Liv Ezekyel / Ézéchiel / Ezekiel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ezekyel 27    

1 Seyè a pale avè m’, li di m’ konsa:
-Nonm o! Chante pou plenn sò lavil Tir!
W’a pale ak moun lavil Tir yo, lavil ki kanpe bò lanmè a, lavil k’ap fè kòmès ak dènye moun ki rete bò lanmè, w’a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: -Nou menm, moun lavil Tir, k’ap mache di: Pa gen pi bèl peyi pase peyi nou an!
Fwontyè nou rive jouk nan mitan lanmè. Moun ki bati lavil la te bati l’ tankou yon bèl batiman.
Yo te pran bwapen sou mòn Seni fè planch pou sèvi bòday nou yo. Yo pran yon bwa sèd peyi Liban pou fè ma pou nou.
Yo pran bwadchenn peyi Bazan pou fè zaviwon. Yo voye chache bwa sèd nan lil Chip pou fè pon an. Lèfini, yo plake moso ivwa sou tout pon an.
Vwal batiman an te fèt ak bèl twal fin blan bwode ki soti peyi Lejip. Se te drapo pa nou sa! Kabin sou pon an te kouvri ak bèl twal violèt, bèl twal wouj ki soti nan lil Elicha.
Se gason ki soti lavil Sidon ak lavil Avad k’ap naje zaviwon pou ou. Men, se moun lavil la menm ki te fò anpil nan lamarin ki te maren sou batiman an.
Se ansyen gwo bòs chapant lavil Gebal ak bon ouvriye yo ki te abò batiman an pou fè reparasyon. Maren tout batiman ki sou lanmè a vin fè trafik lakay ou.
10 Nan lame ou la se renk moun peyi Pès, moun peyi Loud ak moun peyi Pout ki t’ap sèvi. Yo konn fè lagè. Se nan kazèn ou yo yo te konn mete gwo plak fè pwotèj yo ak kas an fè yo. Se moun sa yo ki te fè ou rive nan tout bèl pozisyon sa a.
11 Sòlda ki soti lavil Avad ap veye sou tout miray ranpa ou yo. Sòlda ki soti lavil Gamad t’ap fè faksyonnè sou tout gwo fò won ou yo. Yo pandye plak fè pwotèj yo sou tout miray yo. Se moun sa yo ki te fè ou bèl kont bèl ou.
12 Moun lavil Tasis nan peyi Lespay vin fè kòmès ak ou, paske ou te gen tout kalite bèl bagay an kantite. Yo vann ou ajan, fè, fèblan ak plon pou yo te ka achte machandiz ou yo.
13 Ou fè kòmès ak peyi Lagrès, ak lavil Toubal, ak lavi Mechèk. Yo vann ou esklav ak tout kalite bagay fèt an kwiv pou machandiz pa ou yo.
14 Ou fè trafik ak moun Togama. Ou vann yo machandiz pa ou. Pou peye ou, yo ba ou chwal pou travay, chwal pou fè lagè ak milèt.
15 Moun lavil Wòd yo fè kòmès avèk ou tou. Moun anpil lòt peyi ki bò gwo lanmè a te fè pratik ak ou. Ou ba yo machandiz ou yo, yo peye ak gwo kòn ivwa ak bwa nwa.
16 Moun peyi Siri yo fè komès avèk ou paske ou te gen anpil machandiz. Yo vann ou bèl pyè ki koute chè, bèl twal wouj, twal bwode, grenn koray, twal fin blan, ak pyè woubi. Ou menm, ou vann yo machandiz pa ou.
17 Moun peyi Jida ak moun peyi Izrayèl yo te fè kòmès avè ou tou. Pou peye ou, yo ba ou ble, pitimi, siwo myèl, lwil oliv ak zepis.
18 Moun Damas yo achte machandiz ou yo ak tout kalite bèl bagay ou te gen an kantite. Yo te vann ou diven ki soti Elbon ak lenn ki soti Saar.
19 Moun soti depi lavil Wazal, yo ba ou diven, fè fòje, kannèl ak zepis pou machandiz ou yo.
20 Moun lavil Dadan yo ba ou sèl ak chabrak pou machandiz ou yo.
21 Moun peyi Arabi yo ak chèf peyi Keda yo te pratik ou tou. Yo te vann ou ti mouton, belye mouton ak bouk kabrit.
22 Machann ki soti Seba ak Rema vin vann ou bon kalite zepis, bèl pyè ki koute chè ak lò.
23 Moun lavil Aran, moun lavil Kane, moun lavil Edenn, machann ki soti lavil Seba, lavil Asou ak lavil Chilman, yo tout t’ap fè kòmès avè ou.
