Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 86  

1 Se yon lapriyè David te fè. Seyè, tanpri panche zòrèy ou bò kote m’, reponn mwen, paske se yon pòv malere san sekou mwen ye.
Pa kite m’ mouri, paske mwen fè tou sa ou mande m’ fè. Bondye mwen, delivre m’ non, paske se ou menm m’ap sèvi, se nan ou menm sèl mwen mete konfyans mwen.
Gen pitye pou mwen, Seyè, paske se tout lajounen m’ap kriye nan pye ou!
Fè kè sèvitè ou la kontan, Seyè, paske se ou menm mwen rele lè m’ap lapriyè!
Seyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p’ap janm sispann renmen moun k’ap rele non ou.
Seyè, koute m’ non lè m’ap lapriyè! Tande m’ non lè m’ap rele mande sekou!
Lè m’ nan tray, se ou menm mwen rele, paske ou toujou reponn mwen.
 Seyè, nan tout bondye yo, pa gen tankou ou! Pa gen yonn ki ka fè sa ou menm ou fè!
Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y’a fè lwanj ou,
10 paske se ou menm, Bondye, ki gen pouvwa, se ou menm ki fè bèl mèvèy sa yo. Se ou menm sèl ki Bondye.
11 Seyè, moutre m’ jan ou vle m’ viv la. M’a toujou obeyi ou nan tout sikonstans. Moutre m’ jan pou m’ sèvi ou avèk krentif.
12 Seyè, Bondye mwen, m’ap fè lwanj ou ak tout kè m’, mwen p’ap janm sispann fè konnen jan ou gen pouvwa!
13 Ala renmen ou renmen mwen! Ou wete m’ nan bouch twou a.
14 Bondye, yon bann awogan leve dèyè m’! Yon kantite mechan soti pou yo touye m’! Yo pa menm chonje si gen Bondye!
15 Seyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p’ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou!
16 Voye je ou sou mwen. Gen pitye pou mwen! Ban m’ fòs ankò, delivre m’, paske mwen se pitit manman m’ ki te toujou sèvi ou.
17 Fè kichòy pou mwen, Seyè! Fè moun ki pa vle wè m’ yo wont, lè yo wè se ou menm ki pote m’ sekou, se ou menm ki ban m’ konsolasyon!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 86

1 Prière de David. Éternel, prête l’oreille, exauce-moi! Car je suis malheureux et indigent.
Garde mon âme, car je suis pieux! Mon Dieu, sauve ton serviteur qui se confie en toi!
Aie pitié de moi, Seigneur! Car je crie à toi tout le jour.
Réjouis l’âme de ton serviteur, Car à toi, Seigneur, j’élève mon âme.
Car tu es bon, Seigneur, tu pardonnes, Tu es plein d’amour pour tous ceux qui t’invoquent.
Éternel, prête l’oreille à ma prière, Sois attentif à la voix de mes supplications!
Je t’invoque au jour de ma détresse, Car tu m’exauces.
Nul n’est comme toi parmi les dieux, Seigneur, Et rien ne ressemble à tes oeuvres.
Toutes les nations que tu as faites viendront Se prosterner devant ta face, Seigneur, Et rendre gloire à ton nom.
10 Car tu es grand, et tu opères des prodiges; Toi seul, tu es Dieu.
11 Enseigne-moi tes voies, ô Éternel! Je marcherai dans ta fidélité. Dispose mon coeur à la crainte de ton nom.
12 Je te louerai de tout mon coeur, Seigneur, mon Dieu! Et je glorifierai ton nom à perpétuité.
13 Car ta bonté est grande envers moi, Et tu délivres mon âme du séjour profond des morts.
14 O Dieu! des orgueilleux se sont levés contre moi, Une troupe d’hommes violents en veulent à ma vie; Ils ne portent pas leurs pensées sur toi.
15 Mais toi, Seigneur, tu es un Dieu miséricordieux et compatissant, Lent à la colère, riche en bonté et en fidélité;
16 Tourne vers moi les regards et aie pitié de moi, Donne la force à ton serviteur, Et sauve le fils de ta servante!
17 Opère un signe en ma faveur! Que mes ennemis le voient et soient confus! Car tu me secours et tu me consoles, ô Éternel!
Louis Segond {LSG}

Psalm 86 

 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}