Liv Jenèz  / Genèse / Genesis

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jenèz 29

1 Jakòb pran mache ankò, li ale nan direksyon peyi moun ki rete bò kote solèy leve a.
Li rete konsa, li wè yon pi nan mitan savann lan. Te gen twa bann mouton ki te kouche bò pi a. Se nan pi sa a yo te konn pran dlo pou bay bèt yo bwè. Men te gen yon gwo wòch ki te bouche bouch pi a.
Lè tout bèt yo te sanble, gadò yo te met ansanm pou wete wòch la sou bouch pi a pou fè bèt yo bwè. Apre sa, yo tounen met kouvèti a sou bouch pi a ankò.
Jakòb mande gadò mouton yo konsa: -Zanmi m’ yo, moun ki bò nou ye? Yo reponn li: -Nou se moun Karan.
Li di yo: -Eske nou konnen Laban, pitit Nakò a? Yo reponn li: -Men wi, nou konnen l’.
Li mande yo: -Ban m’ nouvèl li non. Li byen? Yo reponn li: -Li byen wi. Gade, men Rachèl, pitit fi li a, k’ap vini ak bann mouton li yo.
Jakòb di yo: -Men, solèy la byen wo toujou, se poko lè pou nou antre mouton yo. Sak fè nou pa bay yo bwè, epi nou ta tounen mete yo nan manje?
Yo reponn li: -Nou pa ka fè sa. Fòk nou tann tout bann mouton yo sanble. Atòkile, nou tout n’a met men ansanm pou n’ woule wòch ki sou bouch pi a. Se lè sa a n’a bay mouton yo bwè.
 Jakòb t’ap pale ak yo toujou lè Rachèl vin rive ak bann mouton papa l’ yo. Se li menm ki te gade mouton l’ yo pou li.
10 Kou Jakòb wè Rachèl, pitit fi Laban, frè manman l’ lan, avèk bann mouton Laban yo, li pwoche, li woule wòch ki te sou bouch pi a, li bay bann mouton Laban yo bwè.
11 Lè l’ fini, li bo Rachèl. Apre sa, li pran kriye.
12 Jakòb fè Rachèl konnen se ti fanmi Laban li ye, pitit Rebeka, sè Laban an. Rachèl kouri al di papa l’ sa.
13 Lè Laban tande se pitit sè li a, li kouri al jwenn li. Li pran l’, li pase men nan kou l’, li bo l’, epi li mennen l’ lakay li. Rive yo rive Jakòb rakonte l’ tout sak te pase.
14 Lè sa a, Laban di l’: -Aa wi, se ras mwen ou ye vre. Jakòb rete pase yon mwa lakay Laban.
15  Laban mande Jakòb: -Ou se fanmi m’, se vre. Men, sa pa vle di fòk ou sevi m’ gratis pou sa. Di m’ konbe pou m’ peye ou?
16 Laban te gen de pitit fi. Pi gran an te rele Leya, pi piti a te rele Rachèl.
17 Leya te gen je pichpich, men Rachèl te gen bèl fòm kò, li te bèl anpil.
18 Jakòb te renmen Rachèl. Li reponn Laban: M’ap sèvi avè ou sèt lanne pou Rachèl, dezyèm pitit fi ou la.
19 Laban di l’: Pito se ou menm mwen bay li pase m’ bay yon lòt moun li. Ou mèt rete lakay mwen.
20 Se konsa Jakòb pase sètan ap travay kay Laban pou l’ te ka marye ak Rachèl. Sèt lanne yo te pase tankou dlo, paske li te renmen ti fi a.
21 Lè lè a rive, Jakòb di Laban: -Bon. Li lè atò pou ou ban m’ pitit fi ou la pou m’ ka marye avè l’.
22 Se konsa Laban fè yon gwo resepsyon nòs, li envite tout moun nan kanton an.
23 Men aswè, li te pran Leya, pitit fi li a, li mennen l’ bay Jakòb ki kouche avè l’.
24 Laban te pran Zilpa, yonn nan sèvant li yo, li bay Leya pou sèvant pa li.
25 Nan denmen maten, Jakòb vin wè se Leya yo te ba li. Li di Laban: -Kisa ou fè m’ konsa? Eske se pa pou Rachèl mwen te sèvi avèk ou? Poukisa ou ban m’ koutba sa a?
26 Laban di l’: -Se pa koutim nou isit pou n’ marye ti sè anvan gran sè.
27 Tann senmenn lan fin pase. Lè sa a, n’a fin fete nòs la. Apre sa, m’a ba ou Rachèl, si ou dakò pou sèvi avè m’ pandan sèt lòt lanne ankò.
28 Jakòb tonbe dakò. Lè senmenn fèt la fin pase, Laban pran lòt pitit fi l’ la, Rachèl, li bay Jakòb li pou madanm tou.
29 Laban pran Bila, yonn nan sèvant li yo, li bay Rachèl li pou sèvant li.
30 Jakòb kouche ak Rachèl. Li te renmen l’ pi plis pase Leya. Li sèvi ak Laban pandan sèt lanne ankò.
31  Lè Seyè a wè jan Jakòb pa t’ renmen Leya, li fè l’ fè pitit. Men, Rachèl pa t’ kapab fè pitit.
32 Leya vin ansent, li fè yon pitit gason, li di: -Seyè a wè jan m’ap soufri. Koulye a, mari m’ va renmen m’. Se konsa li rele l’ Woubenn.
33 Leya vin ansent ankò, li fè yon lòt gason. Li di: -Seyè a ban m’ yon lòt gason ankò, paske li wè jan mari m’ pa renmen m’ menm. Se konsa li rele l’ Simeyon.
34 Li vin ansent yon twazyèm fwa, li fè yon lòt pitit gason ankò. Li di: -Fwa sa a, mari m’ pral rete avè m’ nèt paske mwen fè twa pitit gason pou li. Se konsa li rele l’ Levi.
35 Apre sa, li vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason. Li di: -Fwa sa a, m’ap fè lwanj Seyè a. Se konsa li rele l’ Jida. Apre sa, Leya sispann fè pitit.
Kreyol / Français / English

