Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 33  

1 Atòkile, Jòb, tanpri, koute sa m’ap di ou. Louvri zòrèy ou byen pou ou tande m’.
M’ pare pou m’ di dènye sa ki vin nan bouch mwen.
M’ pral di tou sa ki nan kè m’. Se verite a tou senp mwen pral pale.
Se lespri Bondye a ki fè m’. Se souf Bondye ki gen tout pouvwa a ki ban m’ lavi.
Si ou kapab, w’a reponn mwen. Pare kò ou. Pran pozisyon batay ou avè m’.
Ou menm avè m’, devan Bondye nou tout se menm. Nou tou de, se ak labou li fè nou.
Ou wè! Ou pa bezwen pè m’! Mwen pa ka fè ou anyen!
 Mwen te tande ou ak de zòrèy mwen. Ki jan ou fè ka di:
Mwen menm, mwen inonsan. M’ pa fè ankenn peche! M’ pa gen anyen sou konsyans mwen.
10 Men, se Bondye ki pretann mwen ba l’ jwen pou l’ atake m’. Se li menm k’ap aji avè m’ tankou si mwen te lènmi l’.
11 Li mete de pye m’ nan sèp. L’ap veye tou sa m’ap fè.
12 La, Jòb monchè, m’ap reponn ou: ou antò. Paske Bondye pa kanmarad moun.
13 Poukisa w’ap chache Bondye kont konsa? Se paske li pa reponn lè w’ap plenyen nan pye l’?
14  Bondye pale divès jan. Men, pesonn pa okipe sa l’ap di.
15 Lè moun kouche nan kabann yo, lè yo fon nan dòmi lannwit, Bondye pale ak yo nan rèv, nan vizyon.
16 Li fè yo konnen sa li gen pou l’ di yo. Li ba yo avètisman pou yo mache sou piga yo.
17 Li vle pou yo kite move chemen y’ap swiv la, pou yo pa kite lògèy vire tèt yo.
18 Konsa, yo p’ap mouri. Y’a sove lavi yo.
19  Bondye avèti moun tou lè li voye maladi sou yo. Li ba yo doulè nan tout kò yo.
20 Li bay yo degoutans manje. Yo pèdi anvi manje menm lò manje a gou.
21 Y’ap depafini, tout moun wè jan y’ap vin mèg. Tout zo nan kò yo griyen.
22 Sa ki rete pou yo mouri a, pou y’ ale nan peyi san chapo a pa anyen.
23 Lè sa a, yon zanj Bondye ka vin bò kote l’, yonn nan milyonven zanj Bondye yo ki la pou fè moun chonje devwa yo.
24 Zanj lan va gen pitye pou li. L’a di Bondye: -Tanpri, pa kite l’ mouri. M’ap peye pou sove lavi li.
25 Kò li va refè, l’a vin fre tankou lè l’ te jenn.
26 Li lapriyè Bondye, Bondye reponn li. li al adore Bondye ak kè kontan. Bondye padonnen l’ devan tout moun.
27 L’ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L’ap di: -Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m’ peye pou sa m’ te fè a.
28 Li egzante m’ lanmò. Li ban m’ lavi ankò.
29  Men tou sa Bondye ap fè, de fwa, twa fwa pou lèzòm,
30 pou l’ pa kite yo mouri, pou l’ ba yo lavi ak kè kontan.
31 Koulye a, Jòb, louvri zòrèy ou! Koute byen sa m’ap di! Pe bouch ou la! Kite m’ fin pale!
32 Men, si ou gen kichòy ou vle di, pale; m’ap koute ou. Paske mwen ta vle ba ou rezon.
33 Osinon, pe bouch ou, koute m’ pito! Kite m’ moutre ou sa ki rele gen bon konprann.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 33

