Liv Resansman / Nombres / Numbers

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Resansman 24 

1 Lè sa a, Balaram te fin konprann se yon sèl bagay Seyè a te vle, se beni pou li beni pèp Izrayèl la. Se poutèt sa, li pa fè tankou lòt fwa yo. Li pa al chache konnen sa Seyè a te vle fè l’ konnen an. Men, li bay fas li sou dezè a.
Li leve je l’, epi li wè moun pèp Izrayèl yo ak tant yo byen ranje, chak branch fanmi apa. Lespri Bondye desann sou li.
Epi li pran chante chante sa a: -Men sa mwen menm, Balaram, pitit Bèyò, m’ap di: Men pawòl k’ap soti nan bouch moun Bondye te louvri je a,
pawòl moun ki te tande sa Bondye ap di a, pawòl moun ki te wè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè l’ wè a. Lè sa a, li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je l’.
Ala bèl tant nou yo bèl, moun Jakòb yo! Ala bèl kote nou rete a bèl, moun Izrayèl yo!
Yo laji kò yo tankou dlo larivyè k’ap desann. Yo tankou jaden k’ap pouse sou bò larivyè, tankou yon pye lalwa Bondye li menm ta plante, tankou yon pye sèd k’ap grandi bò kannal dlo.
Lame pèp Izrayèl la ap fè nasyon yo tranble. Pèp Izrayèl la ap donminen sou anpil lòt pèp. Wa li yo ap pi fò pase wa Agag, Y’ap gouvènen sou anpil nasyon.
Bondye te mennen yo soti kite peyi Lejip. Li te goumen pou yo tankou yon towo mawon. L’ap manje tout nasyon ki pa vle wè yo. L’ap kraze tout zo yo an miyèt moso. L’ap pèse yo pak an pak ak flèch li yo.
Pèp Izrayèl la chita atè a, l’ ap pran repo, tankou yon lyon, tankou yon fenmèl lyon. Lè l’ap dòmi, ki moun ki ka penmèt yo leve l’? benediksyon pou tout moun ki mande benediksyon pou pèp Izrayèl la! Madichon pou tout moun k’ap mande madichon pou pèp Izrayèl la!
10 ¶ Lè sa a, Balak fè yon sèl move sou Balaram, li frape pye l’ atè, li di konsa: -Mwen te rele ou isit la pou bay lènmi m’ yo madichon pou mwen. Men, gade sa ou fè. Se beni ou beni yo pito. Sa fè twa fwa ou fè sa.
11 Koulye a, pito ou kouri al lakay ou, tande. Mwen te pwomèt pou m’ te fè anpil bèl bagay pou ou. Men, gade sa Seyè a fè ou: ou pèdi tout.
12 Balaram reponn, li di l’ konsa: -Mwen te tou pale moun ou te voye chache m’ yo. Mwen te di yo:
13 Balak te mèt ban mwen kay li plen ajan ak lò, mwen p’ap fè anyen poutèt pa m’ ki pou fè m’ dezobeyi lòd Seyè a, ni an byen ni an mal. Sa Seyè a di m’ di, se sa ase m’ap di.
14 Balaram di Balak ankò: -Wi, koulye a mwen pral lakay mwen. Men, anvan m’ ale, vini m’ di ou kisa pèp Izrayèl la pral fè pèp ou a nan jou k’ap vini yo.
15 ¶ Epi Balaram pran chante chante sa a: -Men sa mwen menm, Balaram, pitit Bèyò, m’ap di. Men pawòl k’ap soti nan bouch moun Bondye te louvri je a,
16 moun ki ka tande sa Bondye ap di a, moun ki gen konesans ki soti nan men Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki te wè sa Bondye ki gen tout pouvwa a fè l’ wè a. Li te tonbe fas atè, men Bondye te louvri je l’.
17 Mwen wè sa ki gen pou rive pèp Izrayèl la. M’ap gade sa ki pral rive l’ pita. Tankou yon gwo zetwal, mwen wè yon chèf k’ap soti nan fanmi Jakòb la. Yon gwo wa pral leve nan mitan pèp Izrayèl la. L’ap kraze chèf Moab yo, l’ap detwi tout pitit Sèt yo.
18 Y’a deposede moun Edon yo. Y’a pran peyi Seyi a nan men lènmi l’ yo. Men, yo menm, moun Izrayèl yo, y’ap fè mèvèy nan lagè.
19 Yon gwo chèf pral soti nan pèp Izrayèl la. L’a gouvènen sou yo tout. L’a touye rès moun ki te rete nan lavil yo apre batay la.
20 Apre sa, Balaam wè moun Amalèk yo nan vizyon l’ lan. Li bay mesaj sa a, li di konsa: -Moun Amalèk yo, se yon nasyon ki fò anpil. Men, bout pou bout, yo gen pou yo disparèt nèt.
21 Apre sa, Balaram wè moun Kayen yo nan vizyon l’ lan. Li bay mesaj sa a, li di konsa: -Kote ou rete a ou byen pwoteje. Ou ta di yon nich poze sou tèt yon gwo falèz.
22 Men, wè pa wè, moun Kayen yo la pou yo fini mal. Peyi Lasiri va depòte yo.
23 Balaram pran pale ankò. Li bay mesaj sa a, li di ankò: -Kilès ki va la lè Bondye va fè tou sa?
24 Lè sa a, moun ap soti lavil Kitim nan bato vin anvayi peyi a. Yo pral kraze peyi Lasiri ak lavil Babilòn. Men, ata moun Kitim yo gen pou disparèt nèt tou.
25 Apre sa, Balaram leve, li tounen tounen l’ lakay li. Epi Balak al fè wout li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Nombres 24

