Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 18  

1 Pou chèf sanba yo. Se chante sa a David, sèvitè Seyè a, te chante pou Bondye lè Bondye te delivre l’ anba Sayil ansanm ak tout lòt lènmi l’ yo. (18:2) Ala renmen mwen renmen ou, Seyè! Se ou menm ki tout fòs mwen.
 Se ou menm ki twou wòch kote m’ kache a. Se ou menm ki sèvi m’ ranpa. Se ou menm ki delivre m’. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m’. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k’ap sove m’. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m’ kache.
 Mwen rele Seyè a: Li delivre m’ anba lènmi m’ yo. Lwanj pou Seyè a!
 Lanmò te fin vlope m’. Mwen te pè lè m’ wè tout malè sa yo tonbe sou mwen.
 Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kote m’ vire, mwen wè lanmò devan m’.
 Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Seyè a. Mwen mande Bondye m’ lan sekou. Kote l’ chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.
 Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Mòn yo pran tranble jouk nan rasin yo. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te ankòlè!
 Lafimen t’ap soti nan twou nen li. Yon gwo flanm dife ak moso chabon tou limen t’ap soti nan bouch li.
 Li bese syèl la, li desann avè yon gwo nwaj nwa anba pye li.
10  Li moute sou do yon zanj cheriben, li t’ap vole. Yon kouran van t’ap pouse l’ ale.
11  Li te kache kò l’ nan fènwa. Yon gwo nwaj pwès, plen dlo, te vlope l’ toupatou.
12  Anpil lagrèl ak anpil chabon dife t’ap soti nan gwo limyè ki t’ap klere devan l’ lan.
13  Seyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li.
14  Li voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m’ yo. Li fè yo tout kouri ak kout zèklè.
15  Lè ou ankòlè, Seyè, van yo soti ak fòs nan twou nen ou. Lè konsa moun wè fon lanmè a, fondasyon tè a parèt aklè.
16  Seyè a rete nan syèl la, li lonje men l’, li pran m’. Li rale m’ soti nan gwo dlo yo kote m’ te ye a.
17  Li delivre m’ anba gwo lènmi m’ yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m’ epi ki te pi fò pase m’.
18  Lè m’ te nan tray, yo pwofite atake m’. Men, Seyè a te soutni m’.
19  Li wete m’ nan move pa a. Li delivre m’ paske li renmen mwen.
20  Seyè a ban m’ rekonpans mwen, paske li wè m’ mache dwat devan li. Li ban m’ benediksyon, paske li wè mwen inonsan.
21  Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa vire do bay Bondye m’ lan pou m’ fè sa ki mal.
22  Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo.
23  Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m’ pou m’ pa fè sa ki mal.
24  Se konsa li ban m’ rekonpans mwen, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan.
25  Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo. Ou bon ak moun ki bon.
26  Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou, men ou malen ak moun ki malen.
27  Ou delivre moun ki soumèt devan ou, men ou desann moun ki konprann yo pa kanmarad pesonn.
28  Seyè, ou se limyè mwen, ou se Bondye mwen. Se ou ki wete m’ nan fènwa kote m’ te ye a.
29  Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m’ yo ki ame jouk nan dan. Avèk ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans.
30  Bondye oo! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
31  Ki moun ki Bondye si se pa Seyè a? Ki moun ki pran defans nou si se pa Bondye nou an?32 (18:33) Se Bondye ki ban m’ fòs, li fè m’ mennen yon vi san repwòch.
33  Li asire pye m’ tankou pye kabrit. Li fè m’ mache sou mòn yo, san m’ pa tonbe.
34  Li moutre m’ jan pou m’ goumen. Li ban m’ fòs pou m’ sèvi ak pi gwo banza ki genyen.
35  Se ou menm, Seyè, ki pwoteje m’. Se ou ki delivre m’. Si m’ kapab leve kanpe, se paske ou renmen m’. Pouvwa ou pa kite m’ tonbe.
