Liv 2 Korent / 2 Corinthiens / 2 Corinthians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Korent 4                 

1 Konsa, se Bondye menm, nan kè sansib li gen pou mwen an, ki te renmèt mwen travay sa a pou m’ fè. Se poutèt sa, mwen pa janm pèdi kouraj.
Mwen voye tout bagay lèd lèzòm ap fè an kachèt yo jete. Mwen pa fè okenn riz. Mwen pa chanje anyen nan pawòl Bondye a. Okontrè, mwen fè tout moun konnen verite a jan l’ ye a. Se konsa bagay sa yo rekòmande mwen devan Bondye bay tout moun ki gen konsyans.
Si malgre sa, bon nouvèl m’ap anonse a pa klè toujou, li pa klè pou moun k’ap peri yo.
Yo pa kwè paske sa yo pran pou Bondye nan lemonn lan bouche lespri yo. Li enpoze yo wè limyè bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a ki fè nou konnen pouvwa Kris la, li menm ki pòtre Bondye.
Konprann sa byen, se pa tèt pa m’ m’ap fè nou konnen: men se Jezikri, Seyè a, m’ap fè nou konnen. Mwen menm mwen di nou se sèvi m’ap sèvi nou poutèt Jezi.
Bondye ki te di: Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a, se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la.
Men, nou tout k’ap pote richès Bondye sa a nan kè nou, nou tankou veso ki fèt an tè. Tou sa se pou tout moun ka wè kokenn chenn pouvwa sa a pa soti nan nou, men se nan Bondye li soti.
¶ Mwen jwenn tout kalite fikilte; men, mwen pa janm kwense nèt. Mwen konn rive nan sitiyasyon mwen pa konn ni sa pou m’ fè, ni sa pou m’ di. Men, mwen pa janm pèdi espwa.
Yo pèsekite m’, men Bondye pa janm lage mwen. Mwen pran gwo so, men mwen pa rete atè a.
10 Se konsa, kote m’ pase mwen pote soufrans lanmò Jezi a nan kò mwen, pou tout moun ka wè pouvwa lavi Jezi a ap travay nan kò m’ tou.
11 Nan lavi m’, se tout tan m’ap pase toupre lanmò poutèt Jezi, pou pouvwa lavi Jezi a ka parèt aklè nan kò mwen ki la pou mouri.
12 Konsa, lanmò ap travay nan mwen, men se lavi k’ap travay nan nou menm moun Korent.
13 Men sa ki ekri nan Liv la: Mwen te gen konfyans, se poutèt sa mwen te pale. Mwen menm tou, mwen gen menm konfyans sa a, se poutèt sa m’ap pale.
14 Mwen konnen Bondye ki te fè Seyè Jezi leve soti vivan nan lanmò a, li gen pou l’ fè m’ tounen vivan ankò ansanm ak Jezi, li gen pou l’ fè m’ parèt ansanm ak nou devan li.
15 Se poutèt nou menm, moun Korent, kifè tout bagay sa yo rive, paske fòk gen plis moun toujou k’ap resevwa favè Bondye a pou sa gen plis moun tou k’ap lapriyè pou di Bondye mèsi pou pouvwa li.
16 Se sak fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò m’ ap bese chak jou, lespri m’ ap vin pi fèm chak jou tou.
17 Sa m’ap sibi koulye a, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k’ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil.
18 Paske, mwen p’ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

