Liv Eklezyas / Ecclésiaste / Ecclesiastes

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Eklezyas 10    

1 Mouch mouri gate tout boutèy odè. Yo fè l’ santi. Konsa tou, yon sèl ti betiz ka fè tout gwo konesans ou pase pou anyen. Sa ka fè moun pa respekte ou ankò.
Kè yon moun ki gen konprann toujou panche pou fè sa ki byen, men kè moun sòt toujou panche pou fè sa ki mal.
Menm lè moun sòt ap mache nan lari, li egare, li fè tout moun wè se moun sòt li ye.
 Si chèf ou move sou ou, pa prese vire do ou ale. Si ou rete dousman, sa ka evite ou anpil malè.
Men yon lòt move bagay mwen wè ankò sou latè, lèfini se chèf yo ki lakòz sa.
Yo pran moun sòt mete yo nan gwo pozisyon, epi yo kite moun ki chaje ak konesans anba.
Mwen wè esklav ap karakole sou chwal yo, epi chèf yo menm k’ap mache apye tankou esklav.
Si ou fouye yon pi, se ou menm ki va tonbe ladan l’. Si ou kraze yon miray, se ou menm sèpan va mòde.
Si w’ap koupe wòch karyann, w’a blese. Si w’ap fann bwa, malè ka rive ou.
10 Si dan rach ou pa koupe, si ou pa file l’, ou gen pou travay pi rèd lè w’ap sèvi avè l’. Men bon konprann ap fè ou reyisi nan sa w’ap fè.
11 Ou te mèt konn chame sèpan, sa p’ap sèvi ou anyen si ou kite l’ gen tan mòde ou.
12  Pawòl ki soti nan bouch yon moun ki gen konprann sèvi yon lwanj pou li. Men pawòl nan bouch moun sòt ap lakòz lanmò yo.
13 Lè yo konmanse pale, se betiz y’ap di. Men lè y’ap fini, se pawòl moun fou nèt y’ap di.
14 Moun sòt renmen pale anpil. Pesonn pa konnen sa k’ap rive denmen. Pesonn pa ka di nou sa k’ap rive apre nou mouri.
15 Moun sòt touye tèt li nan travay, li bliye chimen kay li.
16  Ala malè pou yon peyi lè li gen yon timoun alatèt li, lè chèf li yo tonbe nan manje depi granmaten.
17 Men, ala bon sa bon pou yon peyi lè wa a se moun ki soti nan bon ras, lè chèf li yo manje lè pou yo manje pou yo ka jwenn fòs, epi ki pa lage kò yo nan banbòch.
18 Lè yon moun twò parese pou l’ repare kay li, twati a ap koule, fetay la ap tonbe.
19 Yo fè resepsyon pou yo pran plezi yo, yo bwè diven pou fè kè yo kontan, men se lajan ki penmèt yo fè tou sa.
20 Pa kritike yon wa, pa menm nan kè ou. Pa kritike rich yo, pa menm anndan chanm ou. Paske raje gen zòrèy.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ecclésiaste 10

1 Les mouches mortes infectent et font fermenter l’huile du parfumeur; un peu de folie l’emporte sur la sagesse et sur la gloire.
Le coeur du sage est à sa droite, et le coeur de l’insensé à sa gauche.
Quand l’insensé marche dans un chemin, le sens lui manque, et il dit de chacun: Voilà un fou!
Si l’esprit de celui qui domine s’élève contre toi, ne quitte point ta place; car le calme prévient de grands péchés.
Il est un mal que j’ai vu sous le soleil, comme une erreur provenant de celui qui gouverne:
la folie occupe des postes très élevés, et des riches sont assis dans l’abaissement.
J’ai vu des esclaves sur des chevaux, et des princes marchant sur terre comme des esclaves.
Celui qui creuse une fosse y tombera, et celui qui renverse une muraille sera mordu par un serpent.
Celui qui remue des pierres en sera blessé, et celui qui fend du bois en éprouvera du danger.
10 S’il a émoussé le fer, et s’il n’en a pas aiguisé le tranchant, il devra redoubler de force; mais la sagesse a l’avantage du succès.
11 Si le serpent mord faute d’enchantement, il n’y a point d’avantage pour l’enchanteur.
12 Les paroles de la bouche du sage sont pleines de grâce; mais les lèvres de l’insensé causent sa perte.
13 Le commencement des paroles de sa bouche est folie, et la fin de son discours est une méchante folie.
14 L’insensé multiplie les paroles. L’homme ne sait point ce qui arrivera, et qui lui dira ce qui sera après lui?
15 Le travail de l’insensé le fatigue, parce qu’il ne sait pas aller à la ville.
16 Malheur à toi, pays dont le roi est un enfant, et dont les princes mangent dès le matin!
17 Heureux toi, pays dont le roi est de race illustre, et dont les princes mangent au temps convenable, pour soutenir leurs forces, et non pour se livrer à la boisson!
18 Quand les mains sont paresseuses, la charpente s’affaisse; et quand les mains sont lâches, la maison a des gouttières.
19 On fait des repas pour se divertir, le vin rend la vie joyeuse, et l’argent répond à tout.
20 Ne maudis pas le roi, même dans ta pensée, et ne maudis pas le riche dans la chambre où tu couches; car l’oiseau du ciel emporterait ta voix, l’animal ailé publierait tes paroles.
Louis Segond {LSG}

Ecclesiastes 10   

1 Dead flies cause the ointment of the apothecary to send forth a stinking savour: so doth a little folly him that is in reputation for wisdom and honour.
A wise man’s heart is at his right hand; but a fool’s heart at his left.
Yea also, when he that is a fool walketh by the way, his wisdom faileth him, and he saith to every one that he is a fool.
If the spirit of the ruler rise up against thee, leave not thy place; for yielding pacifieth great offences.
There is an evil which I have seen under the sun, as an error which proceedeth from the ruler:
Folly is set in great dignity, and the rich sit in low place.
I have seen servants upon horses, and princes walking as servants upon the earth.
He that diggeth a pit shall fall into it; and whoso breaketh an hedge, a serpent shall bite him.
Whoso removeth stones shall be hurt therewith; and he that cleaveth wood shall be endangered thereby.
10 If the iron be blunt, and he do not whet the edge, then must he put to more strength: but wisdom is profitable to direct.
11 Surely the serpent will bite without enchantment; and a babbler is no better.
12 The words of a wise man’s mouth are gracious; but the lips of a fool will swallow up himself.
13 The beginning of the words of his mouth is foolishness: and the end of his talk is mischievous madness.
14 A fool also is full of words: a man cannot tell what shall be; and what shall be after him, who can tell him?
15 The labour of the foolish wearieth every one of them, because he knoweth not how to go to the city.
16 Woe to thee, O land, when thy king is a child, and thy princes eat in the morning!
17 Blessed art thou, O land, when thy king is the son of nobles, and thy princes eat in due season, for strength, and not for drunkenness!
18 By much slothfulness the building decayeth; and through idleness of the hands the house droppeth through.
19 A feast is made for laughter, and wine maketh merry: but money answereth all things.
20 Curse not the king, no not in thy thought; and curse not the rich in thy bedchamber: for a bird of the air shall carry the voice, and that which hath wings shall tell the matter.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}