Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 41  

1 Eske ou ka pran levyatan an nan zen? Eske ou ka mare lang li ak yon kòd?
Eske ou ka pase yon bwa wozo nan nen l’? Eske ou ka pèse machwè l’ ak yon gwo zen?
Eske li pral mande ou: Tanpri souple, kite m’ ale? Eske l’ap pale dous avè ou?
Eske l’ap pase kontra avè ou pou l’ sèvi ou pou tout tan?
Eske ou ka mare l’ tankou yon ti zwezo pou pitit fi ou yo ka jwe avè l’?
Eske moun k’ap fè lapèch yo pral fè lajan avè l’? Eske machann yo pral koupe l’ an moso pou yo vann?
Eske ou ka pike tout po kò l’ ak fwenn? Eske ou ka pèse tèt li ak yon fwenn?
Seye mete men ou sou li yon grenn fwa, ou p’ap janm fè sa ankò, lè w’a chonje sa l’a fè ou!
Depi ou wè levyatan an, ou pèdi tout kouraj ou. Ou annik wè l’, ou tonbe atè.
10 Si yo leve l’ nan dòmi, li move. Pa gen moun ki ka kanpe devan l’.
11  Ki moun ki ka atake l’ san anyen pa rive l’? Pa gen moun sou latè ki ka fè sa.
12 Mwen pa bezwen di ou anyen sou pa t’ janm li yo. Men, m’a fè ou konnen pa gen bèt ki gen fòs pase l’.
13 Pesonn pa janm rive dechire premye po li. Ni pesonn pa janm rive pèse karapas li.
14 Ki moun ki janm fòse l’ louvri bouch li? Dan nan bouch li, se bagay ki pou fè moun kouri.
15 Tout do l’, se yon seri gwo kal mare yonn ak lòt. Yo di kou wòch.
16 Yo kole yonn ak lòt, yo fè yon sèl. Pa gen yon ti fant nan mitan yo pou lè pase.
17 Yo sitèlman byen kole yonn ak lòt anyen pa ka separe yo.
18 Lè l’ estènen, limyè fè yan-yan. Je l’ klere tankou solèy lè l’ap leve.
19 Flanm dife ap soti nan bouch li. Tensèl dife ap vole soti ladan l’.
20 Lafimen ap soti nan tout twou nen l’ tankou nan yon chodyè k’ap bouyi sou dife.
21 Souf li ta ka limen bwa dife. Flanm dife ap soti nan bouch li.
22 Se nan kou li tout fòs li ye. Depi moun wè l’, kè yo kase.
23 Po li fè kal kal sou tout kò li. Yo kole yonn ak lòt. Yo di kou wòch.
24 Kè li di kou wòch, li pa pè anyen. Li fèm kou wòl moulen.
25 Lè li leve kanpe, ata gwonèg yo pè. Yo kouri san gad dèyè.
26 Pa gen nepe ki ka blese l’. Ni fwenn, ni lans, ni flèch pa ka fè l’ anyen.
27 Pou li, nenpòt bout fè lejè kou pay, nenpòt bout asye mou tankou bannann mi.
28 Pa gen kout flèch ki pou fè l’ kouri. Wòch fistibal, se boul koton pou li.
29 Yon baton fè se yon bwa mayi pou li. Li ri lè yo voye lans sou li.
30 Anba vant li graj graj tankou moso kannari kraze. Kote li pase nan labou a, li make l’ tankou machin k’ap kraze boul tè nan jaden.
31 Lè l’ plonje, li boulvèse fon lanmè a, se tankou dlo nan chodyè k’ap bouyi sou dife. Li fè l’ bouyi tankou dlo nan veso y’ap boule odè.
32 Lè l’ap naje, li kite nan dlo a yon chemen ki klere nan solèy la. Li fè tout lanmè a kimen.
33 Pa gen bèt tankou l’ sou latè. Bondye kreye l’ pou l’ pa janm pè anyen.
34 Li gade bèt ki pi fewòs yo nan je. Se li ki wa tout bèt sovaj yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 41

