Liv Pwovèb / Proverbes / Proverbs

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Pwovèb 7   

1 Pitit mwen, chonje sa m’ap moutre ou la a. Pa janm bliye sa m’ap di ou pou fè a.
Si ou fè sa m’ap di ou pou fè a, w’a viv. Konsidere sa m’ moutre ou la tankou de grenn je nan tèt ou.
Mete li nan tout dwèt ou tankou bag, kenbe li nan kè ou pou ou pa janm bliye l’.
Konsidere konesans tankou sè ou. Konsidere bon konprann tankou pi bon zanmi ou.
Y’ap fè ou rete lwen madanm lòt moun. Yo p’ap kite ou pran nan pawòl dous madan marye ki nan dezòd.
 Yon jou, antan mwen nan fennèt lakay mwen, mwen t’ap gade nan fant jalouzi a.
Mwen wè anpil jenn gason san esperyans nan lavi. Te gen yonn ladan yo menm ki te fin fou.
Li t’ap mache nan lari a, li rive bò kay yon fanm. Konsa, konsa, li pran chemen ki mennen kay fanm lan.
Le sa a solèy te kouche, te fin fè nwa.
10 Madanm lan menm vin kontre li. Li te abiye tankou yon jennès, ak tout plan l’ dèyè tèt li.
11 Fanm lan te gen je chèch, li pa t’ wont anyen. Li pa t’ kapab rete chita lakay li.
12 Li toupatou nan lari, sou laplas, nan tout kalfou. L’ap veye, je l’ toupatou.
13 Li pase bra l’ nan kou ti jennonm lan. Li bo li, li klere je l’ nan je l’, li di l’:
14 Mwen te gen pou m’ ofri yon bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se jòdi a mwen kit ak angajman mwen an.
15 Se poutèt sa, mwen vin kontre ou. Mwen t’ap chache ou, mwen jwenn ou.
16 Mwen ranje kabann mwen ak bon jan dra. Mwen mete bèl dra koulè ki soti peyi Lejip sou kabann mwen.
17 Mwen fè kabann mwen santi bon. Mwen vide odè flè jasmen, womaren ak kannèl sou li.
18 Vini non! Ann al damou jouk li jou. Annou pran plezi nou. Ann fè doudous jouk nou sou.
19 Mari m’ pa la, li pati, li al fè yon vwayaj byen lwen.
20 Li pati ak anpil lajan nan pòch li. Li p’ap tounen anvan kenz jou.
21 Se konsa, fanm lan fin pran tèt ti jennonm lan. Ak bèl pawòl dous li yo, li fè l’ asepte.
22 Jennonm lan pran swiv li, tankou bèf y’ap mennen labatwa, tankou kabrit yo pran nan pèlen
23 k’ap tann yo vin koupe tèt li, tankou zwazo k’ap mache sou pèlen san li pa konnen lavi l’ an danje.
24  Koulye a, pitit mwen yo, koute byen. Louvri zòrèy nou, tande sa m’ap di nou.
25 Pa kite kè nou bat pou fanm konsa. Pa kite li fè nou pèdi chemen nou.
26 Li lakòz anpil gason tonbe mouri. Li lakòz anpil vanyan gason pèdi lavi yo.
27 Depi ou mete pye lakay li, ou sou chemen lanmò. W’ap desann yon pant k’ap mennen ou tou dwat nan simityè.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Proverbes 7

