope is in the Lord his God:
Which made heaven, and earth, the sea, and all that therein is: which keepeth truth for ever:
Which executeth judgment for the oppressed: which giveth food to the hungry. The Lord looseth the prisoners:
The Lord openeth the eyes of the blind: the Lord raiseth them that are bowed down: the Lord loveth the righteous:
The Lord preserveth the strangers; he relieveth the fatherless and widow: but the way of the wicked he turneth upside down.
10 The Lord shall reign for ever, even thy God, O Zion, unto all generations. Praise ye the Lord.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}