Liv Matye / Mathieu / Matthew

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Matye 23           

Apre sa, Jezi pale ak foul moun yo ansanm ak disip li yo, li di yo:
Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo la pou esplike Lalwa Moyiz la.
Se pou nou koute yo, se pou nou fè tou sa yo di nou fè. Men, pa fè tankou yo. Paske yo menm, yo pa fè sa yo di nou fè.
Yo mare gwo chay lou yo mete sou zepòl lòt moun. Men, yo menm yo p’ap leve yon ti pwent dwèt pou ede moun yo pote chay la.
Tou sa yo fè, se pou moun kapab wè yo. Gade gwosè meday ki make ak pawòl Liv la yo mare sou fwon yo ak nan bra yo! Gade longè ganiti ki nan woulèt rad long yo!
Yo renmen pi bon plas nan reseptyon. Yo renmen chita kote pou tout moun wè yo nan sinagòg.
Yo renmen pou moun di yo bonjou jouk atè lè yo sou plas piblik, pou moun rele yo: Mèt, Mèt.
Men, nou menm, pa fè moun rele nou Mèt, paske se yon sèl mèt nou genyen. Apa sa, nou tout se frè.
Pa rele pesonn sou latè papa, paske nou gen yon sèl papa: sa ki nan syèl la.
10 Pa kite yo rele nou chèf, paske nou gen yon sèl chèf, se Kris la.
11 Moun ki pi grannèg nan mitan nou an, se moun k’ap sèvi nou an.
12 Moun ki vle leve tèt li, y’a desann li. Moun ki desann tèt li, y’a leve li.
13  Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pesonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre.
14 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N’ap piye pòv vèv yo nèt ale, an menm tan n’ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Se poutèt sa, kondannasyon nou pral pi rèd toujou.
15 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N’ap vwayaje toupatou sou lanmè ak sou latè pou nou ka konvèti yon moun lòt nasyon nan relijyon nou an. Lè nou resi jwenn yonn, nou fè l’ tounen yon pitit Satan de fwa pi mechan pase nou.
16 Malè pou nou, avèg k’ap kondi moun! Nou di konsa: Yon moun te mèt sèmante sou tanp lan, li pa bezwen kenbe pawòl li pou sa. Men, si l’ sèmante sou lò ki nan tanp la, se pou l’ kenbe pawòl li.
17 Bann egare, bann moun je pete! Kisa ki pi konsekan: lò a osinon tanp lan kote yo fè lò a sèvi pou Bondye?
18 Nou di ankò: O wi, si yon moun sèmante sou lòtèl la, se pa anyen sa. Li pa bezwen kenbe pawòl li. Men, si l’ sèmante sou ofrann ki sou lòtèl la, se pou l’ kenbe pawòl li.
19 Bann je pete! Kisa ki pi konsekan: ofrann lan osinon lòtèl la kote yo mete ofrann lan apa pou Bondye?
20 Se sa ki fè, moun ki sèmante sou lòtèl la, li sèmante sou lòtèl la ansanm ak tou sa ki sou li.
21 Moun ki sèmante sou tanp lan, li sèmante sou tanp lan ansanm ak sou Bondye ki rete nan tanp lan.
22 Moun ki sèmante sou syèl la, li sèmante sou fotèy kote Bondye chita a ansanm ak sou Bondye li menm ki chita sou fotèy la.
23 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou bay Bondye ladim nan rekòt pye mant, pye ani etwale ak pye pèsi, men, nou neglije bagay ki pi konsekan nan lalwa a: n’ap fè lenjistis, nou pa gen kè sansib, nou pa kenbe pawòl nou. Men sa pou n’ te fè san nou pa neglije lòt bagay yo.
24 Nou menm k’ap kondi pèp la, nou se yon bann avèg pou tèt pa nou. Nou pase lèt la nan paswa pou nou wete ti mouch ki tonbe ladan li. Men, nou vale yon chwal!
25 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la byen netwaye. Men, anndan yo plen ak bagay nou pran nan vòlò, nan fè visye.