(40:20) Prendras-tu le crocodile à l’hameçon? Saisiras-tu sa langue avec une corde?
(40:21) Mettras-tu un jonc dans ses narines? Lui perceras-tu la mâchoire avec un crochet?
(40:22) Te pressera-t-il de supplication? Te parlera-t-il d’une voix douce?
(40:23) Fera-t-il une alliance avec toi, Pour devenir à toujours ton esclave?
(40:24) Joueras-tu avec lui comme avec un oiseau? L’attacheras-tu pour amuser tes jeunes filles?
(40:25) Les pêcheurs en trafiquent-ils? Le partagent-ils entre les marchands?
(40:26) Couvriras-tu sa peau de dards, Et sa tête de harpons?
(40:27) Dresse ta main contre lui, Et tu ne t’aviseras plus de l’attaquer.
(40:28) Voici, on est trompé dans son attente; A son seul aspect n’est-on pas terrassé?
10 (41:1) Nul n’est assez hardi pour l’exciter; Qui donc me résisterait en face?
11 (41:2) De qui suis-je le débiteur? Je le paierai. Sous le ciel tout m’appartient.
12 (41:3) Je veux encore parler de ses membres, Et de sa force, et de la beauté de sa structure.
13 (41:4) Qui soulèvera son vêtement? Qui pénétrera entre ses mâchoires?
14 (41:5) Qui ouvrira les portes de sa gueule? Autour de ses dents habite la terreur.
15 (41:6) Ses magnifiques et puissants boucliers Sont unis ensemble comme par un sceau;
16 (41:7) Ils se serrent l’un contre l’autre, Et l’air ne passerait pas entre eux;
17 (41:8) Ce sont des frères qui s’embrassent, Se saisissent, demeurent inséparables.
18 (41:9) Ses éternuements font briller la lumière; Ses yeux sont comme les paupières de l’aurore.
19 (41:10) Des flammes jaillissent de sa bouche, Des étincelles de feu s’en échappent.
20 (41:11) Une fumée sort de ses narines, Comme d’un vase qui bout, d’une chaudière ardente.
21 (41:12) Son souffle allume les charbons, Sa gueule lance la flamme.
22 (41:13) La force a son cou pour demeure, Et l’effroi bondit au-devant de lui.
23 (41:14) Ses parties charnues tiennent ensemble, Fondues sur lui, inébranlables.
24 (41:15) Son coeur est dur comme la pierre, Dur comme la meule inférieure.
25 (41:16) Quand il se lève, les plus vaillants ont peur, Et l’épouvante les fait fuir.
26 (41:17) C’est en vain qu’on l’attaque avec l’épée; La lance, le javelot, la cuirasse, ne servent à rien.
27 (41:18) Il regarde le fer comme de la paille, L’airain comme du bois pourri.
28 (41:19) La flèche ne le met pas en fuite, Les pierres de la fronde sont pour lui du chaume.
29 (41:20) Il ne voit dans la massue qu’un brin de paille, Il rit au sifflement des dards.
30 (41:21) Sous son ventre sont des pointes aiguës: On dirait une herse qu’il étend sur le limon.
31 (41:22) Il fait bouillir le fond de la mer comme une chaudière, Il l’agite comme un vase rempli de parfums.
32 (41:23) Il laisse après lui un sentier lumineux; L’abîme prend la chevelure d’un vieillard.
33 (41:24) Sur la terre nul n’est son maître; Il a été créé pour ne rien craindre.
34 (41:25) Il regarde avec dédain tout ce qui est élevé, Il est le roi des plus fiers animaux.
Louis Segond {LSG}

Job 41   

1 Canst thou draw out leviathan with an hook? or his tongue with a cord which thou lettest down?
Canst thou put an hook into his nose? or bore his jaw through with a thorn?
Will he make many supplications unto thee? will he speak soft words unto thee?
Will he make a covenant with thee? wilt thou take him for a servant for ever?
Wilt thou play with him as with a bird? or wilt thou bind him for thy maidens?
Shall the companions make a banquet of him? shall they part him among the merchants?
Canst thou fill his skin with barbed irons? or his head with fish spears?
Lay thine hand upon him, remember the battle, do no more.
Behold, the hope of him is in vain: shall not one be cast down even at the sight of him?
10 None is so fierce that dare stir him up: who then is able to stand before me?
11 Who hath prevented me, that I should repay him? whatsoever is under the whole heaven is mine.
12 I will not conceal his parts, nor his power, nor his comely proportion.
13 Who can discover the face of his garment? or who can come to him with his double bridle?
14 Who can open the doors of his face? his teeth are terrible round about.
15 His scales are his pride, shut up together as with a close seal.
16 One is so near to another, that no air can come between them.
17 They are joined one to another, they stick together, that they cannot be sundered.
18 By his neesings a light doth shine, and his eyes are like the eyelids of the morning.
19 Out of his mouth go burning lamps, and sparks of fire leap out.
20 Out of his nostrils goeth smoke, as out of a seething pot or caldron.
21 His breath kindleth coals, and a flame goeth out of his mouth.
22 In his neck remaineth strength, and sorrow is turned into joy before him.
23 The flakes of his flesh are joined together: they are firm in themselves; they cannot be moved.
24 His heart is as firm as a stone; yea, as hard as a piece of the nether millstone.
25 When he raiseth up himself, the mighty are afraid: by reason of breakings they purify themselves.
26 The sword of him that layeth at him cannot hold: the spear, the dart, nor the habergeon.
27 He esteemeth iron as straw, and brass as rotten wood.
28 The arrow cannot make him flee: slingstones are turned with him into stubble.
29 Darts are counted as stubble: he laugheth at the shaking of a spear.
30 Sharp stones are under him: he spreadeth sharp pointed things upon the mire.
31 He maketh the deep to boil like a pot: he maketh the sea like a pot of ointment.
32 He maketh a path to shine after him; one would think the deep to be hoary.
33 Upon earth there is not his like, who is made without fear.
34 He beholdeth all high things: he is a king over all the children of pride.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}