Liv Zakari / Zacharie / Zechariah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Zakari 8         

1 Seyè ki gen tout pouvwa a te bay Zakari mesaj sa a:
-Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen sitèlman renmen moun mòn Siyon yo, mwen fè jalouzi anpil pou yo. Mwen fè kòlè sou lènmi yo.
Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: M’ap tounen sou mòn Siyon an. Mwen pral rete nan mitan lavil Jerizalèm. Y’a rele Jerizalèm Lavil kote moun kenbe pye Bondye yo fèm. Y’a rele mòn Seyè ki gen tout pouvwa a Mòn ki apa pou Seyè a.
Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: N’a wè vye granmoun, fanm kou gason, vin chita sou plas piblik nan lavil Jerizalèm. Yo chak va gen yon baton nan men yo pou yo ka mache tèlman y’ap vye granmoun.
Lari yo va plen ti gason ak ti fi k’ap jwe konsa toupatou.
Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Pou ti ponyen moun ki rete koulye a nan peyi a, sa se yon bagay yo di ki pa ka rive. Men, pa pou mwen. Se Seyè a menm ki di sa.
Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò. Se mwen menm k’ap delivre pèp mwen an, k’ap fè yo soti nan peyi ki sou bò solèy leve a ak nan peyi ki sou bò solèy kouche a.
M’ap mennen yo tounen pou yo ka rete lavil Jerizalèm ankò. Y’a pou mwen yon pèp ki rele m’ pa m’. Mwen menm m’a Bondye yo. M’a kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Yo menm, y’a fè sa m’a mande yo fè.
 Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di konsa: -Pran kouraj, nou menm k’ap tande koulye a nan bouch pwofèt yo menm mesaj Bondye te bay lè yo t’ap mete men nan fondasyon tanp Seyè a pou rebati kay ki apa pou li a.
10 Paske, anvan jou sa yo, pa t’ gen travay ni pou moun ni pou bèt. Pesonn pa t’ ka ale vini ak kè poze nan peyi a poutèt lènmi yo. Mwen te fè moun leve yonn kont lòt.
11 Men koulye a, mwen pral aji yon lòt jan ak ti rès moun ki vivan toujou nan peyi a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.
12 Y’a plante jaden yo ak kè poze. Pye rezen yo va donnen, tè a va bay rekòt. Lapli va tonbe sot nan syèl la. M’a bay ti rès moun ki vivan toujou nan pèp la tout benediksyon sa yo.
13 Nou menm moun Jida ak moun Izrayèl, menm jan yon lè mwen te fè nou tounen yon madichon nan mitan lòt nasyon yo, konsa tou m’a delivre nou, m’a fè nou tounen benediksyon nan mitan lòt nasyon yo. Nou pa bezwen pè. Pran kouraj!
14 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Lè zansèt nou yo te fè m’ fache sou yo, mwen te pran desizyon pou m’ te pini yo. Mwen pa t’ chanje lide.
15 Konsa tou, koulye a mwen pran desizyon pou m’ beni moun lavil Jerizalèm ak moun fanmi Jida yo. Nou pa bezwen pè anyen.
16 Men sa pou nou fè: Lè n’ap pale yonn ak lòt, pa bay manti. Nan tribinal, se pou nou rann jistis san patipri pou tout moun ka viv byen yonn ak lòt.
17 Pa fè plan pou nou aji mal yonn ak lòt. Pa fè sèman, lèfini pou n’ap bay manti pou akize moun. Paske, tou sa se bagay mwen pa vle wè. Se Seyè a menm ki di sa!
18  Seyè ki gen tout pouvwa a pale ak Zakari ankò, li di l’ konsa:
19 -Jèn yo konn fè chak katriyèm mwa, chak senkyèm mwa, chak setyèm mwa ak chak dizyèm mwa a pral yon plezi, yon kè kontan pou moun Jida yo, yon okazyon pou yo fè fèt. Se pou nou renmen viv byen yonn ak lòt san bay manti.
20 Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Yon lè gen pou rive moun va soti nan gwo lavil lòt peyi yo pou yo vini lavil Jerizalèm.
21 Moun va soti nan yon lavil, y’a ale nan yon lòt, y’a di moun ki la yo: Ann al adore Seyè ki gen tout pouvwa a! Ann al lapriyè nan pye Seyè a pou mande l’ benediksyon. Ann ale non!
22 Anpil moun ap soti nan gran peyi, y’ap vini lavil Jerizalèm pou yo adore Seyè ki gen tout pouvwa a. Y’ap vin lapriyè nan pye l’ pou mande l’ benediksyon.
23 Wi, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Lè sa a, dis moun ap soti nan lòt peyi kote yo pale lòt lang, y’a kenbe yon jwif nan rad, y’a di l’: Nou vle ale avè ou, paske nou tande se avèk jwif yo Bondye ye.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Zacharie 8       