26 Farizyen avèg! Pwòpte anndan gode a ak anndan plat la anvan. Se lè sa a deyò yo va pwòp tou.
27 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou sanble tonm yo blanchi nan simityè. Deyò yo parèt byen bèl, anndan yo plen ak zosman mò ak tout kalite vye bagay pouri.
28 Konsa tou, sou deyò nan je moun, nou sanble moun k’ap mache dwat devan Bondye. Men anndan kè nou, nou plen ipokrizi ak mechanste.
29 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Gade, n’ap bati bèl tonm pou pwofèt yo, nou mete flè sou kavo moun ki te mache dwat devan Bondye yo.
30 Epi n’ap di: Si nou te viv nan tan zansèt nou yo, nou pa ta dakò ak yo lè yo t’ap touye pwofèt yo.
31 Lè nou di sa, nou admèt nou menm tou se pitit pitit moun ki te ansasinen pwofèt yo nou ye.
32 Konsa, nou mèt fin fè sa zansèt nou yo te kòmanse fè a.
33 Bann rize, bann vèmen! Kouman n’a fè chape anba chatiman lanfè a?
34  Se poutèt sa, men sa ki genyen: mwen pral voye pwofèt, moun ki gen bon konprann ak dirèktè lalwa ban nou. Nou pral touye kèk, gen ladan yo n’ap kloure sou kwa, gen ladan yo n’ap bat ak fwèt nan sinagòg nou yo, n’ap pousib yo soti yon lavil al nan yon lòt.
35 Konsa, n’ap reskonsab san tout inonsan ki koule sou latè, depi san Abèl, nonm ki te fè sa ki byen devan Bondye a, jouk san Zakari, pitit Barachi, moun nou te ansasinen ant lòtèl la ak kote ki rezève apa pou Bondye nan tanp lan.
36 Sa m’ap di nou la a, se vre wi: Chatiman gen pou tonbe sou moun k’ap viv koulye a pou tout krim sa yo.
37 Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm ki touye pwofèt yo, ou menm k’ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan mwen te vle sanble moun ou yo tankou manman poul k’ap sanble pitit li anba zèl li, men ou pa t’ vle!
38 Enben, tout kay ou yo pral rete san yon moun ladan yo.
39 Paske, m’ap di ou sa: Depi jòdi a, nou p’ap wè m’ ankò jouk lè a va rive pou nou di: Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Mathieu 23          

1 Alors Jésus, parlant à la foule et à ses disciples, dit:
Les scribes et les pharisiens sont assis dans la chaire de Moïse.
Faites donc et observez tout ce qu’ils vous disent; mais n’agissez pas selon leurs oeuvres. Car ils disent, et ne font pas.
Ils lient des fardeaux pesants, et les mettent sur les épaules des hommes, mais ils ne veulent pas les remuer du doigt.
Ils font toutes leurs actions pour être vus des hommes. Ainsi, ils portent de larges phylactères, et ils ont de longues franges à leurs vêtements;
ils aiment la première place dans les festins, et les premiers sièges dans les synagogues;
ils aiment à être salués dans les places publiques, et à être appelés par les hommes Rabbi, Rabbi.
Mais vous, ne vous faites pas appeler Rabbi; car un seul est votre Maître, et vous êtes tous frères.
Et n’appelez personne sur la terre votre père; car un seul est votre Père, celui qui est dans les cieux.
10 Ne vous faites pas appeler directeurs; car un seul est votre Directeur, le Christ.
11 Le plus grand parmi vous sera votre serviteur.
12 Quiconque s’élèvera sera abaissé, et quiconque s’abaissera sera élevé.
13 Malheur à vous, scribes et pharisiens hypocrites! parce que vous fermez aux hommes le royaume des cieux; vous n’y entrez pas vous-mêmes, et vous n’y laissez pas entrer ceux qui veulent entrer.
14 Malheur à vous, scribes et pharisiens hypocrites! parce que vous dévorez les maisons des veuves, et que vous faites pour l’apparence de longues prières; à cause de cela, vous serez jugés plus sévèrement.
