Liv Egzòd / Exode / Exodus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Egzòd 29

1 Men sa ou gen pou fè pou mete Arawon ak pitit gason l’ yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m’ prèt. Pran yon jenn ti towo bèf ak de belye mouton ki san defo.
W’a pran bon farin frans, w’a fè kèk pen san ledven, kèk gato san ledven, men ak lwil melanje nan pa t’ la. W’a fè tou kèk gato plat san ledven wouze ak lwil.
Mete yo nan yon panyen. Ofri yo ban mwen nan panyen an ansanm ak ti towo a ak de belye mouton yo.
W’a fè Arawon ansanm ak pitit gason l’ yo vanse jouk devan pòt Tant Randevou a. W’a benyen yo nan dlo.
Apre sa, w’a pran rad yo, w’a biye Arawon. W’a mete chemiz la, rad la, jile a ak plastwon an sou li. W’a mare sentiwon an nan ren li.
W’a mete mouchwa a nan tèt li. W’a mare plak ki make Apa pou Seyè a, sou mouchwa a.
Lèfini, w’a pran lwil pou mete moun apa a, w’a vide l’ sou tèt Arawon. Konsa, w’a mete l’ apa pou mwen.
W’a fè pitit li yo pwoche, w’a mete chemiz yo sou yo.
W’a pase sentiwon nan ren yo, w’a mete bonnèt yo nan tèt yo. Se yo menm k’ap sèvi m’ prèt dapre yon lwa ki la pou tout tan. Se konsa w’a bay Arawon ak pitit gason l’ yo pouvwa pou fè sèvis Bondye.
10 Mennen towo bèf la devan Tant Randevou a. Arawon ak pitit gason l’ yo va mete men yo sou tèt li.
11 W’a touye towo a la devan Seyè a, devan pòt Tant Randevou a.
12 W’a tranpe dwèt ou nan san towo a. W’a mete ti degout san sou kat kòn lòtèl la. Apre sa, w’a vide tout rès san an atè nan pye lòtèl la.
13 Lèfini, w’a pran grès ki vlope tripay yo, mas grès ki sou fwa a ansanm ak de wonyon yo ak tout grès yo, w’a ofri yo ban mwen. W’a boule yo nèt sou lòtèl la.
14 Men w’a pran tout vyann lan, po a ak tout tripay la, w’a boule yo andeyò limit kote nou rete a. Se va yon ofrann bèt y’ap touye pou Bondye ki va sèvi pou wete peche moun fè san yo pa konnen.
15 W’a pran yonn nan belye mouton yo. Arawon ak pitit gason l’ yo va mete men yo sou tèt li.
16 W’a touye l’, w’a pran san an, w’a vide l’ tout arebò lòtèl la.
17 W’a dekoupe belye a an divès moso. W’a lave tonbe a ansanm ak pye yo. W’a mete yo anwo moso vyann yo ansanm ak tèt la.
18 W’a ofri tout belye a ban mwen. W’a boule l’ nèt sou lòtèl la. Sa se yon ofrann bèt w’a boule nèt pou Seyè a, yon ofrann bèt ki fèt pou boule nèt nan dife, yon ofrann bèt k’ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
19 Apre sa, pran lòt belye mouton an. Arawon ak pitit gason l’ yo va mete men yo sou tèt li.
20 W’a touye l’, w’a pran ti gout nan san li, w’a mete l’ sou tete zòrèy dwat Arawon ak sou tete zòrèy dwat pitit gason l’ yo, sou gwo pous men dwat yo ak sou gwo zòtèy pye dwat yo. W’a pran rès san an, w’a vide l’ tout arebò lòtèl la.
21 Pran ti gout nan san ki sou lòtèl la ansanm ak ti gout nan lwil pou mete moun apa a, voye yo sou Arawon ak sou rad li yo, sou pitit gason l’ yo ak sou rad yo tou. Konsa, w’a mete Arawon ak pitit gason l’ yo ansanm ak tout rad yo apa pou mwen nèt.
