Liv 2 Samyèl / 2 Samuel / 2 Samuel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Samyèl 6

1 Yon lòt fwa ankò, David reyini tout pi bon sòlda pèp Izrayèl la. Sa te fè antou trantmil (30.000) gason.
Li leve, li pati pou Balat nan peyi Jida ansanm ak tout sòlda ki te avè l’ yo. Li tapral chache Bwat Kontra Bondye a, bwat ki pote non Seyè ki gen tout pouvwa a, Seyè ki gen fotèy li anwo zanj cheriben yo.
Yo pran Bwat la kay Abenadab sou mòn lan, mete l’ sou yon kabwa tou nèf, yo pote l’ ale. Ouza ak Akiyo, pitit gason Abenadab yo, t’ap mennen kabwa
kote yo te mete Bwat Kontra Bondye a. Akiyo t’ap mache devan kabwa a.
David ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo menm t’ap danse ak tout nanm yo. Yo t’ap chante fè lwanj Seyè a. Yo t’ap jwe gita ak bandjo. Yo t’ap bat tanbou, tanbouren ak senbal.
 Lè yo rive bò glasi Nakon an, bèf yo bite, yo manke tonbe. Ouza lonje men l’, li soutni Bwat Kontra a.
Men Seyè a move sou Ouza, li touye l’ frèt paske li pa t’ gen dwa manyen Bwat Kontra a. Ouza mouri la toupre Bwat Kontra a.
David menm te fache dèske Seyè a te touye Ouza konsa. Se poutèt sa depi lè sa a yo rele kote sa a Perèz-Ouza, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a.
Lè sa a, David vin pè Seyè a. Li di li pa wè ki jan pou l’ pran Bwat Kontra a lakay li.
10 Se konsa li pran desizyon pou l’ pa pote Bwat Kontra Seyè a lakay li nan Lavil David la. Li fè yo pote l’ kay Obèdedon, yon moun lavil Gat.
11 Bwat la pase twa mwa lakay li. Seyè a te beni Obèdedon ansanm ak tout moun lakay li.
12  Lè David tande jan Seyè a te beni Obèdedon ak tout moun lakay li, jan zafè l’ t’ap mache byen poutèt Bwat Kontra a, David pati, li ale kay Obèdedon, li pran Bwat Kontra Seyè a pou pote l’ nan Lavil David la avèk gwo seremoni sou tout wout la.
13 Lè moun ki t’ap pote Bwat Kontra Seyè a fè sis pa annavan, David fè yo rete, li touye yon gwo towo ak yon ti towo bèf chatre pou Seyè a.
14 Apre sa, David pran danse ak tout nanm li devan Seyè a. Li pa t’ gen pase yon moso twal fen blan mare nan ren l’.
15 Se konsa, li menm ak tout pèp Izrayèl la, yo pote Bwat Kontra Seyè a lavil Jerizalèm. Yo t’ap fè fèt, yo t’ap kònen twonpèt sou tout wout la.
16 Antan yo t’ap antre ak Bwat Kontra a nan lavil David la, Mikal, pitit fi Sayil la, te kanpe bò yon fennèt ap gade. Li wè David ki t’ap danse fè laviwonn devan Seyè a. Li vin pa gen yon san pou li ankò.
17 Yo pote Bwat Kontra Seyè a, yo mete l’ nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, David ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a ak ofrann pou di Bondye mèsi.
18 Lè David fin fè ofrann sa yo, li beni pèp la nan non Seyè ki gen tout pouvwa a.
19 Li separe manje bay tout moun pèp Izrayèl yo, fanm kou gason. Li ba yo chak yon pen, yon moso vyann woti ak yon pen rezen. Lèfini, tout moun al lakay yo.
20  Apre sa, David al lakay li pou l’ beni fanmi pa l’ tou. Men, Mikal, pitit fi Sayil la, soti vin kontre li. Epi li di l’ konsa: -Ala yon bèl bagay wa pèp Izrayèl la fè pou tèt li jòdi a! Tou sa yon vakabon ta fè. Li wete rad sou li devan tout sèvant moun k’ap sèvi avè l’ yo!
21 David reponn li: -Se vre. Mwen t’ap danse pou m’ te fè lwanj Seyè a ki te pito m’ pase papa ou ak tout fanmi ou. Li chwazi m’, li mete m’ chèf pèp Izrayèl la, pèp li a. M’ap toujou ka danse devan l’ pou m’ fè lwanj li.
22 M’ap desanm tèt mwen pi ba toujou pase sa. Dapre ou, se desann m’ap desann sousi m’. Men, sèvant w’ap pale yo ap toujou ka leve m’ anlè.
23 Mikal, pitit fi Sayil la, pa janm fè pitit jouk li mouri.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

