Liv Matye / Mathieu / Matthew

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Matye 19           

Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li kite peyi Galile a, li ale nan zòn peyi Jide ki lòt bò larivyè Jouden an.
Yon gwo foul moun t’ap swiv li. Lè l’ rive, li geri malad yo.
 Kèk farizyen pwoche bò kot Jezi pou yo wè si yo te ka pran l’ nan pèlen. Yo mande li: Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li pou nenpòt ki kòz?
Jezi reponn yo: Eske nou pa li sa ki ekri nan Liv la? Nan konmansman, lè Bondye t’ap fè moun, li te fè yo gason ak fi.
Apre sa li di: Se poutèt sa, gason an va kite papa l’ ak manman l’ pou l’ mete tèt li ansanm ak madanm li. Yo tou de va fè yon sèl kò.
Konsa, yo pa de ankò, men yo fè yon sèl kò. Se poutèt sa, pesonn moun pa gen dwa separe sa Bondye mete ansanm.
Farizyen yo di li: Bon, poukisa Moyiz te bay lòd pou yon nonm ekri yon papye divòs voye bay madanm li, anvan pou l’ kite avè li?
Jezi reponn yo: Se paske nou gen tèt di kifè Moyiz te ban nou dwa kite ak madanm nou. Men, nan konmansman se pa t’ konsa.
Mwen menm, men sa m’ap di nou: Lè yon nonm kite ak madanm li pou l’ al marye ak yon lòt, li fè adiltè, esepte si se pou lenkondite li ta kite ake madanm lan.
10 Disip li yo di li: Si se konsa bagay la ye pou yon nonm ak madanm li, pito yon nonm pa marye.
11 Jezi reponn yo: Se pa tout moun ki asepte pawòl sa a. Se sèlman moun Bondye bay pouvwa pou sa.
12 Paske, gen anpil rezon ki ka enpoze yon nonm marye. Genyen ki fèt tou konsa: yo pa ka marye. Gen lòt, se moun ki mete yo nan eta sa a pou yo pa ka marye. Gen lòt ankò ki pa marye poutèt Peyi Wa ki nan syèl la. Si yon moun ka asepte pawòl sa a, se pou l’ asepte li.
13  Lè sa a, yo mennen kèk timoun piti bay Jezi pou l’ te mete men l’ sou tèt yo, pou l’ te lapriyè pou yo. Men, disip yo t’ap di moun yo pa fè sa.
14 Jezi di yo: Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa enpoze yo vini. Paske, Peyi Wa ki nan syèl la, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.
15 Li mete men l’ sou tèt yo. Apre sa, li pati, li kite kote l’ te ye a.
16  Yon nonm pwoche bò kot Jezi, li di l’ konsa: Mèt, ki bon bagay mwen dwe fè pou m’ ka resevwa lavi ki p’ap janm fini an?
17 Jezi reponn li: Poukisa w’ap poze m’ keksyon sou sa ki bon? Se yon sèl ki bon. Si ou vle antre nan lavi a, se pou ou fè sa kòmandman yo mande. Nonm lan mande li: Kilès kòmandman sa yo?
18 Jezi reponn li: Piga ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlò. Piga ou bay manti.
19 Respekte papa ou ak manman ou. Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen tèt pa ou.
20 Jennonm lan di li: Mwen swiv tout bagay sa yo. Kisa pou m’ fè ankò?
21 Jezi di li: Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, wa gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.
22 Lè jennonm lan tande pawòl sa yo, li vin kagou, li vire do l’, li ale paske li te gen anpil byen.
23  Lè sa a, Jezi di disip li yo: Sa m’ap di nou la a, se vre wi. Sa ap difisil nèt pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.
24 M’ap di nou sa ankò: L’ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.
25 Lè disip yo tande sa, yo pa t’ manke sezi, yo di: Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove?
26 Jezi gade yo, li di: Moun pa ka fè sa, se vre. Men, pa gen anyen Bondye pa kapab fè.
27 Lè sa a, Pyè di li: Men, koute non. Nou kite tout bagay pou nou swiv ou. Kisak pral rive nou?
28 Jezi reponn yo: Se vre wi, sa m’ap di nou la a: Lè Moun Bondye voye nan lachè a va chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li, lè tout bagay va chanje nèt, nou menm k’ap swiv mwen, n’a chita sou douz fòtèy tou, pou nou ka jije douz branch ras Izrayèl la.
29 Nenpòt moun ki va kite kay li, osinon frè l’, osinon sè l’, osinon papa l’, osinon manman l’, osinon pitit li, osinon jaden l’, poutèt mwen, moun sa a gen pou l’ resevwa san (100) fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p’ap janm fini an.
30 Anpil nan moun ki devan yo va rete dèyè. Anpil nan moun ki dèyè yo va pran devan.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Mathieu 19          

