Liv Egzòd / Exode / Exodus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Egzòd 25

1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l’:
-Pale ak moun Izrayèl yo. Di yo pote yon ofrann ban mwen. W’a resevwa l’ pou mwen nan men tout moun ki vle bay ak kè kontan.
Men ofrann pou ou resevwa nan men yo: lò, ajan ak kwiv,
bon twal koulè violèt, ble ak wouj, twal fen blan, twal fèt ak pwal kabrit,
po belye tenn koulè wouj ak po bazann, bwa zakasya,
lwil pou gwo lanp sèt branch lan, epis santi bon pou mete nan lansan an ak nan lwil yo sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye a,
pyè oniks ak lòt pyè pou gani jile ak plastwon granprèt la.
y’a mete yon kote apa pou mwen pou m’ ka vin rete nan mitan yo.
W’a fè tant lan ak tout bagay ki pou ale ladan l’, dapre modèl mwen pral ba ou a.
10  y’a pran bwa zakasya, y’a fè yon gwo bwat. Bwat la va mezire twa pye nèf pous longè, de pye twa pous lajè, de pye twa pous wotè.
11 W’a kouvri l’ nèt, anndan kou deyò, ak pi bon klas lò ki genyen. Epi w’a mete yon bòdi an lò fè wonn li.
12 W’a fonn lò a fè kat gwo bag tou won. W’a moute yonn sou chak kwen bwat la, de chak bò.
13 W’a pran de jenn poto zakasya, w’a kouvri yo nèt ak lò.
14 W’a pase poto yo nan twou bag yo, sou de bò bwat la. Poto sa yo va sèvi manch pou pote bwat la.
15 Se pou poto yo toujou rete nan bag yo, san yo pa janm wete yo.
16 Mwen pral ba ou de ròch plat ki va sèvi pou nou toujou chonje m’. W’a mete yo nan bwat la.
17 W’a pran pi bon lò ki genyen, w’a fè yon kouvèti pou bwat la. L’a mezire twa pye nèf pous longè sou de pye twa pous lajè.
18 W’a fè pòtre de zanj cheriben an lò. y’a pran lò a, y’a bat li ak mato pou yo fè pòtre yo. W’a mete yo anwo kouvèti a,
19 yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. W’a kole yo byen kole sou kouvèti a pou yo fè kò avè l’.
20 Zanj cheriben yo va louvri zèl yo anwo tèt yo, konsa y’a kouvri kouvèti a. Se pou yo yonn anfas lòt, avèk tèt yo bese ap gade kouvèti a.
21 W’a mete kouvèti a sou bwat la. Nan bwat la menm, w’a mete de ròch plat mwen pral ba ou pou nou ka toujou chonje mwen.
22 Se la m’a toujou kontre avè ou. m’a rete anwo kouvèti a, nan mitan de zanj cheriben yo, m’a ba ou tout lòd mwen gen pou m’ ba ou yo pou moun Izrayèl yo.
23  W’a fè yon tab an bwa zakasya. Desi tab la va mezire twa pye longè, yon pye sis pous lajè ak de pye twa pous wotè.
24 W’a kouvri l’ nèt ak pi bon lò ki genyen. W’a mete yon bòdi an lò fè wonn li.
25 W’a mete yon ankadreman kat pous lajè anba desi a fè wonn tab la. Epi w’a kouvri tout ankadreman an ak yon plak lò.
26 W’a fonn lò a fè kat gwo bag tou won pou tab la. W’a moute yo nan kat kwen tab la kote pye yo moute a.
27 W’a moute bag yo toupre ankadreman an. Se nan twou bag yo pou ou pase poto bwa zakasya ki pou sèvi pou pote tab la.
28 W’a fè poto yo ak bwa zakasya, epi w’a kouvri yo nèt ak lò. Se ak poto sa yo pou yo sèvi pou pote tab la.
29 W’a fè asyèt, bòl, tas, kafetyè. W’a mete yo apa pou mwen. W’a fè yo ak pi bon lò ki genyen. Se ak yo pou nou sèvi lè n’ap fè sèvis pou mwen.
30 Epi w’a toujou mete sou tab la pen yo ofri ban mwen yo. Wi, se pou pen yo tout tan la devan mwen.
31  W’a fè yon gwo lanp sèt branch ak pi bon lò ki genyen. y’a pran yon sèl gwo mòso lò, y’a bat li ak mato pou fè pye gwo lanp sèt branch lan ansanm ak tout kò li. y’a fè pòtre bèl flè, flè an bouton, flè louvri, sou tout kò li. Yo tout va fè yon sèl pyès ak pye lanp lan.
32 Gwo lanp lan va gen sèt branch, yonn kanpe dwat nan mitan ak twa branch chak bò.
33 Sou chak branch sou kote yo, y’a fè pòtre twa flè nwa kajou ak tout boujon yo.
34 Sou branch ki nan mitan an va gen kat flè nwa kajou ak tout boujon yo.
35 W’a mete yon ti boujon anba chak pè branch sou kote yo.
36 Boujon yo ak branch yo va fè yon sèl pyès ak pye gwo lanp lan. Se va yon sèl pyès lò y’a bat ak mato pou ba li fòm yo vle a.
37 y’a fè sèt lanp pou gwo lanp lan, y’a moute yo sou li yon jan pou yo ka klere sou devan.
38 N’a fè pensèt pou netwaye gwo lanp lan ak plato pou resevwa sann lan. W’a fè yo ak pi bon lò ki genyen.
39 N’a pran swasannkenz liv bon lò pou fè gwo lanp lan ansanm ak tout bagay pou sèvi ak gwo lanp lan.
40 Gade byen pou ou ka fè tout bagay dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.
Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Exode 25

