Liv Resansman/Nombres/Numbers

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Resansman 1 

1 Premye jou dezyèm mwa nan dezyèm lanne depi moun pèp Izrayèl yo te soti kite peyi Lejip la, antan yo te nan dezè Sinayi a, Seyè a pale ak Moyiz nan Tant Randevou a. Li di l’ konsa:
-Se pou ou menm ak Arawon, nou fè yon resansman pou konte tout moun nan pèp Izrayèl la, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi yo. W’a pran non tout gason, yonn apre lòt.
N’a konte tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran, depi yo bon pou fè lagè. N’a fè resansman an dapre jan lame a òganize.
N’a pran yon chèf nan chak branch fanmi, dapre zansèt yo, pou ede nou.
Men non moun ki va ede nou nan resansman an: Nan branch fanmi Woubenn lan, se va Elizou, pitit gason Chedeyou.
Nan branch fanmi Simeyon an, se va Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi.
Nan branch fanmi Jida a, se va Nakchon, pitit gason Aminadab.
Nan branch fanmi Isaka a, se va Netanèl, pitit gason Swa.
Nan branch fanmi Zabilon an, se va Eliyab, pitit gason Elon.
10 Nan branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la, se va Elichama, pitit gason Amiyoud. Nan branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la, se va Gamliyèl, pitit gason Pedachou.
11 Nan branch fanmi Benjamen an, se va Abidan, pitit gason Gideyoni.
12 Nan branch fanmi Dann lan, se va Ayezè, pitit gason Amichadayi.
13 Nan branch fanmi Asè a, se va Pagiyèl, pitit gason Okran.
14 Nan branch fanmi Gad la, se va Elyasaf, pitit gason Dewèl.
15 Nan branch fanmi Neftali a, se va Ayira, pitit gason Enan.
16 Se moun sa yo yo te chwazi nan pèp la pou fè travay la. Se yo ki te chèf lakay yo, chèf branch fanmi zansèt yo.
17  Moyiz ak Arawon pran douz mesye Bondye te nonmen yo,
18 yo reyini tout pèp la, premye jou dezyèm mwa a. Yo pran non tout moun dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. Yo konte tout gason, yonn apre lòt, tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran,
19 dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la. Se nan dezè Sinayi a yo te fè resansman tout pèp la.
20 Se konsa yo konte tout gason nan branch fanmi Woubenn, premye pitit Jakòb la, tou sa ki gen ventan ak tou sa ki pi gran epi ki bon pou fè lagè. Yo pran non yo yonn apre lòt, yo di pitit ki moun yo ye, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo.
21 Yo jwenn karannsimil senksan (46.500) gason pou branch fanmi Woubenn lan.
22 Yo fè menm bagay la tou pou tout lòt branch fanmi yo. Pou branch fanmi Simeyon an,
23 yo jwenn senkantnèfmil twasan (59.300) gason.
24 Pou branch fanmi Gad la,
25 yo jwenn karannsenkmil sisansenkant (45.650) gason.
26 Pou branch fanmi Jida a,
27 yo jwenn swasannkatòzmil sisan (74.600) gason.
28 Pou branch fanmi Isaka a,
29 yo jwenn senkannkatmil katsan (54.400) gason.
30 Pou branch fanmi Zabilon an,31 yo jwenn senkannsètmil katsan (57.400) gason.
32 Pou branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la,33 yo jwenn karantmil senksan (40.500) gason.
34 Pou branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la,35 yo jwenn tranndemil desan (32.200) gason.
36 Pou branch fanmi Benjamen an,37 yo jwenn trannsenkmil katsan (35.400) gason.
38 Pou branch fanmi Dann lan,39 yo jwenn swasanndemil sètsan (62.700) gason.
40 Pou branch fanmi Asè a,
41 yo jwenn karanteyenmil senksan (41.500) gason.
42 Pou branch fanmi Neftali a,
43 yo jwenn senkanntwamil katsan (53.400) gason.
44  Se non tout moun sa yo Moyiz ak Arawon te pran lè sa a. Te gen douz chèf, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, ki t’ap ede yo nan travay la.
45 Pou tout branch fanmi yo ansanm,
46 yo jwenn sisantwamil senksansenkant (603.550) gason.
47  Men yo pa t’ fè resansman branch fanmi Levi a ansanm ak lòt branch fanmi yo,
48 paske Seyè a te di Moyiz konsa:
49 -Ou pa bezwen fè resansman branch fanmi Levi a. Ou pa bezwen konte moun fanmi Levi yo ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo.