36  Ou pa kite yo bare wout mwen. Mwen pa janm pèdi pye.
37  Mwen kouri dèyè lènmi m’ yo, mwen jwenn yo. Mwen pa tounen jouk tan mwen pa fin kraze yo nèt.
38  Mwen jete yo atè, yo pa ka leve. Yo tonbe, mwen mete pye m’ sou kou yo.
39  Ou ban m’ kont fòs pou batay la. Ou fè lènmi m’ yo mande m’ padon.
40  Ou fè lènmi m’ yo kouri devan m’. Mwen disparèt tout moun ki rayi m’ yo.
41  Y’ap rele, y’ap mande sekou. Men, pa gen moun ki ka delivre yo! Y’ap rele Seyè a, men li pa reponn yo.
42  Mwen kraze yo, yo tout tounen pousyè van pote yo ale. Mwen mache sou yo tankou sou labou nan lari.
43  Ou delivre m’ anba pèp rebèl sa a. Ou mete m’ chèf pou m’ gouvènen sou tout nasyon yo. Pèp mwen pa t’ janm konnen, se yo menm k’ap sèvi m’.
44  Moun lòt peyi yo ap flate m’. Kou yo tande vwa m’, yo obeyi:
45  Yo pèdi tout kouraj yo. Yo soti kote yo te kache a, y’ap tranble kou fèy bwa.
46  Viv Seyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre mwen! Ann fè konnen jan li gen pouvwa!
47  Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen.
48  Li sove m’ anba lènmi m’ yo. Li wete m’ anba men moun ki t’ap konbat mwen yo. Ou delivre m’ anba ansasen yo.
49  Se poutèt sa, Seyè, m’a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. M’a chante pou fè lwanj ou.
50  Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li te chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 18

1 Au chef des chantres. Du serviteur de l’Éternel, de David, qui adressa à l’Éternel les paroles de ce cantique, lorsque l’Éternel l’eut délivré de la main de tous ses ennemis et de la main de Saül. Il dit: (18:2) Je t’aime, ô Éternel, ma force!
 Éternel, mon rocher, ma forteresse, mon libérateur! Mon Dieu, mon rocher, où je trouve un abri! Mon bouclier, la force qui me sauve, ma haute retraite!
 Je m’écrie: Loué soit l’Éternel! Et je suis délivré de mes ennemis.
 Les liens de la mort m’avaient environné, Et les torrents de la destruction m’avaient épouvanté;
 Les liens du sépulcre m’avaient entouré, Les filets de la mort m’avaient surpris.
 Dans ma détresse, j’ai invoqué l’Éternel, J’ai crié à mon Dieu; De son palais, il a entendu ma voix, Et mon cri est parvenu devant lui à ses oreilles.
 La terre fut ébranlée et trembla, Les fondements des montagnes frémirent, Et ils furent ébranlés, parce qu’il était irrité.
 Il s’élevait de la fumée dans ses narines, Et un feu dévorant sortait de sa bouche: Il en jaillissait des charbons embrasés.
 Il abaissa les cieux, et il descendit: Il y avait une épaisse nuée sous ses pieds.
10  Il était monté sur un chérubin, et il volait, Il planait sur les ailes du vent.
11  Il faisait des ténèbres sa retraite, sa tente autour de lui, Il était enveloppé des eaux obscures et de sombres nuages.
12  De la splendeur qui le précédait s’échappaient les nuées, Lançant de la grêle et des charbons de feu.
13  L’Éternel tonna dans les cieux, Le Très Haut fit retentir sa voix, Avec la grêle et les charbons de feu.
14  Il lança ses flèches et dispersa mes ennemis, Il multiplia les coups de la foudre et les mit en déroute.
15  Le lit des eaux apparut, Les fondements du monde furent découverts, Par ta menace, ô Éternel! Par le bruit du souffle de tes narines.
