Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 20  

1 Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl, li di konsa:
-Mwen gen yon bann lide k’ap travay nan tèt mwen. Mwen pa ka tann ankò. Se pou m’ reponn ou.
Tou sa ou di la a vekse m’. Men, mwen konnen jan pou m’ reponn ou.
Ou konnen, depi nan tan lontan, depi premye moun Bondye te mete sou tè a,
mechan yo pa janm gen kè kontan pou lontan. Plezi moun k’ap fè mal yo se pou yon ti tan.
Yo te mèt grandi jouk pou yo rive wotè syèl la, jouk pou tèt yo ta rive nan nwaj yo,
y’ap rete konsa, y’ap disparèt tankou yon pil fatra yo boule. Moun ki te konnen yo va mande kote yo pase.
Moun bliye yo tankou yon rèv yo fè yo pa ka chonje, tankou yon vizyon yo fè lannwit, yo p’ap janm wè ankò.
Moun ki te konn wè yo p’ap wè yo ankò. Menm moun lakay yo p’ap konnen kote yo pase.
10  Pitit yo va peye pòv yo pou tou sa yo te fè yo. Se pwòp pitit yo ak men yo ki va renmèt pòv yo sa yo te pran pa fòs.
11 Mechan yo te gen tout fòs jenn gason yo sou yo toujou. Men koulye a, tou sa pral tounen pousyè ansanm ak yo.
12 Lè l’ t’ap fè sa ki mal sa te sitèlman gou nan bouch li, li te kenbe ti gout anba lang li.
13 Li pa t’ kite l’ fin twò vit nan bouch li, pou l’ te ka jwi gou a pandan lontan.
14 Men, rive manje a rive nan lestonmak li, li vin anmè kou fyèl. Anndan vant li pran boule l’ tankou si li te vale pwazon.
15 Mechan an gen pou l’ vonmi tout richès li te vòlò yo, paske Bondye ap foure dwèt nan gòj li.
16 Tou sa li te vale tounen pwazon pou li. L’ap mouri tankou si se yon sèpan laspik ki mòde l’.
17 Li p’ap viv pou l’ wè lwil koule tankou dlo larivyè, ni siwo myèl ak lèt koule tankou lavalas.
18 L’ap blije bay tou sa li te travay fè. Li p’ap gen chans jwi richès li yo.
19 Paske li te piye kay pòv malere yo, li te pito vòlò kay moun pase pou l’ bati.
20 Li pa t’ janm gen kont li. Men, richès li p’ap ka delivre l’.
21 Pesonn pa t’ ka chape anba men l’ sitèlman li te akrèk. Non. Tout richès li yo pa la pou lontan.
22 Atout li gen tout richès sa yo, li pral gen kè sere. Tout kalite mizè pral tonbe sou li.
23  Pandan l’ap manje plen vant li, Bondye pral move kont move sou li. Malè pral tonbe dri sou li.
24 Lè l’ap chache kouri pou yon nepe fèt an fè, yon flèch an kwiv pral pèse l’ pak an pak.
25 Yon flèch ap pèse kò l’. San li ap degoute konsa nan pwent flèch la. Kè l’ sere, li wè lanmò anfas.
26 Li pèdi tou sa li te sere. Yon dife pesonn pa limen ap boule l’. L’ap devore tou sa ki lakay li.
27 Syèl la fè konnen tou sa li te fè ki mal. Latè kanpe pou denonse l’.
28 Yon sèl dlo desann va pote kay li ale, jou Bondye va fè kolè sa a sou li.
29 Wi, se sa Bondye sere pou mechan yo. Se sa mechan yo pral resevwa nan men Bondye.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 20

