Liv Efezyen / Éphésiens / Ephesians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Efezyen 3                    

1 Se poutèt sa, mwen menm Pòl ki nan prizon poutèt Kris la pou byen nou, nou menm ki pa jwif, m’ap lapriyè pou nou devan Bondye.
Mwen kwè nou konnen deja ki jan Bondye, nan bon kè l’, te ban m’ travay sa a pou m’ te fè pou nou.
Bondye devwale m’ sekrè travay li a, pou m’ te ka konnen plan li te gen sere nan kè li. Se sou plan sa a mwen deja ekri nou kèk mo pi wo a.
Lè n’a li yo, n’a kapab gen yon lide ki jan mwen konprann sekrè Kris la.
Nan tan lontan Bondye pa t’ devwale plan travay sa a bay ankenn moun sou latè, men koulye a, ak pouvwa Sentespri a, li devwale l’ bay moun li mete apa pou sèvi l’ apòt ak pwofèt.
Men sekrè a: Nan Jezikri, ak pouvwa bon nouvèl la, moun ki pa jwif yo gen pou resevwa ansanm ak jwif yo pòsyon pa yo nan byen Bondye a. Yo se manm yon menm kò ansanm ak jwif yo, y’ap jwenn pa yo ansanm ak yo tou nan menm pwomès Bondye te fè a.
Kifè m’ap sèvi bon nouvèl sa a, se paske Bondye nan bon kè l’ fè m’ yon favè, li fè pouvwa li travay nan mwen.
Mwen pi pitit pase moun ki pi pitit nan tout pèp Bondye a. Men atousa, se mwen menm Bondye bay privilèj sa a, pou m’ fè moun lòt nasyon yo konnen bon nouvèl richès Kris la, richès moun p’ap janm fin konprann.
Li ban m’ privilèj sa a pou m’ fè tout moun wè aklè ki jan plan travay Bondye te sere nan kè li a ap reyalize, paske Bondye ki kreye tout bagay te kenbe plan sa a nan kè l’ depi lontan.
10 Men koulye a, avèk legliz la, tout chèf ak tout otorite ki nan syèl la pral rive konnen bon konprann Bondye a sou tout fòm li yo.
11 Bondye aji konsa dapre plan ki te la depi lontan an. Se plan sa a li reyalize nan Jezikri, Seyè nou an.
12 Ak lavi n’ap mennen ansanm nan Kris la, gremesi konfyans nou gen nan li a, nou lib pou nou pwoche devan Bondye san kè sote.
13 Se sak fè, mwen mande nou pou nou pa dekouraje poutèt soufrans m’ap sibi pou nou yo, paske se yon bèl avantaj sa ye pou nou.
14 ¶ Wi, se poutèt sa, mwen tonbe ajenou devan Papa a,
15 ki bay tout fanmi ki nan syèl la ak sou latè a non yo.
16 M’ap mande Bondye pou li ban nou, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouraj nan kè nou, pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou nou ka grandi nan karaktè nou,
17 pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M’ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fèm nan renmen,
18 pou nou ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo.
19 Wi, mwen mande pou nou rive konnen kalite renmen Kris la gen pou nou, atout pesonn p’ap janm ka rive konnen l’ nèt. Konsa, n’a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye.
20 Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k’ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.
21 Wi, tout lwanj lan pou Bondye nan legliz la ak nan Jezikri, pou tout tan ak pou tout tan. Amèn. Se sa menm!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Éphésiens 3                  