16  Il étendit sa main d’en haut, il me saisit, Il me retira des grandes eaux;
17  Il me délivra de mon adversaire puissant, De mes ennemis qui étaient plus forts que moi.
18  Ils m’avaient surpris au jour de ma détresse; Mais l’Éternel fut mon appui.
19  Il m’a mis au large, Il m’a sauvé, parce qu’il m’aime.
20  L’Éternel m’a traité selon ma droiture, Il m’a rendu selon la pureté de mes mains;
21  Car j’ai observé les voies de l’Éternel, Et je n’ai point été coupable envers mon Dieu.
22  Toutes ses ordonnances ont été devant moi, Et je ne me suis point écarté de ses lois.
23  J’ai été sans reproche envers lui, Et je me suis tenu en garde contre mon iniquité.
24  Aussi l’Éternel m’a rendu selon ma droiture, Selon la pureté de mes mains devant ses yeux.
25  Avec celui qui est bon tu te montres bon, Avec l’homme droit tu agis selon la droiture,
26  Avec celui qui est pur tu te montres pur, Et avec le pervers tu agis selon sa perversité.
27  Tu sauves le peuple qui s’humilie, Et tu abaisses les regards hautains.
28  Oui, tu fais briller ma lumière; L’Éternel, mon Dieu, éclaire mes ténèbres.
29  Avec toi je me précipite sur une troupe en armes, Avec mon Dieu je franchis une muraille.
30  Les voies de Dieu sont parfaites, La parole de l’Éternel est éprouvée; Il est un bouclier pour tous ceux qui se confient en lui.
31  Car qui est Dieu, si ce n’est l’Éternel; Et qui est un rocher, si ce n’est notre Dieu?
32  C’est Dieu qui me ceint de force, Et qui me conduit dans la voie droite.
33  Il rend mes pieds semblables à ceux des biches, Et il me place sur mes lieux élevés.
34  Il exerce mes mains au combat, Et mes bras tendent l’arc d’airain.
35  Tu me donnes le bouclier de ton salut, Ta droite me soutient, Et je deviens grand par ta bonté.
36  Tu élargis le chemin sous mes pas, Et mes pieds ne chancellent point.
37  Je poursuis mes ennemis, je les atteins, Et je ne reviens pas avant de les avoir anéantis.
38  Je les brise, et ils ne peuvent se relever; Ils tombent sous mes pieds.
39  Tu me ceins de force pour le combat, Tu fais plier sous moi mes adversaires.
40  Tu fais tourner le dos à mes ennemis devant moi, Et j’extermine ceux qui me haïssent.
41  Ils crient, et personne pour les sauver! Ils crient à l’Éternel, et il ne leur répond pas!
42  Je les broie comme la poussière qu’emporte le vent, Je les foule comme la boue des rues.
43  Tu me délivres des dissensions du peuple; Tu me mets à la tête des nations; Un peuple que je ne connaissais pas m’est asservi.
44  Ils m’obéissent au premier ordre, Les fils de l’étranger me flattent;
45  Les fils de l’étranger sont en défaillance, Ils tremblent hors de leurs forteresses.
46  Vive l’Éternel, et béni soit mon rocher! Que le Dieu de mon salut soit exalté,
47  Le Dieu qui est mon vengeur, Qui m’assujettit les peuples,
48  Qui me délivre de mes ennemis! Tu m’élèves au-dessus de mes adversaires, Tu me sauves de l’homme violent.
49  C’est pourquoi je te louerai parmi les nations, ô Éternel! Et je chanterai à la gloire de ton nom.
50  Il accorde de grandes délivrances à son roi, Et il fait miséricorde à son oint, A David, et à sa postérité, pour toujours.
Louis Segond {LSG}

Psalm 18 

1 I will love thee, O Lord, my strength.
The Lord is my rock, and my fortress, and my deliverer; my God, my strength, in whom I will trust; my buckler, and the horn of my salvation, and my high tower.
I will call upon the Lord, who is worthy to be praised: so shall I be saved from mine enemies.
The sorrows of death compassed me, and the floods of ungodly men made me afraid.