2 Samuel 6

1 David rassembla encore toute l’élite d’Israël, au nombre de trente mille hommes.
Et David, avec tout le peuple qui était auprès de lui, se mit en marche depuis Baalé Juda, pour faire monter de là l’arche de Dieu, devant laquelle est invoqué le nom de l’Éternel des armées qui réside entre les chérubins au-dessus de l’arche.
Ils mirent sur un char neuf l’arche de Dieu, et l’emportèrent de la maison d’Abinadab sur la colline; Uzza et Achjo, fils d’Abinadab, conduisaient le char neuf.
Ils l’emportèrent donc de la maison d’Abinadab sur la colline; Uzza marchait à côté de l’arche de Dieu, et Achjo allait devant l’arche.
David et toute la maison d’Israël jouaient devant l’Éternel de toutes sortes d’instruments de bois de cyprès, des harpes, des luths, des tambourins, des sistres et des cymbales.
Lorsqu’ils furent arrivés à l’aire de Nacon, Uzza étendit la main vers l’arche de Dieu et la saisit, parce que les boeufs la faisaient pencher.
La colère de l’Éternel s’enflamma contre Uzza, et Dieu le frappa sur place à cause de sa faute. Uzza mourut là, près de l’arche de Dieu.
David fut irrité de ce que l’Éternel avait frappé Uzza d’un tel châtiment. Et ce lieu a été appelé jusqu’à ce jour Pérets Uzza.
David eut peur de l’Éternel en ce jour-là, et il dit: Comment l’arche de l’Éternel entrerait-elle chez moi?
10 Il ne voulut pas retirer l’arche de l’Éternel chez lui dans la cité de David, et il la fit conduire dans la maison d’Obed Édom de Gath.
11 L’arche de l’Éternel resta trois mois dans la maison d’Obed Édom de Gath, et l’Éternel bénit Obed Édom et toute sa maison.
12 On vint dire au roi David: L’Éternel a béni la maison d’Obed Édom et tout ce qui est à lui, à cause de l’arche de Dieu. Et David se mit en route, et il fit monter l’arche de Dieu depuis la maison d’Obed Édom jusqu’à la cité de David, au milieu des réjouissances.
13 Quand ceux qui portaient l’arche de l’Éternel eurent fait six pas, on sacrifia un boeuf et un veau gras.
14 David dansait de toute sa force devant l’Éternel, et il était ceint d’un éphod de lin.
15 David et toute la maison d’Israël firent monter l’arche de l’Éternel avec des cris de joie et au son des trompettes.
16 Comme l’arche de l’Éternel entrait dans la cité de David, Mical, fille de Saül, regardait par la fenêtre, et, voyant le roi David sauter et danser devant l’Éternel, elle le méprisa dans son coeur.
17 Après qu’on eut amené l’arche de l’Éternel, on la mit à sa place au milieu de la tente que David avait dressée pour elle; et David offrit devant l’Éternel des holocaustes et des sacrifices d’actions de grâces.
18 Quand David eut achevé d’offrir les holocaustes et les sacrifices d’actions de grâces, il bénit le peuple au nom de l’Éternel des armées.
19 Puis il distribua à tout le peuple, à toute la multitude d’Israël, hommes et femmes, à chacun un pain, une portion de viande et un gâteau de raisins. Et tout le peuple s’en alla, chacun dans sa maison.
20 David s’en retourna pour bénir sa maison, et Mical, fille de Saül, sortit à sa rencontre. Elle dit: Quel honneur aujourd’hui pour le roi d’Israël de s’être découvert aux yeux des servantes de ses serviteurs, comme se découvrirait un homme de rien!
21 David répondit à Mical: C’est devant l’Éternel, qui m’a choisi de préférence à ton père et à toute sa maison pour m’établir chef sur le peuple de l’Éternel, sur Israël, c’est devant l’Éternel que j’ai dansé.
22 Je veux paraître encore plus vil que cela, et m’abaisser à mes propres yeux; néanmoins je serai en honneur auprès des servantes dont tu parles.
23 Or Mical, fille de Saül, n’eut point d’enfants jusqu’au jour de sa mort.
Louis Segond {LSG}

