Liv Levitik / Levitique / Levticus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Levitik 25

1 Seyè a pale ak Moyiz sou mòn Sinayi a, li di l’ konsa:
-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w’a di yo pou mwen: Lè n’a antre nan peyi m’ap ban nou an, n’a bay tè a yon repo pou Seyè a.
Pandan sizan n’a plante jaden nou, n’a taye pye rezen nou yo, epi n’a ranmase rekòt pandan sizan.
Men, setyèm lanne a n’a kite tè a poze nèt. Se va yon gwo lanne repo pou tè a. Se va yon lanne n’a kite tè a pran repo pou Seyè a. Nou p’ap simen anyen nan jaden nou, ni nou p’ap taye pye rezen nou yo.
Piga nou ranmase grenn ki pouse konsa nan jaden nou pou nou vann. Ni piga nou keyi rezen ki donnen nan pye rezen nou pa t’ taye pou nou vann. Se va yon lanne repo nèt pou te a.
Pandan tout lanne a tè a va rete san nou pa travay li. Men, sa l’a bay la va sèvi manje pou nou ak pou tout moun k’ap viv lakay nou, pou moun lòt nasyon ki fè ladesant lakay nou.
Bèt domestik nou yo ak bèt bwa ki nan peyi a va manje nan sa tè a bay la tou.
 N’a konte sèt lanne Repo, ki vle di sèt fwa sèt lanne, sa va ban nou karantnèf lanne.
Sou dizyèm jou setyèm mwa a ki jou pou n’ mande Bondye gras la, n’a fè kònen twonpèt nan tout peyi a.
10 N’a mete senkantyèm lanne sa a apa pou Bondye, epi n’a bay lòd pou yo bay tout moun ki esklav nan peyi a libète yo pou tout lanne a. Se va yon lanne rejwisans pou tout moun. Lanne sa a, tou sa yo te vann anvan ap tounen pou ansyen mèt yo ankò osinon pou eritye yo. Tout moun ki te esklav ap tounen lib lakay yo.
11 Senkantyèm lanne sa a va yon lanne rejwisans pou tout moun: Nou p’ap simen anyen nan jaden nou yo, ni nou p’ap ranmase grenn ki pouse konsa nan jaden nou yo pou nou vann, ni nou p’ap keyi rezen ki donnen nan pye rezen nou pa t’ taye pou nou vann.
12 Paske se va yon lanne rejwisans, se va yon lanne n’a mete apa nèt pou Seyè a. Men n’a manje tou sa jaden nou pa t’ plante yo bay.
13 Nan lanne rejwisans sa a, tout tè ki te vann ap tounen pou ansyen mèt yo ankò.
14 Konsa, si n’ap vann yon moun pèp Izrayèl parèy nou yon tè osinon si n’ap achte tè nan men l’, piga nou fè koutay yonn sou do lòt.
15 Lè n’ap achte yon tè osinon lè w’ap vann yon tè, se pou nou kalkile pri a sou kantite lanne tè a ka travay anvan lanne rejwisans k’ap vini an rive.
16 Plis gen lanne anvan lanne rejwisans lan rive, se plis pri a va pi wo. Mwens gen lanne, se plis pri a va pi ba, paske se kantite lanne rekòt tè a ka bay la n’ap vann osinon n’ap achte.
17 Pa fè lajan sou do moun pèp Izrayèl parèy nou. Men, se pou nou gen krentif pou Bondye nou, paske se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
18 Se pou nou swiv lòd mwen ban nou yo, se pou nou kenbe tout kòmandman m’ yo. Se pou nou swiv yo, se konsa n’a kapab viv nan peyi a san nou pa bezwen pè anyen.
19 Tè a va bay rekòt li, n’a manje kont nou, epi n’a viv nan peyi a ak kè poze.
20 Men, gen moun ki va mande kisa y’a manje setyèm lanne a si yo pa plante, si yo pa ranmase rekòt.
21 Mwen menm, Seyè a, m’a voye benediksyon m’ sou tè a pandan sizyèm lanne a pou l’ ka donnen rekòt kantite pou twazan.
22 Konsa, lè wityèm lanne a va rive pou nou plante jaden nou yo, n’a jwenn manje toujou nan ansyen rekòt sizyèm lanne a. N’a gen kont pou nou manje jouk nevyèm lanne a rivè, lè n’a gen pou n’ ranmase rekòt wityèm lanne sa a.
