Liv Eklezyas / Ecclésiaste / Ecclesiastes

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Eklezyas 11    

1 Fè byen san gad dèyè. Yon lè konsa, w’a jwenn rekonpans ou.
Separe sa ou genyen ak mezi moun ou kapab, paske ou pa janm konnen ki malè ki ka rive ou sou latè.
Depi nwaj yo plen dlo, se pou lapli tonbe sou latè. Lè yon pyebwa tonbe, kit li tonbe sou bò nò, kit li tonbe sou bò sid, kote l’ tonbe a, se la pou li rete.
Si w’ap gade sou van, ou p’ap janm plante. Si w’ap gade sou nwaj, ou p’ap janm ranmase rekòt.
Menm jan ou pa konnen ni kote van an soti ni kote li prale, menm jan an tou ou pa konnen ki jan zo timoun fè fòme nan vant fanm ansent. Se konsa tou ou pa ka konprann travay Bondye, li menm ki fè tout bagay.
Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p’ap pran, si tou de p’ap bay menm rannman.
 Ala bon bagay se fè klè! Sa bon nèt lè ou wè solèy.
Di Bondye mèsi pou chak lanne li mete sou lavi ou. Ou te mèt viv lontan, pa bliye tan ou pral pase lè ou fin mouri a long anpil. Tou sa ki vin apre pa vo anyen.
menm, jenn gason, pwofite jennès nou. Fè kè nou kontan pandan tout tan nou jenn gason toujou. Fè tou sa nou ta vle fè, tou sa nou anvi fè. Men pa bliye Bondye gen pou mande nou kont pou tou sa nou fè.
10 Pa kite lapenn chita nan kè nou. Pa kite anyen fè nou soufri nan kò nou. Ou p’ap rete jenn gason ak cheve nwa tou tan.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ecclésiaste 11

1 Jette ton pain sur la face des eaux, car avec le temps tu le retrouveras;
donnes-en une part à sept et même à huit, car tu ne sais pas quel malheur peut arriver sur la terre.
Quand les nuages sont pleins de pluie, ils la répandent sur la terre; et si un arbre tombe, au midi ou au nord, il reste à la place où il est tombé.
Celui qui observe le vent ne sèmera point, et celui qui regarde les nuages ne moissonnera point.
Comme tu ne sais pas quel est le chemin du vent, ni comment se forment les os dans le ventre de la femme enceinte, tu ne connais pas non plus l’oeuvre de Dieu qui fait tout.
Dès le matin sème ta semence, et le soir ne laisse pas reposer ta main; car tu ne sais point ce qui réussira, ceci ou cela, ou si l’un et l’autre sont également bons.
La lumière est douce, et il est agréable aux yeux de voir le soleil.
Si donc un homme vit beaucoup d’années, qu’il se réjouisse pendant toutes ces années, et qu’il pense aux jours de ténèbres qui seront nombreux; tout ce qui arrivera est vanité.
(12:1) Jeune homme, réjouis-toi dans ta jeunesse, livre ton coeur à la joie pendant les jours de ta jeunesse, marche dans les voies de ton coeur et selon les regards de tes yeux; mais sache que pour tout cela Dieu t’appellera en jugement.
10 (12:2) Bannis de ton coeur le chagrin, et éloigne le mal de ton corps; car la jeunesse et l’aurore sont vanité.
Louis Segond {LSG}

Ecclesiastes 11   

1 Cast thy bread upon the waters: for thou shalt find it after many days.
Give a portion to seven, and also to eight; for thou knowest not what evil shall be upon the earth.
If the clouds be full of rain, they empty themselves upon the earth: and if the tree fall toward the south, or toward the north, in the place where the tree falleth, there it shall be.
He that observeth the wind shall not sow; and he that regardeth the clouds shall not reap.
As thou knowest not what is the way of the spirit, nor how the bones do grow in the womb of her that is with child: even so thou knowest not the works of God who maketh all.
In the morning sow thy seed, and in the evening withhold not thine hand: for thou knowest not whether shall prosper, either this or that, or whether they both shall be alike good.
Truly the light is sweet, and a pleasant thing it is for the eyes to behold the sun:
But if a man live many years, and rejoice in them all; yet let him remember the days of darkness; for they shall be many. All that cometh is vanity.
Rejoice, O young man, in thy youth; and let thy heart cheer thee in the days of thy youth, and walk in the ways of thine heart, and in the sight of thine eyes: but know thou, that for all these things God will bring thee into judgment.
10 Therefore remove sorrow from thy heart, and put away evil from thy flesh: for childhood and youth are vanity.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}