50 Men, w’a mete moun fanmi Levi yo reskonsab Tant Randevou a ak tou sa ki ladan l’ ansanm ak tou sa ki pou li. Se yo ki pou pote l’ ansanm ak tou sa ki ladan l’. Se yo ki pou sèvi ladan l’ epi yo gen pou yo moute kay yo fè wonn Tant Randevou a.
51 Lè pou Tant Bondye a deplase, se moun fanmi Levi yo ki va demoute l’. Lè yo rive kote pou yo rete a, se moun fanmi Levi yo ki va moute l’ tou. Nenpòt lòt moun ki pa nan branch fanmi Levi a epi ki ta pwoche bò tant lan, se pou yo touye l’.
52 Lòt moun pèp Izrayèl yo menm va moute tant yo apa, chak fanmi ansanm bò l 53 Men, moun fanmi Levi yo va moute kay yo fè wonn Tant Randevou a pou kòlè Bondye pa tonbe sou pèp Izrayèl la. Se yo menm tou ki la pou veye sou Tant Randevou a.
54 Moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. Se konsa yo te fè l’ vre.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Nombres 1

1 L’Éternel parla à Moïse dans le désert de Sinaï, dans la tente d’assignation, le premier jour du second mois, la seconde année après leur sortie du pays d’Égypte. Il dit:
Faites le dénombrement de toute l’assemblée des enfants d’Israël, selon leurs familles, selon les maisons de leurs pères, en comptant par tête les noms de tous les mâles,
depuis l’âge de vingt ans et au-dessus, tous ceux d’Israël en état de porter les armes; vous en ferez le dénombrement selon leurs divisions, toi et Aaron.
Il y aura avec vous un homme par tribu, chef de la maison de ses pères.
Voici les noms des hommes qui se tiendront avec vous. Pour Ruben: Élitsur, fils de Schedéur;
pour Siméon: Schelumiel, fils de Tsurischaddaï;
pour Juda: Nachschon, fils d’Amminadab;
pour Issacar: Nethaneel, fils de Tsuar;
pour Zabulon: Éliab, fils de Hélon;
10 pour les fils de Joseph, -pour Éphraïm: Élischama, fils d’Ammihud; -pour Manassé: Gamliel, fils de Pedahtsur;
11 pour Benjamin: Abidan, fils de Guideoni;
12 pour Dan: Ahiézer, fils d’Ammischaddaï;
13 pour Aser: Paguiel, fils d’Ocran;
14 pour Gad: Éliasaph, fils de Déuel;
15 pour Nephthali: Ahira, fils d’Énan.
16 Tels sont ceux qui furent convoqués à l’assemblée, princes des tribus de leurs pères, chefs des milliers d’Israël.
17 Moïse et Aaron prirent ces hommes, qui avaient été désignés par leurs noms,
18 et ils convoquèrent toute l’assemblée, le premier jour du second mois. On les enregistra selon leurs familles, selon les maisons de leurs pères, en comptant par tête les noms depuis l’âge de vingt ans et au-dessus.
19 Moïse en fit le dénombrement dans le désert de Sinaï, comme l’Éternel le lui avait ordonné.
20 On enregistra les fils de Ruben, premier-né d’Israël, selon leurs familles, selon les maisons de leurs pères, en comptant par tête les noms de tous les mâles, depuis l’âge de vingt ans et au-dessus, tous ceux en état de porter les armes:
21 les hommes de la tribu de Ruben dont on fit le dénombrement furent quarante-six mille cinq cents.
22 On enregistra les fils de Siméon, selon leurs familles, selon les maisons de leurs pères; on en fit le dénombrement, en comptant par tête les noms de tous les mâles depuis l’âge de vingt ans et au-dessus, tous ceux en état de porter les armes:
23 les hommes de la tribu de Siméon dont on fit le dénombrement furent cinquante-neuf mille trois cents.
24 On enregistra les fils de Gad, selon leurs familles, selon les maisons de leurs pères, en comptant les noms depuis l’âge de vingt ans et au-dessus, tous ceux en état de porter les armes:
25 les hommes de la tribu de Gad dont on fit le dénombrement furent quarante-cinq mille six cent cinquante.
26 On enregistra les fils de Juda, selon leurs familles, selon les maisons de leurs pères, en comptant les noms depuis l’âge de vingt ans et au-dessus, tous ceux en état de porter les armes:
27 les hommes de la tribu de Juda dont on fit le dénombrement furent soixante-quatorze mille six cents.
