Liv Egzòd / Exode / Exodus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Egzòd 20

1 Bondye pran pale, li di:
-Se mwean menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan peyi Lejip kote nou te esklav la.
Piga nou gen lòt bondye pase mwen menm sèlman.
Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la, osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a.
Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m’, mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
Men, lè yon moun renmen m’, lè li fè sa m’ mande l’ fè, m’ap moutre l’ jan mwen renmen l’ tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil jenerasyon.
Piga nou sèvi mal ak non Seyè a, Bondye nou an, paske Seyè a p’ap manke pa pini moun ki sèvi mal avèk non li.
Toujou chonje jou repo a pou nou mete l’ apa pou mwen.
N’a travay sis jou. Lè sa yo n’a fè tou sa nou gen pou fè.
10 Men, setyèm jou a, se jou repo pou nou mete apa pou Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p’ap fè ankenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni moun k’ap travay lakay nou, ni bèt nou yo, ni etranje ki lakay nou.
11 Paske, Seyè a te pran sis jou pou l’ fè syèl la, latè a ak lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan yo. Apre sa, sou setyèm jou a, li pran repo. Se poutèt sa, Seyè a beni jou repo a, li mete l’ apa pou li.
12  Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.
13 Piga nou touye moun.
14 Piga nou fè adiltè.
15 Piga nou pran sa ki pa pou nou.
16 Piga nou bay manti sou frè parèy nou.
17 Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k’ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou ankenn lòt bagay ki pou frè parèy nou.
18  Lè pèp la tande bri loraj la ak son twonpèt la, lè yo wè kout zèklè sou kout zèklè, ak mòn lan ki t’ap pouse lafimen, yo tranble sitèlman yo te pè. Yo ret kanpe byen lwen.
19 Yo di Moyiz konsa: -Pito se ou menm ki pale ak nou, n’a koute sa w’ap di. Men, si se Bondye ki pou pale avèk nou, n’a mouri.
20 Moyiz di pèp la: -Nou pa bezwen pè. Bondye vini pou wè kote nou ye avèk li. Li vle pou nou toujou gen krentif pou li, pou nou pa lage kò nou nan fè peche.
21 Men pèp la rete kanpe byen lwen. Sèl Moyiz te pwoche kote nwaj nwa a kote Bondye te ye a.
22  Seyè a di Moyiz: -Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Nou wè ki jan mwen ret nan syèl la pou m’ pale ak nou.
23 Piga n al fè lòt bondye an ajan osinon an lò pou nou sèvi yo ansanm avè m’.
24 N’a bati yon lòtèl an tè pou mwen. Se sou li n’a ofri bèt n’a touye pou boule nèt yo ak bèt n’a touye pou di mèsi. Se sou li n’a ofri mouton ak bèf nou yo. Chak kote m’a di nou pou nou fè sèvis pou mwen, m’a vin jwenn nou la, m’a beni nou.
25 Si nou fe yon lòtèl ak ròch pou mwen, pa travay ròch n’a pran pou fè l’ la. Paske lè ou travay yon ròch ak sizo, li pa ka sèvi pou mwen ankò.
26 Piga nou sèvi ak macheskalye pou nou moute sou lòtèl mwen pou moun pa wè anba rad nou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Exode 20