1 Lorsque Jésus eut achevé ces discours, il quitta la Galilée, et alla dans le territoire de la Judée, au delà du Jourdain.
Une grande foule le suivit, et là il guérit les malades.
Les pharisiens l’abordèrent, et dirent, pour l’éprouver: Est-il permis à un homme de répudier sa femme pour un motif quelconque?
Il répondit: N’avez-vous pas lu que le créateur, au commencement, fit l’homme et la femme
et qu’il dit: C’est pourquoi l’homme quittera son père et sa mère, et s’attachera à sa femme, et les deux deviendront une seule chair?
Ainsi ils ne sont plus deux, mais ils sont une seule chair. Que l’homme donc ne sépare pas ce que Dieu a joint.
Pourquoi donc, lui dirent-ils, Moïse a-t-il prescrit de donner à la femme une lettre de divorce et de la répudier?
Il leur répondit: C’est à cause de la dureté de votre coeur que Moïse vous a permis de répudier vos femmes; au commencement, il n’en était pas ainsi.
Mais je vous dis que celui qui répudie sa femme, sauf pour infidélité, et qui en épouse une autre, commet un adultère.
10 Ses disciples lui dirent: Si telle est la condition de l’homme à l’égard de la femme, il n’est pas avantageux de se marier.
11 Il leur répondit: Tous ne comprennent pas cette parole, mais seulement ceux à qui cela est donné.
12 Car il y a des eunuques qui le sont dès le ventre de leur mère; il y en a qui le sont devenus par les hommes; et il y en a qui se sont rendus tels eux-mêmes, à cause du royaume des cieux. Que celui qui peut comprendre comprenne.
13 Alors on lui amena des petits enfants, afin qu’il leur imposât les mains et priât pour eux. Mais les disciples les repoussèrent.
14 Et Jésus dit: Laissez les petits enfants, et ne les empêchez pas de venir à moi; car le royaume des cieux est pour ceux qui leur ressemblent.
15 Il leur imposa les mains, et il partit de là.
16 Et voici, un homme s’approcha, et dit à Jésus: Maître, que dois-je faire de bon pour avoir la vie éternelle?
17 Il lui répondit: Pourquoi m’interroges-tu sur ce qui est bon? Un seul est le bon. Si tu veux entrer dans la vie, observe les commandements. Lesquels? lui dit-il.
18 Et Jésus répondit: Tu ne tueras point; tu ne commettras point d’adultère; tu ne déroberas point; tu ne diras point de faux témoignage; honore ton père et ta mère;
19 et: tu aimeras ton prochain comme toi-même.
20 Le jeune homme lui dit: J’ai observé toutes ces choses; que me manque-t-il encore?
21 Jésus lui dit: Si tu veux être parfait, va, vends ce que tu possèdes, donne-le aux pauvres, et tu auras un trésor dans le ciel. Puis viens, et suis-moi.
22 Après avoir entendu ces paroles, le jeune homme s’en alla tout triste; car il avait de grands biens.
23 Jésus dit à ses disciples: Je vous le dis en vérité, un riche entrera difficilement dans le royaume des cieux.
24 Je vous le dis encore, il est plus facile à un chameau de passer par le trou d’une aiguille qu’à un riche d’entrer dans le royaume de Dieu.
25 Les disciples, ayant entendu cela, furent très étonnés, et dirent: Qui peut donc être sauvé?
26 Jésus les regarda, et leur dit: Aux hommes cela est impossible, mais à Dieu tout est possible.
27 Pierre, prenant alors la parole, lui dit: Voici, nous avons tout quitté, et nous t’avons suivi; qu’en sera-t-il pour nous?
28 Jésus leur répondit: Je vous le dis en vérité, quand le Fils de l’homme, au renouvellement de toutes choses, sera assis sur le trône de sa gloire, vous qui m’avez suivi, vous serez de même assis sur douze trônes, et vous jugerez les douze tribus d’Israël.
29 Et quiconque aura quitté, à cause de mon nom, ses frères, ou ses soeurs, ou son père, ou sa mère, ou sa femme, ou ses enfants, ou ses terres, ou ses maisons, recevra le centuple, et héritera la vie éternelle.
30 Plusieurs des premiers seront les derniers, et plusieurs des derniers seront les premiers.