1 Mon fils, retiens mes paroles, Et garde avec toi mes préceptes.
Observe mes préceptes, et tu vivras; Garde mes enseignements comme la prunelle de tes yeux.
Lie-les sur tes doigts, Écris-les sur la table de ton coeur.
Dis à la sagesse: Tu es ma soeur! Et appelle l’intelligence ton amie,
Pour qu’elles te préservent de la femme étrangère, De l’étrangère qui emploie des paroles doucereuses.
J’étais à la fenêtre de ma maison, Et je regardais à travers mon treillis.
J’aperçus parmi les stupides, Je remarquai parmi les jeunes gens un garçon dépourvu de sens.
Il passait dans la rue, près de l’angle où se tenait une de ces étrangères, Et il se dirigeait lentement du côté de sa demeure:
C’était au crépuscule, pendant la soirée, Au milieu de la nuit et de l’obscurité.
10 Et voici, il fut abordé par une femme Ayant la mise d’une prostituée et la ruse dans le coeur.
11 Elle était bruyante et rétive; Ses pieds ne restaient point dans sa maison;
12 Tantôt dans la rue, tantôt sur les places, Et près de tous les angles, elle était aux aguets.
13 Elle le saisit et l’embrassa, Et d’un air effronté lui dit:
14 Je devais un sacrifice d’actions de grâces, Aujourd’hui j’ai accompli mes voeux.
15 C’est pourquoi je suis sortie au-devant de toi Pour te chercher, et je t’ai trouvé.
16 J’ai orné mon lit de couvertures, De tapis de fil d’Égypte;
17 J’ai parfumé ma couche De myrrhe, d’aloès et de cinnamome.
18 Viens, enivrons-nous d’amour jusqu’au matin, Livrons-nous joyeusement à la volupté.
19 Car mon mari n’est pas à la maison, Il est parti pour un voyage lointain;
20 Il a pris avec lui le sac de l’argent, Il ne reviendra à la maison qu’à la nouvelle lune.
21 Elle le séduisit à force de paroles, Elle l’entraîna par ses lèvres doucereuses.
22 Il se mit tout à coup à la suivre, Comme le boeuf qui va à la boucherie, Comme un fou qu’on lie pour le châtier,
23 Jusqu’à ce qu’une flèche lui perce le foie, Comme l’oiseau qui se précipite dans le filet, Sans savoir que c’est au prix de sa vie.
24 Et maintenant, mes fils, écoutez-moi, Et soyez attentifs aux paroles de ma bouche.
25 Que ton coeur ne se détourne pas vers les voies d’une telle femme, Ne t’égare pas dans ses sentiers.
26 Car elle a fait tomber beaucoup de victimes, Et ils sont nombreux, tous ceux qu’elle a tués.
27 Sa maison, c’est le chemin du séjour des morts; Il descend vers les demeures de la mort.
Louis Segond {LSG}

Proverbs 7  

1 My son, keep my words, and lay up my commandments with thee.
Keep my commandments, and live; and my law as the apple of thine eye.
Bind them upon thy fingers, write them upon the table of thine heart.
Say unto wisdom, Thou art my sister; and call understanding thy kinswoman:
That they may keep thee from the strange woman, from the stranger which flattereth with her words.
For at the window of my house I looked through my casement,
And beheld among the simple ones, I discerned among the youths, a young man void of understanding,
Passing through the street near her corner; and he went the way to her house,
In the twilight, in the evening, in the black and dark night:
10 And, behold, there met him a woman with the attire of an harlot, and subtil of heart.
11 (She is loud and stubborn; her feet abide not in her house:
12 Now is she without, now in the streets, and lieth in wait at every corner.)
13 So she caught him, and kissed him, and with an impudent face said unto him,
14 I have peace offerings with me; this day have I payed my vows.
15 Therefore came I forth to meet thee, diligently to seek thy face, and I have found thee.
16 I have decked my bed with coverings of tapestry, with carved works, with fine linen of Egypt.
17 I have perfumed my bed with myrrh, aloes, and cinnamon.
18 Come, let us take our fill of love until the morning: let us solace ourselves with loves.
19 For the goodman is not at home, he is gone a long journey:
20 He hath taken a bag of money with him, and will come home at the day appointed.
21 With her much fair speech she caused him to yield, with the flattering of her lips she forced him.
22 He goeth after her straightway, as an ox goeth to the slaughter, or as a fool to the correction of the stocks;
23 Till a dart strike through his liver; as a bird hasteth to the snare, and knoweth not that it is for his life.
24 Hearken unto me now therefore, O ye children, and attend to the words of my mouth.
25 Let not thine heart decline to her ways, go not astray in her paths.
26 For she hath cast down many wounded: yea, many strong men have been slain by her.
27 Her house is the way to hell, going down to the chambers of death.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}