Liv 1 Wa / 1 Rois / 1Kings

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Wa 4

1 Salomon te wa sou tout pèp Izrayèl la nèt.
Men non chèf ki te nan gouvènman li an: Azarya, pitit Zadòk, te prèt la.
Elikorèf ak Akija, pitit gason Chicha yo, te sekretè palè a. Jozafa, pitit Ayiloud, te reskonsab achiv wa a.
Benaja, pitit gason Jeojada, te kòmandan tout lame a. Zadòk ak Abyata te prèt.
Azarya, pitit gason Natan, te chèf tout gouvènè yo. Zaboud, pitit gason Natan, prèt la, te konseye pèsonèl wa a.
Ayicha te chèf kanbiz palè a. Adoniram, pitit gason Abda, te reskonsab travay kòve yo.
Salomon te chwazi douz gouvènè pou tout peyi a. Travay yo se te ranmase manje nan zòn sou reskonsablite yo pou wa a ak tout moun lakay li yo, yo chak pandan yon mwa nan lanne a.
Men non douz gouvènè yo ak zòn sou reskonsablite yo chak: Bennour, pou zòn mòn Efrayim yo,
Benndeke, pou zòn lavil Makaz, lavil Chalbim, lavil Bèt-Chemèch, lavil Elon ak lavil Bèt anan.
10 Bennesèd, pou zòn lavil Awoubòt, lavil Soko ak tout peyi Efè a.
11 Bennabinadab, ki te marye ak Tafat, pitit fi Salomon an, pou tout zòn Dò a.
12 Bana, pitit gason Akiloud, pou zòn lavil Tanak, lavil Megido, pou tout zòn bò lavil Bèt-Chean toupre lavil Zaretan, sou bò sid lavil Jizreyèl la rive lavil Abèl Meola ak lavil Jokmeyam.
13 Benngebè, pou lavil Ramòt nan peyi Galarad, ak tout ti bouk nan peyi Galarad la ki pou branch fanmi Jayi, pitit Manase, ak tout zòn Agòb nan peyi Bazan. Antou swasant gwo lavil fèmen dèyè gwo miray ranpa ak gwo pòtay bare ak poto kwiv.
14 Akinadad, pitit gason Ido, pou zòn Manayim.
15 Akimaz, ki te marye ak Basmat, yonn nan pitit Salomon yo, pou zòn Neftali a.
16 Bana, pitit gason Ouchayi, pou zòn Asè a ak lavil Bealòt.
17 Jozafa, pitit gason Pawouk, pou zòn Isaka a.
18 Chimeyi, pitit gason Ela, pou zòn Benjamen an.
19 Gebè, pitit gason Ouri, pou zòn Galarad, ansyen peyi Siyon, wa moun Amon yo ak Og, wa peyi Bazan an. Te gen yon gouvènè jeneral tou pou tout peyi a.
20  Pèp Izrayèl la ak pèp Jida a te anpil, yo te tankou grenn sab bò lanmè. Yo t’ap manje, yo t’ap bwè, kè yo te kontan.
21 Salomon te rive gouvènen tout nasyon nan zòn ki pran depi larivyè Lefrat rive nan peyi Filisti a ak fwontyè Lejip la. Yo tout te peye Salomon taks, yo tout te soumèt devan li pandan tout rèy li jouk li mouri.
22 Men pwovizyon Salomon te bezwen chak jou: sansenkant (150) barik kè ble, twasan (300) barik farin frans,
23 dis bèf angrese nan pak, ven bèf angrese nan savann, san mouton, san konte bèt mawon, mal ak fenmèl, ak bèt volay byen gra.
24 Salomon te rive chèf sou tout peyi ki sou bò solèy kouche larivyè Lefrat la depi lavil Tifsak bò larivyè Lefrat la jouk lavil Gaza nan direksyon lwès. Tout ti wa ki t’ap gouvènen sou bò solèy kouche larivyè Lefrat la te soumèt devan li. Salomon menm pa t’ ni nan goumen ni nan kont ak ankenn peyi nan vwazinaj li.
25 Pandan tout rèy Salomon jouk li mouri, moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo t’ap viv ak kè poze, san danje ni malè, chak fanmi nan lakou yo ak ti jaden rezen yo anba pye fig frans yo.
26 Salomon te gen katmil (4.000) pak pou chwal cha lagè yo, ak douzmil (12.000) chwal pou sòlda.
27 Douz gouvènè yo te gen pou ranmase pwovizyon wa Salomon te bezwen pou li menm ak pou moun k’ap manje nan palè a, yo chak pandan yon mwa nan lanne a. Yo pa janm kite anyen manke.
28 Gouvènè yo te gen pou bay lòj ak zèb tout kote yo bezwen pou chwal cha lagè yo ak lòt bèt chay.
29  Bondye te bay Salomon anpil lespri, anpil bon konprann ak yon konesans nou pa ka mezire.
30 Salomon te gen plis bon konprann pase tout moun ki gen bon konprann nan peyi bò solèy leve yo, osinon pase tout moun ki gen bon konprann nan peyi Lejip.
31 Li te gen plis bon konprann pase tout moun, pase Etan, moun lavil Ezrak, pase Eman, Kalkòl ak Dada, pitit gason Makòl yo. Nan tout peyi ki toupre peyi Izrayèl la yo t’ap nonmen non Salomon.
32 Li te ekri twamil (3.000) pwovèb ak mil senk (1.005) chante pou pi piti.
33 Li fè bèl pawoli sou pyebwa ak tout kalite plant, depi pye sèd peyi Liban yo jouk lyann izòp ki pouse sou miray. Li pale tou sou bèt kat pat, sou zwazo, sou bèt ki trennen sou vant ak sou pwason.
34 Moun te soti toupatou pou vin tande Salomon ap pale. Ata wa tout lòt peyi latè yo te pran nouvèl jan li te gen anpil bon konprann. Yo menm tou yo te voye moun vin tande l’.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

