Liv Pwovèb / Proverbes / Proverbs

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Pwovèb 2   

1 Pitit mwen, aprann sa m’ap moutre ou la a. Chache pou ou pa janm bliye sa mwen di ou fè a.
Se poutèt sa, louvri zòrèy ou pou ou tande sa moun ki gen sajès ap di ou. Chache konprann yo.
Wi, pa janm sispann chache gen konesans. Mande pou ou gen bon konprann.
Kouri dèyè konesans tankou moun k’ap kouri dèyè lajan. Chache konesans tankou moun k’ap chache ja lajan.
Si ou fè tou sa, w’a konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye. W’a resi konnen ki moun Bondye ye.
Se Seyè a ki bay konesans. Pawòl ki soti nan bouch li bay lespri ak konprann.
Lè yon moun mache dwat, Seyè a ba li bon konsèy. Lè yon moun serye, li pwoteje l’.
Li pwoteje moun ki pa fè lenjistis. Li pran defans moun ki kenbe fèm nan sèvis li.
Si ou koute m’, w’a konnen ki jan pou ou mennen bak ou byen, ki jan pou ou pa fè lenjistis. W’a konnen ki jan pou ou mache dwat nan lavi. W’a konnen tout bon bagay ou dwe fè.
10  Lè sa a, w’a gen bon konprann nan ou. W’a pran tout plezi ou nan konesans ou genyen.
11 Entèlijans ou p’ap kite anyen rive ou, konesans ou pral yon pwoteksyon pou ou.
12 Yo p’ap kite ou fè sa ki mal. Yo p’ap kite moun k’ap fè bèl diskou pou twonpe moun pwoche bò kote ou.
13 Moun sa yo, se moun ki kite chemen dwat la pou lage kò yo nan fènwa.
14 Se moun ki pran plezi yo nan fè sa ki mal. Se moun ki kontan anpil pou wè mechanste lòt moun ap fè.
15 Ou pa janm konnen kote ou ye ak moun sa yo, tout kò yo se plan.
16 Entèlijans ou ak konesans ou va delivre ou anba fanm adiltè yo, anba fanm lòt peyi ki gen bèl pawòl dous pou pran tèt ou.
17 Fanm konsa se fanm k’ap twonpe mari yo, fanm ki bliye pwomès yo te fè Bondye.
18 Si ou mete pye lakay yo, ou sou wout lanmò. Si ou ale lakay yo, ou pa lwen ale kote mò yo ye a.
19 Lakay yo, se antre pa soti. Pa gen lavi pou ou ankò!
20 Se poutèt sa, swiv egzanp moun debyen. Mache pye pou pye dèyè moun ki pa fè chemen kwochi.
21 Paske se moun k’ap mache dwat yo ki pral rete nan peyi a. Se moun serye yo ki pral la.
22 Men, Bondye ap disparèt mechan yo nan peyi a. L’ap rache moun k’ap fè sa ki mal yo tankou yo rache move zèb.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Proverbes 2

1 Mon fils, si tu reçois mes paroles, Et si tu gardes avec toi mes préceptes,
Si tu rends ton oreille attentive à la sagesse, Et si tu inclines ton coeur à l’intelligence;
Oui, si tu appelles la sagesse, Et si tu élèves ta voix vers l’intelligence,
Si tu la cherches comme l’argent, Si tu la poursuis comme un trésor,
Alors tu comprendras la crainte de l’Éternel, Et tu trouveras la connaissance de Dieu.
Car l’Éternel donne la sagesse; De sa bouche sortent la connaissance et l’intelligence;
Il tient en réserve le salut pour les hommes droits, Un bouclier pour ceux qui marchent dans l’intégrité,
En protégeant les sentiers de la justice Et en gardant la voie de ses fidèles.
Alors tu comprendras la justice, l’équité, La droiture, toutes les routes qui mènent au bien.
10 Car la sagesse viendra dans ton coeur, Et la connaissance fera les délices de ton âme;
11 La réflexion veillera sur toi, L’intelligence te gardera,
12 Pour te délivrer de la voie du mal, De l’homme qui tient des discours pervers,
13 De ceux qui abandonnent les sentiers de la droiture Afin de marcher dans des chemins ténébreux,
14 Qui trouvent de la jouissance à faire le mal, Qui mettent leur plaisir dans la perversité,
15 Qui suivent des sentiers détournés, Et qui prennent des routes tortueuses;
16 Pour te délivrer de la femme étrangère, De l’étrangère qui emploie des paroles doucereuses,
17 Qui abandonne l’ami de sa jeunesse, Et qui oublie l’alliance de son Dieu;
18 Car sa maison penche vers la mort, Et sa route mène chez les morts:
19 Aucun de ceux qui vont à elle ne revient, Et ne retrouve les sentiers de la vie.
20 Tu marcheras ainsi dans la voie des gens de bien, Tu garderas les sentiers des justes.
21 Car les hommes droits habiteront le pays, Les hommes intègres y resteront;
22 Mais les méchants seront retranchés du pays, Les infidèles en seront arrachés.
Louis Segond {LSG}

Proverbs   

1 My son, if thou wilt receive my words, and hide my commandments with thee;
So that thou incline thine ear unto wisdom, and apply thine heart to understanding;
Yea, if thou criest after knowledge, and liftest up thy voice for understanding;
If thou seekest her as silver, and searchest for her as for hid treasures;
Then shalt thou understand the fear of the Lord, and find the knowledge of God.
For the Lord giveth wisdom: out of his mouth cometh knowledge and understanding.
He layeth up sound wisdom for the righteous: he is a buckler to them that walk uprightly.
He keepeth the paths of judgment, and preserveth the way of his saints.
Then shalt thou understand righteousness, and judgment, and equity; yea, every good path.
10 When wisdom entereth into thine heart, and knowledge is pleasant unto thy soul;
11 Discretion shall preserve thee, understanding shall keep thee:
12 To deliver thee from the way of the evil man, from the man that speaketh froward things;
13 Who leave the paths of uprightness, to walk in the ways of darkness;
14 Who rejoice to do evil, and delight in the frowardness of the wicked;
15 Whose ways are crooked, and they froward in their paths:
16 To deliver thee from the strange woman, even from the stranger which flattereth with her words;
17 Which forsaketh the guide of her youth, and forgetteth the covenant of her God.
18 For her house inclineth unto death, and her paths unto the dead.
19 None that go unto her return again, neither take they hold of the paths of life.
20 That thou mayest walk in the way of good men, and keep the paths of the righteous.
21 For the upright shall dwell in the land, and the perfect shall remain in it.
22 But the wicked shall be cut off from the earth, and the transgressors shall be rooted out of it.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}