15 Malheur à vous, scribes et pharisiens hypocrites! parce que vous courez la mer et la terre pour faire un prosélyte; et, quand il l’est devenu, vous en faites un fils de la géhenne deux fois plus que vous.
16 Malheur à vous, conducteurs aveugles! qui dites: Si quelqu’un jure par le temple, ce n’est rien; mais, si quelqu’un jure par l’or du temple, il est engagé.
17 Insensés et aveugles! lequel est le plus grand, l’or, ou le temple qui sanctifie l’or?
18 Si quelqu’un, dites-vous encore, jure par l’autel, ce n’est rien; mais, si quelqu’un jure par l’offrande qui est sur l’autel, il est engagé.
19 Aveugles! lequel est le plus grand, l’offrande, ou l’autel qui sanctifie l’offrande?
20 Celui qui jure par l’autel jure par l’autel et par tout ce qui est dessus;
21 celui qui jure par le temple jure par le temple et par celui qui l’habite;
22 et celui qui jure par le ciel jure par le trône de Dieu et par celui qui y est assis.
23 Malheur à vous, scribes et pharisiens hypocrites! parce que vous payez la dîme de la menthe, de l’aneth et du cumin, et que vous laissez ce qui est plus important dans la loi, la justice, la miséricorde et la fidélité: c’est là ce qu’il fallait pratiquer, sans négliger les autres choses.
24 Conducteurs aveugles! qui coulez le moucheron, et qui avalez le chameau.
25 Malheur à vous, scribes et pharisiens hypocrites! parce que vous nettoyez le dehors de la coupe et du plat, et qu’au dedans ils sont pleins de rapine et d’intempérance.
26 Pharisien aveugle! nettoie premièrement l’intérieur de la coupe et du plat, afin que l’extérieur aussi devienne net.
27 Malheur à vous, scribes et pharisiens hypocrites! parce que vous ressemblez à des sépulcres blanchis, qui paraissent beaux au dehors, et qui, au dedans, sont pleins d’ossements de morts et de toute espèce d’impuretés.
28 Vous de même, au dehors, vous paraissez justes aux hommes, mais, au dedans, vous êtes pleins d’hypocrisie et d’iniquité.
29 Malheur à vous, scribes et pharisiens hypocrites! parce que vous bâtissez les tombeaux des prophètes et ornez les sépulcres des justes,
30 et que vous dites: Si nous avions vécu du temps de nos pères, nous ne nous serions pas joints à eux pour répandre le sang des prophètes.
31 Vous témoignez ainsi contre vous-mêmes que vous êtes les fils de ceux qui ont tué les prophètes.
32 Comblez donc la mesure de vos pères.
33 Serpents, race de vipères! comment échapperez-vous au châtiment de la géhenne?
34 C’est pourquoi, voici, je vous envoie des prophètes, des sages et des scribes. Vous tuerez et crucifierez les uns, vous battrez de verges les autres dans vos synagogues, et vous les persécuterez de ville en ville,
35 afin que retombe sur vous tout le sang innocent répandu sur la terre, depuis le sang d’Abel le juste jusqu’au sang de Zacharie, fils de Barachie, que vous avez tué entre le temple et l’autel.
36 Je vous le dis en vérité, tout cela retombera sur cette génération.
37 Jérusalem, Jérusalem, qui tues les prophètes et qui lapides ceux qui te sont envoyés, combien de fois ai-je voulu rassembler tes enfants, comme une poule rassemble ses poussins sous ses ailes, et vous ne l’avez pas voulu!
38 Voici, votre maison vous sera laissée déserte;
39 car, je vous le dis, vous ne me verrez plus désormais, jusqu’à ce que vous disiez: Béni soit celui qui vient au nom du Seigneur!

Louis Segond {LSG}

Matthew 23   

1 Then spake Jesus to the multitude, and to his disciples,
Saying The scribes and the Pharisees sit in Moses’ seat:
All therefore whatsoever they bid you observe, that observe and do; but do not ye after their works: for they say, and do not.