24 Yo vann ou bèl twal ki koute chè, twal wouj, twal bwode, bèl tapi tout koulè, bon kòd trese byen solid.
25 Gwo batiman Tasis yo t’ap vwayaje toupatou al vann machandiz ou yo. Ou te tankou yon batiman chaje kouleba, nan mitan lanmè.
26  Moun ki t’ap naje zaviwon yo te mennen ou byen lwen nan fon lanmè. Yon sèl van lès te fè ou koule byen lwen nan mitan lanmè.
27 Tout richès ou yo, tout machandiz ou yo, ak tout pwovizyon ou yo ansanm ak tout maren ak tout moun k’ap travay pou ou yo, bòs chapant ki pou fè reparasyon pou ou yo, machann ou yo, tout sòlda ki te abò ou yo ansanm ak tout foul moun ki te nan batiman an, yo tout, wi, yo tout pèdi nan lanmè lè batiman ou lan koule.
28 Rèl maren k’ap neye yo fè moun ki rete sou rivaj yo pran tranble.
29 Tout moun ki t’ap naje zaviwon yo desann atè, yo kite batiman yo. Tout maren yo rete atè.
30 Y’ap kriye pou ou, y’ap plenn sò ou. Y’ap voye pousyè tè sou tèt yo, y’ap woule kò yo nan sann dife, tèlman y’ap nan lapenn.
31 Yo koupe tout cheve nan tèt yo. Yo mete rad sak sou yo. Sa fè yo mal anpil pou ou. Yo dekouraje, y’ap plenn sò ou.
32 Nan lapenn yo y’ap chante sou ou. Yo pral plenn sò ou ak dlo nan je. Y’ap di: Pa te gen tankou lavil Tir ki koulye a koule nan fon lanmè!
33 Lè ou voye machandiz ou yo vann lòt bò dlo, tout nasyon yo jwenn sa yo bezwen. Avèk kantite machandiz ak danre ou yo, ou te fè anpil wa vin rich.
34 Koulye a, ou koule nan fon lanmè. Tout machandiz ou yo, tout moun ki t’ap travay pou ou yo disparèt ansanm avè ou nan lanmè.
35 Tout moun ki rete nan peyi bò gwo lanmè a sezi tande sa ki rive ou. Ata wa yo gen kè sote. Yo kagou sitèlman yo pè.
36 Moun k’ap fè kòmès nan lòt peyi yo sezi, yo pè pou sa ki rive ou la pa rive yo tou. Wi, ou fini, ou fini nèt.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ézéchiel 27

1 La parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
Et toi, fils de l’homme, Prononce sur Tyr une complainte!
Tu diras à Tyr: O toi qui es assise au bord de la mer, Et qui trafiques avec les peuples d’un grand nombre d’îles! Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Tyr, tu disais: Je suis parfaite en beauté!
Ton territoire est au coeur des mers; Ceux qui t’ont bâtie t’ont rendue parfaite en beauté.
Avec des cyprès de Senir ils ont fait tous tes lambris; Ils ont pris des cèdres du Liban pour t’élever un mât;
Ils ont fabriqué tes rames avec des chênes de Basan, Et tes bancs avec de l’ivoire travaillé dans du buis, Et apporté des îles de Kittim.
Le fin lin d’Égypte avec des broderies Te servait de voiles et de pavillon; Des étoffes teintes en bleu et en pourpre des îles d’Élischa Formaient tes tentures.
Les habitants de Sidon et d’Arvad étaient tes rameurs, Et les plus experts du milieu de toi, ô Tyr, étaient tes pilotes.
Les anciens de Guebal et ses ouvriers habiles étaient chez toi, Pour réparer tes fissures; Tous les navires de la mer et leurs mariniers étaient chez toi, Pour faire l’échange de tes marchandises.
10 Ceux de Perse, de Lud et de Puth, servaient dans ton armée, C’étaient des hommes de guerre; Ils suspendaient chez toi le bouclier et le casque, Ils te donnaient de la splendeur.
11 Les enfants d’Arvad et tes guerriers garnissaient tes murs, Et de vaillants hommes occupaient tes tours; Ils suspendaient leurs boucliers à tous tes murs, Ils rendaient ta beauté parfaite.
