Liv Ézayi / Ésaïe / Isaiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ézayi 8  

1 Seyè a pale avè m’, li di m’ konsa: -Pran yon gwo wòch plat ak yon sizo mason. Ekri pawòl sa yo sou li an gwo lèt: Prese piye, prese devalize.
Lèfini, mwen pran de moun serye, Ouri, yon prèt, ak Zakari, pitit Jeberekiya a, pou yo sèvi m’ temwen.
Apre sa, m’ al kouche ak madanm mwen. Li vin ansent, li fè yon pitit gason. Seyè a di m’ konsa: -W’a rele l’: Prese piye, prese devalize.
Paske, anvan pitit la ka pale pou l’ di papa manman, moun peyi Lasiri yo va gen tan pran tout richès moun lavil Damas yo ak tou sa moun Samari yo pran nan piyay, y’a pote yo ale bay wa pa yo a.
Seyè a pale avè m’ ankò, li di m’ konsa:
-Paske pèp la meprize dlo larivyè Siloe a k’ap koule tou dousman, paske yo tranble devan wa Rezen ak wa Pekak, pitit Remalya a,
mwen menm, Seyè a, m’ap fè wa peyi Lasiri a vin atake yo ak tout fòs li. L’ap vini tankou dlo gwo larivyè Lefrat la lè l’ap desann. L’ap gonfle, l’ap debòde sou tout rivaj li yo.
L’ap anvayi tout peyi Jida a, l’ap rive ra kou, l’ap kouvri tout peyi a. Bondye avèk nou! L’ap pwoteje peyi a anba zèl li!
 Nou menm, moun tout nasyon yo, manyè konn sa! Nou mèt tranble! Nou menm ki rete nan peyi byen lwen, louvri zòrèy nou! Pare pou nou goumen! Men, konnen nou anba kou! Wi, mwen di nou pare pou nou goumen. Men, konnen nou anba kou!
10 Nou mèt fè plan nou. Men, sa p’ap mache! Nou mèt pale jan nou vle. Men, sa p’ap sèvi nou anyen, paske nou menm patizan Bondye yo, se Bondye ki avèk nou!
11 Wi, Seyè a lonje men l’, li pran m’. Li tou pale m’ pou m’ pa swiv chemen pèp la t’ap swiv la. Li di m’ konsa:
12 Pa rele konplo sa pèp la rele konplo. Ou pa bezwen pè sa pèp la pè a. Wi, ou pa bezwen gen kè sote.
13 Chonje, se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, pou nou konsidere tankou Bondye apa a! Se mwen menm pou nou pè. Se pou mwen nou dwe gen krentif.
14 Paske se mwen menm ki yon Bondye apa. M’ap tounen yon wòch k’ap fè nou bite, yon wòch k’ap fè moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo tonbe! M’ap tounen yon move pa, yon pèlen pou moun lavil Jerizalèm yo.
15 Anpil moun pral bite, y’ap tonbe, y’ap kase ren yo. Y’ap tonbe nan pèlen an, y’ap pran ladan l’.
16  Se pou patizan m’ yo kenbe pawòl Bondye di m’ lan. Se pou yo kenbe lòd Bondye yo nan kè yo!
17 Seyè a vire do l’ bay moun fanmi Jakòb yo. Men, mwen menm m’ap konte sou li, m’ap mete tout espwa m’ nan li.
18 Men mwen ansanm ak tout pitit Seyè a ban mwen yo! Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm ki rete sou mòn Siyon an, li fè nou tounen yon siy nan mitan pèp la pou nou moutre sa ki pral rive.
19 Si pèp la mande nou pou n’ al kay divinò ak moun k’ap rele mò, yon bann moun k’ap pale chwichwi pou moun pa ka konprann, si yo di nou: Eske moun pa gen dwa mande bondye yo sa pou yo fè? Eske yo pa gen dwa al rele mò yo pou vivan yo?
20 W’a reponn yo: Koute pawòl Seyè a, koute sa li te moutre nou an! Si nou koute moun k’ap di nou fè lòt bagay, n’ap toujou rete nan fènwa.
21 Moun pral pwonmennen mache nan tout peyi a, y’ap dekouraje, y’ap grangou. Grangou pral fè yo move, y’a rive rele madichon pou wa yo a ansanm ak Bondye yo a. Y’a leve je yo gade nan syèl,
22 y’a bese je yo gade atè. Toupatou se va renk kè sere ak fènwa, yon fènwa k’ap fè kè tout moun kase. Y’ap pèdi nan gwo fènwa. Tout moun nan peyi a te mèt gen kè kase, rive yon lè sa gen pou chanje, fènwa a p’ap toujou rete la.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ésaïe 8

