Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 37  

1 Lè konsa, kè m’ ap bat. M’ santi l’ap rache.
Nou tout, koute vwa Bondye! Koute jan l’ap gwonde!
Zèklè a kouri nan tout syèl la. Li klere dènye bout latè.
Apre sa, yo tande vwa li ap gwonde. Loraj la gwonde avèk fòs. Lè konsa, zèklè fè mikalaw.
Lè Bondye ap pale konsa, li fè bèl bagay, bagay nou pa ka konprann.
 Li bay lanèj lòd kouvri latè. Li bay gwo lapli lòd tonbe.
Li fè tout moun sispann travay. Li fè yo wè sa se travay pa l’.
Tout bèt antre nan twou. Y’ al kache kò yo nan nich.
Van tanpèt soti nan sid. Van frèt soti nan nò.
10 Souf Bondye fè dlo tounen glas. Konsa, tout dlo tounen glas.
11 Zèklè yo ap fè yan nan nwaj yo. Nwaj yo klere byen lwen.
12 Bondye fè yo vire nan syèl la jan li vle. Yo fè tou sa li ba yo lòd fè toupatou sou latè.
13 Bondye voye lapli pou wouze latè. Li voye l’ pou pini moun, li voye l’ pou beni yo tou.
14  Louvri zòrèy ou, Jòb, pou ou tande sa m’ pral di la a. Pran tèt ou, egzaminen bèl travay Bondye yo byen.
15 Eske ou konnen ki jan Bondye ba yo lòd, ki jan li fè zèklè yo klere nan nwaj yo?
16 Eske ou konnen ki jan nwaj yo fè flote nan syèl la? Sa se yon bèl bagay. Pou ou fè l’ fòk ou gen anpil ladrès.
17 Lè van cho ki soti nan sid la ap kwit tè a, ou santi rad sou ou ap boule tout kò ou.
18 Eske ou ka ede Bondye louvri nwaj yo nan syèl la, pou fè yo di tankou bout fè?
19 Fè m’ konnen sa pou nou di Bondye. Lespri nou vid. Nou pa gen anyen pou nou di l’.
20 Mwen pa mande pou m’ pale ak Bondye. Poukisa pou m’ ba li okazyon pou li touye m’?
21  Ou rete konsa ou pa wè solèy la. Li kache anba nwaj yo. Yon van leve, li fè solèy la klere ankò.
22 Yon bèl klète, klere kou lò, parèt sou bò nò. Nou wè Bondye kanpe nan mitan yon bèl limyè ki fè nou pè.
23 Nou pa ka pwoche bò kote Bondye ki gen tout pouvwa a. Li sèl gwo chèf, li sèl jij, li pa nan patipri. Li p’ap kondannen yon moun ki inonsan.
24 Se poutèt sa, tout moun fèt pou gen krentif pou li. Li p’ap okipe moun ki pretann yo gen bon konprann.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 37

1 Mon coeur est tout tremblant, Il bondit hors de sa place.
Écoutez, écoutez le frémissement de sa voix, Le grondement qui sort de sa bouche!
Il le fait rouler dans toute l’étendue des cieux, Et son éclair brille jusqu’aux extrémités de la terre.
Puis éclate un rugissement: il tonne de sa voix majestueuse; Il ne retient plus l’éclair, dès que sa voix retentit.
Dieu tonne avec sa voix d’une manière merveilleuse; Il fait de grandes choses que nous ne comprenons pas.
Il dit à la neige: Tombe sur la terre! Il le dit à la pluie, même aux plus fortes pluies.
Il met un sceau sur la main de tous les hommes, Afin que tous se reconnaissent comme ses créatures.
L’animal sauvage se retire dans une caverne, Et se couche dans sa tanière.
L’ouragan vient du midi, Et le froid, des vents du nord.
10 Par son souffle Dieu produit la glace, Il réduit l’espace où se répandaient les eaux.
11 Il charge de vapeurs les nuages, Il les disperse étincelants;
12 Leurs évolutions varient selon ses desseins, Pour l’accomplissement de tout ce qu’il leur ordonne, Sur la face de la terre habitée;
13 C’est comme une verge dont il frappe sa terre, Ou comme un signe de son amour, qu’il les fait apparaître.
14 Job, sois attentif à ces choses! Considère encore les merveilles de Dieu!
15 Sais-tu comment Dieu les dirige, Et fait briller son nuage étincelant?
16 Comprends-tu le balancement des nuées, Les merveilles de celui dont la science est parfaite?
17 Sais-tu pourquoi tes vêtements sont chauds Quand la terre se repose par le vent du midi?
18 Peux-tu comme lui étendre les cieux, Aussi solides qu’un miroir de fonte?
19 Fais-nous connaître ce que nous devons lui dire; Nous sommes trop ignorants pour nous adresser à lui.
20 Lui annoncera-t-on que je parlerai? Mais quel est l’homme qui désire sa perte?
21 On ne peut fixer le soleil qui resplendit dans les cieux, Lorsqu’un vent passe et en ramène la pureté;
22 Le septentrion le rend éclatant comme l’or. Oh! que la majesté de Dieu est redoutable!
23 Nous ne saurions parvenir jusqu’au Tout Puissant, Grand par la force, Par la justice, par le droit souverain: Il ne répond pas!
24 C’est pourquoi les hommes doivent le craindre; Il ne porte les regards sur aucun sage.
Louis Segond {LSG}

Job 37   

1 At this also my heart trembleth, and is moved out of his place.
Hear attentively the noise of his voice, and the sound that goeth out of his mouth.
He directeth it under the whole heaven, and his lightning unto the ends of the earth.
After it a voice roareth: he thundereth with the voice of his excellency; and he will not stay them when his voice is heard.
God thundereth marvellously with his voice; great things doeth he, which we cannot comprehend.
For he saith to the snow, Be thou on the earth; likewise to the small rain, and to the great rain of his strength.
He sealeth up the hand of every man; that all men may know his work.
Then the beasts go into dens, and remain in their places.
Out of the south cometh the whirlwind: and cold out of the north.
10 By the breath of God frost is given: and the breadth of the waters is straitened.
11 Also by watering he wearieth the thick cloud: he scattereth his bright cloud:
12 And it is turned round about by his counsels: that they may do whatsoever he commandeth them upon the face of the world in the earth.
13 He causeth it to come, whether for correction, or for his land, or for mercy.
14 Hearken unto this, O Job: stand still, and consider the wondrous works of God.
15 Dost thou know when God disposed them, and caused the light of his cloud to shine?
16 Dost thou know the balancings of the clouds, the wondrous works of him which is perfect in knowledge?
17 How thy garments are warm, when he quieteth the earth by the south wind?
18 Hast thou with him spread out the sky, which is strong, and as a molten looking glass?
19 Teach us what we shall say unto him; for we cannot order our speech by reason of darkness.
20 Shall it be told him that I speak? if a man speak, surely he shall be swallowed up.
21 And now men see not the bright light which is in the clouds: but the wind passeth, and cleanseth them.
22 Fair weather cometh out of the north: with God is terrible majesty.
23 Touching the Almighty, we cannot find him out: he is excellent in power, and in judgment, and in plenty of justice: he will not afflict.
24 Men do therefore fear him: he respecteth not any that are wise of heart.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}