22 Wete tout grès dezyèm belye mouton an: ke a ak tout grès li, grès ki vlope tripay yo, moso grès ki sou fwa a, de wonyon yo ak tout grès yo, ansanm ak jigo dwat la, paske se yon belye k’ap sèvi nan sèvis pou mete prèt yo apa a.
23 Nan panyen pen san ledven ki devan Seyè a, w’a pran yon pen antye, yon gato fèt ak lwil ak yon pen plat.
24 W’a mete tout bagay sa yo nan men Arawon ak nan men pitit gason l’ yo. W’a mete yo apa pou sèvis mwen, w’a fè yo balanse l’ devan Seyè a tankou yon ofrann.
25 Lèfini, pran manje a nan men yo, boule l’ sou lòtèl la, anwo ofrann ki boule deja a, pou l’ fè Seyè a plezi ak bon sant li. Se va yon ofrann pou Seyè a ki fèt pou boule nèt nan dife.
26 Pran vyann pwatrin belye ki te sèvi nan sèvis pou mete Arawon apa a, w’a balanse l’ devan Seyè a tankou yon ofrann. Se va pòsyon pa ou la sa.
27 W’a pran vyann pwatrin belye ki te sèvi nan sèvis pou mete Arawon ak pitit gason l’ yo apa a, w’a mete yo apa pou Seyè a. W’a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann. W’a fè menm bagay la tou pou jigo w’ap wete pou prèt yo.
28 Dapre lòd mwen bay pèp Izrayèl pou tout tan an, moso vyann sa yo va pou Arawon ak pou pitit gason l’ yo. Se va yon kado pèp Izrayèl la pral blije fè. Se pòsyon yo va toujou wete pou prèt yo, pòsyon pèp Izrayèl la va toujou bay nan ofrann y’ap fè pou di mèsi. Se kado y’a bay Seyè a.
29 Lè Arawon va mouri, rad sèvis li yo va rete pou pitit li yo. Se rad sa yo y’a mete sou yo lè y’ap vide lwil sou tèt yo pou mete yo apa, lè y’ap ba yo pouvwa pou fè sèvis Bondye.
30 Pitit Arawon ki va pran plas Arawon nan sèvis Seyè a va mete rad yo sou li pandan sèt jou, epi l’a antre nan tant lan pou fè sèvis li nan kote ki apa pou Bondye a.
31 W’a pran belye mouton ki te sèvi nan sèvis pou mete apa a, w’a fè kwit vyann li yon kote ki apa pou Bondye.
32 Arawon ak pitit gason l’ yo va manje vyann belye a ansanm ak pen ki nan panyen an. y’a rete bò pòt devan Tant Randevou a.
33 y’a manje manje ki te sèvi nan sèvis yo fè pou mande Bondye padon pou peche yo fè san yo pa konnen, sèvis yo te fè lè yo t’ap mete yo apa, lè yo t’ap resevwa pouvwa pou fè sèvis Bondye a. Se prèt yo ase ki ka manje manje sa yo, paske se manje yo mete apa pou Bondye.
34 Si gen rès nan vyann lan ak nan pen an ki rete apre yo fin manje, nan denmen maten w’a boule l’ nan dife. Piga pesonn manje li, paske se manje yo mete apa pou Bondye.
35 W’a fè tou sa m’ te ba ou lòd fè pou Arawon ansanm ak pitit gason l’ yo. W’a pase sèt jou ap fè sèvis pou mete yo apa pou sèvis mwen.
36 Chak jou, w’a ofri yon towo bèf, w’a touye l’ pou mande Bondye padon pou peche yo fè san yo pa konnen. Avèk ofrann bèt sa a w’ap fè pou peche a, w’a mete lòtèl la nan kondisyon pou l’ sèvi nan sèvis Bondye. Lèfini, w’a vide lwil sou li, w’a mete l’ apa pou sèvis Bondye.