1 L’Éternel me dit: Prends une grande table, et écris dessus, d’une manière intelligible: Qu’on se hâte de piller, qu’on se précipite sur le butin.
Je pris avec moi des témoins dignes de foi, le sacrificateur Urie, et Zacharie, fils de Bérékia.
Je m’étais approché de la prophétesse; elle conçut, et elle enfanta un fils. L’Éternel me dit: Donne-lui pour nom Maher Schalal Chasch Baz.
Car, avant que l’enfant sache dire: Mon père! ma mère! on emportera devant le roi d’Assyrie les richesses de Damas et le butin de Samarie.
L’Éternel me parla encore, et me dit:
Parce que ce peuple a méprisé les eaux de Siloé qui coulent doucement Et qu’il s’est réjoui au sujet de Retsin et du fils de Remalia, Voici, le Seigneur va faire monter
contre eux Les puissantes et grandes eaux du fleuve (Le roi d’Assyrie et toute sa gloire); Il s’élèvera partout au-dessus de son lit, Et il se répandra sur toutes ses rives;
Il pénétrera dans Juda, il débordera et inondera, Il atteindra jusqu’au cou. Le déploiement de ses ailes Remplira l’étendue de ton pays, ô Emmanuel!
Poussez des cris de guerre, peuples! et vous serez brisés; Prêtez l’oreille, vous tous qui habitez au loin! Préparez-vous au combat, et vous serez brisés; Préparez-vous au combat, et vous serez brisés.
10 Formez des projets, et ils seront anéantis; Donnez des ordres, et ils seront sans effet: Car Dieu est avec nous.
11 Ainsi m’a parlé l’Éternel, quand sa main me saisit, Et qu’il m’avertit de ne pas marcher dans la voie de ce peuple:
12 N’appelez pas conjuration tout ce que ce peuple appelle conjuration; Ne craignez pas ce qu’il craint, et ne soyez pas effrayés.
13 C’est l’Éternel des armées que vous devez sanctifier, C’est lui que vous devez craindre et redouter.
14 Et il sera un sanctuaire, Mais aussi une pierre d’achoppement, Un rocher de scandale pour les deux maisons d’Israël, Un filet et un piège Pour les habitants de Jérusalem.
15 Plusieurs trébucheront; Ils tomberont et se briseront, Ils seront enlacés et pris.
16 Enveloppe cet oracle, Scelle cette révélation, parmi mes disciples. –
17 J’espère en l’Éternel, Qui cache sa face à la maison de Jacob; Je place en lui ma confiance.
18 Voici, moi et les enfants que l’Éternel m’a donnés, Nous sommes des signes et des présages en Israël, De la part de l’Éternel des armées, Qui habite sur la montagne de Sion.
19 Si l’on vous dit: Consultez ceux qui évoquent les morts et ceux qui prédisent l’avenir, Qui poussent des sifflements et des soupirs, Répondez: Un peuple ne consultera-t-il pas son Dieu? S’adressera-t-il aux morts en faveur des vivants?
20 A la loi et au témoignage! Si l’on ne parle pas ainsi, Il n’y aura point d’aurore pour le peuple.
21 Il sera errant dans le pays, accablé et affamé; Et, quand il aura faim, il s’irritera, Maudira son roi et son Dieu, Et tournera les yeux en haut;
22 Puis il regardera vers la terre, Et voici, il n’y aura que détresse, obscurité et de sombres angoisses: Il sera repoussé dans d’épaisses ténèbres.

Louis Segond {LSG}

Isaiah 8 

1 Moreover the Lord said unto me, Take thee a great roll, and write in it with a man’s pen concerning Mahershalalhashbaz.
And I took unto me faithful witnesses to record, Uriah the priest, and Zechariah the son of Jeberechiah.
And I went unto the prophetess; and she conceived, and bare a son. Then said the Lord to me, Call his name Mahershalalhashbaz.
For before the child shall have knowledge to cry, My father, and my mother, the riches of Damascus and the spoil of Samaria shall be taken away before the king of Assyria.
The Lord spake also unto me again, saying,
Forasmuch as this people refuseth the waters of Shiloah that go softly, and rejoice in Rezin and Remaliah’s son;
Now therefore, behold, the Lord bringeth up upon them the waters of the river, strong and many, even the king of Assyria, and all his glory: and he shall come up over all his channels, and go over all his banks:
And he shall pass through Judah; he shall overflow and go over, he shall reach even to the neck; and the stretching out of his wings shall fill the breadth of thy land, O Immanuel.
Associate yourselves, O ye people, and ye shall be broken in pieces; and give ear, all ye of far countries: gird yourselves, and ye shall be broken in pieces; gird yourselves, and ye shall be broken in pieces.
10 Take counsel together, and it shall come to nought; speak the word, and it shall not stand: for God is with us.
11 For the Lord spake thus to me with a strong hand, and instructed me that I should not walk in the way of this people, saying,
12 Say ye not, A confederacy, to all them to whom this people shall say, A confederacy; neither fear ye their fear, nor be afraid.
13 Sanctify the Lord of hosts himself; and let him be your fear, and let him be your dread.
14 And he shall be for a sanctuary; but for a stone of stumbling and for a rock of offence to both the houses of Israel, for a gin and for a snare to the inhabitants of Jerusalem.
15 And many among them shall stumble, and fall, and be broken, and be snared, and be taken.
16 Bind up the testimony, seal the law among my disciples.
17 And I will wait upon the Lord, that hideth his face from the house of Jacob, and I will look for him.
18 Behold, I and the children whom the Lord hath given me are for signs and for wonders in Israel from the Lord of hosts, which dwelleth in mount Zion.
19 And when they shall say unto you, Seek unto them that have familiar spirits, and unto wizards that peep, and that mutter: should not a people seek unto their God? for the living to the dead?
20 To the law and to the testimony: if they speak not according to this word, it is because there is no light in them.
21 And they shall pass through it, hardly bestead and hungry: and it shall come to pass, that when they shall be hungry, they shall fret themselves, and curse their king and their God, and look upward.
22 And they shall look unto the earth; and behold trouble and darkness, dimness of anguish; and they shall be driven to darkness.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}