Liv Ebre / Hébreux / Hebrews

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ebre 8 

Men bagay ki pi enpòtan nan tou sa m’ap di la a: Nou gen yon kalite granprèt konsa ki chita sou bò dwat fòtèy Bondye ki wa nan syèl la.
L’ap fè sèvis granprèt li nan kote ki apa pou Bondye a, sa vle di, nan kay tout bon an, kay Seyè a menm te bati. Se pa t’ moun ki te bati l’ pou li.
Travay yon granprèt, se ofri kado ak bèt pou touye bay Bondye. Nan kondisyon sa a, granprèt nou an dwe gen kichòy pou l’ ofri tou.
Si Jezi te sou latè, menm senp prèt li pa ta ye, paske gen prèt deja ki la pou ofri kado yo, dapre jan lalwa Moyiz la vle l’ la.
Nan sèvis prèt sa yo ap fè nan tanp ki sou latè a, se kopye y’ap kopye sou sa k’ap fèt nan syèl la. Sa y’ap fè a ou ta di se lonbraj sa k’ap fèt nan syèl la. Se konsa sa te ye pou Moyiz tou. Lè Moyiz tapral moute tant lan, Bondye di li: Gade byen pou ou ka fè tout bagay dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.
 Men, koulye a, sèvis granprèt nou an gen pou l’ fè a pi konsekan lontan pase sèvis prèt sa yo. Paske, kontra li te ranje ant Bondye ak lèzòm lan pi bon lontan, li gen pi bon pwomès ki garanti li.
Si premye kontra a pa t’ gen defo, pa ta gen nesesite pou yo ta fè yon lòt kontra pou pran plas li.
Men, Bondye te gen repwòch pou l’ fè pèp li a. Se sak fè Bondye di: Gade, pa rete lontan ankò anvan pou m’ fè yon lòt kontra avèk pèp Izrayèl la, avèk branch fanmi Jida a.
Bondye di ankò: Se p’ap yon kontra tankou kontra mwen te fè avèk zansèt yo a, lè m’ te pran men yo pou m’ te fè yo soti kite peyi Lejip la. Yo pa t’ fè tou sa yo te dwe fè dapre kontra mwen te fè ak yo a. Se poutèt sa, mwen pa t’ okipe yo tou.
10 Bondye di ankò: Men kontra mwen pral fè ak pèp Izrayèl la, apre jou sa yo fin pase. M’a mete lwa m’ yo nan lespri yo, m’a make lwa m’ yo nan kè yo. M’a tounen Bondye tout bon pou yo, y’a tounen yon pèp ki apa pou mwen.
11 Pesonn p’ap bezwen moutre yon lòt moun anyen nan peyi a. Pesonn p’ap bezwen di yon lòt nan peyi a: Manyè chache konn Bondye. Paske, yo tout y’a konnen m’, depi sa ki tou piti a jouk sa ki pi gran an.
12 M’a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p’ap chonje peche yo ankò.
13 Lè Bondye di li pral fè yon lòt kontra, li fè premye kontra a pase mòd. Tou sa ki pase mòd, tou sa ki fin vye prèt pou disparèt.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Hébreux 8                    

1 Le point capital de ce qui vient d’être dit, c’est que nous avons un tel souverain sacrificateur, qui s’est assis à la droite du trône de la majesté divine dans les cieux,
comme ministre du sanctuaire et du véritable tabernacle, qui a été dressé par le Seigneur et non par un homme.
Tout souverain sacrificateur est établi pour présenter des offrandes et des sacrifices; d’où il est nécessaire que celui-ci ait aussi quelque chose a présenter.
S’il était sur la terre, il ne serait pas même sacrificateur, puisque là sont ceux qui présentent des offrandes selon la loi
(lesquels célèbrent un culte, image et ombre des choses célestes, selon que Moïse en fut divinement averti lorsqu’il allait construire le tabernacle: Aie soin, lui fut-il dit, de faire tout d’après le modèle qui t’a été montré sur la montagne).
Mais maintenant il a obtenu un ministère d’autant supérieur qu’il est le médiateur d’une alliance plus excellente, qui a été établie sur de meilleures promesses.
En effet, si la première alliance avait été sans défaut, il n’aurait pas été question de la remplacer par une seconde.
Car c’est avec l’expression d’un blâme que le Seigneur dit à Israël: Voici, les jours viennent, dit le Seigneur, Où je ferai avec la maison d’Israël et la maison de Juda Une alliance nouvelle,
Non comme l’alliance que je traitai avec leurs pères, Le jour où je les saisis par la main Pour les faire sortir du pays d’Égypte; Car ils n’ont pas persévéré dans mon alliance, Et moi aussi je ne me suis pas soucié d’eux, dit le Seigneur.
10 Mais voici l’alliance que je ferai avec la maison d’Israël, Après ces jours-là, dit le Seigneur: Je mettrai mes lois dans leur esprit, Je les écrirai dans leur coeur; Et je serai leur Dieu, Et ils seront mon peuple.
11 Aucun n’enseignera plus son concitoyen, Ni aucun son frère, en disant: Connais le Seigneur! Car tous me connaîtront, Depuis le plus petit jusqu’au plus grand d’entre eux;
12 Parce que je pardonnerai leurs iniquités, Et que je ne me souviendrai plus de leurs péchés.
13 En disant: une alliance nouvelle, il a déclaré la première ancienne; or, ce qui est ancien, ce qui a vieilli, est près de disparaître.

Louis Segond {LSG}

Hebrews 8          

1 Now of the things which we have spoken this is the sum: We have such an high priest, who is set on the right hand of the throne of the Majesty in the heavens;
A minister of the sanctuary, and of the true tabernacle, which the Lord pitched, and not man.
For every high priest is ordained to offer gifts and sacrifices: wherefore it is of necessity that this man have somewhat also to offer.
For if he were on earth, he should not be a priest, seeing that there are priests that offer gifts according to the law:
Who serve unto the example and shadow of heavenly things, as Moses was admonished of God when he was about to make the tabernacle: for, See, saith he, that thou make all things according to the pattern shewed to thee in the mount.
But now hath he obtained a more excellent ministry, by how much also he is the mediator of a better covenant, which was established upon better promises.
For if that first covenant had been faultless, then should no place have been sought for the second.
For finding fault with them, he saith, Behold, the days come, saith the Lord, when I will make a new covenant with the house of Israel and with the house of Judah:
Not according to the covenant that I made with their fathers in the day when I took them by the hand to lead them out of the land of Egypt; because they continued not in my covenant, and I regarded them not, saith the Lord.
10 For this is the covenant that I will make with the house of Israel after those days, saith the Lord; I will put my laws into their mind, and write them in their hearts: and I will be to them a God, and they shall be to me a people:
11 And they shall not teach every man his neighbour, and every man his brother, saying, Know the Lord: for all shall know me, from the least to the greatest.
12 For I will be merciful to their unrighteousness, and their sins and their iniquities will I remember no more.
13 In that he saith, A new covenant, he hath made the first old. Now that which decayeth and waxeth old is ready to vanish away.
     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}