23  Yon tè pa fèt pou vann pou tout tan, paske tè a pa pou nou, se pou mwen li ye. Nou menm, nou tankou moun lòt peyi ki rete lakay mwen: mwen ban nou dwa sèvi sou tè a.
24 Lè n’ap achte yon tè nan peyi nou an, se pou nou rekonèt dwa ansyen mèt tè a genyen pou l’ reachte tè a ankò.
25 Lè yon moun pèp Izrayèl parèy nou vin nan nesesite, epi li blije vann pòsyon tè ki pou li a, fanmi ki pi pre l’ la va reachte tè li te vann lan, paske se li ki gen dwa fè sa.
26 Men, si yon nonm pa gen fanmi pre pou reachte tè a, epi apre kèk tan zafè l’ vin bon ankò, l’a reachte tè a lè l’a gen kont lajan pou sa.
27 L’a kalkile depi ki tan li te vann tè a, epi l’a renmèt moun ki te achte tè a nan men l’ lan lajan ki koresponn ak kantite lanne ki rete anvan lanne rejwisans k’ap vini an, epi l’a reprann tè li.
28 Men, si li pa gen kont kòb pou reachte tè a, tè a va rete nan men moun ki te achte l’ la jouk lanne rejwisans k’ap vini an. Lè sa a, tè a va tounen nan men ansyen mèt li ankò.
29 Si yon nonm vann yon kay ki nan yon bouk ki gen ranpa, li gen yon lanne delè, depi dat li te vann kay la, pou l’ reachte l’ ankò. Pase yon lanne, li pèdi dwa a.
30 Si li kite tout lanne a pase san li pa reachte kay la, kay la ap rete pou moun ki te achte l’ la ak pou pitit pitit li yo. Yo p’ap renmèt li kay la lè lanne rejwisans la rive.
31 Men, kay ki nan bouk kote ki pa gen ranpa, y’ap konsidere yo menm jan ak yon jaden. Ansyen mèt la gen dwa reachte l’ ankò. Men, tout jan se pou yo renmèt li kay la, lè lanne rejwisans lan rive.
32 Moun Levi yo menm ap gen lavil pa yo apa. Yon moun Levi ap toujou gen dwa reachte kay ki te pou li nenpòt kilè.
33 Si yon moun Levi rive vann yon kay ki nan lavil moun Levi yo, epi li pa reachte l’, se pou yo renmèt li kay la lè lanne rejwisans lan rive, paske lè yon moun Levi gen yon kay nan mitan pèp la, kay la pou li nèt.
34 Konsa tou, pou jaden ki tout arebò lavil moun Levi yo, yo pa gen dwa vann li, paske se pou yo li ye pou tout tan.
35 Si yon moun pèp Izrayèl parèy nou k’ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li tonbe nan malsite, se pou nou lonje men ba li tankou nou ta dwe fè l’ pou yon moun lòt nasyon k’ap travay lakay nou osinon ki vin fè ladesant lakay nou. Konsa, l’a toujou ka viv bò kote nou.
36 Pa fè l’ peye ankenn enterè, pa ba l’ ponya. Gen krentif pou Bondye. Bay moun pèp Izrayèl parèy nou an yon chans pou l’ viv tou.
37 Piga nou mande l’ enterè sou lajan nou prete l’. Piga nou ba l’ ponya pou manje nou vann li.
38 Se mwen menm Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip pou m’ te ka ban nou peyi Kanaran an epitou pou m’ te ka Bondye nou.
39  Si yon moun pèp Izrayèl parèy nou k’ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li vann tèt li ban nou pou li sèvi nou esklav, piga nou fè l’ fè travay yon domestik.
40 L’ap rete lakay nou tankou moun lòt nasyon yo k’ap travay pou lajan lakay nou. L’a sèvi nou jouk lanne rejwisans k’ap vini an.
41 Lè sa a, li menm ak tout pitit li yo, y’a kite lakay nou, y’a tounen al jwenn fanmi yo, epi y’a renmèt yo tè zansèt yo te kite pou yo a.
42 Paske se esklav mwen nou ye, se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip. Yo pa gen dwa vann nou pou fè nou sèvi esklav lòt moun.
43 Piga nou aji mal ak moun pèp Izrayèl parèy nou yo. Se pou nou gen krentif pou Bondye nou an.
44 Lè n’a bezwen gason osinon fi pou sèvi esklav lakay nou, nou ka achte yo nan moun lòt nasyon k’ap viv lòt bò fwontyè peyi nou an.
