Liv Oze / Osée / Hosea

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Oze 11     

1 Lè pèp Izrayèl la te timoun toujou, mwen te renmen l’ tankou pitit gason mwen. Mwen te rele l’, mwen fè l’ soti kite peyi Lejip.
Men, plis mwen te konsidere l’ tankou pitit mwen, se plis li t’ap vire do ban mwen. Yo t’ap plede fè ofrann bèt pou Baal, yo t’ap plede boule lansan pou zidòl.
Se mwen menm ki te moutre moun Izrayèl yo jan pou yo mache. Mwen te konn pran yo nan bra mwen. Men, yo pa t’ vle rekònèt se mwen menm ki te pran swen yo.
Pou m’ te ka rale yo sou mwen, mwen fè yo wè jan mwen renmen yo, jan mwen gen bon kè. Mwen defèt baboukèt ki te mare bouch yo a. Mwen bese atè pou m’ ba yo manje.
Men yo refize tounen vin jwenn mwen. Se poutèt sa yo p’ap tounen nan peyi Lejip la ankò, se moun Lasiri ki va gouvènen yo.
Lènmi pral desann sou lavil yo ak nepe nan men yo. Y’ap kraze miray ranpa lavil yo, y’ap detwi pèp mwen an, paske yo fè sa yo pito.
Yo vire do ban mwen, yo fin pran pli a nèt. Y’a rele anba chay ki sou zepòl yo a, men pesonn p’ap vin wete l’ sou yo.
 Nou menm moun Efrayim yo, kouman nou ta vle pou m’ lage nou? Nou menm moun Izrayèl yo, kouman nou ta vle pou m’ ta detwi nou tankou mwen te detwi lavi Adma? Kouman nou ta vle pou m’ ta trete nou tankou mwen te trete lavil Zeboyim yo? Non! Mwen pa gen kè pou m’ fè bagay konsa. Tout zantray mwen ap fè mwen mal pou nou.
Mwen p’ap fè sa m’ te di mwen t’ap fè lè m’ te ankòlè a. Mwen p’ap detwi moun Efrayim yo ankò. Paske se Bondye mwen ye, mwen pa tankou 1 lèzòm. Se yon bondye apa mwen ye. Mwen la avèk nou. Mwen p’ap fè kòlè pou m’ vin detwi nou.
10 Y’a pran mache dèyè m’ ankò. Lè m’a gwonde tankou yon lyon, y’a tranble kou fèy bwa, y’a kouri kite peyi bò kote solèy kouche a, y’a vin jwenn mwen.
11 Y’a vole tankou zwazo, y’a kouri kite peyi Lejip. Y’a pran zèl tankou toutrèl, y’a kouri kite peyi Lasiri. M’a fè yo tounen vin rete nan peyi yo a. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
12 Seyè a di ankò: Moun Efrayim yo kouvri m’ anba manti. Moun Izrayèl yo vlope m’ ak bèl pawòl. Men, moun peyi Jida yo ap kenbe tèt avè m’ toujou, mwen menm Bondye ki toujou kenbe pawòl mwen, mwen menm ki yon Bondye apa!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Osée 11 

1 Quand Israël était jeune, je l’aimais, Et j’appelai mon fils hors d’Égypte.
Mais ils se sont éloignés de ceux qui les appelaient; Ils ont sacrifié aux Baals, Et offert de l’encens aux idoles.
C’est moi qui guidai les pas d’Éphraïm, Le soutenant par ses bras; Et ils n’ont pas vu que je les guérissais.
Je les tirai avec des liens d’humanité, avec des cordages d’amour, Je fus pour eux comme celui qui aurait relâché le joug près de leur bouche, Et je leur présentai de la nourriture.
Ils ne retourneront pas au pays d’Égypte; Mais l’Assyrien sera leur roi, Parce qu’ils ont refusé de revenir à moi.
L’épée fondra sur leurs villes, Anéantira, dévorera leurs soutiens, A cause des desseins qu’ils ont eus.
Mon peuple est enclin à s’éloigner de moi; On les rappelle vers le Très Haut, Mais aucun d’eux ne l’exalte.
Que ferai-je de toi, Éphraïm? Dois-je te livrer, Israël? Te traiterai-je comme Adma? Te rendrai-je semblable à Tseboïm? Mon coeur s’agite au dedans de moi, Toutes mes compassions sont émues.
Je n’agirai pas selon mon ardente colère, Je renonce à détruire Éphraïm; Car je suis Dieu, et non pas un homme, Je suis le Saint au milieu de toi; Je ne viendrai pas avec colère.
10 Ils suivront l’Éternel, qui rugira comme un lion, Car il rugira, et les enfants accourront de la mer.
11 Ils accourront de l’Égypte, comme un oiseau, Et du pays d’Assyrie, comme une colombe. Et je les ferai habiter dans leurs maisons, dit l’Éternel.
12 (12:1) Éphraïm m’entoure de mensonge, Et la maison d’Israël de tromperie; Juda est encore sans frein vis-à-vis de Dieu, Vis-à-vis du Saint fidèle.

Louis Segond {LSG}

Hosea 11

1 When Israel was a child, then I loved him, and called my son out of Egypt.
As they called them, so they went from them: they sacrificed unto Baalim, and burned incense to graven images.
I taught Ephraim also to go, taking them by their arms; but they knew not that I healed them.
I drew them with cords of a man, with bands of love: and I was to them as they that take off the yoke on their jaws, and I laid meat unto them.
He shall not return into the land of Egypt, and the Assyrian shall be his king, because they refused to return.
And the sword shall abide on his cities, and shall consume his branches, and devour them, because of their own counsels.
And my people are bent to backsliding from me: though they called them to the most High, none at all would exalt him.
How shall I give thee up, Ephraim? how shall I deliver thee, Israel? how shall I make thee as Admah? how shall I set thee as Zeboim? mine heart is turned within me, my repentings are kindled together.
I will not execute the fierceness of mine anger, I will not return to destroy Ephraim: for I am God, and not man; the Holy One in the midst of thee: and I will not enter into the city.
10 They shall walk after the Lord: he shall roar like a lion: when he shall roar, then the children shall tremble from the west.
11 They shall tremble as a bird out of Egypt, and as a dove out of the land of Assyria: and I will place them in their houses, saith the Lord.
12 Ephraim compasseth me about with lies, and the house of Israel with deceit: but Judah yet ruleth with God, and is faithful with the saints.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}