37 Pandan sèt jou, w’a fè ofrann bèt pou peche yo fè san yo pa konnen an sou lòtèl la. Konsa w’a mete lòtèl la apa pou sèvis Bondye a. Konsa, lòtèl la va apa nèt pou Bondye. Tout moun ki va manyen lòtèl la, ak tout bagay ki va an kontak ak lòtèl la va tounen bagay yo mete apa pou Bondye tou.
38  Men sa ou gen pou ofri sou lòtèl la: Chak jou, san sote yon jou, w’a ofri de ti mouton ki poko gen ennan bay Bondye.
39 W’a ofri yonn nan mouton yo nan maten, lòt la nan aswè anvan li fin fè nwa nèt.
40 Avèk premye ti mouton an, w’a ofri sèt ti mamit farin frans melanje ak yon lit edmi bon lwil oliv fèt nan moulen. W’a pran yon lit edmi diven pou ofri pou bwason ak manje a.
41 W’a touye dezyèm ti mouton an aswè. W’a ofri ansanm avè l’ menm manje ak menm bwason ou te ofri nan maten an. W’a boule tout bagay sa yo nèt nan dife. Se va yon ofrann bèt k’ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
42 Ofrann nan dife sa a, yo gen pou yo fè l’ tout tan devan mwen, de pitit an pitit nan papòt Tant Randevou a. Se la mwen menm Seyè a, m’ap kontre ak pèp mwen an pou m’ pale ak yo.
43 Se la m’ap kontre pèp Izrayèl la. Avèk pouvwa mwen, m’ap mete kote sa a apa pou mwen.
44 M’ap mete Tant Randevou a apa pou sèvis mwen. M’ap fè menm bagay la tou pou lòtèl la. M’ap mete Arawon ak pitit gason l’ yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m’ prèt.
45 M’ap rete nan mitan pèp Izrayèl la, se mwen menm ki va Bondye yo.
46 y’a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye yo a, se mwen menm ki te fè yo soti kite peyi Lejip pou m’ te kapab rete nan mitan yo. Se mwen ki Seyè a, Bondye yo a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Exode 29

1 Voici ce que tu feras pour les sanctifier, afin qu’ils soient à mon service dans le sacerdoce. Prends un jeune taureau et deux béliers sans défaut.
Fais, avec de la fleur de farine de froment, des pains sans levain, des gâteaux sans levain pétris à l’huile, et des galettes sans levain arrosées d’huile.
Tu les mettras dans une corbeille, en offrant le jeune taureau et les deux béliers.
Tu feras avancer Aaron et ses fils vers l’entrée de la tente d’assignation, et tu les laveras avec de l’eau.
Tu prendras les vêtements; tu revêtiras Aaron de la tunique, de la robe de l’éphod, de l’éphod et du pectoral, et tu mettras sur lui la ceinture de l’éphod.
Tu poseras la tiare sur sa tête, et tu placeras le diadème de sainteté sur la tiare.
Tu prendras l’huile d’onction, tu en répandras sur sa tête, et tu l’oindras.
Tu feras approcher ses fils, et tu les revêtiras des tuniques.
Tu mettras une ceinture à Aaron et à ses fils, et tu attacheras des bonnets aux fils d’Aaron. Le sacerdoce leur appartiendra par une loi perpétuelle. Tu consacreras donc Aaron et ses fils.
10 Tu amèneras le taureau devant la tente d’assignation, et Aaron et ses fils poseront leurs mains sur la tête du taureau.
11 Tu égorgeras le taureau devant l’Éternel, à l’entrée de la tente d’assignation.
12 Tu prendras du sang du taureau, tu en mettras avec ton doigt sur les cornes de l’autel, et tu répandras tout le sang au pied de l’autel.
13 Tu prendras toute la graisse qui couvre les entrailles, le grand lobe du foie, les deux rognons et la graisse qui les entoure, et tu brûleras cela sur l’autel.
14 Mais tu brûleras au feu hors du camp la chair du taureau, sa peau et ses excréments: c’est un sacrifice pour le péché.