45 Nou ka achte pitit moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan nou tou. Konsa tou, lè yo rete lakay nou, si yo fè pitit sou tè ki pou nou, pitit yo va pou nou tou.
46 N’a kite yo tankou byen pou pitit nou yo. Y’a sèvi yo jouk yo mouri. Nou pa dwe maltrete moun pèp Izrayèl parèy nou. Men, se pou nou aji avèk yo tankou frè ak frè.
47 Sipoze yon moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan nou nan peyi a vin gen anpil mwayen epi yon moun pèp Izrayèl parèy nou k’ap viv lakay nou, osinon pre kay moun lòt nasyon an, vin nan nesesite epi l al vann tèt li bay moun lòt nasyon an, osinon bay yonn nan fanmi moun lòt nasyon an pou li sèvi l’ esklav.
48 Apre li vann tèt li a, l’a toujou gen avantaj moun ka reachte l’ pou ba li libète l’. Se bagay yonn nan frè li yo,
49 osinon tonton l’, osinon pitit gason tonton l’ yo, osinon yonn nan fanmi pre li yo ka fè pou li. Si li menm li vin gen mwayen, li ka reachte tèt li tou.
50 Dakò ak moun ki te achte l’ la, se pou l’ konte konbe lanne ki gen depi lanne li te vann tèt li bay moun lan jouk lanne rejwisans k’ap vini an. Lè sa a, l’a kalkile lajan pou l’ bay la sou kantite lanne l’a jwenn lan, epi sou pri yo peye lè konsa pou yon moun k’ap travay pou lajan lakay moun.
51 Lè gen anpil lanne ki rete, l’a kalkile sou yo pou l’ konnen valè lajan pou l’ renmèt pou l’ ka reachte tèt li.
52 Men, si pa gen lanne ki rete anvan lanne rejwisans lan, y’a kalkile ansanm, epi l’a renmèt li lajan dapre kantite lanne ki rete a pou l’ ka reachte tèt li.
53 Paske l’ap travay ak moun lan tankou domestik k’ap travay pou lajan pa an, ou pa fèt pou kite moun lan maltrete li.
54 Si li pa reachte tèt li konsa, lè lanne rejwisans lan rive, ni li menm, ni pitit gason l’ yo va lib ankò. Epi y’a kite kay moun lan.
55 Se pou nou swiv regleman sa yo, paske se esklav pa m’ moun pèp Izrayèl yo ye. Yo se esklav mwen te fè soti kite peyi Lejip. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Levitique 25

1 L’Éternel parla à Moïse sur la montagne de Sinaï, et dit:
Parle aux enfants d’Israël, et tu leur diras: Quand vous serez entrés dans le pays que je vous donne, la terre se reposera: ce sera un sabbat en l’honneur de l’Éternel.
Pendant six années tu ensemenceras ton champ, pendant six années tu tailleras ta vigne; et tu en recueilleras le produit.
Mais la septième année sera un sabbat, un temps de repos pour la terre, un sabbat en l’honneur de l’Éternel: tu n’ensemenceras point ton champ, et tu ne tailleras point ta vigne.
Tu ne moissonneras point ce qui proviendra des grains tombés de ta moisson, et tu ne vendangeras point les raisins de ta vigne non taillée: ce sera une année de repos pour la terre.
Ce que produira la terre pendant son sabbat vous servira de nourriture, à toi, à ton serviteur et à ta servante, à ton mercenaire et à l’étranger qui demeurent avec toi,
à ton bétail et aux animaux qui sont dans ton pays; tout son produit servira de nourriture.
Tu compteras sept sabbats d’années, sept fois sept années, et les jours de ces sept sabbats d’années feront quarante-neuf ans.
Le dixième jour du septième mois, tu feras retentir les sons éclatants de la trompette; le jour des expiations, vous sonnerez de la trompette dans tout votre pays.
10 Et vous sanctifierez la cinquantième année, vous publierez la liberté dans le pays pour tous ses habitants: ce sera pour vous le jubilé; chacun de vous retournera dans sa propriété, et chacun de vous retournera dans sa famille.
11 La cinquantième année sera pour vous le jubilé: vous ne sèmerez point, vous ne moissonnerez point ce que les champs produiront d’eux-mêmes, et vous ne vendangerez point la vigne non taillée.