2 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
Parle aux enfants d’Israël. Qu’ils m’apportent une offrande; vous la recevrez pour moi de tout homme qui la fera de bon coeur.
Voici ce que vous recevrez d’eux en offrande: de l’or, de l’argent et de l’airain;
des étoffes teintes en bleu, en pourpre, en cramoisi, du fin lin et du poil de chèvre;
des peaux de béliers teintes en rouge et des peaux de dauphins; du bois d’acacia;
de l’huile pour le chandelier, des aromates pour l’huile d’onction et pour le parfum odoriférant;
des pierres d’onyx et d’autres pierres pour la garniture de l’éphod et du pectoral.
Ils me feront un sanctuaire, et j’habiterai au milieu d’eux.
Vous ferez le tabernacle et tous ses ustensiles d’après le modèle que je vais te montrer.
10 Ils feront une arche de bois d’acacia, sa longueur sera de deux coudées et demie, sa largeur d’une coudée et demie, et sa hauteur d’une coudée et demie.
11 Tu la couvriras d’or pur, tu la couvriras en dedans et en dehors, et tu y feras une bordure d’or tout autour.
12 Tu fondras pour elle quatre anneaux d’or, et tu les mettras à ses quatre coins, deux anneaux d’un côté et deux anneaux de l’autre côté.
13 Tu feras des barres de bois d’acacia, et tu les couvriras d’or.
14 Tu passeras les barres dans les anneaux sur les côtés de l’arche, pour qu’elles servent à porter l’arche;
15 les barres resteront dans les anneaux de l’arche, et n’en seront point retirées.
16 Tu mettras dans l’arche le témoignage, que je te donnerai.
17 Tu feras un propitiatoire d’or pur; sa longueur sera de deux coudées et demie, et sa largeur d’une coudée et demie.
18 Tu feras deux chérubins d’or, tu les feras d’or battu, aux deux extrémités du propitiatoire;
19 fais un chérubin à l’une des extrémités et un chérubin à l’autre extrémité; vous ferez les chérubins sortant du propitiatoire à ses deux extrémités.
20 Les chérubins étendront les ailes par-dessus, couvrant de leurs ailes le propitiatoire, et se faisant face l’un à l’autre; les chérubins auront la face tournée vers le propitiatoire.
21 Tu mettras le propitiatoire sur l’arche, et tu mettras dans l’arche le témoignage, que je te donnerai.
22 C’est là que je me rencontrerai avec toi; du haut du propitiatoire, entre les deux chérubins placés sur l’arche du témoignage, je te donnerai tous mes ordres pour les enfants d’Israël.
23 Tu feras une table de bois d’acacia; sa longueur sera de deux coudées, sa largeur d’une coudée, et sa hauteur d’une coudée et demie.
24 Tu la couvriras d’or pur, et tu y feras une bordure d’or tout autour.
25 Tu y feras à l’entour un rebord de quatre doigts, sur lequel tu mettras une bordure d’or tout autour.
26 Tu feras pour la table quatre anneaux d’or, et tu mettras les anneaux aux quatre coins, qui seront à ses quatre pieds.
27 Les anneaux seront près du rebord, et recevront les barres pour porter la table.
28 Tu feras les barres de bois d’acacia, et tu les couvriras d’or; et elles serviront à porter la table.
29 Tu feras ses plats, ses coupes, ses calices et ses tasses, pour servir aux libations; tu les feras d’or pur.
30 Tu mettras sur la table les pains de proposition continuellement devant ma face.
31 Tu feras un chandelier d’or pur; ce chandelier sera fait d’or battu; son pied, sa tige, ses calices, ses pommes et ses fleurs seront d’une même pièce.
32 Six branches sortiront de ses côtés, trois branches du chandelier de l’un des côtés, et trois branches du chandelier de l’autre côté.
33 Il y aura sur une branche trois calices en forme d’amande, avec pommes et fleurs, et sur une autre branche trois calices en forme d’amande, avec pommes et fleurs; il en sera de même pour les six branches sortant du chandelier.
34 A la tige du chandelier, il y aura quatre calices en forme d’amande, avec leurs pommes et leurs fleurs.
35 Il y aura une pomme sous deux des branches sortant de la tige du chandelier, une pomme sous deux autres branches, et une pomme sous deux autres branches; il en sera de même pour les six branches sortant du chandelier.
36 Les pommes et les branches du chandelier seront d’une même pièce: il sera tout entier d’or battu, d’or pur.
37 Tu feras ses sept lampes, qui seront placées dessus, de manière à éclairer en face.
38 Ses mouchettes et ses vases à cendre seront d’or pur.
39 On emploiera un talent d’or pur pour faire le chandelier avec tous ses ustensiles.
40 Regarde, et fais d’après le modèle qui t’est montré sur la montagne.