Genèse 29

1 Jacob se mit en marche, et s’en alla au pays des fils de l’Orient.
Il regarda. Et voici, il y avait un puits dans les champs; et voici, il y avait à côté trois troupeaux de brebis qui se reposaient, car c’était à ce puits qu’on abreuvait les troupeaux. Et la pierre sur l’ouverture du puits était grande.
Tous les troupeaux se rassemblaient là; on roulait la pierre de dessus l’ouverture du puits, on abreuvait les troupeaux, et l’on remettait la pierre à sa place sur l’ouverture du puits.
Jacob dit aux bergers: Mes frères, d’où êtes-vous? Ils répondirent: Nous sommes de Charan.
Il leur dit: Connaissez-vous Laban, fils de Nachor? Ils répondirent: Nous le connaissons.
Il leur dit: Est-il en bonne santé? Ils répondirent: Il est en bonne santé; et voici Rachel, sa fille, qui vient avec le troupeau.
Il dit: Voici, il est encore grand jour, et il n’est pas temps de rassembler les troupeaux; abreuvez les brebis, puis allez, et faites-les paître.
Ils répondirent: Nous ne le pouvons pas, jusqu’à ce que tous les troupeaux soient rassemblés; c’est alors qu’on roule la pierre de dessus l’ouverture du puits, et qu’on abreuve les brebis.
Comme il leur parlait encore, survint Rachel avec le troupeau de son père; car elle était bergère.
10 Lorsque Jacob vit Rachel, fille de Laban, frère de sa mère, et le troupeau de Laban, frère de sa mère, il s’approcha, roula la pierre de dessus l’ouverture du puits, et abreuva le troupeau de Laban, frère de sa mère.
11 Et Jacob baisa Rachel, il éleva la voix et pleura.
12 Jacob apprit à Rachel qu’il était parent de son père, qu’il était fils de Rebecca. Et elle courut l’annoncer à son père.
13 Dès que Laban eut entendu parler de Jacob, fils de sa soeur, il courut au-devant de lui, il l’embrassa et le baisa, et il le fit venir dans sa maison. Jacob raconta à Laban toutes ces choses.
14 Et Laban lui dit: Certainement, tu es mon os et ma chair. Jacob demeura un mois chez Laban.
15 Puis Laban dit à Jacob: Parce que tu es mon parent, me serviras-tu pour rien? Dis-moi quel sera ton salaire.
16 Or, Laban avait deux filles: l’aînée s’appelait Léa, et la cadette Rachel.
17 Léa avait les yeux délicats; mais Rachel était belle de taille et belle de figure.
18 Jacob aimait Rachel, et il dit: Je te servirai sept ans pour Rachel, ta fille cadette.
19 Et Laban dit: J’aime mieux te la donner que de la donner à un autre homme. Reste chez moi!
20 Ainsi Jacob servit sept années pour Rachel: et elles furent à ses yeux comme quelques jours, parce qu’il l’aimait.
21 Ensuite Jacob dit à Laban: Donne-moi ma femme, car mon temps est accompli: et j’irai vers elle.
22 Laban réunit tous les gens du lieu, et fit un festin.
23 Le soir, il prit Léa, sa fille, et l’amena vers Jacob, qui s’approcha d’elle.
24 Et Laban donna pour servante à Léa, sa fille, Zilpa, sa servante.
25 Le lendemain matin, voilà que c’était Léa. Alors Jacob dit à Laban: Qu’est-ce que tu m’as fait? N’est-ce pas pour Rachel que j’ai servi chez toi? Pourquoi m’as-tu trompé?
26 Laban dit: Ce n’est point la coutume dans ce lieu de donner la cadette avant l’aînée.
27 Achève la semaine avec celle-ci, et nous te donnerons aussi l’autre pour le service que tu feras encore chez moi pendant sept nouvelles années.
28 Jacob fit ainsi, et il acheva la semaine avec Léa; puis Laban lui donna pour femme Rachel, sa fille.
29 Et Laban donna pour servante à Rachel, sa fille, Bilha, sa servante.
30 Jacob alla aussi vers Rachel, qu’il aimait plus que Léa; et il servit encore chez Laban pendant sept nouvelles années.
31 L’Éternel vit que Léa n’était pas aimée; et il la rendit féconde, tandis que Rachel était stérile.
32 Léa devint enceinte, et enfanta un fils, à qui elle donna le nom de Ruben; car elle dit: L’Éternel a vu mon humiliation, et maintenant mon mari m’aimera.
33 Elle devint encore enceinte, et enfanta un fils, et elle dit: L’Éternel a entendu que je n’étais pas aimée, et il m’a aussi accordé celui-ci. Et elle lui donna le nom de Siméon.
34 Elle devint encore enceinte, et enfanta un fils, et elle dit: Pour cette fois, mon mari s’attachera à moi; car je lui ai enfanté trois fils. C’est pourquoi on lui donna le nom de Lévi.
35 Elle devint encore enceinte, et enfanta un fils, et elle dit: Cette fois, je louerai l’Éternel. C’est pourquoi elle lui donna le nom de Juda. Et elle cessa d’enfanter.
Kreyol / Français / English

