Liv SÒM

SÒM  1  |  3  10  11  12  13  14  15  16  17  18  19  20  21  22  23  24 25  26  27  28  |   29  |  30   |  31  32  33 34  35  36  37  38  39  |  40  41  42  43  44  45 46  47  48  |  49  50  |  51 52  53  54  55  56  57  58  |  59 60  61  62  63  64 65  66  |  67  68  69  70 71  72  73  74  75  76  77  78  79  80  81  82  83 84  85  86  |  87  88  89 90  91  |  92  93  94  95 96  97  98  99   |  100  101 102  |  103  |  104  |  105  |  106  |  107  |  108  |  109  |  110  |  111  |  112 113 114  |  115  |  116 117  118  |  119  |  120  |  121  |  122 123  |  124  |  125  |  126  |  127  |  128 129  |  130  |  131  |  132  |  133  |  134  |  135  |  136  |  137  |  138  |  139  |  140  |  141  |  142  |  143  |  144  |  145  |  146  |  147  |  148 149  |  150  |   

Sòm 64            Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}  

© 2020 Audio Track Brother Willy.                          

Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. 
1 Bondye, tande non lè m’ap plenn! Pwoteje m’ kont lènmi m’ k’ap fè m’ pè yo.
2 Pwoteje m’ anba konplo mechan yo, anba gwo bann malveyan sa yo.
3 Lang yo file tankou razwa. Pawòl ki soti nan bouch yo se pwazon.
4 Yo rete kache, y’ap vize moun ki inonsan an. Yo tire sou li san li pa atann. Yo pa pè fè anyen.
5  Yonn ap ankouraje lòt nan fè sa ki mal. Y’ap rakonte jan yo mete pèlen pou lòt moun. Y’ap plede di: Ki moun k’ap wè nou?
6  Y’ap fè move plan, y’ap veye pou moun pa dekouvri yo. Sa ki nan kè yon moun ak nan lide li se mistè.
Men Bondye ap tire flèch li sou yo: Yo rete konsa, yo blese.
8 Se lang yo k’ap bat yo. Tout moun ki wè yo ap pase yo nan betiz.
9  Lè sa a, tout moun pral pè, y’a mache fè konnen sa Bondye fè. Y’a egzaminen tou sa li fè.
10 Tout moun ki mache dwat yo ap kontan tou poutèt sa Seyè a fè. Y’a jwenn pwoteksyon anba zèl li. Tout moun ki viv jan Bondye vle l’ la va fè lwanj li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}