2 La parole de l’Éternel des armées se révéla, en ces mots:
Ainsi parle l’Éternel des armées: Je suis ému pour Sion d’une grande jalousie, et je suis saisi pour elle d’une grande fureur.
Ainsi parle l’Éternel: Je retourne à Sion, et je veux habiter au milieu de Jérusalem. Jérusalem sera appelée ville fidèle, et la montagne de l’Éternel des armées montagne sainte.
Ainsi parle l’Éternel des armées: Des vieillards et des femmes âgées s’assiéront encore dans les rues de Jérusalem, chacun le bâton à la main, à cause du grand nombre de leurs jours.
Les rues de la ville seront remplies de jeunes garçons et de jeunes filles, jouant dans les rues.
Ainsi parle l’Éternel des armées: Si la chose paraît étonnante aux yeux du reste de ce peuple en ces jours-là, sera-t-elle de même étonnante à mes yeux? dit l’Éternel des armées.
Ainsi parle l’Éternel des armées: Voici, je délivre mon peuple du pays de l’orient et du pays du soleil couchant.
Je les ramènerai, et ils habiteront au milieu de Jérusalem; ils seront mon peuple, et je serai leur Dieu avec vérité et droiture.
Ainsi parle l’Éternel des armées: Fortifiez vos mains, vous qui entendez aujourd’hui ces paroles de la bouche des prophètes qui parurent au temps où fut fondée la maison de l’Éternel des armées, où le temple allait être bâti.
10 Car avant ce temps, le travail de l’homme ne recevait pas sa récompense, et le salaire des bêtes était nul; il n’y avait point de paix pour ceux qui entraient et sortaient, à cause de l’ennemi, et je lâchais tous les hommes les uns contre les autres.
11 Maintenant je ne suis pas pour le reste de ce peuple comme j’étais dans le temps passé, dit l’Éternel des armées.
12 Car les semailles prospéreront, la vigne rendra son fruit, la terre donnera ses produits, et les cieux enverront leur rosée; je ferai jouir de toutes ces choses le reste de ce peuple.
13 De même que vous avez été en malédiction parmi les nations, maison de Juda et maison d’Israël, de même je vous sauverai, et vous serez en bénédiction. Ne craignez pas, et que vos mains se fortifient!
14 Car ainsi parle l’Éternel des armées: Comme j’ai eu la pensée de vous faire du mal lorsque vos pères m’irritaient, dit l’Éternel des armées, et que je ne m’en suis point repenti,
15 ainsi je reviens en arrière et j’ai résolu en ces jours de faire du bien à Jérusalem et à la maison de Juda. Ne craignez pas!
16 Voici ce que vous devez faire: dites la vérité chacun à son prochain; jugez dans vos portes selon la vérité et en vue de la paix;
17 que nul en son coeur ne pense le mal contre son prochain, et n’aimez pas le faux serment, car ce sont là toutes choses que je hais, dit l’Éternel.
18 La parole de l’Éternel des armées me fut adressée, en ces mots:
19 Ainsi parle l’Éternel des armées: Le jeûne du quatrième mois, le jeûne du cinquième, le jeûne du septième et le jeûne du dixième se changeront pour la maison de Juda en jours d’allégresse et de joie, en fêtes de réjouissance. Mais aimez la vérité et la paix.
20 Ainsi parle l’Éternel des armées: Il viendra encore des peuples et des habitants d’un grand nombre de villes.
21 Les habitants d’une ville iront à l’autre, en disant: Allons implorer l’Éternel et chercher l’Éternel des armées! Nous irons aussi!
22 Et beaucoup de peuples et de nombreuses nations viendront chercher l’Éternel des armées à Jérusalem et implorer l’Éternel.
23 Ainsi parle l’Éternel des armées: En ces jours-là, dix hommes de toutes les langues des nations saisiront un Juif par le pan de son vêtement et diront: Nous irons avec vous, car nous avons appris que Dieu est avec vous.

