Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 147  

1 Lwanj pou Seyè a! Sa bon nèt pou nou chante pou Seyè a. Sa bon nèt pou nou fè lwanj Seyè a. Wi, li merite l’ vre!
Seyè a ap rebati lavil Jerizalèm. L’ap fè moun Izrayèl ki te gaye nan mitan lòt nasyon yo tounen lakay yo.
L’ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouraj. L’ap geri moun ki blese yo.
Li konte konbe zetwal ki genyen! Li konnen non yo chak.
Seyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit.
Seyè a ap bay pòv malere yo men pou yo leve. Men, l’ap rabese mechan yo jouk atè.
Chante yon chante pou Seyè a pou nou di l’ mèsi. Fè mizik pou Bondye nou an ak gita.
Se li ki kouvri syèl la ak nwaj yo. Se li ki pare lapli pou tè a. Se li ki fè zèb pouse sou mòn yo.
Li bay bèt yo manje, li bay ti kònèy yo manje lè yo rele.
10 Li pa pran plezi l’ nan chwal ki gen fòs, ni se pa kouraj moun ki fè kè l’ kontan.
11 Moun ki fè kè l’ kontan, se moun ki gen krentif pou li, se moun ki mete tout espwa yo nan li, paske yo konnen li renmen yo.
12  Nou menm, moun lavil Jerizalèm, fè lwanj Seyè a! Nou menm, moun mòn Siyon, fè lwanj Bondye nou an!
13 Li fè pòt kay nou yo vin pi solid. Li voye benediksyon sou pitit nou yo nan mitan nou.
14 L’ap veye fwontyè peyi a pou pa gen lagè! L’ap plen vant nou ak bon kalite manje.
15 Li pase yon lòd: lòd la kouri byen vit toupatou sou latè.
16 Li fè lanèj tonbe kouvri latè tankou koton. Li fè lawouze tounen ti moso glas sou tout pyebwa.
17 Li voye lagrèl tankou gravye. Ki moun ki ka sipòte fredi li voye?
18 Li pase yon lòd, li fè yo tout fonn. Li fè van soufle, dlo pran koule toupatou.
19 Li fè pitit Jakòb yo konnen pawòl li. li fè pèp Izrayèl la konnen lòd li yo ak sa li deside.
20 Li pa aji konsa ak okenn lòt nasyon. Li pa fè yo konnen sa l’ deside fè. Lwanj pou Seyè a!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 147

1 Louez l’Éternel! Car il est beau de célébrer notre Dieu, Car il est doux, il est bienséant de le louer.
L’Éternel rebâtit Jérusalem, Il rassemble les exilés d’Israël;
Il guérit ceux qui ont le coeur brisé, Et il panse leurs blessures.
Il compte le nombre des étoiles, Il leur donne à toutes des noms.
Notre Seigneur est grand, puissant par sa force, Son intelligence n’a point de limite.
L’Éternel soutient les malheureux, Il abaisse les méchants jusqu’à terre.
Chantez à l’Éternel avec actions de grâces, Célébrez notre Dieu avec la harpe!
Il couvre les cieux de nuages, Il prépare la pluie pour la terre; Il fait germer l’herbe sur les montagnes.
Il donne la nourriture au bétail, Aux petits du corbeau quand ils crient,
10 Ce n’est pas dans la vigueur du cheval qu’il se complaît, Ce n’est pas dans les jambes de l’homme qu’il met son plaisir;
11 L’Éternel aime ceux qui le craignent, Ceux qui espèrent en sa bonté.
12 Jérusalem, célèbre l’Éternel! Sion, loue ton Dieu!
13 Car il affermit les barres de tes portes, Il bénit tes fils au milieu de toi;
14 Il rend la paix à ton territoire, Il te rassasie du meilleur froment.
15 Il envoie ses ordres sur la terre: Sa parole court avec vitesse
16 Il donne la neige comme de la laine, Il répand la gelée blanche comme de la cendre;
17 Il lance sa glace par morceaux; Qui peut résister devant son froid?
18 Il envoie sa parole, et il les fond; Il fait souffler son vent, et les eaux coulent.
19 Il révèle sa parole à Jacob, Ses lois et ses ordonnances à Israël;
20 Il n’a pas agi de même pour toutes les nations, Et elles ne connaissent point ses ordonnances. Louez l’Éternel!
Louis Segond {LSG}

Psalm 147 

1 Praise ye the Lord: for it is good to sing praises unto our God; for it is pleasant; and praise is comely.
The Lord doth build up Jerusalem: he gathereth together the outcasts of Israel.
He healeth the broken in heart, and bindeth up their wounds.
He telleth the number of the stars; he calleth them all by their names.
Great is our Lord, and of great power: his understanding is infinite.
The Lord lifteth up the meek: he casteth the wicked down to the ground.
Sing unto the Lord with thanksgiving; sing praise upon the harp unto our God:
Who covereth the heaven with clouds, who prepareth rain for the earth, who maketh grass to grow upon the mountains.
He giveth to the beast his food, and to the young ravens which cry.
10 He delighteth not in the strength of the horse: he taketh not pleasure in the legs of a man.
11 The Lord taketh pleasure in them that fear him, in those that hope in his mercy.
12 Praise the Lord, O Jerusalem; praise thy God, O Zion.
13 For he hath strengthened the bars of thy gates; he hath blessed thy children within thee.
14 He maketh peace in thy borders, and filleth thee with the finest of the wheat.
15 He sendeth forth his commandment upon earth: his word runneth very swiftly.
16 He giveth snow like wool: he scattereth the hoarfrost like ashes.
17 He casteth forth his ice like morsels: who can stand before his cold?
18 He sendeth out his word, and melteth them: he causeth his wind to blow, and the waters flow.
19 He sheweth his word unto Jacob, his statutes and his judgments unto Israel.
20 He hath not dealt so with any nation: and as for his judgments, they have not known them. Praise ye the Lord.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}