15 Tu prendras l’un des béliers, et Aaron et ses fils poseront leurs mains sur la tête du bélier.
16 Tu égorgeras le bélier; tu en prendras le sang, et tu le répandras sur l’autel tout autour.
17 Tu couperas le bélier par morceaux, et tu laveras les entrailles et les jambes, que tu mettras sur les morceaux et sur sa tête.
18 Tu brûleras tout le bélier sur l’autel; c’est un holocauste à l’Éternel, c’est un sacrifice consumé par le feu, d’une agréable odeur à l’Éternel.
19 Tu prendras l’autre bélier, et Aaron et ses fils poseront leurs mains sur la tête du bélier.
20 Tu égorgeras le bélier; tu prendras de son sang, tu en mettras sur le lobe de l’oreille droite d’Aaron et sur le lobe de l’oreille droite de ses fils, sur le pouce de leur main droite et sur le gros orteil de leur pied droit, et tu répandras le sang sur l’autel tout autour.
21 Tu prendras du sang qui sera sur l’autel et de l’huile d’onction, et tu en feras l’aspersion sur Aaron et sur ses vêtements, sur ses fils et sur leurs vêtements. Ainsi seront consacrés Aaron et ses vêtements, ses fils et leurs vêtements.
22 Tu prendras la graisse du bélier, la queue, la graisse qui couvre les entrailles, le grand lobe du foie, les deux rognons et la graisse qui les entoure, et l’épaule droite, car c’est un bélier de consécration;
23 tu prendras aussi dans la corbeille de pains sans levain, placée devant l’Éternel, un gâteau de pain, un gâteau à l’huile et une galette.
24 Tu mettras toutes ces choses sur les mains d’Aaron et sur les mains de ses fils, et tu les agiteras de côté et d’autre devant l’Éternel.
25 Tu les ôteras ensuite de leurs mains, et tu les brûleras sur l’autel, par-dessus l’holocauste; c’est un sacrifice consumé par le feu devant l’Éternel, d’une agréable odeur à l’Éternel.
26 Tu prendras la poitrine du bélier qui aura servi à la consécration d’Aaron, et tu l’agiteras de côté et d’autre devant l’Éternel: ce sera ta portion.
27 Tu sanctifieras la poitrine et l’épaule du bélier qui aura servi à la consécration d’Aaron et de ses fils, la poitrine en l’agitant de côté et d’autre, l’épaule en la présentant par élévation.
28 Elles appartiendront à Aaron et à ses fils, par une loi perpétuelle qu’observeront les enfants d’Israël, car c’est une offrande par élévation; et, dans les sacrifices d’actions de grâces des enfants d’Israël, l’offrande par élévation sera pour l’Éternel.
29 Les vêtements sacrés d’Aaron seront après lui pour ses fils, qui les mettront lorsqu’on les oindra et qu’on les consacrera.
30 Ils seront portés pendant sept jours par celui de ses fils qui lui succédera dans le sacerdoce, et qui entrera dans la tente d’assignation, pour faire le service dans le sanctuaire.
31 Tu prendras le bélier de consécration, et tu en feras cuire la chair dans un lieu saint.
32 Aaron et ses fils mangeront, à l’entrée de la tente d’assignation, la chair du bélier et le pain qui sera dans la corbeille.
33 Ils mangeront ainsi ce qui aura servi d’expiation afin qu’ils fussent consacrés et sanctifiés; nul étranger n’en mangera, car ce sont des choses saintes.
34 S’il reste de la chair de consécration et du pain jusqu’au matin, tu brûleras dans le feu ce qui restera; on ne le mangera point, car c’est une chose sainte.
35 Tu suivras à l’égard d’Aaron et de ses fils tous les ordres que je t’ai donnés. Tu emploieras sept jours à les consacrer.
36 Tu offriras chaque jour un taureau en sacrifice pour le péché, pour l’expiation; tu purifieras l’autel par cette expiation, et tu l’oindras pour le sanctifier.
