Liv Wòm / Romains / Romans

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Wòm 14                

Se pou n’ resevwa moun ki fèb nan konfyans yo byen san nou pa bezwen diskite openyon yo genyen.
Men yon egzanp: Gen moun ki kwè li kapab manje tout bagay; gen lòt ki fèb nan konfyans yo epi ki manje legim ase.
Moun ki manje tout manje pa fèt pou meprize moun ki pa manje tout manje. Konsa tou, moun ki pa manje tout manje pa fèt pou jije moun ki manje tout manje, paske Bondye asepte ni yonn ni lòt jan yo ye a.
Ki moun ou ye konsa pou w’ap jije domestik lòt moun? Kit domestik la kenbe fèm nan sèvis la, kit li tonbe, sa se zafè ki gade mèt li ase. Men, pa pè, li gen pou l’ kenbe fèm, paske Seyè a gen pouvwa pou l’ soutni li.
M’ap pran yon lòt egzanp: Gen moun ki kwè gen jou ki pi konsekan pase lòt. Gen lòt ki di tout jou se menm. Se pou chak moun gen konviksyon pa yo.
Moun ki kwè yon jou pi konsekan pase lòt, li fè sa pa respè pou Mèt la menm jan ak moun ki manje tout manje a, li fè sa pa respè pou Mèt la paske li di Bondye mèsi pou manje a. Moun ki pa manje tout manje a, li fè sa tou pa respè pou Mèt la, paske li menm tou, li di Bondye mèsi.
Se konsa, pa gen yon sèl moun nan nou k’ap viv pou tèt pa li. Pa gen yonn nan nou tou k’ap mouri pou tèt pa li. Paske si n’ap viv, n’ap viv pou Seyè a,
si n’ap mouri, n’ap mouri pou Seyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Seyè a nou ye.
Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve soti vivan ankò pou l’ te kapab Mèt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo.
10 Men ou menm, pouki pou w’ap jije frè ou konsa? Ou menm, pouki pou w’ap meprize frè ou konsa? Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Bondye a.
11 Paske men sa ki ekri nan Liv la: Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan an vre, konsa tou, tout moun gen pou mete ajenou devan mwen. Nan tout lang moun va pale byen fò pou rekonèt pouvwa Bondye.
12 Se konsa, chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa yo.
13 Ann sispann yonn ap jije lòt. Pito nou pran desizyon pou n’ pa fè anyen ki kapab fè frè nou bite osinon tonbe nan peche.
14 Paske, mwen menm k’ap viv ansanm avèk Seyè Jezi a, mwen sèten pa gen anyen nan sa yo di ki pa bon pou moun k’ap sèvi Bondye ki soti tou konsa nan men Bondye. Si yon moun kwè yon bagay pa bon pou moun k’ap sèvi Bondye, bagay la pa bon pou li paske li mete sa nan tèt li.
15 Si ou fè frè ou lapenn pou tèt yon manje ou manje, ou pa gen renmen nan kè ou pou frè ou. Piga ou kite manje w’ap manje a lakòz yon frè pèdi sou kont ou, paske li menm Kris la te mouri pou l’ te ka sove l’ tou.
16 Sa ki byen pou ou pa dwe yon okazyon pou fè yo pale ou mal.
17 Gouvènman Bondye ki wa a, se pa yon afè manje ak bwè, men se yon keksyon fè sa ki byen, viv ak kè poze ak kè kontan. Bagay sa yo, se Sentespri ki bay yo.
18 Moun k’ap sèvi Kris la konsa, se yo ki fè Bondye plezi. Tout moun ap dakò ak sa.
19 Se sak fè, ann toujou chache bagay ki kapab ede nou viv ak kè poze, bagay ki pou penmèt nou yonn soutni lòt nan konfyans nou nan Bondye.
20 Piga kraze travay Bondye a poutèt yon keksyon manje. Nou ka manje tout manje, se vre. Men, sa pa bon pou nou manje kichòy ki ka lakòz yon frè tonbe nan peche.
21 Sa ki byen an, se lè ou pa manje vyann, ni bwè diven, ni fè okenn lòt bagay ki kapab fè frè ou tonbe nan peche.
22 Sa ou kwè ou menm sou sa, gade l’ pou tèt ou devan Bondye. benediksyon pou yon moun ki pa santi l’ koupab lè l’ap fè sa li kwè li dwe fè.
23 Men, moun ki gen doutans sou sa l’ap manje a, Bondye kondannen l’ lè l’ manje l’, paske li aji san konviksyon. Tout sa ou fè san konviksyon se peche.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Romains 14               

