Liv 2 Timote / 2 Timothée / 2 Timothy

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Timote 2

1 Ou menm, pitit mwen, pran fòs kouraj nan favè nou resevwa nan lavi n’ap mennen ansanm ak Jezikri a.
Sa ou te tande m’ di ou devan anpil temwen, se pou ou renmèt yo bay lòt moun serye ou konnen ki ka moutre lòt moun yo tou.
Tankou yon bon sòlda Jezikri, asepte tout soufrans ki vin pou ou.
Lè yon sòlda desèvis, li pa pral chaje tèt li ak pwoblèm lavi si li vle fè chèf li plezi.
Lè yon moun ap aprann kouri pou l’ ka patisipe nan yon konkou, li p’ap ka genyen si li pa kouri dapre regleman konkou a.
Kiltivatè ki travay di a, se li menm an premye ki pou resevwa pa l’ nan rekòt la.
Fè tèt ou travay sou sa m’ ap di ou la a. Seyè a va fè ou konprann tout bagay.
 Toujou chonje pitit pitit David la, Jezikri, ki te leve soti vivan nan lanmò, jan sa di nan bon nouvèl la.
Se paske m’ap anonse bon nouvèl sa a kifè m’ap soufri konsa, kifè mwen nan prizon tankou yon malfektè. Men, pawòl Bondye a pa nan chenn.
10 Se poutèt sa m’ap sipòte bagay sa yo pou sa ka tounen yon byen pou moun Bondye chwazi yo, pou yo menm tou yo ka delivre gremesi Jezikri, pou yo ka resevou a bèl pouvwa ki la pou tout tan an.
11 Sa se pawòl sèten: Si nou mouri ansanm avè l’, n’a viv ansanm avè l’ tou.
12 Si nou kenbe l’ fèm nan soufrans nou, n’a gouvènen ansanm avè l’ tou. Si nou lage l’, la lage nou tou.
13 Si nou pa kenbe pawòl nou, li menm l’ap toujou kenbe pawòl pa li, paske Bondye pa kapab demanti tèt li.
14  Fè tout moun chonje bagay sa yo. Pran Bondye pou temwen, pale yo pou yo pa diskite sou mo. Diskisyon sa yo pa rapòte anyen. Se pèdi y’ap pèdi moun ki koute yo.
15 Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l’ ye a.
16 Evite diskou san sans ki pa dakò ak verite lafwa a, paske moun k’ap fè diskisyon sa yo se kite yo kite Bondye pi lwen chak jou.
17 Pawòl y’ap di yo, se tankou yon maladi k’ap manje tout kò yo. Nan moun sa yo gen Imene ak Filèt.
18 Yo tou de vire do bay verite a, y’ap plede fè anpil lòt moun pèdi konfyans nan Bondye. Y’ap mache di: Nou leve soti vivan nan lanmò deja.
19  Men, pa pè. Fondasyon solid Bondye te mete a, li la toujou. Men pawòl nou jwenn make sou li: Mèt la konnen moun ki moun pa li. Tout moun ki di se pou Seyè a y’ap viv, se pou yo sispann fè sa ki mal.
20 Nan yon gwo kay, gen tout kalite veso: genyen ki fèt an lò osinon an lajan, genyen ki fèt an bwa osinon an tè. Gen ladan yo ki sèvi pou okazyon espesyal. Gen lòt se pou sèvis òdenè.
21 Si yon moun kenbe kò l’ pou l’ pa fè sa ki mal, y’a fè l’ fè yon travay espesyal. Paske lè sa a l’ap mete tèt li apa nèt pou Mèt li, la itil Mèt la, l’ap pare pou l’ fè nenpòt bagay ki byen.
22  Pa kite lanvi ki nan kè jenn moun yo pran pye sou ou. Rete lwen yo. Men, mete tèt ou ansanm ak moun ki gen kè yo nan kondisyon pou sèvi Bondye moun k’ap rele Bondye, k’ap chache fè sa ki dwat devan l’ epi k’ap chache gen konfyans, renmen ak kè poze.
23 Men, pa mele nan diskisyon san sans moun fou yo. Ou konnen sa toujou fini nan kont.
24 Yon moun k’ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l’ viv byen ak tout moun, se pou l’ konn ki jan yo fè enstriksyon moun, se pou l’ gen pasyans.
25 Se pou l’ korije moun ki pa dakò avè l’ avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y’ap viv la, pou yo vin konn verite a.
26 Lè konsa, y’a reprann bon sans yo, y’a chape kò yo soti nan pèlen Satan ki te mete men sou yo pou l’ te fè yo fè sa l’ vle.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