12 Car c’est le jubilé: vous le regarderez comme une chose sainte. Vous mangerez le produit de vos champs.
13 Dans cette année de jubilé, chacun de vous retournera dans sa propriété.
14 Si vous vendez à votre prochain, ou si vous achetez de votre prochain, qu’aucun de vous ne trompe son frère.
15 Tu achèteras de ton prochain, en comptant les années depuis le jubilé; et il te vendra, en comptant les années de rapport.
16 Plus il y aura d’années, plus tu élèveras le prix; et moins il y aura d’années, plus tu le réduiras; car c’est le nombre des récoltes qu’il te vend.
17 Aucun de vous ne trompera son prochain, et tu craindras ton Dieu; car je suis l’Éternel, votre Dieu.
18 Mettez mes lois en pratique, observez mes ordonnances et mettez-les en pratique; et vous habiterez en sécurité dans le pays.
19 Le pays donnera ses fruits, vous mangerez à satiété, et vous y habiterez en sécurité.
20 Si vous dites: Que mangerons-nous la septième année, puisque nous ne sèmerons point et ne ferons point nos récoltes?
21 je vous accorderai ma bénédiction la sixième année, et elle donnera des produits pour trois ans.
22 Vous sèmerez la huitième année, et vous mangerez de l’ancienne récolte; jusqu’à la neuvième année, jusqu’à la nouvelle récolte, vous mangerez de l’ancienne.
23 Les terres ne se vendront point à perpétuité; car le pays est à moi, car vous êtes chez moi comme étrangers et comme habitants.
24 Dans tout le pays dont vous aurez la possession, vous établirez le droit de rachat pour les terres.
25 Si ton frère devient pauvre et vend une portion de sa propriété, celui qui a le droit de rachat, son plus proche parent, viendra et rachètera ce qu’a vendu son frère.
26 Si un homme n’a personne qui ait le droit de rachat, et qu’il se procure lui-même de quoi faire son rachat,
27 il comptera les années depuis la vente, restituera le surplus à l’acquéreur, et retournera dans sa propriété.
28 S’il ne trouve pas de quoi lui faire cette restitution, ce qu’il a vendu restera entre les mains de l’acquéreur jusqu’à l’année du jubilé; au jubilé, il retournera dans sa propriété, et l’acquéreur en sortira.
29 Si un homme vend une maison d’habitation dans une ville entourée de murs, il aura le droit de rachat jusqu’à l’accomplissement d’une année depuis la vente; son droit de rachat durera un an.
30 Mais si cette maison située dans une ville entourée de murs n’est pas rachetée avant l’accomplissement d’une année entière, elle restera à perpétuité à l’acquéreur et à ses descendants; il n’en sortira point au jubilé.
31 Les maisons des villages non entourés de murs seront considérées comme des fonds de terre; elles pourront être rachetées, et l’acquéreur en sortira au jubilé.
32 Quant aux villes des Lévites et aux maisons qu’ils y posséderont, les Lévites auront droit perpétuel de rachat.
33 Celui qui achètera des Lévites une maison, sortira au jubilé de la maison vendue et de la ville où il la possédait; car les maisons des villes des Lévites sont leur propriété au milieu des enfants d’Israël.
34 Les champs situés autour des villes des Lévites ne pourront point se vendre; car ils en ont à perpétuité la possession.
35 Si ton frère devient pauvre, et que sa main fléchisse près de toi, tu le soutiendras; tu feras de même pour celui qui est étranger et qui demeure dans le pays, afin qu’il vive avec toi.
36 Tu ne tireras de lui ni intérêt ni usure, tu craindras ton Dieu, et ton frère vivra avec toi.
37 Tu ne lui prêteras point ton argent à intérêt, et tu ne lui prêteras point tes vivres à usure.
38 Je suis l’Éternel, ton Dieu, qui vous ai fait sortir du pays d’Égypte, pour vous donner le pays de Canaan, pour être votre Dieu.
39 Si ton frère devient pauvre près de toi, et qu’il se vende à toi, tu ne lui imposeras point le travail d’un esclave.
40 Il sera chez toi comme un mercenaire, comme celui qui y demeure; il sera à ton service jusqu’à l’année du jubilé.
41 Il sortira alors de chez toi, lui et ses enfants avec lui, et il retournera dans sa famille, dans la propriété de ses pères.
42 Car ce sont mes serviteurs, que j’ai fait sortir du pays d’Égypte; ils ne seront point vendus comme on vend des esclaves.