1 Tsophar de Naama prit la parole et dit:
Mes pensées me forcent à répondre, Et mon agitation ne peut se contenir.
J’ai entendu des reproches qui m’outragent; Le souffle de mon intelligence donnera la réplique.
Ne sais-tu pas que, de tout temps, Depuis que l’homme a été placé sur la terre,
Le triomphe des méchants a été court, Et la joie de l’impie momentanée?
Quand il s’élèverait jusqu’aux cieux, Et que sa tête toucherait aux nues,
Il périra pour toujours comme son ordure, Et ceux qui le voyaient diront: Où est-il?
Il s’envolera comme un songe, et on ne le trouvera plus; Il disparaîtra comme une vision nocturne;
L’oeil qui le regardait ne le regardera plus, Le lieu qu’il habitait ne l’apercevra plus.
10 Ses fils seront assaillis par les pauvres, Et ses mains restitueront ce qu’il a pris par violence.
11 La vigueur de la jeunesse, qui remplissait ses membres, Aura sa couche avec lui dans la poussière.
12 Le mal était doux à sa bouche, Il le cachait sous sa langue,
13 Il le savourait sans l’abandonner, Il le retenait au milieu de son palais;
14 Mais sa nourriture se transformera dans ses entrailles, Elle deviendra dans son corps un venin d’aspic.
15 Il a englouti des richesses, il les vomira; Dieu les chassera de son ventre.
16 Il a sucé du venin d’aspic, La langue de la vipère le tuera.
17 Il ne reposera plus ses regards sur les ruisseaux, Sur les torrents, sur les fleuves de miel et de lait.
18 Il rendra ce qu’il a gagné, et n’en profitera plus; Il restituera tout ce qu’il a pris, et n’en jouira plus.
19 Car il a opprimé, délaissé les pauvres, Il a ruiné des maisons et ne les a pas rétablies.
20 Son avidité n’a point connu de bornes; Mais il ne sauvera pas ce qu’il avait de plus cher.
21 Rien n’échappait à sa voracité; Mais son bien-être ne durera pas.
22 Au milieu de l’abondance il sera dans la détresse; La main de tous les misérables se lèvera sur lui.
23 Et voici, pour lui remplir le ventre, Dieu enverra sur lui le feu de sa colère, Et le rassasiera par une pluie de traits.
24 S’il échappe aux armes de fer, L’arc d’airain le transpercera.
25 Il arrache de son corps le trait, Qui étincelle au sortir de ses entrailles, Et il est en proie aux terreurs de la mort.
26 Toutes les calamités sont réservées à ses trésors; Il sera consumé par un feu que n’allumera point l’homme, Et ce qui restera dans sa tente en deviendra la pâture.
27 Les cieux dévoileront son iniquité, Et la terre s’élèvera contre lui.
28 Les revenus de sa maison seront emportés, Ils disparaîtront au jour de la colère de Dieu.
29 Telle est la part que Dieu réserve au méchant, Tel est l’héritage que Dieu lui destine.
Louis Segond {LSG}

Job 20   

1 Then answered Zophar the Naamathite, and said,
Therefore do my thoughts cause me to answer, and for this I make haste.
I have heard the check of my reproach, and the spirit of my understanding causeth me to answer.
Knowest thou not this of old, since man was placed upon earth,
That the triumphing of the wicked is short, and the joy of the hypocrite but for a moment?
Though his excellency mount up to the heavens, and his head reach unto the clouds;
Yet he shall perish for ever like his own dung: they which have seen him shall say, Where is he?
He shall fly away as a dream, and shall not be found: yea, he shall be chased away as a vision of the night.
The eye also which saw him shall see him no more; neither shall his place any more behold him.
10 His children shall seek to please the poor, and his hands shall restore their goods.
11 His bones are full of the sin of his youth, which shall lie down with him in the dust.
12 Though wickedness be sweet in his mouth, though he hide it under his tongue;
13 Though he spare it, and forsake it not; but keep it still within his mouth:
14 Yet his meat in his bowels is turned, it is the gall of asps within him.
15 He hath swallowed down riches, and he shall vomit them up again: God shall cast them out of his belly.
16 He shall suck the poison of asps: the viper’s tongue shall slay him.
17 He shall not see the rivers, the floods, the brooks of honey and butter.
18 That which he laboured for shall he restore, and shall not swallow it down: according to his substance shall the restitution be, and he shall not rejoice therein.
19 Because he hath oppressed and hath forsaken the poor; because he hath violently taken away an house which he builded not;
20 Surely he shall not feel quietness in his belly, he shall not save of that which he desired.
21 There shall none of his meat be left; therefore shall no man look for his goods.
22 In the fulness of his sufficiency he shall be in straits: every hand of the wicked shall come upon him.
23 When he is about to fill his belly, God shall cast the fury of his wrath upon him, and shall rain it upon him while he is eating.
24 He shall flee from the iron weapon, and the bow of steel shall strike him through.
25 It is drawn, and cometh out of the body; yea, the glittering sword cometh out of his gall: terrors are upon him.
26 All darkness shall be hid in his secret places: a fire not blown shall consume him; it shall go ill with him that is left in his tabernacle.
27 The heaven shall reveal his iniquity; and the earth shall rise up against him.
28 The increase of his house shall depart, and his goods shall flow away in the day of his wrath.
29 This is the portion of a wicked man from God, and the heritage appointed unto him by God.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}