2 Timothée 2                

1 Toi donc, mon enfant, fortifie-toi dans la grâce qui est en Jésus Christ.
Et ce que tu as entendu de moi en présence de beaucoup de témoins, confie-le à des hommes fidèles, qui soient capables de l’enseigner aussi à d’autres.
Souffre avec moi, comme un bon soldat de Jésus Christ.
Il n’est pas de soldat qui s’embarrasse des affaires de la vie, s’il veut plaire à celui qui l’a enrôlé;
et l’athlète n’est pas couronné, s’il n’a combattu suivant les règles.
Il faut que le laboureur travaille avant de recueillir les fruits.
Comprends ce que je dis, car le Seigneur te donnera de l’intelligence en toutes choses.
Souviens-toi de Jésus Christ, issu de la postérité de David, ressuscité des morts, selon mon Évangile,
pour lequel je souffre jusqu’à être lié comme un malfaiteur. Mais la parole de Dieu n’est pas liée.
10 C’est pourquoi je supporte tout à cause des élus, afin qu’eux aussi obtiennent le salut qui est en Jésus Christ, avec la gloire éternelle.
11 Cette parole est certaine: Si nous sommes morts avec lui, nous vivrons aussi avec lui;
12 si nous persévérons, nous régnerons aussi avec lui; si nous le renions, lui aussi nous reniera;
13 si nous sommes infidèles, il demeure fidèle, car il ne peut se renier lui-même.
14 Rappelle ces choses, en conjurant devant Dieu qu’on évite les disputes de mots, qui ne servent qu’à la ruine de ceux qui écoutent.
15 Efforce-toi de te présenter devant Dieu comme un homme éprouvé, un ouvrier qui n’a point à rougir, qui dispense droitement la parole de la vérité.
16 Évite les discours vains et profanes; car ceux qui les tiennent avanceront toujours plus dans l’impiété, et leur parole rongera comme la gangrène.
17 De ce nombre sont Hyménée et Philète,
18 qui se sont détournés de la vérité, disant que la résurrection est déjà arrivée, et qui renversent le foi de quelques uns.
19 Néanmoins, le solide fondement de Dieu reste debout, avec ces paroles qui lui servent de sceau: Le Seigneur connaît ceux qui lui appartiennent; et: Quiconque prononce le nom du Seigneur, qu’il s’éloigne de l’iniquité.
20 Dans une grande maison, il n’y a pas seulement des vases d’or et d’argent, mais il y en a aussi de bois et de terre; les uns sont des vases d’honneur, et les autres sont d’un usage vil.
21 Si donc quelqu’un se conserve pur, en s’abstenant de ces choses, il sera un vase d’honneur, sanctifié, utile à son maître, propre à toute bonne oeuvre.
22 Fuis les passions de la jeunesse, et recherche la justice, la foi, la charité, la paix, avec ceux qui invoquent le Seigneur d’un coeur pur.
23 Repousse les discussions folles et inutiles, sachant qu’elles font naître des querelles.
24 Or, il ne faut pas qu’un serviteur du Seigneur ait des querelles; il doit, au contraire, avoir de la condescendance pour tous, être propre à enseigner, doué de patience;
25 il doit redresser avec douceur les adversaires, dans l’espérance que Dieu leur donnera la repentance pour arriver à la connaissance de la vérité,
26 et que, revenus à leur bon sens, ils se dégageront des pièges du diable, qui s’est emparé d’eux pour les soumettre à sa volonté.

Louis Segond {LSG}

2 Timothy 2         

1 Thou therefore, my son, be strong in the grace that is in Christ Jesus.
And the things that thou hast heard of me among many witnesses, the same commit thou to faithful men, who shall be able to teach others also.
Thou therefore endure hardness, as a good soldier of Jesus Christ.
No man that warreth entangleth himself with the affairs of this life; that he may please him who hath chosen him to be a soldier.
And if a man also strive for masteries, yet is he not crowned, except he strive lawfully.
The husbandman that laboureth must be first partaker of the fruits.
Consider what I say; and the Lord give thee understanding in all things.
Remember that Jesus Christ of the seed of David was raised from the dead according to my gospel:
Wherein I suffer trouble, as an evil doer, even unto bonds; but the word of God is not bound.
10 Therefore I endure all things for the elect’s sakes, that they may also obtain the salvation which is in Christ Jesus with eternal glory.
11 It is a faithful saying: For if we be dead with him, we shall also live with him:
12 If we suffer, we shall also reign with him: if we deny him, he also will deny us:
13 If we believe not, yet he abideth faithful: he cannot deny himself.
14 Of these things put them in remembrance, charging them before the Lord that they strive not about words to no profit, but to the subverting of the hearers.
15 Study to shew thyself approved unto God, a workman that needeth not to be ashamed, rightly dividing the word of truth.
16 But shun profane and vain babblings: for they will increase unto more ungodliness.
17 And their word will eat as doth a canker: of whom is Hymenaeus and Philetus;
18 Who concerning the truth have erred, saying that the resurrection is past already; and overthrow the faith of some.
19 Nevertheless the foundation of God standeth sure, having this seal, The Lord knoweth them that are his. And, let every one that nameth the name of Christ depart from iniquity.
20 But in a great house there are not only vessels of gold and of silver, but also of wood and of earth; and some to honour, and some to dishonour.
21 If a man therefore purge himself from these, he shall be a vessel unto honour, sanctified, and meet for the master’s use, and prepared unto every good work.
22 Flee also youthful lusts: but follow righteousness, faith, charity, peace, with them that call on the Lord out of a pure heart.
23 But foolish and unlearned questions avoid, knowing that they do gender strifes.
24 And the servant of the Lord must not strive; but be gentle unto all men, apt to teach, patient,
25 In meekness instructing those that oppose themselves; if God peradventure will give them repentance to the acknowledging of the truth;
26 And that they may recover themselves out of the snare of the devil, who are taken captive by him at his will.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}