Genesis 29

1 Then Jacob went on his journey, and came into the land of the people of the east.
And he looked, and behold a well in the field, and, lo, there were three flocks of sheep lying by it; for out of that well they watered the flocks: and a great stone was upon the well’s mouth.
And thither were all the flocks gathered: and they rolled the stone from the well’s mouth, and watered the sheep, and put the stone again upon the well’s mouth in his place.
And Jacob said unto them, My brethren, whence be ye? And they said, Of Haran are we.
And he said unto them, Know ye Laban the son of Nahor? And they said, We know him.
And he said unto them, Is he well? And they said, He is well: and, behold, Rachel his daughter cometh with the sheep.
And he said, Lo, it is yet high day, neither is it time that the cattle should be gathered together: water ye the sheep, and go and feed them.
And they said, We cannot, until all the flocks be gathered together, and till they roll the stone from the well’s mouth; then we water the sheep.
And while he yet spake with them, Rachel came with her father’s sheep; for she kept them.
10 And it came to pass, when Jacob saw Rachel the daughter of Laban his mother’s brother, and the sheep of Laban his mother’s brother, that Jacob went near, and rolled the stone from the well’s mouth, and watered the flock of Laban his mother’s brother.
11 And Jacob kissed Rachel, and lifted up his voice, and wept.
12 And Jacob told Rachel that he was her father’s brother, and that he was Rebekah’s son: and she ran and told her father.
13 And it came to pass, when Laban heard the tidings of Jacob his sister’s son, that he ran to meet him, and embraced him, and kissed him, and brought him to his house. And he told Laban all these things.
14 And Laban said to him, Surely thou art my bone and my flesh. And he abode with him the space of a month.
15 And Laban said unto Jacob, Because thou art my brother, shouldest thou therefore serve me for nought? tell me, what shall thy wages be?
16 And Laban had two daughters: the name of the elder was Leah, and the name of the younger was Rachel.
17 Leah was tender eyed; but Rachel was beautiful and well favoured.
18 And Jacob loved Rachel; and said, I will serve thee seven years for Rachel thy younger daughter.
19 And Laban said, It is better that I give her to thee, than that I should give her to another man: abide with me.
20 And Jacob served seven years for Rachel; and they seemed unto him but a few days, for the love he had to her.
21 And Jacob said unto Laban, Give me my wife, for my days are fulfilled, that I may go in unto her.
22 And Laban gathered together all the men of the place, and made a feast.
23 And it came to pass in the evening, that he took Leah his daughter, and brought her to him; and he went in unto her.
24 And Laban gave unto his daughter Leah Zilpah his maid for an handmaid.
25 And it came to pass, that in the morning, behold, it was Leah: and he said to Laban, What is this thou hast done unto me? did not I serve with thee for Rachel? wherefore then hast thou beguiled me?
26 And Laban said, It must not be so done in our country, to give the younger before the firstborn.
27 Fulfil her week, and we will give thee this also for the service which thou shalt serve with me yet seven other years.
28 And Jacob did so, and fulfilled her week: and he gave him Rachel his daughter to wife also.
29 And Laban gave to Rachel his daughter Bilhah his handmaid to be her maid.
30 And he went in also unto Rachel, and he loved also Rachel more than Leah, and served with him yet seven other years.
31 And when the Lord saw that Leah was hated, he opened her womb: but Rachel was barren.
32 And Leah conceived, and bare a son, and she called his name Reuben: for she said, Surely the Lord hath looked upon my affliction; now therefore my husband will love me.
33 And she conceived again, and bare a son; and said, Because the Lord hath heard I was hated, he hath therefore given me this son also: and she called his name Simeon.
34 And she conceived again, and bare a son; and said, Now this time will my husband be joined unto me, because I have born him three sons: therefore was his name called Levi.
35 And she conceived again, and bare a son: and she said, Now will I praise the Lord: therefore she called his name Judah; and left bearing.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}