43 Tu ne domineras point sur lui avec dureté, et tu craindras ton Dieu.
44 C’est des nations qui vous entourent que tu prendras ton esclave et ta servante qui t’appartiendront, c’est d’elles que vous achèterez l’esclave et la servante.
45 Vous pourrez aussi en acheter des enfants des étrangers qui demeureront chez toi, et de leurs familles qu’ils engendreront dans votre pays; et ils seront votre propriété.
46 Vous les laisserez en héritage à vos enfants après vous, comme une propriété; vous les garderez comme esclaves à perpétuité. Mais à l’égard de vos frères, les enfants d’Israël, aucun de vous ne dominera avec dureté sur son frère.
47 Si un étranger, si celui qui demeure chez toi devient riche, et que ton frère devienne pauvre près de lui et se vende à l’étranger qui demeure chez toi ou à quelqu’un de la famille de l’étranger,
48 il y aura pour lui le droit de rachat, après qu’il se sera vendu: un de ses frères pourra le racheter.
49 Son oncle, ou le fils de son oncle, ou l’un de ses proches parents, pourra le racheter; ou bien, s’il en a les ressources, il se rachètera lui-même.
50 Il comptera avec celui qui l’a acheté depuis l’année où il s’est vendu jusqu’à l’année du jubilé; et le prix à payer dépendra du nombre d’années, lesquelles seront évaluées comme celles d’un mercenaire.
51 S’il y a encore beaucoup d’années, il paiera son rachat à raison du prix de ces années et pour lequel il a été acheté;
52 s’il reste peu d’années jusqu’à celle du jubilé, il en fera le compte, et il paiera son rachat à raison de ces années.
53 Il sera comme un mercenaire à l’année, et celui chez qui il sera ne le traitera point avec dureté sous tes yeux.
54 S’il n’est racheté d’aucune de ces manières, il sortira l’année du jubilé, lui et ses enfants avec lui.
55 Car c’est de moi que les enfants d’Israël sont esclaves; ce sont mes esclaves, que j’ai fait sortir du pays d’Égypte. Je suis l’Éternel, votre Dieu.
Louis Segond {LSG}

Leviticus 25

1 And the Lord spake unto Moses in mount Sinai, saying,
Speak unto the children of Israel, and say unto them, When ye come into the land which I give you, then shall the land keep a sabbath unto the Lord.
Six years thou shalt sow thy field, and six years thou shalt prune thy vineyard, and gather in the fruit thereof;
But in the seventh year shall be a sabbath of rest unto the land, a sabbath for the Lord: thou shalt neither sow thy field, nor prune thy vineyard.
That which groweth of its own accord of thy harvest thou shalt not reap, neither gather the grapes of thy vine undressed: for it is a year of rest unto the land.
And the sabbath of the land shall be meat for you; for thee, and for thy servant, and for thy maid, and for thy hired servant, and for thy stranger that sojourneth with thee.
And for thy cattle, and for the beast that are in thy land, shall all the increase thereof be meat.
And thou shalt number seven sabbaths of years unto thee, seven times seven years; and the space of the seven sabbaths of years shall be unto thee forty and nine years.
Then shalt thou cause the trumpet of the jubile to sound on the tenth day of the seventh month, in the day of atonement shall ye make the trumpet sound throughout all your land.
10 And ye shall hallow the fiftieth year, and proclaim liberty throughout all the land unto all the inhabitants thereof: it shall be a jubile unto you; and ye shall return every man unto his possession, and ye shall return every man unto his family.
11 A jubile shall that fiftieth year be unto you: ye shall not sow, neither reap that which groweth of itself in it, nor gather the grapes in it of thy vine undressed.
12 For it is the jubile; it shall be holy unto you: ye shall eat the increase thereof out of the field.
13 In the year of this jubile ye shall return every man unto his possession.
14 And if thou sell ought unto thy neighbour, or buyest ought of thy neighbour’s hand, ye shall not oppress one another:
15 According to the number of years after the jubile thou shalt buy of thy neighbour, and according unto the number of years of the fruits he shall sell unto thee:
16 According to the multitude of years thou shalt increase the price thereof, and according to the fewness of years thou shalt diminish the price of it: for according to the number of the years of the fruits doth he sell unto thee.