1 A cause de cela, moi Paul, le prisonnier de Christ pour vous païens…
si du moins vous avez appris quelle est la dispensation de la grâce de Dieu, qui m’a été donnée pour vous.
C’est par révélation que j’ai eu connaissance du mystère sur lequel je viens d’écrire en peu de mots.
En les lisant, vous pouvez vous représenter l’intelligence que j’ai du mystère de Christ.
Il n’a pas été manifesté aux fils des hommes dans les autres générations, comme il a été révélé maintenant par l’Esprit aux saints apôtres et prophètes de Christ.
Ce mystère, c’est que les païens sont cohéritiers, forment un même corps, et participent à la même promesse en Jésus Christ par l’Évangile,
dont j’ai été fait ministre selon le don de la grâce de Dieu, qui m’a été accordée par l’efficacité de sa puissance.
A moi, qui suis le moindre de tous les saints, cette grâce a été accordée d’annoncer aux païens les richesses incompréhensibles de Christ,
et de mettre en lumière quelle est la dispensation du mystère caché de tout temps en Dieu qui a créé toutes choses,
10 afin que les dominations et les autorités dans les lieux célestes connaissent aujourd’hui par l’Église la sagesse infiniment variée de Dieu,
11 selon le dessein éternel qu’il a mis à exécution par Jésus Christ notre Seigneur,
12 en qui nous avons, par la foi en lui, la liberté de nous approcher de Dieu avec confiance.
13 Aussi je vous demande de ne pas perdre courage à cause de mes tribulations pour vous: elles sont votre gloire.
14 A cause de cela, je fléchis les genoux devant le Père,
15 duquel tire son nom toute famille dans les cieux et sur la terre,
16 afin qu’il vous donne, selon la richesse de sa gloire, d’être puissamment fortifiés par son Esprit dans l’homme intérieur,
17 en sorte que Christ habite dans vos coeurs par la foi; afin qu’étant enracinés et fondés dans l’amour,
18 vous puissiez comprendre avec tous les saints quelle est la largeur, la longueur, la profondeur et la hauteur,
19 et connaître l’amour de Christ, qui surpasse toute connaissance, en sorte que vous soyez remplis jusqu’à toute la plénitude de Dieu.
20 Or, à celui qui peut faire, par la puissance qui agit en nous, infiniment au delà de tout ce que nous demandons ou pensons,
21 à lui soit la gloire dans l’Église et en Jésus Christ, dans toutes les générations, aux siècles des siècles! Amen!

Louis Segond {LSG}

Ephesians 3          

1 For this cause I Paul, the prisoner of Jesus Christ for you Gentiles,
If ye have heard of the dispensation of the grace of God which is given me to you-ward:
How that by revelation he made known unto me the mystery; (as I wrote afore in few words,
Whereby, when ye read, ye may understand my knowledge in the mystery of Christ)
Which in other ages was not made known unto the sons of men, as it is now revealed unto his holy apostles and prophets by the Spirit;
That the Gentiles should be fellowheirs, and of the same body, and partakers of his promise in Christ by the gospel:
Whereof I was made a minister, according to the gift of the grace of God given unto me by the effectual working of his power.
Unto me, who am less than the least of all saints, is this grace given, that I should preach among the Gentiles the unsearchable riches of Christ;
And to make all men see what is the fellowship of the mystery, which from the beginning of the world hath been hid in God, who created all things by Jesus Christ:
10 To the intent that now unto the principalities and powers in heavenly places might be known by the church the manifold wisdom of God,
11 According to the eternal purpose which he purposed in Christ Jesus our Lord:
12 In whom we have boldness and access with confidence by the faith of him.
13 Wherefore I desire that ye faint not at my tribulations for you, which is your glory.
14 For this cause I bow my knees unto the Father of our Lord Jesus Christ,
15 Of whom the whole family in heaven and earth is named,
16 That he would grant you, according to the riches of his glory, to be strengthened with might by his Spirit in the inner man;
17 That Christ may dwell in your hearts by faith; that ye, being rooted and grounded in love,
18 May be able to comprehend with all saints what is the breadth, and length, and depth, and height;
19 And to know the love of Christ, which passeth knowledge, that ye might be filled with all the fulness of God.
20 Now unto him that is able to do exceeding abundantly above all that we ask or think, according to the power that worketh in us,
21 Unto him be glory in the church by Christ Jesus throughout all ages, world without end. Amen.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}