28 On enregistra les fils d’Issacar, selon leurs familles, selon les maisons de leurs pères, en comptant les noms depuis l’âge de vingt ans et au-dessus, tous ceux en état de porter les armes:
29 les hommes de la tribu d’Issacar dont on fit le dénombrement furent cinquante-quatre mille quatre cents.
30 On enregistra les fils de Zabulon, selon leurs familles, selon les maisons de leurs pères, en comptant les noms depuis l’âge de vingt ans et au-dessus, tous ceux en état de porter les armes:
31 les hommes de la tribu de Zabulon dont on fit le dénombrement furent cinquante-sept mille quatre cents.
32 On enregistra, d’entre les fils de Joseph, les fils d’Éphraïm, selon leurs familles, selon les maisons de leurs pères, en comptant les noms depuis l’âge de vingt ans et au-dessus, tous ceux en état de porter les armes:
33 les hommes de la tribu d’Éphraïm dont on fit le dénombrement furent quarante mille cinq cents.
34 On enregistra les fils de Manassé, selon leurs familles, selon les maisons de leurs pères, en comptant les noms depuis l’âge de vingt ans et au-dessus, tous ceux en état de porter les armes:
35 les hommes de la tribu de Manassé dont on fit le dénombrement furent trente-deux mille deux cents.
36 On enregistra les fils de Benjamin, selon leurs familles, selon les maisons de leurs pères, en comptant les noms depuis l’âge de vingt ans et au-dessus, tous ceux en état de porter les armes:
37 les hommes de la tribu de Benjamin dont on fit le dénombrement furent trente-cinq mille quatre cents.
38 On enregistra les fils de Dan, selon leurs familles, selon les maisons de leurs pères, en comptant les noms depuis l’âge de vingt ans et au-dessus, tous ceux en état de porter les armes:
39 les hommes de la tribu de Dan dont on fit le dénombrement furent soixante-deux mille sept cents.
40 On enregistra les fils d’Aser, selon leurs familles, selon les maisons de leurs pères, en comptant les noms depuis l’âge de vingt ans et au-dessus, tous ceux en état de porter les armes:
41 les hommes de la tribu d’Aser dont on fit le dénombrement furent quarante et un mille cinq cents.
42 On enregistra les fils de Nephthali, selon leurs familles, selon les maisons de leurs pères, en comptant les noms depuis l’âge de vingt ans et au-dessus, tous ceux en état de porter les armes:
43 les hommes de la tribu de Nephthali dont on fit le dénombrement furent cinquante-trois mille quatre cents.
44 Tels sont ceux dont le dénombrement fut fait par Moïse et Aaron, et par les douze hommes, princes d’Israël; il y avait un homme pour chacune des maisons de leurs pères.
45 Tous ceux des enfants d’Israël dont on fit le dénombrement, selon les maisons de leurs pères, depuis l’âge de vingt ans et au-dessus, tous ceux d’Israël en état de porter les armes,
46 tous ceux dont on fit le dénombrement furent six cent trois mille cinq cent cinquante.
47 Les Lévites, selon la tribu de leurs pères, ne firent point partie de ce dénombrement.
48 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
49 Tu ne feras point le dénombrement de la tribu de Lévi, et tu n’en compteras point les têtes au milieu des enfants d’Israël.
50 Remets aux soins des Lévites le tabernacle du témoignage, tous ses ustensiles et tout ce qui lui appartient. Ils porteront le tabernacle et tous ses ustensiles, ils en feront le service, et ils camperont autour du tabernacle.
51 Quand le tabernacle partira, les Lévites le démonteront; quand le tabernacle campera, les Lévites le dresseront; et l’étranger qui en approchera sera puni de mort.
52 Les enfants d’Israël camperont chacun dans son camp, chacun près de sa bannière, selon leurs divisions.
53 Mais les Lévites camperont autour du tabernacle du témoignage, afin que ma colère n’éclate point sur l’assemblée des enfants d’Israël; et les Lévites auront la garde du tabernacle du témoignage.
54 Les enfants d’Israël se conformèrent à tous les ordres que l’Éternel avait donnés à Moïse; ils firent ainsi.
Louis Segond {LSG}

Numbers 1

1 And the Lord spake unto Moses in the wilderness of Sinai, in the tabernacle of the congregation, on the first day of the second month, in the second year after they were come out of the land of Egypt, saying,
Take ye the sum of all the congregation of the children of Israel, after their families, by the house of their fathers, with the number of their names, every male by their polls;
From twenty years old and upward, all that are able to go forth to war in Israel: thou and Aaron shall number them by their armies.