12 Ceux de Tarsis trafiquaient avec toi, A cause de tous les biens que tu avais en abondance; D’argent, de fer, d’étain et de plomb, Ils pourvoyaient tes marchés.
13 Javan, Tubal et Méschec trafiquaient avec toi; Ils donnaient des esclaves et des ustensiles d’airain En échange de tes marchandises.
14 Ceux de la maison de Togarma Pourvoyaient tes marchés de chevaux, de cavaliers et de mulets.
15 Les enfants de Dedan trafiquaient avec toi; Le commerce de beaucoup d’îles passait par tes mains; On te payait avec des cornes d’ivoire et de l’ébène.
16 La Syrie trafiquait avec toi, A cause du grand nombre de tes produits; D’escarboucles, de pourpre, de broderies, De byssus, de corail et de rubis, Elle pourvoyait tes marchés.
17 Juda et le pays d’Israël trafiquaient avec toi; Ils donnaient le froment de Minnith, La pâtisserie, le miel, l’huile et le baume, En échange de tes marchandises.
18 Damas trafiquait avec toi, A cause du grand nombre de tes produits, A cause de tous les biens que tu avais en abondance; Elle te fournissait du vin de Helbon et de la laine blanche.
19 Vedan et Javan, depuis Uzal, Pourvoyaient tes marchés; Le fer travaillé, la casse et le roseau aromatique, Étaient échangés avec toi.
20 Dedan trafiquait avec toi En couvertures pour s’asseoir à cheval.
21 L’Arabie et tous les princes de Kédar trafiquaient avec toi, Et faisaient le commerce en agneaux, en béliers et en boucs.
22 Les marchands de Séba et de Raema trafiquaient avec toi; De tous les meilleurs aromates, De toute espèce de pierres précieuses et d’or, Ils pourvoyaient tes marchés.
23 Charan, Canné et Éden, Les marchands de Séba, d’Assyrie, de Kilmad, Trafiquaient avec toi;
24 Ils trafiquaient avec toi en belles marchandises, En manteaux teints en bleu, en broderies, En riches étoffes contenues dans des coffres Attachés avec des cordes, faits en bois de cèdre, Et amenés sur tes marchés.
25 Les navires de Tarsis naviguaient pour ton commerce; Tu étais au comble de la richesse et de la gloire, Au coeur des mers.
26 Tes rameurs t’ont fait voguer sur les grandes eaux: Un vent d’orient t’a brisée au coeur des mers.
27 Tes richesses, tes marchés et tes marchandises, Tes mariniers et tes pilotes, Ceux qui réparent tes fissures Et ceux qui s’occupent de ton commerce, Tous tes hommes de guerre qui sont chez toi Et toute la multitude qui est au milieu de toi Tomberont dans le coeur des mers, Au jour de ta chute.
28 Aux cris de tes pilotes, Les plages d’alentour trembleront;
29 Et tous ceux qui manient la rame descendront de leurs navires, Les mariniers, tous les pilotes de la mer. Ils se tiendront sur la terre;
30 Ils feront entendre leurs voix sur toi, Et pousseront des cris amers; Ils jetteront de la poussière sur leurs têtes Et se rouleront dans la cendre;
31 Ils se raseront la tête à cause de toi, Ils se revêtiront de sacs, Et ils pleureront sur toi dans l’amertume de leur âme, Avec une vive affliction.
32 Dans leur douleur, ils diront une complainte sur toi, Ils se lamenteront sur toi: Qui était comme Tyr, Comme cette ville détruite au milieu de la mer?
33 Quand tes produits sortaient des mers, Tu rassasiais un grand nombre de peuples; Par l’abondance de tes biens et de tes marchandises, Tu enrichissais les rois de la terre.
34 Et quand tu as été brisée par les mers, Quand tu as disparu dans les profondeurs des eaux, Tes marchandises et toute ta multitude Sont tombées avec toi.
35 Tous les habitants des îles sont dans la stupeur à cause de toi, Leurs rois sont saisis d’épouvante, Leur visage est bouleversé.
36 Les marchands parmi les peuples sifflent sur toi; Tu es réduite au néant, tu ne seras plus à jamais!

Louis Segond {LSG}

Ezekiel 27 

1 The word of the Lord came again unto me, saying,
Now, thou son of man, take up a lamentation for Tyrus;
And say unto Tyrus, O thou that art situate at the entry of the sea, which art a merchant of the people for many isles, Thus saith the Lord God; O Tyrus, thou hast said, I am of perfect beauty.