1 Maintenant donc, Job, écoute mes discours, Prête l’oreille à toutes mes paroles!
Voici, j’ouvre la bouche, Ma langue se remue dans mon palais.
C’est avec droiture de coeur que je vais parler, C’est la vérité pure qu’exprimeront mes lèvres:
L’esprit de Dieu m’a créé, Et le souffle du Tout Puissant m’anime.
Si tu le peux, réponds-moi, Défends ta cause, tiens-toi prêt!
Devant Dieu je suis ton semblable, J’ai été comme toi formé de la boue;
Ainsi mes terreurs ne te troubleront pas, Et mon poids ne saurait t’accabler.
Mais tu as dit à mes oreilles, Et j’ai entendu le son de tes paroles:
Je suis pur, je suis sans péché, Je suis net, il n’y a point en moi d’iniquité.
10 Et Dieu trouve contre moi des motifs de haine, Il me traite comme son ennemi;
11 Il met mes pieds dans les ceps, Il surveille tous mes mouvements.
12 Je te répondrai qu’en cela tu n’as pas raison, Car Dieu est plus grand que l’homme.
13 Veux-tu donc disputer avec lui, Parce qu’il ne rend aucun compte de ses actes?
14 Dieu parle cependant, tantôt d’une manière, Tantôt d’une autre, et l’on n’y prend point garde.
15 Il parle par des songes, par des visions nocturnes, Quand les hommes sont livrés à un profond sommeil, Quand ils sont endormis sur leur couche.
16 Alors il leur donne des avertissements Et met le sceau à ses instructions,
17 Afin de détourner l’homme du mal Et de le préserver de l’orgueil,
18 Afin de garantir son âme de la fosse Et sa vie des coups du glaive.
19 Par la douleur aussi l’homme est repris sur sa couche, Quand une lutte continue vient agiter ses os.
20 Alors il prend en dégoût le pain, Même les aliments les plus exquis;
21 Sa chair se consume et disparaît, Ses os qu’on ne voyait pas sont mis à nu;
22 Son âme s’approche de la fosse, Et sa vie des messagers de la mort.
23 Mais s’il se trouve pour lui un ange intercesseur, Un d’entre les mille Qui annoncent à l’homme la voie qu’il doit suivre,
24 Dieu a compassion de lui et dit à l’ange: Délivre-le, afin qu’il ne descende pas dans la fosse; J’ai trouvé une rançon!
25 Et sa chair a plus de fraîcheur qu’au premier âge, Il revient aux jours de sa jeunesse.
26 Il adresse à Dieu sa prière; et Dieu lui est propice, Lui laisse voir sa face avec joie, Et lui rend son innocence.
27 Il chante devant les hommes et dit: J’ai péché, j’ai violé la justice, Et je n’ai pas été puni comme je le méritais;
28 Dieu a délivré mon âme pour qu’elle n’entrât pas dans la fosse, Et ma vie s’épanouit à la lumière!
29 Voilà tout ce que Dieu fait, Deux fois, trois fois, avec l’homme,
30 Pour ramener son âme de la fosse, Pour l’éclairer de la lumière des vivants.
31 Sois attentif, Job, écoute-moi! Tais-toi, et je parlerai!
32 Si tu as quelque chose à dire, réponds-moi! Parle, car je voudrais te donner raison.
33 Si tu n’as rien à dire, écoute-moi! Tais-toi, et je t’enseignerai la sagesse.
Louis Segond {LSG}

Job 33   

1 Wherefore, Job, I pray thee, hear my speeches, and hearken to all my words.
Behold, now I have opened my mouth, my tongue hath spoken in my mouth.
My words shall be of the uprightness of my heart: and my lips shall utter knowledge clearly.
The spirit of God hath made me, and the breath of the Almighty hath given me life.
If thou canst answer me, set thy words in order before me, stand up.
Behold, I am according to thy wish in God’s stead: I also am formed out of the clay.
Behold, my terror shall not make thee afraid, neither shall my hand be heavy upon thee.
Surely thou hast spoken in mine hearing, and I have heard the voice of thy words, saying,
I am clean without transgression, I am innocent; neither is there iniquity in me.
10 Behold, he findeth occasions against me, he counteth me for his enemy,
11 He putteth my feet in the stocks, he marketh all my paths.
12 Behold, in this thou art not just: I will answer thee, that God is greater than man.
13 Why dost thou strive against him? for he giveth not account of any of his matters.
14 For God speaketh once, yea twice, yet man perceiveth it not.
15 In a dream, in a vision of the night, when deep sleep falleth upon men, in slumberings upon the bed;
16 Then he openeth the ears of men, and sealeth their instruction,
17 That he may withdraw man from his purpose, and hide pride from man.
18 He keepeth back his soul from the pit, and his life from perishing by the sword.
19 He is chastened also with pain upon his bed, and the multitude of his bones with strong pain:
20 So that his life abhorreth bread, and his soul dainty meat.
21 His flesh is consumed away, that it cannot be seen; and his bones that were not seen stick out.
22 Yea, his soul draweth near unto the grave, and his life to the destroyers.
23 If there be a messenger with him, an interpreter, one among a thousand, to shew unto man his uprightness:
24 Then he is gracious unto him, and saith, Deliver him from going down to the pit: I have found a ransom.
25 His flesh shall be fresher than a child’s: he shall return to the days of his youth:
26 He shall pray unto God, and he will be favourable unto him: and he shall see his face with joy: for he will render unto man his righteousness.
27 He looketh upon men, and if any say, I have sinned, and perverted that which was right, and it profited me not;
28 He will deliver his soul from going into the pit, and his life shall see the light.
29 Lo, all these things worketh God oftentimes with man,
30 To bring back his soul from the pit, to be enlightened with the light of the living.
31 Mark well, O Job, hearken unto me: hold thy peace, and I will speak.
32 If thou hast anything to say, answer me: speak, for I desire to justify thee.
33 If not, hearken unto me: hold thy peace, and I shall teach thee wisdom.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}