2 Samuel 6

1 Again, David gathered together all the chosen men of Israel, thirty thousand.
And David arose, and went with all the people that were with him from Baale of Judah, to bring up from thence the ark of God, whose name is called by the name of the Lord of hosts that dwelleth between the cherubims.
And they set the ark of God upon a new cart, and brought it out of the house of Abinadab that was in Gibeah: and Uzzah and Ahio, the sons of Abinadab, drave the new cart.
And they brought it out of the house of Abinadab which was at Gibeah, accompanying the ark of God: and Ahio went before the ark.
And David and all the house of Israel played before the Lord on all manner of instruments made of fir wood, even on harps, and on psalteries, and on timbrels, and on cornets, and on cymbals.
And when they came to Nachon’s threshingfloor, Uzzah put forth his hand to the ark of God, and took hold of it; for the oxen shook it.
And the anger of the Lord was kindled against Uzzah; and God smote him there for his error; and there he died by the ark of God.
And David was displeased, because the Lord had made a breach upon Uzzah: and he called the name of the place Perezuzzah to this day.
And David was afraid of the Lord that day, and said, How shall the ark of the Lord come to me?
10 So David would not remove the ark of the Lord unto him into the city of David: but David carried it aside into the house of Obededom the Gittite.
11 And the ark of the Lord continued in the house of Obededom the Gittite three months: and the Lord blessed Obededom, and all his household.
12 And it was told king David, saying, The Lord hath blessed the house of Obededom, and all that pertaineth unto him, because of the ark of God. So David went and brought up the ark of God from the house of Obededom into the city of David with gladness.
13 And it was so, that when they that bare the ark of the Lord had gone six paces, he sacrificed oxen and fatlings.
14 And David danced before the Lord with all his might; and David was girded with a linen ephod.
15 So David and all the house of Israel brought up the ark of the Lord with shouting, and with the sound of the trumpet.
16 And as the ark of the Lord came into the city of David, Michal Saul’s daughter looked through a window, and saw king David leaping and dancing before the Lord; and she despised him in her heart.
17 And they brought in the ark of the Lord, and set it in his place, in the midst of the tabernacle that David had pitched for it: and David offered burnt offerings and peace offerings before the Lord.
18 And as soon as David had made an end of offering burnt offerings and peace offerings, he blessed the people in the name of the Lord of hosts.
19 And he dealt among all the people, even among the whole multitude of Israel, as well to the women as men, to every one a cake of bread, and a good piece of flesh, and a flagon of wine. So all the people departed every one to his house.
20 Then David returned to bless his household. And Michal the daughter of Saul came out to meet David, and said, How glorious was the king of Israel to day, who uncovered himself to day in the eyes of the handmaids of his servants, as one of the vain fellows shamelessly uncovereth himself!
21 And David said unto Michal, It was before the Lord, which chose me before thy father, and before all his house, to appoint me ruler over the people of the Lord, over Israel: therefore will I play before the Lord.
22 And I will yet be more vile than thus, and will be base in mine own sight: and of the maidservants which thou hast spoken of, of them shall I be had in honour.
23 Therefore Michal the daughter of Saul had no child unto the day of her death.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}