17 Ye shall not therefore oppress one another; but thou shalt fear thy God:for I am the Lord your God.
18 Wherefore ye shall do my statutes, and keep my judgments, and do them; and ye shall dwell in the land in safety.
19 And the land shall yield her fruit, and ye shall eat your fill, and dwell therein in safety.
20 And if ye shall say, What shall we eat the seventh year? behold, we shall not sow, nor gather in our increase:
21 Then I will command my blessing upon you in the sixth year, and it shall bring forth fruit for three years.
22 And ye shall sow the eighth year, and eat yet of old fruit until the ninth year; until her fruits come in ye shall eat of the old store.
23 The land shall not be sold for ever: for the land is mine, for ye are strangers and sojourners with me.
24 And in all the land of your possession ye shall grant a redemption for the land.
25 If thy brother be waxen poor, and hath sold away some of his possession, and if any of his kin come to redeem it, then shall he redeem that which his brother sold.
26 And if the man have none to redeem it, and himself be able to redeem it;
27 Then let him count the years of the sale thereof, and restore the overplus unto the man to whom he sold it; that he may return unto his possession.
28 But if he be not able to restore it to him, then that which is sold shall remain in the hand of him that hath bought it until the year of jubile: and in the jubile it shall go out, and he shall return unto his possession.
29 And if a man sell a dwelling house in a walled city, then he may redeem it within a whole year after it is sold; within a full year may he redeem it.
30 And if it be not redeemed within the space of a full year, then the house that is in the walled city shall be established for ever to him that bought it throughout his generations: it shall not go out in the jubile.
31 But the houses of the villages which have no wall round about them shall be counted as the fields of the country: they may be redeemed, and they shall go out in the jubile.
32 Notwithstanding the cities of the Levites, and the houses of the cities of their possession, may the Levites redeem at any time.
33 And if a man purchase of the Levites, then the house that was sold, and the city of his possession, shall go out in the year of jubile: for the houses of the cities of the Levites are their possession among the children of Israel.
34 But the field of the suburbs of their cities may not be sold; for it is their perpetual possession.
35 And if thy brother be waxen poor, and fallen in decay with thee; then thou shalt relieve him: yea, though he be a stranger, or a sojourner; that he may live with thee.
36 Take thou no usury of him, or increase: but fear thy God; that thy brother may live with thee.
37 Thou shalt not give him thy money upon usury, nor lend him thy victuals for increase.
38 I am the Lord your God, which brought you forth out of the land of Egypt, to give you the land of Canaan, and to be your God.
39 And if thy brother that dwelleth by thee be waxen poor, and be sold unto thee; thou shalt not compel him to serve as a bondservant:
40 But as an hired servant, and as a sojourner, he shall be with thee, and shall serve thee unto the year of jubile.
41 And then shall he depart from thee, both he and his children with him, and shall return unto his own family, and unto the possession of his fathers shall he return.
42 For they are my servants, which I brought forth out of the land of Egypt: they shall not be sold as bondmen.
43 Thou shalt not rule over him with rigour; but shalt fear thy God.
44 Both thy bondmen, and thy bondmaids, which thou shalt have, shall be of the heathen that are round about you; of them shall ye buy bondmen and bondmaids.
45 Moreover of the children of the strangers that do sojourn among you, of them shall ye buy, and of their families that are with you, which they begat in your land: and they shall be your possession.
46 And ye shall take them as an inheritance for your children after you, to inherit them for a possession; they shall be your bondmen for ever: but over your brethren the children of Israel, ye shall not rule one over another with rigour.
47 And if a sojourner or stranger wax rich by thee, and thy brother that dwelleth by him wax poor, and sell himself unto the stranger or sojourner by thee, or to the stock of the stranger’s family:
48 After that he is sold he may be redeemed again; one of his brethren may redeem him:
49 Either his uncle, or his uncle’s son, may redeem him, or any that is nigh of kin unto him of his family may redeem him; or if he be able, he may redeem himself.
50 And he shall reckon with him that bought him from the year that he was sold to him unto the year of jubile: and the price of his sale shall be according unto the number of years, according to the time of an hired servant shall it be with him.
51 If there be yet many years behind, according unto them he shall give again the price of his redemption out of the money that he was bought for.
52 And if there remain but few years unto the year of jubile, then he shall count with him, and according unto his years shall he give him again the price of his redemption.
53 And as a yearly hired servant shall he be with him: and the other shall not rule with rigour over him in thy sight.
54 And if he be not redeemed in these years, then he shall go out in the year of jubile, both he, and his children with him.
55 For unto me the children of Israel are servants; they are my servants whom I brought forth out of the land of Egypt: I am the Lord your God.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}