Liv EZAYI

EZAYI  10  |  11  12 13  14  |  15  |  16 17  18  19  |  20  21  22  23  |  24  25  26  27  28  29  30   |  31  32  33  |  34  |  35  36  |  37  |  38  39  40  |  41  42  43  44  |  45  46  |  47  |  48 49  50   |  51 52  53  54  |  55  56  57  58 59  60  | 61  62  63  |  64  |  65  |  66  |

Ezayi 12            Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}  

© 2020 Audio Track Brother Willy.                          

1 Jou sa a, w’a pran chante: -M’ap fè lwanj ou, Seyè! Ou te move sou mwen. Men koulye a, ou pa fache ankò. W’ap ban m’ kouraj.
Se Bondye ki delivre m’! Mwen gen konfyans nan li. Kè m’ pa kase ankò! Se Seyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m’ap chante. Se li menm ki delivre m’!
Menm jan kè pèp la kontan lè y’ apral pran dlo nan sous, se konsa y’a kontan lè Bondye ap delivre yo.
 Jou sa a, n’a pran chante: Ann di Bondye mèsi! Ann lapriyè nan pye l’! Fè tout nasyon yo konnen sa li fè.
Chante pou Seyè a, paske li fè gwo mèvèy. Fè tout moun sou latè konn sa!
Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}