Louis Segond {LSG}

Matthew 19   

1 And it came to pass, that when Jesus had finished these sayings, he departed from Galilee, and came into the coasts of Judaea beyond Jordan;
And great multitudes followed him; and he healed them there.
The Pharisees also came unto him, tempting him, and saying unto him, Is it lawful for a man to put away his wife for every cause?
And he answered and said unto them, Have ye not read, that he which made them at the beginning made them male and female,
And said, For this cause shall a man leave father and mother, and shall cleave to his wife: and they twain shall be one flesh?
Wherefore they are no more twain, but one flesh. What therefore God hath joined together, let not man put asunder.
They say unto him, Why did Moses then command to give a writing of divorcement, and to put her away?
He saith unto them, Moses because of the hardness of your hearts suffered you to put away your wives: but from the beginning it was not so.
And I say unto you, Whosoever shall put away his wife, except it be for fornication, and shall marry another, committeth adultery: and whoso marrieth her which is put away doth commit adultery.
10 His disciples say unto him, If the case of the man be so with his wife, it is not good to marry.
11 But he said unto them, All men cannot receive this saying, save they to whom it is given.
12 For there are some eunuchs, which were so born from their mother’s womb: and there are some eunuchs, which were made eunuchs of men: and there be eunuchs, which have made themselves eunuchs for the kingdom of heaven’s sake. He that is able to receive it, let him receive it.
13 Then were there brought unto him little children, that he should put his hands on them, and pray: and the disciples rebuked them.
14 But Jesus said, Suffer little children, and forbid them not, to come unto me: for of such is the kingdom of heaven.
15 And he laid his hands on them, and departed thence.
16 And, behold, one came and said unto him, Good Master, what good thing shall I do, that I may have eternal life?
17 And he said unto him, Why callest thou me good? there is none good but one, that is, God: but if thou wilt enter into life, keep the commandments.
18 He saith unto him, Which? Jesus said, Thou shalt do no murder, Thou shalt not commit adultery, Thou shalt not steal, Thou shalt not bear false witness,
19 Honour thy father and thy mother: and, Thou shalt love thy neighbour as thyself.
20 The young man saith unto him, All these things have I kept from my youth up: what lack I yet?
21 Jesus said unto him, If thou wilt be perfect, go and sell that thou hast, and give to the poor, and thou shalt have treasure in heaven: and come and follow me.
22 But when the young man heard that saying, he went away sorrowful: for he had great possessions.
23 Then said Jesus unto his disciples, Verily I say unto you, That a rich man shall hardly enter into the kingdom of heaven.
24 And again I say unto you, It is easier for a camel to go through the eye of a needle, than for a rich man to enter into the kingdom of God.
25 When his disciples heard it, they were exceedingly amazed, saying, Who then can be saved?
26 But Jesus beheld them, and said unto them, With men this is impossible; but with God all things are possible.
27 Then answered Peter and said unto him, Behold, we have forsaken all, and followed thee; what shall we have therefore?
28 And Jesus said unto them, Verily I say unto you, That ye which have followed me, in the regeneration when the Son of man shall sit in the throne of his glory, ye also shall sit upon twelve thrones, judging the twelve tribes of Israel.
29 And every one that hath forsaken houses, or brethren, or sisters, or father, or mother, or wife, or children, or lands, for my name’s sake, shall receive an hundredfold, and shall inherit everlasting life.
30 But many that are first shall be last; and the last shall be first.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}