1 Rois 4 

1 Le roi Salomon était roi sur tout Israël.
Voici les chefs qu’il avait à son service. Azaria, fils du sacrificateur Tsadok,
Elihoreph et Achija, fils de Schischa, étaient secrétaires; Josaphat, fils d’Achilud, était archiviste;
Benaja, fils de Jehojada, commandait l’armée; Tsadok et Abiathar étaient sacrificateurs;
Azaria, fils de Nathan, était chef des intendants; Zabud, fils de Nathan, était ministre d’état, favori du roi;
Achischar était chef de la maison du roi; et Adoniram, fils d’Abda, était préposé sur les impôts.
Salomon avait douze intendants sur tout Israël. Ils pourvoyaient à l’entretien du roi et de sa maison, chacun pendant un mois de l’année.
Voici leurs noms. Le fils de Hur, dans la montagne d’Éphraïm.
Le fils de Déker, à Makats, à Saalbim, à Beth Schémesch, à Élon et à Beth Hanan.
10 Le fils de Hésed, à Arubboth; il avait Soco et tout le pays de Hépher.
11 Le fils d’Abinadab avait toute la contrée de Dor. Thaphath, fille de Salomon, était sa femme.
12 Baana, fils d’Achilud, avait Thaanac et Meguiddo, et tout Beth Schean qui est près de Tsarthan au-dessous de Jizreel, depuis Beth Schean jusqu’à Abel Mehola, jusqu’au delà de Jokmeam.
13 Le fils de Guéber, à Ramoth en Galaad; il avait les bourgs de Jaïr, fils de Manassé, en Galaad; il avait encore la contrée d’Argob en Basan, soixante grandes villes à murailles et à barres d’airain.
14 Achinadab, fils d’Iddo, à Mahanaïm.
15 Achimaats, en Nephthali. Il avait pris pour femme Basmath, fille de Salomon.
16 Baana, fils de Huschaï, en Aser et à Bealoth.
17 Josaphat, fils de Paruach, en Issacar.
18 Schimeï, fils d’Éla, en Benjamin.
19 Guéber, fils d’Uri, dans le pays de Galaad; il avait la contrée de Sihon, roi des Amoréens, et d’Og, roi de Basan. Il y avait un seul intendant pour ce pays.
20 Juda et Israël étaient très nombreux, pareils au sable qui est sur le bord de la mer. Ils mangeaient, buvaient et se réjouissaient.
21 Salomon dominait encore sur tous les royaumes depuis le fleuve jusqu’au pays des Philistins et jusqu’à la frontière d’Égypte; ils apportaient des présents, et ils furent assujettis à Salomon tout le temps de sa vie.
22 Chaque jour Salomon consommait en vivres: trente cors de fleur de farine et soixante cors de farine,
23 dix boeufs gras, vingt boeufs de pâturage, et cent brebis, outre les cerfs, les gazelles, les daims, et les volailles engraissées.
24 Il dominait sur tout le pays de l’autre côté du fleuve, depuis Thiphsasch jusqu’à Gaza, sur tous les rois de l’autre côté du fleuve. Et il avait la paix de tous les côtés alentour.
25 Juda et Israël, depuis Dan jusqu’à Beer Schéba, habitèrent en sécurité, chacun sous sa vigne et sous son figuier, tout le temps de Salomon.
26 Salomon avait quarante mille crèches pour les chevaux destinés à ses chars, et douze mille cavaliers.
27 Les intendants pourvoyaient à l’entretien du roi Salomon et de tous ceux qui s’approchaient de sa table, chacun pendant son mois; ils ne laissaient manquer de rien.
28 Ils faisaient aussi venir de l’orge et de la paille pour les chevaux et les coursiers dans le lieu où se trouvait le roi, chacun selon les ordres qu’il avait reçus.
29 Dieu donna à Salomon de la sagesse, une très grande intelligence, et des connaissances multipliées comme le sable qui est au bord de la mer.
30 La sagesse de Salomon surpassait la sagesse de tous les fils de l’Orient et toute la sagesse des Égyptiens.
31 Il était plus sage qu’aucun homme, plus qu’Éthan, l’Ézrachite, plus qu’Héman, Calcol et Darda, les fils de Machol; et sa renommée était répandue parmi toutes les nations d’alentour.
32 Il a prononcé trois mille sentences, et composé mille cinq cantiques.
33 Il a parlé sur les arbres, depuis le cèdre du Liban jusqu’à l’hysope qui sort de la muraille; il a aussi parlé sur les animaux, sur les oiseaux, sur les reptiles et sur les poissons.
34 Il venait des gens de tous les peuples pour entendre la sagesse de Salomon, de la part de tous les rois de la terre qui avaient entendu parler de sa sagesse.
Louis Segond {LSG}