37 Pendant sept jours, tu feras des expiations sur l’autel, et tu le sanctifieras; et l’autel sera très saint, et tout ce qui touchera l’autel sera sanctifié.
38 Voici ce que tu offriras sur l’autel: deux agneaux d’un an, chaque jour, à perpétuité.
39 Tu offriras l’un des agneaux le matin, et l’autre agneau entre les deux soirs.
40 Tu offriras, avec le premier agneau, un dixième d’épha de fleur de farine pétrie dans un quart de hin d’huile d’olives concassées, et une libation d’un quart de hin de vin.
41 Tu offriras le second agneau entre les deux soirs, avec une offrande et une libation semblables à celles du matin; c’est un sacrifice consumé par le feu, d’une agréable odeur à l’Éternel.
42 Voilà l’holocauste perpétuel qui sera offert par vos descendants, à l’entrée de la tente d’assignation, devant l’Éternel: c’est là que je me rencontrerai avec vous, et que je te parlerai.
43 Je me rencontrerai là avec les enfants d’Israël, et ce lieu sera sanctifié par ma gloire.
44 Je sanctifierai la tente d’assignation et l’autel; je sanctifierai Aaron et ses fils, pour qu’ils soient à mon service dans le sacerdoce.
45 J’habiterai au milieu des enfants d’Israël, et je serai leur Dieu.
46 Ils connaîtront que je suis l’Éternel, leur Dieu, qui les ai fait sortir du pays d’Égypte, pour habiter au milieu d’eux. Je suis l’Éternel, leur Dieu.

Louis Segond {LSG}

Exodus 29

1 And this is the thing that thou shalt do unto them to hallow them, to minister unto me in the priest’s office: Take one young bullock, and two rams without blemish,
And unleavened bread, and cakes unleavened tempered with oil, and wafers unleavened anointed with oil: of wheaten flour shalt thou make them.
And thou shalt put them into one basket, and bring them in the basket, with the bullock and the two rams.
And Aaron and his sons thou shalt bring unto the door of the tabernacle of the congregation, and shalt wash them with water.
And thou shalt take the garments, and put upon Aaron the coat, and the robe of the ephod, and the ephod, and the breastplate, and gird him with the curious girdle of the ephod:
And thou shalt put the mitre upon his head, and put the holy crown upon the mitre.
Then shalt thou take the anointing oil, and pour it upon his head, and anoint him.
And thou shalt bring his sons, and put coats upon them.
And thou shalt gird them with girdles, Aaron and his sons, and put the bonnets on them: and the priest’s office shall be theirs for a perpetual statute: and thou shalt consecrate Aaron and his sons.
10 And thou shalt cause a bullock to be brought before the tabernacle of the congregation: and Aaron and his sons shall put their hands upon the head of the bullock.
11 And thou shalt kill the bullock before the Lord, by the door of the tabernacle of the congregation.
12 And thou shalt take of the blood of the bullock, and put it upon the horns of the altar with thy finger, and pour all the blood beside the bottom of the altar.
13 And thou shalt take all the fat that covereth the inwards, and the caul that is above the liver, and the two kidneys, and the fat that is upon them, and burn them upon the altar.
14 But the flesh of the bullock, and his skin, and his dung, shalt thou burn with fire without the camp: it is a sin offering.
15 Thou shalt also take one ram; and Aaron and his sons shall put their hands upon the head of the ram.
16 And thou shalt slay the ram, and thou shalt take his blood, and sprinkle it round about upon the altar.
17 And thou shalt cut the ram in pieces, and wash the inwards of him, and his legs, and put them unto his pieces, and unto his head.
18 And thou shalt burn the whole ram upon the altar: it is a burnt offering unto the Lord: it is a sweet savour, an offering made by fire unto the Lord.