1 Faites accueil à celui qui est faible dans la foi, et ne discutez pas sur les opinions.
Tel croit pouvoir manger de tout: tel autre, qui est faible, ne mange que des légumes.
Que celui qui mange ne méprise point celui qui ne mange pas, et que celui qui ne mange pas ne juge point celui qui mange, car Dieu l’a accueilli.
Qui es-tu, toi qui juges un serviteur d’autrui? S’il se tient debout, ou s’il tombe, cela regarde son maître. Mais il se tiendra debout, car le Seigneur a le pouvoir de l’affermir.
Tel fait une distinction entre les jours; tel autre les estime tous égaux. Que chacun ait en son esprit une pleine conviction.
Celui qui distingue entre les jours agit ainsi pour le Seigneur. Celui qui mange, c’est pour le Seigneur qu’il mange, car il rend grâces à Dieu; celui qui ne mange pas, c’est pour le Seigneur qu’il ne mange pas, et il rend grâces à Dieu.
En effet, nul de nous ne vit pour lui-même, et nul ne meurt pour lui-même.
Car si nous vivons, nous vivons pour le Seigneur; et si nous mourons, nous mourons pour le Seigneur. Soit donc que nous vivions, soit que nous mourions, nous sommes au Seigneur.
Car Christ est mort et il a vécu, afin de dominer sur les morts et sur les vivants.
10 Mais toi, pourquoi juges-tu ton frère? ou toi, pourquoi méprises-tu ton frère? puisque nous comparaîtrons tous devant le tribunal de Dieu.
11 Car il est écrit: Je suis vivant, dit le Seigneur, Tout genou fléchira devant moi, Et toute langue donnera gloire à Dieu.
12 Ainsi chacun de nous rendra compte à Dieu pour lui-même.
13 Ne nous jugeons donc plus les uns les autres; mais pensez plutôt à ne rien faire qui soit pour votre frère une pierre d’achoppement ou une occasion de chute.
14 Je sais et je suis persuadé par le Seigneur Jésus que rien n’est impur en soi, et qu’une chose n’est impure que pour celui qui la croit impure.
15 Mais si, pour un aliment, ton frère est attristé, tu ne marches plus selon l’amour: ne cause pas, par ton aliment, la perte de celui pour lequel Christ est mort.
16 Que votre privilège ne soit pas un sujet de calomnie.
17 Car le royaume de Dieu, ce n’est pas le manger et le boire, mais la justice, la paix et la joie, par le Saint Esprit.
18 Celui qui sert Christ de cette manière est agréable à Dieu et approuvé des hommes.
19 Ainsi donc, recherchons ce qui contribue à la paix et à l’édification mutuelle.
20 Pour un aliment, ne détruis pas l’oeuvre de Dieu. A la vérité toutes choses sont pures; mais il est mal à l’homme, quand il mange, de devenir une pierre d’achoppement.
21 Il est bien de ne pas manger de viande, de ne pas boire de vin, et de s’abstenir de ce qui peut être pour ton frère une occasion de chute, de scandale ou de faiblesse.
22 Cette foi que tu as, garde-la pour toi devant Dieu. Heureux celui qui ne se condamne pas lui-même dans ce qu’il approuve!
23 Mais celui qui a des doutes au sujet de ce qu’il mange est condamné, parce qu’il n’agit pas par conviction. Tout ce qui n’est pas le produit d’une conviction est péché.

Louis Segond {LSG}

Romans 14       

1 Him that is weak in the faith receive ye, but not to doubtful disputations.
For one believeth that he may eat all things: another, who is weak, eateth herbs.
Let not him that eateth despise him that eateth not; and let not him which eateth not judge him that eateth: for God hath received him.
Who art thou that judgest another man’s servant? to his own master he standeth or falleth. Yea, he shall be holden up: for God is able to make him stand.
One man esteemeth one day above another: another esteemeth every day alike. Let every man be fully persuaded in his own mind.
He that regardeth the day, regardeth it unto the Lord; and he that regardeth not the day, to the Lord he doth not regard it. He that eateth, eateth to the Lord, for he giveth God thanks; and he that eateth not, to the Lord he eateth not, and giveth God thanks.
For none of us liveth to himself, and no man dieth to himself.
For whether we live, we live unto the Lord; and whether we die, we die unto the Lord: whether we live therefore, or die, we are the Lord’s.
For to this end Christ both died, and rose, and revived, that he might be Lord both of the dead and living.
10 But why dost thou judge thy brother? or why dost thou set at nought thy brother? for we shall all stand before the judgment seat of Christ.
11 For it is written, As I live, saith the Lord, every knee shall bow to me, and every tongue shall confess to God.
12 So then every one of us shall give account of himself to God.
13 Let us not therefore judge one another any more: but judge this rather, that no man put a stumblingblock or an occasion to fall in his brother’s way.
14 I know, and am persuaded by the Lord Jesus, that there is nothing unclean of itself: but to him that esteemeth any thing to be unclean, to him it is unclean.
15 But if thy brother be grieved with thy meat, now walkest thou not charitably. Destroy not him with thy meat, for whom Christ died.
16 Let not then your good be evil spoken of:
17 For the kingdom of God is not meat and drink; but righteousness, and peace, and joy in the Holy Ghost.
18 For he that in these things serveth Christ is acceptable to God, and approved of men.
19 Let us therefore follow after the things which make for peace, and things wherewith one may edify another.
20 For meat destroy not the work of God. All things indeed are pure; but it is evil for that man who eateth with offence.
21 It is good neither to eat flesh, nor to drink wine, nor any thing whereby thy brother stumbleth, or is offended, or is made weak.
22 Hast thou faith? have it to thyself before God. Happy is he that condemneth not himself in that thing which he alloweth.
23 And he that doubteth is damned if he eat, because he eateth not of faith: for whatsoever is not of faith is sin.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}