1 Alors Dieu prononça toutes ces paroles, en disant:
Je suis l’Éternel, ton Dieu, qui t’ai fait sortir du pays d’Égypte, de la maison de servitude.
Tu n’auras pas d’autres dieux devant ma face.
Tu ne te feras point d’image taillée, ni de représentation quelconque des choses qui sont en haut dans les cieux, qui sont en bas sur la terre, et qui sont dans les eaux plus bas que la terre.
Tu ne te prosterneras point devant elles, et tu ne les serviras point; car moi, l’Éternel, ton Dieu, je suis un Dieu jaloux, qui punis l’iniquité des pères sur les enfants jusqu’à la troisième et la quatrième génération de ceux qui me haïssent,
et qui fais miséricorde jusqu’en mille générations à ceux qui m’aiment et qui gardent mes commandements.
Tu ne prendras point le nom de l’Éternel, ton Dieu, en vain; car l’Éternel ne laissera point impuni celui qui prendra son nom en vain.
Souviens-toi du jour du repos, pour le sanctifier.
Tu travailleras six jours, et tu feras tout ton ouvrage.
10 Mais le septième jour est le jour du repos de l’Éternel, ton Dieu: tu ne feras aucun ouvrage, ni toi, ni ton fils, ni ta fille, ni ton serviteur, ni ta servante, ni ton bétail, ni l’étranger qui est dans tes portes.
11 Car en six jours l’Éternel a fait les cieux, la terre et la mer, et tout ce qui y est contenu, et il s’est reposé le septième jour: c’est pourquoi l’Éternel a béni le jour du repos et l’a sanctifié.
12 Honore ton père et ta mère, afin que tes jours se prolongent dans le pays que l’Éternel, ton Dieu, te donne.
13 Tu ne tueras point.
14 Tu ne commettras point d’adultère.
15 Tu ne déroberas point.
16 Tu ne porteras point de faux témoignage contre ton prochain.
17 Tu ne convoiteras point la maison de ton prochain; tu ne convoiteras point la femme de ton prochain, ni son serviteur, ni sa servante, ni son boeuf, ni son âne, ni aucune chose qui appartienne à ton prochain.
18 Tout le peuple entendait les tonnerres et le son de la trompette; il voyait les flammes de la montagne fumante. A ce spectacle, le peuple tremblait, et se tenait dans l’éloignement.
19 Ils dirent à Moïse: Parle-nous toi-même, et nous écouterons; mais que Dieu ne nous parle point, de peur que nous ne mourions.
20 Moïse dit au peuple: Ne vous effrayez pas; car c’est pour vous mettre à l’épreuve que Dieu est venu, et c’est pour que vous ayez sa crainte devant les yeux, afin que vous ne péchiez point.
21 Le peuple restait dans l’éloignement; mais Moïse s’approcha de la nuée où était Dieu.
22 L’Éternel dit à Moïse: Tu parleras ainsi aux enfants d’Israël: Vous avez vu que je vous ai parlé depuis les cieux.
23 Vous ne ferez point des dieux d’argent et des dieux d’or, pour me les associer; vous ne vous en ferez point.
24 Tu m’élèveras un autel de terre, sur lequel tu offriras tes holocaustes et tes sacrifices d’actions de grâces, tes brebis et tes boeufs. Partout où je rappellerai mon nom, je viendrai à toi, et je te bénirai.
25 Si tu m’élèves un autel de pierre, tu ne le bâtiras point en pierres taillées; car en passant ton ciseau sur la pierre, tu la profanerais.
26 Tu ne monteras point à mon autel par des degrés, afin que ta nudité ne soit pas découverte.

Louis Segond {LSG}

Exodus 20

1 And God spake all these words, saying,
I am the Lord thy God, which have brought thee out of the land of Egypt, out of the house of bondage.
Thou shalt have no other gods before me.
Thou shalt not make unto thee any graven image, or any likeness of any thing that is in heaven above, or that is in the earth beneath, or that is in the water under the earth.
Thou shalt not bow down thyself to them, nor serve them: for I the Lord thy God am a jealous God, visiting the iniquity of the fathers upon the children unto the third and fourth generation of them that hate me;
And shewing mercy unto thousands of them that love me, and keep my commandments.
Thou shalt not take the name of the Lord thy God in vain; for the Lord will not hold him guiltless that taketh his name in vain.
Remember the sabbath day, to keep it holy.
Six days shalt thou labour, and do all thy work:
10 But the seventh day is the sabbath of the Lord thy God: in it thou shalt not do any work, thou, nor thy son, nor thy daughter, thy manservant, nor thy maidservant, nor thy cattle, nor thy stranger that is within thy gates:
11 For in six days the Lord made heaven and earth, the sea, and all that in them is, and rested the seventh day: wherefore the Lord blessed the sabbath day, and hallowed it.
12 Honour thy father and thy mother: that thy days may be long upon the land which the Lord thy God giveth thee.
13 Thou shalt not kill.
14 Thou shalt not commit adultery.
15 Thou shalt not steal.
16 Thou shalt not bear false witness against thy neighbour.
17 Thou shalt not covet thy neighbour’s house, thou shalt not covet thy neighbour’s wife, nor his manservant, nor his maidservant, nor his ox, nor his ass, nor any thing that is thy neighbour’s.
18 And all the people saw the thunderings, and the lightnings, and the noise of the trumpet, and the mountain smoking: and when the people saw it, they removed, and stood afar off.
19 And they said unto Moses, Speak thou with us, and we will hear: but let not God speak with us, lest we die.
20 And Moses said unto the people, Fear not: for God is come to prove you, and that his fear may be before your faces, that ye sin not.
21 And the people stood afar off, and Moses drew near unto the thick darkness where God was.
22 And the Lord said unto Moses, Thus thou shalt say unto the children of Israel, Ye have seen that I have talked with you from heaven.
23 Ye shall not make with me gods of silver, neither shall ye make unto you gods of gold.
24 An altar of earth thou shalt make unto me, and shalt sacrifice thereon thy burnt offerings, and thy peace offerings, thy sheep, and thine oxen: in all places where I record my name I will come unto thee, and I will bless thee.
25 And if thou wilt make me an altar of stone, thou shalt not build it of hewn stone: for if thou lift up thy tool upon it, thou hast polluted it.
26 Neither shalt thou go up by steps unto mine altar, that thy nakedness be not discovered thereon.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}