Liv Revelasyon / Apocalypse / Revelation

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Revelasyon 10         

Apre sa, mwen wè yon lòt zanj ki te gwonèg anpil desann soti nan sièl la. Li te vlope nan yon gwo nwaj ak yon lakansièl kouwonnen tout tèt li. Figi l’ te tankou solèy la. De janm li yo te tankou de gwo flanm dife.
Li te kenbe yon ti liv louvri nan men li. Li mete pie dwat li sou lanmè, pie gòch li sou tè fèm.
Li pran rele byen fò tankou yon lyon k’ap gwonde. Lè li fin rele, sèt loraj yo pran gwonde reponn li.
Fini yo fin pale, mwen tapral ekri sa yo te di a, lè m’ tande yon vwa nan sièl la ki di m’ konsa: Sa sèt loraj yo sot di a, se yon sekrè pou ou kenbe. Pa ekri li.
Apre sa, zanj mwen te wè kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan leve men dwat li nan sièl.
Li fè sèman sou non Bondye k’ap viv pou tout tan an, Bondye ki fè sièl la ak tou sa ki ladan l’, tè a ak tou sa ki ladan li, ansanm ak lanmè a ak tou sa ki ladan li. Zanj lan di: Yo p’ap bay dèle ankò.
Men lè setièm zanj lan va pran kònen klewon l’ lan, Bondye pral fè sa li gen pou l’ fè dapre plan travay li te kenbe sere nan tèt li a, jan l’ te fè pwofèt ki t’ap sèvi l’ yo konn sa.
 Apre sa, vwa mwen te tande sot nan sièl la pran pale avè m’ ankò. Li di mwen konsa: Ale pran ti liv ki louvri nan men zanj ki kanpe sou lanmè ak sou tè fèm lan.
Mwen pwoche bò kote zanj lan. Mwen mande l’ pou l’ ban m’ ti liv la. Li di mwen konsa. Men li, pran l’, manje li. L’ap gen yon gou anmè nan lestonmak ou. Men, nan bouch ou l’ap dous tankou siwo myèl.
10 Mwen pran ti liv la nan men li. Mwen manje l’, li te dous tankou siwo myèl nan bouch mwen. Men, lè m’ vale l’, li te anmè kou fièl nan lestonmak mwen.
11 Apre sa, yo di mwen: Se pou ou fè konnen mesaj Bondye a ankò, mesaj ki pale sou anpil pèp, anpil nasyon, anpil lang ak anpil wa.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Apocalypse 10             

1 Je vis un autre ange puissant, qui descendait du ciel, enveloppé d’une nuée; au-dessus de sa tête était l’arc-en-ciel, et son visage était comme le soleil, et ses pieds comme des colonnes de feu.
Il tenait dans sa main un petit livre ouvert. Il posa son pied droit sur la mer, et son pied gauche sur la terre;
et il cria d’une voix forte, comme rugit un lion. Quand il cria, les sept tonnerres firent entendre leurs voix.
Et quand les sept tonnerres eurent fait entendre leurs voix, j’allais écrire; et j’entendis du ciel une voix qui disait: Scelle ce qu’ont dit les sept tonnerres, et ne l’écris pas.
Et l’ange, que je voyais debout sur la mer et sur la terre, leva sa main droite vers le ciel,
et jura par celui qui vit aux siècles des siècles, qui a créé le ciel et les choses qui y sont, la terre et les choses qui y sont, et la mer et les choses qui y sont, qu’il n’y aurait plus de temps,
mais qu’aux jours de la voix du septième ange, quand il sonnerait de la trompette, le mystère de Dieu s’accomplirait, comme il l’a annoncé à ses serviteurs, les prophètes.
Et la voix, que j’avais entendue du ciel, me parla de nouveau, et dit: Va, prends le petit livre ouvert dans la main de l’ange qui se tient debout sur la mer et sur la terre.
Et j’allai vers l’ange, en lui disant de me donner le petit livre. Et il me dit: Prends-le, et avale-le; il sera amer à tes entrailles, mais dans ta bouche il sera doux comme du miel.
10 Je pris le petit livre de la main de l’ange, et je l’avalai; il fut dans ma bouche doux comme du miel, mais quand je l’eus avalé, mes entrailles furent remplies d’amertume.
11 Puis on me dit: Il faut que tu prophétises de nouveau sur beaucoup de peuples, de nations, de langues, et de rois. 

Louis Segond {LSG}

Revelation 10              

1 And I saw another mighty angel come down from heaven, clothed with a cloud: and a rainbow was upon his head, and his face was as it were the sun, and his feet as pillars of fire:
And he had in his hand a little book open: and he set his right foot upon the sea, and his left foot on the earth,
And cried with a loud voice, as when a lion roareth: and when he had cried, seven thunders uttered their voices.
And when the seven thunders had uttered their voices, I was about to write: and I heard a voice from heaven saying unto me, Seal up those things which the seven thunders uttered, and write them not.
And the angel which I saw stand upon the sea and upon the earth lifted up his hand to heaven,
And sware by him that liveth for ever and ever, who created heaven, and the things that therein are, and the earth, and the things that therein are, and the sea, and the things which are therein, that there should be time no longer:
But in the days of the voice of the seventh angel, when he shall begin to sound, the mystery of God should be finished, as he hath declared to his servants the prophets.
And the voice which I heard from heaven spake unto me again, and said, Go and take the little book which is open in the hand of the angel which standeth upon the sea and upon the earth.
And I went unto the angel, and said unto him, Give me the little book. And he said unto me, Take it, and eat it up; and it shall make thy belly bitter, but it shall be in thy mouth sweet as honey.
10 And I took the little book out of the angel’s hand, and ate it up; and it was in my mouth sweet as honey: and as soon as I had eaten it, my belly was bitter.
11 And he said unto me, Thou must prophesy again before many peoples, and nations, and tongues, and kings.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}