And with you there shall be a man of every tribe; every one head of the house of his fathers.
And these are the names of the men that shall stand with you: of the tribe of Reuben; Elizur the son of Shedeur.
Of Simeon; Shelumiel the son of Zurishaddai.
Of Judah; Nahshon the son of Amminadab.
Of Issachar; Nethaneel the son of Zuar.
Of Zebulun; Eliab the son of Helon.
10 Of the children of Joseph: of Ephraim; Elishama the son of Ammihud: of Manasseh; Gamaliel the son of Pedahzur.
11 Of Benjamin; Abidan the son of Gideoni.
12 Of Dan; Ahiezer the son of Ammishaddai.
13 Of Asher; Pagiel the son of Ocran.
14 Of Gad; Eliasaph the son of Deuel.
15 Of Naphtali; Ahira the son of Enan.
16 These were the renowned of the congregation, princes of the tribes of their fathers, heads of thousands in Israel.
17 And Moses and Aaron took these men which are expressed by their names:
18 And they assembled all the congregation together on the first day of the second month, and they declared their pedigrees after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, by their polls.
19 As the Lord commanded Moses, so he numbered them in the wilderness of Sinai.
20 And the children of Reuben, Israel’s eldest son, by their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, by their polls, every male from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;
21 Those that were numbered of them, even of the tribe of Reuben, were forty and six thousand and five hundred.
22 Of the children of Simeon, by their generations, after their families, by the house of their fathers, those that were numbered of them, according to the number of the names, by their polls, every male from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;
23 Those that were numbered of them, even of the tribe of Simeon, were fifty and nine thousand and three hundred.
24 Of the children of Gad, by their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;
25 Those that were numbered of them, even of the tribe of Gad, were forty and five thousand six hundred and fifty.
26 Of the children of Judah, by their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;
27 Those that were numbered of them, even of the tribe of Judah, were threescore and fourteen thousand and six hundred.
28 Of the children of Issachar, by their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;
29 Those that were numbered of them, even of the tribe of Issachar, were fifty and four thousand and four hundred.
30 Of the children of Zebulun, by their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;
31 Those that were numbered of them, even of the tribe of Zebulun, were fifty and seven thousand and four hundred.
32 Of the children of Joseph, namely, of the children of Ephraim, by their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;
33 Those that were numbered of them, even of the tribe of Ephraim, were forty thousand and five hundred.
34 Of the children of Manasseh, by their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;
35 Those that were numbered of them, even of the tribe of Manasseh, were thirty and two thousand and two hundred.
36 Of the children of Benjamin, by their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;
37 Those that were numbered of them, even of the tribe of Benjamin, were thirty and five thousand and four hundred.
38 Of the children of Dan, by their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;
39 Those that were numbered of them, even of the tribe of Dan, were threescore and two thousand and seven hundred.
40 Of the children of Asher, by their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;
41 Those that were numbered of them, even of the tribe of Asher, were forty and one thousand and five hundred.
42 Of the children of Naphtali, throughout their generations, after their families, by the house of their fathers, according to the number of the names, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war;
43 Those that were numbered of them, even of the tribe of Naphtali, were fifty and three thousand and four hundred.
44 These are those that were numbered, which Moses and Aaron numbered, and the princes of Israel, being twelve men: each one was for the house of his fathers.
45 So were all those that were numbered of the children of Israel, by the house of their fathers, from twenty years old and upward, all that were able to go forth to war in Israel;
46 Even all they that were numbered were six hundred thousand and three thousand and five hundred and fifty.
47 But the Levites after the tribe of their fathers were not numbered among them.
48 For the Lord had spoken unto Moses, saying,
49 Only thou shalt not number the tribe of Levi, neither take the sum of them among the children of Israel:
50 But thou shalt appoint the Levites over the tabernacle of testimony, and over all the vessels thereof, and over all things that belong to it: they shall bear the tabernacle, and all the vessels thereof; and they shall minister unto it, and shall encamp round about the tabernacle.
51 And when the tabernacle setteth forward, the Levites shall take it down: and when the tabernacle is to be pitched, the Levites shall set it up: and the stranger that cometh nigh shall be put to death.
52 And the children of Israel shall pitch their tents, every man by his own camp, and every man by his own standard, throughout their hosts.
53 But the Levites shall pitch round about the tabernacle of testimony, that there be no wrath upon the congregation of the children of Israel: and the Levites shall keep the charge of the tabernacle of testimony.
54 And the children of Israel did according to all that the Lord commanded Moses, so did they.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}