2 Corinthiens 4           

1 C’est pourquoi, ayant ce ministère, selon la miséricorde qui nous a été faite, nous ne perdons pas courage.
Nous rejetons les choses honteuses qui se font en secret, nous n’avons point une conduite astucieuse, et nous n’altérons point la parole de Dieu. Mais, en publiant la vérité, nous nous recommandons à toute conscience d’homme devant Dieu.
Si notre Évangile est encore voilé, il est voilé pour ceux qui périssent;
pour les incrédules dont le dieu de ce siècle a aveuglé l’intelligence, afin qu’ils ne vissent pas briller la splendeur de l’Évangile de la gloire de Christ, qui est l’image de Dieu.
Nous ne nous prêchons pas nous-mêmes; c’est Jésus Christ le Seigneur que nous prêchons, et nous nous disons vos serviteurs à cause de Jésus.
Car Dieu, qui a dit: La lumière brillera du sein des ténèbres! a fait briller la lumière dans nos coeurs pour faire resplendir la connaissance de la gloire de Dieu sur la face de Christ.
Nous portons ce trésor dans des vases de terre, afin que cette grande puissance soit attribuée à Dieu, et non pas à nous.
Nous sommes pressés de toute manière, mais non réduits à l’extrémité; dans la détresse, mais non dans le désespoir;
persécutés, mais non abandonnés; abattus, mais non perdus;
10 portant toujours avec nous dans notre corps la mort de Jésus, afin que la vie de Jésus soit aussi manifestée dans notre corps.
11 Car nous qui vivons, nous sommes sans cesse livrés à la mort à cause de Jésus, afin que la vie de Jésus soit aussi manifestée dans notre chair mortelle.
12 Ainsi la mort agit en nous, et la vie agit en vous.
13 Et, comme nous avons le même esprit de foi qui est exprimé dans cette parole de l’Écriture: J’ai cru, c’est pourquoi j’ai parlé! nous aussi nous croyons, et c’est pour cela que nous parlons,
14 sachant que celui qui a ressuscité le Seigneur Jésus nous ressuscitera aussi avec Jésus, et nous fera paraître avec vous en sa présence.
15 Car tout cela arrive à cause de vous, afin que la grâce en se multipliant, fasse abonder, à la gloire de Dieu, les actions de grâces d’un plus grand nombre.
16 C’est pourquoi nous ne perdons pas courage. Et lors même que notre homme extérieur se détruit, notre homme intérieur se renouvelle de jour en jour.
17 Car nos légères afflictions du moment présent produisent pour nous, au delà de toute mesure,
18 un poids éternel de gloire, parce que nous regardons, non point aux choses visibles, mais à celles qui sont invisibles; car les choses visibles sont passagères, et les invisibles sont éternelles.

Louis Segond {LSG}

2 Corinthians 4         

1 Therefore seeing we have this ministry, as we have received mercy, we faint not;
But have renounced the hidden things of dishonesty, not walking in craftiness, nor handling the word of God deceitfully; but by manifestation of the truth commending ourselves to every man’s conscience in the sight of God.
But if our gospel be hid, it is hid to them that are lost:
In whom the god of this world hath blinded the minds of them which believe not, lest the light of the glorious gospel of Christ, who is the image of God, should shine unto them.
For we preach not ourselves, but Christ Jesus the Lord; and ourselves your servants for Jesus’ sake.
For God, who commanded the light to shine out of darkness, hath shined in our hearts, to give the light of the knowledge of the glory of God in the face of Jesus Christ.
But we have this treasure in earthen vessels, that the excellency of the power may be of God, and not of us.
We are troubled on every side, yet not distressed; we are perplexed, but not in despair;
Persecuted, but not forsaken; cast down, but not destroyed;
10 Always bearing about in the body the dying of the Lord Jesus, that the life also of Jesus might be made manifest in our body.
11 For we which live are always delivered unto death for Jesus’ sake, that the life also of Jesus might be made manifest in our mortal flesh.
12 So then death worketh in us, but life in you.
13 We having the same spirit of faith, according as it is written, I believed, and therefore have I spoken; we also believe, and therefore speak;
14 Knowing that he which raised up the Lord Jesus shall raise up us also by Jesus, and shall present us with you.
15 For all things are for your sakes, that the abundant grace might through the thanksgiving of many redound to the glory of God.
16 For which cause we faint not; but though our outward man perish, yet the inward man is renewed day by day.
17 For our light affliction, which is but for a moment, worketh for us a far more exceeding and eternal weight of glory;
18 While we look not at the things which are seen, but at the things which are not seen: for the things which are seen are temporal; but the things which are not seen are eternal.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}