Thy borders are in the midst of the seas, thy builders have perfected thy beauty.
They have made all thy ship boards of fir trees of Senir: they have taken cedars from Lebanon to make masts for thee.
Of the oaks of Bashan have they made thine oars; the company of the Ashurites have made thy benches of ivory, brought out of the isles of Chittim.
Fine linen with broidered work from Egypt was that which thou spreadest forth to be thy sail; blue and purple from the isles of Elishah was that which covered thee.
The inhabitants of Zidon and Arvad were thy mariners: thy wise men, O Tyrus, that were in thee, were thy pilots.
The ancients of Gebal and the wise men thereof were in thee thy calkers: all the ships of the sea with their mariners were in thee to occupy thy merchandise.
10 They of Persia and of Lud and of Phut were in thine army, thy men of war: they hanged the shield and helmet in thee; they set forth thy comeliness.
11 The men of Arvad with thine army were upon thy walls round about, and the Gammadims were in thy towers: they hanged their shields upon thy walls round about; they have made thy beauty perfect.
12 Tarshish was thy merchant by reason of the multitude of all kind of riches; with silver, iron, tin, and lead, they traded in thy fairs.
13 Javan, Tubal, and Meshech, they were thy merchants: they traded the persons of men and vessels of brass in thy market.
14 They of the house of Togarmah traded in thy fairs with horses and horsemen and mules.
15 The men of Dedan were thy merchants; many isles were the merchandise of thine hand: they brought thee for a present horns of ivory and ebony.
16 Syria was thy merchant by reason of the multitude of the wares of thy making: they occupied in thy fairs with emeralds, purple, and broidered work, and fine linen, and coral, and agate.
17 Judah, and the land of Israel, they were thy merchants: they traded in thy market wheat of Minnith, and Pannag, and honey, and oil, and balm.
18 Damascus was thy merchant in the multitude of the wares of thy making, for the multitude of all riches; in the wine of Helbon, and white wool.
19 Dan also and Javan going to and fro occupied in thy fairs: bright iron, cassia, and calamus, were in thy market.
20 Dedan was thy merchant in precious clothes for chariots.
21 Arabia, and all the princes of Kedar, they occupied with thee in lambs, and rams, and goats: in these were they thy merchants.
22 The merchants of Sheba and Raamah, they were thy merchants: they occupied in thy fairs with chief of all spices, and with all precious stones, and gold.
23 Haran, and Canneh, and Eden, the merchants of Sheba, Asshur, and Chilmad, were thy merchants.
24 These were thy merchants in all sorts of things, in blue clothes, and broidered work, and in chests of rich apparel, bound with cords, and made of cedar, among thy merchandise.
25 The ships of Tarshish did sing of thee in thy market: and thou wast replenished, and made very glorious in the midst of the seas.
26 Thy rowers have brought thee into great waters: the east wind hath broken thee in the midst of the seas.
27 Thy riches, and thy fairs, thy merchandise, thy mariners, and thy pilots, thy calkers, and the occupiers of thy merchandise, and all thy men of war, that are in thee, and in all thy company which is in the midst of thee, shall fall into the midst of the seas in the day of thy ruin.
28 The suburbs shall shake at the sound of the cry of thy pilots.
29 And all that handle the oar, the mariners, and all the pilots of the sea, shall come down from their ships, they shall stand upon the land;
30 And shall cause their voice to be heard against thee, and shall cry bitterly, and shall cast up dust upon their heads, they shall wallow themselves in the ashes:
31 And they shall make themselves utterly bald for thee, and gird them with sackcloth, and they shall weep for thee with bitterness of heart and bitter wailing.
32 And in their wailing they shall take up a lamentation for thee, and lament over thee, saying, What city is like Tyrus, like the destroyed in the midst of the sea?
33 When thy wares went forth out of the seas, thou filledst many people; thou didst enrich the kings of the earth with the multitude of thy riches and of thy merchandise.
34 In the time when thou shalt be broken by the seas in the depths of the waters thy merchandise and all thy company in the midst of thee shall fall.
35 All the inhabitants of the isles shall be astonished at thee, and their kings shall be sore afraid, they shall be troubled in their countenance.
36 The merchants among the people shall hiss at thee; thou shalt be a terror, and never shalt be any more.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}