For they bind heavy burdens and grievous to be borne, and lay them on men’s shoulders; but they themselves will not move them with one of their fingers.
But all their works they do for to be seen of men: they make broad their phylacteries, and enlarge the borders of their garments,
And love the uppermost rooms at feasts, and the chief seats in the synagogues,
And greetings in the markets, and to be called of men, Rabbi, Rabbi.
But be not ye called Rabbi: for one is your Master, even Christ; and all ye are brethren.
And call no man your father upon the earth: for one is your Father, which is in heaven.
10 Neither be ye called masters: for one is your Master, even Christ.
11 But he that is greatest among you shall be your servant.
12 And whosoever shall exalt himself shall be abased; and he that shall humble himself shall be exalted.
13 But woe unto you, scribes and Pharisees, hypocrites! for ye shut up the kingdom of heaven against men: for ye neither go in yourselves, neither suffer ye them that are entering to go in.
14 Woe unto you, scribes and Pharisees, hypocrites! for ye devour widows’ houses, and for a pretence make long prayer: therefore ye shall receive the greater damnation.
15 Woe unto you, scribes and Pharisees, hypocrites! for ye compass sea and land to make one proselyte, and when he is made, ye make him twofold more the child of hell than yourselves.
16 Woe unto you, ye blind guides, which say, Whosoever shall swear by the temple, it is nothing; but whosoever shall swear by the gold of the temple, he is a debtor!
17 Ye fools and blind: for whether is greater, the gold, or the temple that sanctifieth the gold?
18 And, Whosoever shall swear by the altar, it is nothing; but whosoever sweareth by the gift that is upon it, he is guilty.
19 Ye fools and blind: for whether is greater, the gift, or the altar that sanctifieth the gift?
20 Whoso therefore shall swear by the altar, sweareth by it, and by all things thereon.
21 And whoso shall swear by the temple, sweareth by it, and by him that dwelleth therein.
22 And he that shall swear by heaven, sweareth by the throne of God, and by him that sitteth thereon.
23 Woe unto you, scribes and Pharisees, hypocrites! for ye pay tithe of mint and anise and cummin, and have omitted the weightier matters of the law, judgment, mercy, and faith: these ought ye to have done, and not to leave the other undone.
24 Ye blind guides, which strain at a gnat, and swallow a camel.
25 Woe unto you, scribes and Pharisees, hypocrites! for ye make clean the outside of the cup and of the platter, but within they are full of extortion and excess.
26 Thou blind Pharisee, cleanse first that which is within the cup and platter, that the outside of them may be clean also.
27 Woe unto you, scribes and Pharisees, hypocrites! for ye are like unto whited sepulchres, which indeed appear beautiful outward, but are within full of dead men’s bones, and of all uncleanness.
28 Even so ye also outwardly appear righteous unto men, but within ye are full of hypocrisy and iniquity.
29 Woe unto you, scribes and Pharisees, hypocrites! because ye build the tombs of the prophets, and garnish the sepulchres of the righteous,
30 And say, If we had been in the days of our fathers, we would not have been partakers with them in the blood of the prophets.
31 Wherefore ye be witnesses unto yourselves, that ye are the children of them which killed the prophets.
32 Fill ye up then the measure of your fathers.
33 Ye serpents, ye generation of vipers, how can ye escape the damnation of hell?
34 Wherefore, behold, I send unto you prophets, and wise men, and scribes: and some of them ye shall kill and crucify; and some of them shall ye scourge in your synagogues, and persecute them from city to city:
35 That upon you may come all the righteous blood shed upon the earth, from the blood of righteous Abel unto the blood of Zacharias son of Barachias, whom ye slew between the temple and the altar.
36 Verily I say unto you, All these things shall come upon this generation.
37 O Jerusalem, Jerusalem, thou that killest the prophets, and stonest them which are sent unto thee, how often would I have gathered thy children together, even as a hen gathereth her chickens under her wings, and ye would not!
38 Behold, your house is left unto you desolate.
39 For I say unto you, Ye shall not see me henceforth, till ye shall say, Blessed is he that cometh in the name of the Lord.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}