1 Kings 4

1 So king Solomon was king over all Israel.
And these were the princes which he had; Azariah the son of Zadok the priest,
Elihoreph and Ahiah, the sons of Shisha, scribes; Jehoshaphat the son of Ahilud, the recorder.
And Benaiah the son of Jehoiada was over the host: and Zadok and Abiathar were the priests:
And Azariah the son of Nathan was over the officers: and Zabud the son of Nathan was principal officer, and the king’s friend:
And Ahishar was over the household: and Adoniram the son of Abda was over the tribute.
And Solomon had twelve officers over all Israel, which provided victuals for the king and his household: each man his month in a year made provision.
And these are their names: The son of Hur, in mount Ephraim:
The son of Dekar, in Makaz, and in Shaalbim, and Bethshemesh, and Elonbethhanan:
10 The son of Hesed, in Aruboth; to him pertained Sochoh, and all the land of Hepher:
11 The son of Abinadab, in all the region of Dor; which had Taphath the daughter of Solomon to wife:
12 Baana the son of Ahilud; to him pertained Taanach and Megiddo, and all Bethshean, which is by Zartanah beneath Jezreel, from Bethshean to Abelmeholah, even unto the place that is beyond Jokneam:
13 The son of Geber, in Ramothgilead; to him pertained the towns of Jair the son of Manasseh, which are in Gilead; to him also pertained the region of Argob, which is in Bashan, threescore great cities with walls and brasen bars:
14 Ahinadab the son of Iddo had Mahanaim:
15 Ahimaaz was in Naphtali; he also took Basmath the daughter of Solomon to wife:
16 Baanah the son of Hushai was in Asher and in Aloth:
17 Jehoshaphat the son of Paruah, in Issachar:
18 Shimei the son of Elah, in Benjamin:
19 Geber the son of Uri was in the country of Gilead, in the country of Sihon king of the Amorites, and of Og king of Bashan; and he was the only officer which was in the land.
20 Judah and Israel were many, as the sand which is by the sea in multitude, eating and drinking, and making merry.
21 And Solomon reigned over all kingdoms from the river unto the land of the Philistines, and unto the border of Egypt: they brought presents, and served Solomon all the days of his life.
22 And Solomon’s provision for one day was thirty measures of fine flour, and threescore measures of meal,
23 Ten fat oxen, and twenty oxen out of the pastures, and an hundred sheep, beside harts, and roebucks, and fallowdeer, and fatted fowl.
24 For he had dominion over all the region on this side the river, from Tiphsah even to Azzah, over all the kings on this side the river: and he had peace on all sides round about him.
25 And Judah and Israel dwelt safely, every man under his vine and under his fig tree, from Dan even to Beersheba, all the days of Solomon.
26 And Solomon had forty thousand stalls of horses for his chariots, and twelve thousand horsemen.
27 And those officers provided victual for king Solomon, and for all that came unto king Solomon’s table, every man in his month: they lacked nothing.
28 Barley also and straw for the horses and dromedaries brought they unto the place where the officers were, every man according to his charge.
29 And God gave Solomon wisdom and understanding exceeding much, and largeness of heart, even as the sand that is on the sea shore.
30 And Solomon’s wisdom excelled the wisdom of all the children of the east country, and all the wisdom of Egypt.
31 For he was wiser than all men; than Ethan the Ezrahite, and Heman, and Chalcol, and Darda, the sons of Mahol: and his fame was in all nations round about.
32 And he spake three thousand proverbs: and his songs were a thousand and five.
33 And he spake of trees, from the cedar tree that is in Lebanon even unto the hyssop that springeth out of the wall: he spake also of beasts, and of fowl, and of creeping things, and of fishes.
34 And there came of all people to hear the wisdom of Solomon, from all kings of the earth, which had heard of his wisdom.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}