Louis Segond {LSG}

Zechariah 8  

1 Again the word of the Lord of hosts came to me, saying,
Thus saith the Lord of hosts; I was jealous for Zion with great jealousy, and I was jealous for her with great fury.
Thus saith the Lord; I am returned unto Zion, and will dwell in the midst of Jerusalem: and Jerusalem shall be called a city of truth; and the mountain of the Lord of hosts the holy mountain.
Thus saith the Lord of hosts; There shall yet old men and old women dwell in the streets of Jerusalem, and every man with his staff in his hand for very age.
And the streets of the city shall be full of boys and girls playing in the streets thereof.
Thus saith the Lord of hosts; If it be marvellous in the eyes of the remnant of this people in these days, should it also be marvellous in mine eyes? saith the Lord of hosts.
Thus saith the Lord of hosts; Behold, I will save my people from the east country, and from the west country;
And I will bring them, and they shall dwell in the midst of Jerusalem: and they shall be my people, and I will be their God, in truth and in righteousness.
Thus saith the Lord of hosts; Let your hands be strong, ye that hear in these days these words by the mouth of the prophets, which were in the day that the foundation of the house of the Lord of hosts was laid, that the temple might be built.
10 For before these days there was no hire for man, nor any hire for beast; neither was there any peace to him that went out or came in because of the affliction: for I set all men every one against his neighbour.
11 But now I will not be unto the residue of this people as in the former days, saith the Lord of hosts.
12 For the seed shall be prosperous; the vine shall give her fruit, and the ground shall give her increase, and the heavens shall give their dew; and I will cause the remnant of this people to possess all these things.
13 And it shall come to pass, that as ye were a curse among the heathen, O house of Judah, and house of Israel; so will I save you, and ye shall be a blessing: fear not, but let your hands be strong.
14 For thus saith the Lord of hosts; As I thought to punish you, when your fathers provoked me to wrath, saith the Lord of hosts, and I repented not:
15 So again have I thought in these days to do well unto Jerusalem and to the house of Judah: fear ye not.
16 These are the things that ye shall do; Speak ye every man the truth to his neighbour; execute the judgment of truth and peace in your gates:
17 And let none of you imagine evil in your hearts against his neighbour; and love no false oath: for all these are things that I hate, saith the Lord.
18 And the word of the Lord of hosts came unto me, saying,
19 Thus saith the Lord of hosts; The fast of the fourth month, and the fast of the fifth, and the fast of the seventh, and the fast of the tenth, shall be to the house of Judah joy and gladness, and cheerful feasts; therefore love the truth and peace.
20 Thus saith the Lord of hosts; It shall yet come to pass, that there shall come people, and the inhabitants of many cities:
21 And the inhabitants of one city shall go to another, saying, Let us go speedily to pray before the Lord, and to seek the Lord of hosts: I will go also.
22 Yea, many people and strong nations shall come to seek the Lord of hosts in Jerusalem, and to pray before the Lord.
23 Thus saith the Lord of hosts; In those days it shall come to pass, that ten men shall take hold out of all languages of the nations, even shall take hold of the skirt of him that is a Jew, saying, We will go with you: for we have heard that God is with you.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}