1 Balaam vit que l’Éternel trouvait bon de bénir Israël, et il n’alla point comme les autres fois, à la rencontre des enchantements; mais il tourna son visage du côté du désert.
Balaam leva les yeux, et vit Israël campé selon ses tribus. Alors l’esprit de Dieu fut sur lui.
Balaam prononça son oracle, et dit: Parole de Balaam, fils de Beor, Parole de l’homme qui a l’oeil ouvert,
Parole de celui qui entend les paroles de Dieu, De celui qui voit la vision du Tout Puissant, De celui qui se prosterne et dont les yeux s’ouvrent.
Qu’elles sont belles, tes tentes, ô Jacob! Tes demeures, ô Israël!
Elles s’étendent comme des vallées, Comme des jardins près d’un fleuve, Comme des aloès que l’Éternel a plantés, Comme des cèdres le long des eaux.
L’eau coule de ses seaux, Et sa semence est fécondée par d’abondantes eaux. Son roi s’élève au-dessus d’Agag, Et son royaume devient puissant.
Dieu l’a fait sortir d’Égypte, Il est pour lui comme la vigueur du buffle. Il dévore les nations qui s’élèvent contre lui, Il brise leurs os, et les abat de ses flèches.
Il ploie les genoux, il se couche comme un lion, comme une lionne: Qui le fera lever? Béni soit quiconque te bénira, Et maudit soit quiconque te maudira!
10 La colère de Balak s’enflamma contre Balaam; il frappa des mains, et dit à Balaam: C’est pour maudire mes ennemis que je t’ai appelé, et voici, tu les as bénis déjà trois fois.
11 Fuis maintenant, va-t’en chez toi! J’avais dit que je te rendrais des honneurs, mais l’Éternel t’empêche de les recevoir.
12 Balaam répondit à Balak: Eh! n’ai-je pas dit aux messagers que tu m’as envoyés:
13 Quand Balak me donnerait sa maison pleine d’argent et d’or, je ne pourrais faire de moi-même ni bien ni mal contre l’ordre de l’Éternel; je répéterai ce que dira l’Éternel?
14 Et maintenant voici, je m’en vais vers mon peuple. Viens, je t’annoncerai ce que ce peuple fera à ton peuple dans la suite des temps.
15 Balaam prononça son oracle, et dit: Parole de Balaam, fils de Beor, Parole de l’homme qui a l’oeil ouvert,
16 Parole de celui qui entend les paroles de Dieu, De celui qui connaît les desseins du Très Haut, De celui qui voit la vision du Tout Puissant, De celui qui se prosterne et dont les yeux s’ouvrent.
17 Je le vois, mais non maintenant, Je le contemple, mais non de près. Un astre sort de Jacob, Un sceptre s’élève d’Israël. Il perce les flancs de Moab, Et il abat tous les enfants de Seth.
18 Il se rend maître d’Édom, Il se rend maître de Séir, ses ennemis. Israël manifeste sa force.
19 Celui qui sort de Jacob règne en souverain, Il fait périr ceux qui s’échappent des villes.
20 Balaam vit Amalek. Il prononça son oracle, et dit: Amalek est la première des nations, Mais un jour il sera détruit.
21 Balaam vit les Kéniens. Il prononça son oracle, et dit: Ta demeure est solide, Et ton nid posé sur le roc.
22 Mais le Kénien sera chassé, Quand l’Assyrien t’emmènera captif.
23 Balaam prononça son oracle, et dit: Hélas! qui vivra après que Dieu l’aura établi?
24 Mais des navires viendront de Kittim, Ils humilieront l’Assyrien, ils humilieront l’Hébreu; Et lui aussi sera détruit.
25 Balaam se leva, partit, et retourna chez lui. Balak s’en alla aussi de son côté.
Louis Segond {LSG}