The sorrows of hell compassed me about: the snares of death prevented me.
In my distress I called upon the Lord, and cried unto my God: he heard my voice out of his temple, and my cry came before him, even into his ears.
Then the earth shook and trembled; the foundations also of the hills moved and were shaken, because he was wroth.
There went up a smoke out of his nostrils, and fire out of his mouth devoured: coals were kindled by it.
He bowed the heavens also, and came down: and darkness was under his feet.
10 And he rode upon a cherub, and did fly: yea, he did fly upon the wings of the wind.
11 He made darkness his secret place; his pavilion round about him were dark waters and thick clouds of the skies.
12 At the brightness that was before him his thick clouds passed, hail stones and coals of fire.
13 The Lord also thundered in the heavens, and the Highest gave his voice; hail stones and coals of fire.
14 Yea, he sent out his arrows, and scattered them; and he shot out lightnings, and discomfited them.
15 Then the channels of waters were seen, and the foundations of the world were discovered at thy rebuke, O Lord, at the blast of the breath of thy nostrils.
16 He sent from above, he took me, he drew me out of many waters.
17 He delivered me from my strong enemy, and from them which hated me: for they were too strong for me.
18 They prevented me in the day of my calamity: but the Lord was my stay.
19 He brought me forth also into a large place; he delivered me, because he delighted in me.
20 The Lord rewarded me according to my righteousness; according to the cleanness of my hands hath he recompensed me.
21 For I have kept the ways of the Lord, and have not wickedly departed from my God.
22 For all his judgments were before me, and I did not put away his statutes from me.
23 I was also upright before him, and I kept myself from mine iniquity.
24 Therefore hath the Lord recompensed me according to my righteousness, according to the cleanness of my hands in his eyesight.
25 With the merciful thou wilt shew thyself merciful; with an upright man thou wilt shew thyself upright;
26 With the pure thou wilt shew thyself pure; and with the froward thou wilt shew thyself froward.
27 For thou wilt save the afflicted people; but wilt bring down high looks.
28 For thou wilt light my candle: the Lord my God will enlighten my darkness.
29 For by thee I have run through a troop; and by my God have I leaped over a wall.
30 As for God, his way is perfect: the word of the Lord is tried: he is a buckler to all those that trust in him.
31 For who is God save the Lord? or who is a rock save our God?
32 It is God that girdeth me with strength, and maketh my way perfect.
33 He maketh my feet like hinds’ feet, and setteth me upon my high places.
34 He teacheth my hands to war, so that a bow of steel is broken by mine arms.
35 Thou hast also given me the shield of thy salvation: and thy right hand hath holden me up, and thy gentleness hath made me great.
36 Thou hast enlarged my steps under me, that my feet did not slip.
37 I have pursued mine enemies, and overtaken them: neither did I turn again till they were consumed.
38 I have wounded them that they were not able to rise: they are fallen under my feet.
39 For thou hast girded me with strength unto the battle: thou hast subdued under me those that rose up against me.
40 Thou hast also given me the necks of mine enemies; that I might destroy them that hate me.
41 They cried, but there was none to save them: even unto the Lord, but he answered them not.
42 Then did I beat them small as the dust before the wind: I did cast them out as the dirt in the streets.
43 Thou hast delivered me from the strivings of the people; and thou hast made me the head of the heathen: a people whom I have not known shall serve me.
44 As soon as they hear of me, they shall obey me: the strangers shall submit themselves unto me.
45 The strangers shall fade away, and be afraid out of their close places.
46 The Lord liveth; and blessed be my rock; and let the God of my salvation be exalted.
47 It is God that avengeth me, and subdueth the people under me.
48 He delivereth me from mine enemies: yea, thou liftest me up above those that rise up against me: thou hast delivered me from the violent man.
49 Therefore will I give thanks unto thee, O Lord, among the heathen, and sing praises unto thy name.
50 Great deliverance giveth he to his king; and sheweth mercy to his anointed, to David, and to his seed for evermore.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}