19 And thou shalt take the other ram; and Aaron and his sons shall put their hands upon the head of the ram.
20 Then shalt thou kill the ram, and take of his blood, and put it upon the tip of the right ear of Aaron, and upon the tip of the right ear of his sons, and upon the thumb of their right hand, and upon the great toe of their right foot, and sprinkle the blood upon the altar round about.
21 And thou shalt take of the blood that is upon the altar, and of the anointing oil, and sprinkle it upon Aaron, and upon his garments, and upon his sons, and upon the garments of his sons with him: and he shall be hallowed, and his garments, and his sons, and his sons’ garments with him.
22 Also thou shalt take of the ram the fat and the rump, and the fat that covereth the inwards, and the caul above the liver, and the two kidneys, and the fat that is upon them, and the right shoulder; for it is a ram of consecration:
23 And one loaf of bread, and one cake of oiled bread, and one wafer out of the basket of the unleavened bread that is before the Lord:
24 And thou shalt put all in the hands of Aaron, and in the hands of his sons; and shalt wave them for a wave offering before the Lord.
25 And thou shalt receive them of their hands, and burn them upon the altar for a burnt offering, for a sweet savour before the Lord: it is an offering made by fire unto the Lord.
26 And thou shalt take the breast of the ram of Aaron’s consecration, and wave it for a wave offering before the Lord: and it shall be thy part.
27 And thou shalt sanctify the breast of the wave offering, and the shoulder of the heave offering, which is waved, and which is heaved up, of the ram of the consecration, even of that which is for Aaron, and of that which is for his sons:
28 And it shall be Aaron’s and his sons’ by a statute for ever from the children of Israel: for it is an heave offering: and it shall be an heave offering from the children of Israel of the sacrifice of their peace offerings, even their heave offering unto the Lord.
29 And the holy garments of Aaron shall be his sons’ after him, to be anointed therein, and to be consecrated in them.
30 And that son that is priest in his stead shall put them on seven days, when he cometh into the tabernacle of the congregation to minister in the holy place.
31 And thou shalt take the ram of the consecration, and seethe his flesh in the holy place.
32 And Aaron and his sons shall eat the flesh of the ram, and the bread that is in the basket by the door of the tabernacle of the congregation.
33 And they shall eat those things wherewith the atonement was made, to consecrate and to sanctify them: but a stranger shall not eat thereof, because they are holy.
34 And if ought of the flesh of the consecrations, or of the bread, remain unto the morning, then thou shalt burn the remainder with fire: it shall not be eaten, because it is holy.
35 And thus shalt thou do unto Aaron, and to his sons, according to all things which I have commanded thee: seven days shalt thou consecrate them.
36 And thou shalt offer every day a bullock for a sin offering for atonement: and thou shalt cleanse the altar, when thou hast made an atonement for it, and thou shalt anoint it, to sanctify it.
37 Seven days thou shalt make an atonement for the altar, and sanctify it; and it shall be an altar most holy: whatsoever toucheth the altar shall be holy.
38 Now this is that which thou shalt offer upon the altar; two lambs of the first year day by day continually.
39 The one lamb thou shalt offer in the morning; and the other lamb thou shalt offer at even:
40 And with the one lamb a tenth deal of flour mingled with the fourth part of an hin of beaten oil; and the fourth part of an hin of wine for a drink offering.
41 And the other lamb thou shalt offer at even, and shalt do thereto according to the meat offering of the morning, and according to the drink offering thereof, for a sweet savour, an offering made by fire unto the Lord.
42 This shall be a continual burnt offering throughout your generations at the door of the tabernacle of the congregation before the Lord: where I will meet you, to speak there unto thee.
43 And there I will meet with the children of Israel, and the tabernacle shall be sanctified by my glory.
44 And I will sanctify the tabernacle of the congregation, and the altar: I will sanctify also both Aaron and his sons, to minister to me in the priest’s office.
45 And I will dwell among the children of Israel, and will be their God.
46 And they shall know that I am the Lord their God, that brought them forth out of the land of Egypt, that I may dwell among them: I am the Lord their God.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}