Liv Jak / Jacques / James

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jak 3  

Frè m’ yo, se pa pou anpil moun nan mitan nou kouri dèyè plas dirèktè. Paske, konnen byen: lè nou dirèktè, Bondye ap jije nou pi sevè pase lòt yo.
Nou tout nou bite nan plizyè sans. Yon moun ki pa janm bite nan pawòl li, se yon moun ki bon nèt; moun sa a kapab kontwole tout kò l’ byen tou.
Nou mete yon mò nan bouch chwal pou fè yo obeyi nou. Avèk sa, nou fè y ale kote nou vle.
Se menm jan an tou ak bato. Gwo kou l’ gwo, gwo van te mèt ap pouse l’, se yon ti gouvènay ki dirije li. Ak gouvènay tou piti sa a, kaptenn lan mennen l’l kote l’ vle.
Konsa tou ak lang moun. Piti kou li piti, li vante tèt li pou gwo bagay li ka fè. Gade ki jan yon ti flanm dife ka boule yon gwo rakbwa!
Enben, lang se tankou dife. Se la tout lenjistis rete. Paske se yon manm nan kò nou li ye, l’ap kontaminen tout kò a nèt. Se lanfè menm ki mete dife nan li. Apre sa, li menm pou tèt pa l’, li mete dife nan tout lavi nou.
Moun ka donte tout kalite bèt, zwezo, bèt ki trennen sou vant, bèt ki nan lanmè. Li menm rive donte yo deja.
Men, pou lang lan menm, pesonn poko ka donte li. Se yon move bagay ou pa ka kontwole, li plen pwazon ki ka touye moun.
Avèk lang nou, nou fè lwanj Bondye papa nou. Avèk menm lang lan, nou bay moun madichon, moun Bondye te kreye pòtre ak li.
10 Menm bouch la bay benediksyon, li bay madichon tou. Frè m’ yo, sa pa dwe fèt konsa.
11 Yon sous dlo pa ka bay dlo dous ak dlo sale anmenmtan.
12 Frè m’ yo, yon pye fig frans pa ka donnen grenn oliv. Ni yon pye rezen pa ka donnen fig frans. Dlo sale pa ka bay dlo dous non plis.
13  Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l’ moutre sa ak bon kondit li. Se pou l’ fè sa ki byen san lògèy, men avèk bon konprann.
14 Men, si n’ap fè jalouzi nan kè nou, si nou kenbe moun nan kè nou, si n’ap kouri dèyè enterè pa nou, pa vante tèt nou, pa fè manti sou laverite a.
15 Bon konprann konsa pa soti nan Bondye, li soti nan lemonn, nan moun ak nan dyab la.
16 Paske, kote ki gen jalouzi, kote moun ap kouri dèyè enterè pa yo, fòk gen dezòd ak tout kalite mechanste.
17 Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki soti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l’ap viv byen ak tout moun, l’ap respekte tout moun, l’ap tande rezon, l’ap gen kè sansib, l’ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit.
18 Moun k’ap chache pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, y’ap travay ak kè poze pou yo ka rekòlte yon lavi ki dwat devan Bondye.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jacques 3                     

Mes frères, qu’il n’y ait pas parmi vous un grand nombre de personnes qui se mettent à enseigner, car vous savez que nous serons jugés plus sévèrement.
Nous bronchons tous de plusieurs manières. Si quelqu’un ne bronche point en paroles, c’est un homme parfait, capable de tenir tout son corps en bride.
Si nous mettons le mors dans la bouche des chevaux pour qu’ils nous obéissent, nous dirigeons aussi leur corps tout entier.
Voici, même les navires, qui sont si grands et que poussent des vents impétueux, sont dirigés par un très petit gouvernail, au gré du pilote.
De même, la langue est un petit membre, et elle se vante de grandes choses. Voici, comme un petit feu peut embraser une grande forêt.
La langue aussi est un feu; c’est le monde de l’iniquité. La langue est placée parmi nos membres, souillant tout le corps, et enflammant le cours de la vie, étant elle-même enflammée par la géhenne.
Toutes les espèces de bêtes et d’oiseaux, de reptiles et d’animaux marins, sont domptés et ont été domptés par la nature humaine;
mais la langue, aucun homme ne peut la dompter; c’est un mal qu’on ne peut réprimer; elle est pleine d’un venin mortel.
Par elle nous bénissons le Seigneur notre Père, et par elle nous maudissons les hommes faits à l’image de Dieu.
10 De la même bouche sortent la bénédiction et la malédiction. Il ne faut pas, mes frères, qu’il en soit ainsi.
11 La source fait-elle jaillir par la même ouverture l’eau douce et l’eau amère?
12 Un figuier, mes frères, peut-il produire des olives, ou une vigne des figues? De l’eau salée ne peut pas non plus produire de l’eau douce.
13 Lequel d’entre vous est sage et intelligent? Qu’il montre ses oeuvres par une bonne conduite avec la douceur de la sagesse.
14 Mais si vous avez dans votre coeur un zèle amer et un esprit de dispute, ne vous glorifiez pas et ne mentez pas contre la vérité.
15 Cette sagesse n’est point celle qui vient d’en haut; mais elle est terrestre, charnelle, diabolique.
16 Car là où il y a un zèle amer et un esprit de dispute, il y a du désordre et toutes sortes de mauvaises actions.
17 La sagesse d’en haut est premièrement pure, ensuite pacifique, modérée, conciliante, pleine de miséricorde et de bons fruits, exempte de duplicité, d’hypocrisie.
18 Le fruit de la justice est semé dans la paix par ceux qui recherchent la paix.

Louis Segond {LSG}

James 3           

1 My brethren, be not many masters, knowing that we shall receive the greater condemnation.
For in many things we offend all. If any man offend not in word, the same is a perfect man, and able also to bridle the whole body.
Behold, we put bits in the horses’ mouths, that they may obey us; and we turn about their whole body.
Behold also the ships, which though they be so great, and are driven of fierce winds, yet are they turned about with a very small helm, whithersoever the governor listeth.
Even so the tongue is a little member, and boasteth great things. Behold, how great a matter a little fire kindleth!
And the tongue is a fire, a world of iniquity: so is the tongue among our members, that it defileth the whole body, and setteth on fire the course of nature; and it is set on fire of hell.
For every kind of beasts, and of birds, and of serpents, and of things in the sea, is tamed, and hath been tamed of mankind:
But the tongue can no man tame; it is an unruly evil, full of deadly poison.
Therewith bless we God, even the Father; and therewith curse we men, which are made after the similitude of God.
10 Out of the same mouth proceedeth blessing and cursing. My brethren, these things ought not so to be.
11 Doth a fountain send forth at the same place sweet water and bitter?
12 Can the fig tree, my brethren, bear olive berries? either a vine, figs? so can no fountain both yield salt water and fresh.
13 Who is a wise man and endued with knowledge among you? let him shew out of a good conversation his works with meekness of wisdom.
14 But if ye have bitter envying and strife in your hearts, glory not, and lie not against the truth.
15 This wisdom descendeth not from above, but is earthly, sensual, devilish.
16 For where envying and strife is, there is confusion and every evil work.
17 But the wisdom that is from above is first pure, then peaceable, gentle, and easy to be intreated, full of mercy and good fruits, without partiality, and without hypocrisy.
18 And the fruit of righteousness is sown in peace of them that make peace.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}