Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 41  

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Seyè a va delivre l’ lè la nan tray.
 Seyè a va pwoteje l’, li p’ap kite l’ mouri. L’ap fè l’ viv ak kè kontan sou latè, li p’ap lage l’ nan men lènmi l’ yo pou yo fè sa yo vle avè l’.
 Seyè a va ba l’ fòs lè maladi fè l’ pran kabann. Seyè a va ba l’ gerizon lè li malad kouche.
 Mwen menm, mwen te di: Seyè, gen pitye pou mwen. Geri mwen, paske mwen te peche kont ou.
 Lènmi m’ yo ap pale m’ mal. Y’ap di: Kilè l’a mouri? Kilè y’a bliye l’?
 Moun ki vin wè m’ yo, se yon bann ipokrit. Se ranmase yo vin ranmase tout kalite move nouvèl. Soti yo soti, yo pwonmennen rakonte yo toupatou.
 Tout moun ki pa vle wè m’ yo mete tèt yo ansanm pou pale nan zòrèy sou mwen. Yo kwè m’ fini, nanpwen renmèd pou mwen. Y’ap fè yon pakèt vye lide sou mwen.
 Y’ap di: Msye kondannen. Kote l’ kouche a, nanpwen leve pou li ankò.
 Ata pi bon zanmi m’ lan, moun mwen te fè konfyans anpil la, moun ki te konn manje nan menm plat avè m’ lan, ata li menm, li trayi m’.
10  Men ou menm, Seyè, gen pitye pou mwen. Mete m’ sou de pye m’ ankò, pou m’ ka ba yo sa yo merite.
11  M’a konnen ou kontan avè m’ vre si m’ wè lènmi m’ yo pa banboche sou do m’.
12  Wi, w’ap soutni m’, paske mwen pa fè anyen ki mal. W’ap fè m’ kanpe la devan ou pou tout tan.
13  Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Ann fè lwanj li pou tout tan. Amèn! Se vre!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 41

1 Au chef des chantres. Psaume de David. Heureux celui qui s’intéresse au pauvre! Au jour du malheur l’Éternel le délivre;
 L’Éternel le garde et lui conserve la vie. Il est heureux sur la terre, Et tu ne le livres pas au bon plaisir de ses ennemis.
 L’Éternel le soutient sur son lit de douleur; Tu le soulages dans toutes ses maladies.
 Je dis: Éternel, aie pitié de moi! Guéris mon âme! car j’ai péché contre toi.
 Mes ennemis disent méchamment de moi: Quand mourra-t-il? quand périra son nom?
 Si quelqu’un vient me voir, il prend un langage faux, Il recueille des sujets de médire; Il s’en va, et il parle au dehors.
 Tous mes ennemis chuchotent entre eux contre moi; Ils pensent que mon malheur causera ma ruine:
 Il est dangereusement atteint, Le voilà couché, il ne se relèvera pas!
 Celui-là même avec qui j’étais en paix, Qui avait ma confiance et qui mangeait mon pain, Lève le talon contre moi.
10  Toi, Éternel, aie pitié de moi et rétablis-moi! Et je leur rendrai ce qui leur est dû.
11  Je connaîtrai que tu m’aimes, Si mon ennemi ne triomphe pas de moi.
12  Tu m’as soutenu à cause de mon intégrité, Et tu m’as placé pour toujours en ta présence.
13  Béni soit l’Éternel, le Dieu d’Israël, d’éternité en éternité! Amen! Amen!
Louis Segond {LSG}

Psalm 41 

1 Blessed is he that considereth the poor: the Lord will deliver him in time of trouble.
The Lord will preserve him, and keep him alive; and he shall be blessed upon the earth: and thou wilt not deliver him unto the will of his enemies.
The Lord will strengthen him upon the bed of languishing: thou wilt make all his bed in his sickness.
I said, Lord, be merciful unto me: heal my soul; for I have sinned against thee.
Mine enemies speak evil of me, When shall he die, and his name perish?
And if he come to see me, he speaketh vanity: his heart gathereth iniquity to itself; when he goeth abroad, he telleth it.
All that hate me whisper together against me: against me do they devise my hurt.
An evil disease, say they, cleaveth fast unto him: and now that he lieth he shall rise up no more.
Yea, mine own familiar friend, in whom I trusted, which did eat of my bread, hath lifted up his heel against me.
10 But thou, O Lord, be merciful unto me, and raise me up, that I may requite them.
11 By this I know that thou favourest me, because mine enemy doth not triumph over me.
12 And as for me, thou upholdest me in mine integrity, and settest me before thy face for ever.
13 Blessed be the Lord God of Israel from everlasting, and to everlasting. Amen, and Amen.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}