Louis Segond {LSG}

Exodus 25

1 And the Lord spake unto Moses, saying,
Speak unto the children of Israel, that they bring me an offering: of every man that giveth it willingly with his heart ye shall take my offering.
And this is the offering which ye shall take of them; gold, and silver, and brass,
And blue, and purple, and scarlet, and fine linen, and goats’ hair,
And rams’ skins dyed red, and badgers’ skins, and shittim wood,
Oil for the light, spices for anointing oil, and for sweet incense,
Onyx stones, and stones to be set in the ephod, and in the breastplate.
And let them make me a sanctuary; that I may dwell among them.
According to all that I shew thee, after the pattern of the tabernacle, and the pattern of all the instruments thereof, even so shall ye make it.
10 And they shall make an ark of shittim wood: two cubits and a half shall be the length thereof, and a cubit and a half the breadth thereof, and a cubit and a half the height thereof.
11 And thou shalt overlay it with pure gold, within and without shalt thou overlay it, and shalt make upon it a crown of gold round about.
12 And thou shalt cast four rings of gold for it, and put them in the four corners thereof; and two rings shall be in the one side of it, and two rings in the other side of it.
13 And thou shalt make staves of shittim wood, and overlay them with gold.
14 And thou shalt put the staves into the rings by the sides of the ark, that the ark may be borne with them.
15 The staves shall be in the rings of the ark: they shall not be taken from it.
16 And thou shalt put into the ark the testimony which I shall give thee.
17 And thou shalt make a mercy seat of pure gold: two cubits and a half shall be the length thereof, and a cubit and a half the breadth thereof.
18 And thou shalt make two cherubims of gold, of beaten work shalt thou make them, in the two ends of the mercy seat.
19 And make one cherub on the one end, and the other cherub on the other end: even of the mercy seat shall ye make the cherubims on the two ends thereof.
20 And the cherubims shall stretch forth their wings on high, covering the mercy seat with their wings, and their faces shall look one to another; toward the mercy seat shall the faces of the cherubims be.
21 And thou shalt put the mercy seat above upon the ark; and in the ark thou shalt put the testimony that I shall give thee.
22 And there I will meet with thee, and I will commune with thee from above the mercy seat, from between the two cherubims which are upon the ark of the testimony, of all things which I will give thee in commandment unto the children of Israel.
23 Thou shalt also make a table of shittim wood: two cubits shall be the length thereof, and a cubit the breadth thereof, and a cubit and a half the height thereof.
24 And thou shalt overlay it with pure gold, and make thereto a crown of gold round about.
25 And thou shalt make unto it a border of an hand breadth round about, and thou shalt make a golden crown to the border thereof round about.
26 And thou shalt make for it four rings of gold, and put the rings in the four corners that are on the four feet thereof.
27 Over against the border shall the rings be for places of the staves to bear the table.
28 And thou shalt make the staves of shittim wood, and overlay them with gold, that the table may be borne with them.
29 And thou shalt make the dishes thereof, and spoons thereof, and covers thereof, and bowls thereof, to cover withal: of pure gold shalt thou make them.
30 And thou shalt set upon the table shewbread before me alway.
31 And thou shalt make a candlestick of pure gold: of beaten work shall the candlestick be made: his shaft, and his branches, his bowls, his knops, and his flowers, shall be of the same.
32 And six branches shall come out of the sides of it; three branches of the candlestick out of the one side, and three branches of the candlestick out of the other side:
33 Three bowls made like unto almonds, with a knop and a flower in one branch; and three bowls made like almonds in the other branch, with a knop and a flower: so in the six branches that come out of the candlestick.
34 And in the candlesticks shall be four bowls made like unto almonds, with their knops and their flowers.
35 And there shall be a knop under two branches of the same, and a knop under two branches of the same, and a knop under two branches of the same, according to the six branches that proceed out of the candlestick.
36 Their knops and their branches shall be of the same: all it shall be one beaten work of pure gold.
37 And thou shalt make the seven lamps thereof: and they shall light the lamps thereof, that they may give light over against it.
38 And the tongs thereof, and the snuffdishes thereof, shall be of pure gold.
39 Of a talent of pure gold shall he make it, with all these vessels.
40 And look that thou make them after their pattern, which was shewed thee in the mount.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}