Numbers 24

1 And when Balaam saw that it pleased the Lord to bless Israel, he went not, as at other times, to seek for enchantments, but he set his face toward the wilderness.
And Balaam lifted up his eyes, and he saw Israel abiding in his tents according to their tribes; and the spirit of God came upon him.
And he took up his parable, and said, Balaam the son of Beor hath said, and the man whose eyes are open hath said:
He hath said, which heard the words of God, which saw the vision of the Almighty, falling into a trance, but having his eyes open:
How goodly are thy tents, O Jacob, and thy tabernacles, O Israel!
As the valleys are they spread forth, as gardens by the river’s side, as the trees of lign aloes which the Lord hath planted, and as cedar trees beside the waters.
He shall pour the water out of his buckets, and his seed shall be in many waters, and his king shall be higher than Agag, and his kingdom shall be exalted.
God brought him forth out of Egypt; he hath as it were the strength of an unicorn: he shall eat up the nations his enemies, and shall break their bones, and pierce them through with his arrows.
He couched, he lay down as a lion, and as a great lion: who shall stir him up? Blessed is he that blesseth thee, and cursed is he that curseth thee.
10 And Balak’s anger was kindled against Balaam, and he smote his hands together: and Balak said unto Balaam, I called thee to curse mine enemies, and, behold, thou hast altogether blessed them these three times.
11 Therefore now flee thou to thy place: I thought to promote thee unto great honour; but, lo, the Lord hath kept thee back from honour.
12 And Balaam said unto Balak, Spake I not also to thy messengers which thou sentest unto me, saying,
13 If Balak would give me his house full of silver and gold, I cannot go beyond the commandment of the Lord, to do either good or bad of mine own mind; but what the Lord saith, that will I speak?
14 And now, behold, I go unto my people: come therefore, and I will advertise thee what this people shall do to thy people in the latter days.
15 And he took up his parable, and said, Balaam the son of Beor hath said, and the man whose eyes are open hath said:
16 He hath said, which heard the words of God, and knew the knowledge of the most High, which saw the vision of the Almighty, falling into a trance, but having his eyes open:
17 I shall see him, but not now: I shall behold him, but not nigh: there shall come a Star out of Jacob, and a Sceptre shall rise out of Israel, and shall smite the corners of Moab, and destroy all the children of Sheth.
18 And Edom shall be a possession, Seir also shall be a possession for his enemies; and Israel shall do valiantly.
19 Out of Jacob shall come he that shall have dominion, and shall destroy him that remaineth of the city.
20 And when he looked on Amalek, he took up his parable, and said, Amalek was the first of the nations; but his latter end shall be that he perish for ever.
21 And he looked on the Kenites, and took up his parable, and said, Strong is thy dwellingplace, and thou puttest thy nest in a rock.
22 Nevertheless the Kenite shall be wasted, until Asshur shall carry thee away captive.
23 And he took up his parable, and said, Alas, who shall live when God doeth this!
24 And ships shall come from the coast of Chittim, and shall afflict Asshur, and shall afflict Eber, and he also shall perish for ever.
25 And Balaam rose up, and went and returned to his place: and Balak also went his way.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}