Liv 1 Tesalonik / 1 Thessaloniciens / 1 Thessalonians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Tesalonisyen 2            

Nou menm frè m’ yo, nou konn sa byen: vizit mwen te fè lakay nou an te bay bon rezilta.
Mwen te fenk soti lavil Filip kote yo te maltrete m’ anpil, kote yo te joure m’ lan. Men, Bondye ban m’ fòs ak kouraj pou m’ te ka anonse nou bon nouvèl ki soti nan li a, malgre tout opozisyon mwen te jwenn.
Paske, lè m’ap pale ak moun, se pa manti m’ap bay, ni mwen pa gen ankenn move lide dèyè tèt mwen, ni mwen p’ap chache twonpe pesonn.
Okontrè, mwen te toujou pale jan Bondye vle l’ la. Se Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen. Li fè m’ konfyans, li ban mwen bon nouvèl li a pou m’ anonse. Se sak fè, se pa lèzòm m’ap chache fè plezi, men Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen.
Nou menm, nou konn sa byen: mwen pa janm sèvi ak pawòl ki pou flate moun, ni mwen pa janm pran ankenn pretès pou chache fè lajan. Mwen pran Bondye pou temwen.
Mwen pa chache lwanj nan men pesonn, ni nan men nou, ni nan men lòt moun.
 Se pa kapab mwen pa ta kapab fè nou santi otorite Kris la ban mwen tankou apòt li. Non, okontrè. Pandan tout tan m’ te lakay nou, mwen te aji avèk dousè, tankou yon manman k’ap pran swen pitit li yo.
Mwen te sitèlman renmen nou, se pa bon nouvèl la ase mwen ta ban nou. Ata vi m’ mwen ta bay pou nou. Nou wè jan m’ renmen nou!
Nou chonje, frè m’ yo, jan m’ te travay, jan m’ te fatige kò m’ ap travay lajounen kou lannwit pou m’ pa t’ sou kont nou yonn pandan tout tan mwen t’ap anonse nou bon nouvèl Bondye a.
10 Mwen pran nou sèvi m’ temwen ansanm ak Bondye: Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou ka di mwen te aji byen ak nou, yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki dwat, ki san repwòch.
11 Nou konnen ki jan mwen te aji ak nou chak, tankou yon papa ak pitit li yo.
12 Mwen te ankouraje nou, mwen te konsole nou, mwen pa t’ janm sispann fè nou konprann byen ki jan pou nou mennen tèt nou pou nou ka fè Bondye plezi, paske Bondye rele nou pou nou resevwa pa nou nan gouvènman l’ ak nan bèl pouvwa li.
13  Se konsa, mwen pa sispann di Bondye mèsi tou pou jan nou te pare zòrèy nou koute lè m’ t’ap fè nou konnen pawòl Bondye a. Nou te resevwa l’ pou sa l’ ye a: pou pawòl Bondye, pa pou pawòl lèzòm. Se pawòl sa a k’ap travay nan kè nou, nou menm ki gen konfyans nan Bondye.
14 Frè m’ yo, sa ki rive nou an, se sa ki te rive manm legliz Bondye k’ap viv pou Jezikri nan peyi Jide a. Menm sa yo te soufri nan men jwif yo, se sa nou soufri tou nan men moun menm peyi ak nou yo.
15 Se jwif yo ki te fè touye ni Jezi, Seyè a, ni pwofèt yo. Se yo menm tou ki te pèsekite m’ ansanm ak zanmi m’ yo. Yo pa soti pou fè Bondye plezi. Yo fè lènmi ak tout moun.
16 Y’ap fè sa yo kapab pou anpeche m’ pale ak moun ki pa jwif yo, pou moun sa yo pa sove. Konsa, yo lage kò yo nèt ale nan menm peche yo te toujou kònn fè a. Men, koulye a kòlè Bondye tonbe sou yo.
17  Pou mwen menm, frè m’ yo, pa gen lontan depi m’ kite nou. Nou pa wè menm, se vre. Men, lide m’ toujou sou nou. Se pa ti anvi mwen pa anvi wè nou ankò.
18 Mwen pa konnen sa m’ ta fè pou m’ tounen lakay nou ankò. Mwen menm Pòl, mwen te seye plizyè fwa menm. Men, Satan te anpeche mwen.
19 Se nou menm, moun Tesalonik, ki tout espwa mwen, se pa lòt moun. Se nou menm ki fè kè m’ kontan. Se nou menm k’ap ban m’ okazyon pou m’ vante tèt mwen devan Jezi, Seyè nou an, lè la vini.
20 Se nou menm ki ban m’ satilfaksyon, se nou menm ki fè kè m’ kontan.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 1 Thessaloniciens 2  

1 Vous savez vous-mêmes, frères, que notre arrivée chez vous n’a pas été sans résultat.
Après avoir souffert et reçu des outrages à Philippes, comme vous le savez, nous prîmes de l’assurance en notre Dieu, pour vous annoncer l’Évangile de Dieu, au milieu de bien des combats.
Car notre prédication ne repose ni sur l’erreur, ni sur des motifs impurs, ni sur la fraude;
mais, selon que Dieu nous a jugés dignes de nous confier l’Évangile, ainsi nous parlons, non comme pour plaire à des hommes, mais pour plaire à Dieu, qui sonde nos coeurs.
Jamais, en effet, nous n’avons usé de paroles flatteuse, comme vous le savez; jamais nous n’avons eu la cupidité pour mobile, Dieu en est témoin.
Nous n’avons point cherché la gloire qui vient des hommes, ni de vous ni des autres; nous aurions pu nous produire avec autorité comme apôtres de Christ,
mais nous avons été pleins de douceur au milieu de vous. De même qu’une nourrice prend un tendre soin de ses enfants,
nous aurions voulu, dans notre vive affection pour vous, non seulement vous donner l’Évangile de Dieu, mais encore nos propres vies, tant vous nous étiez devenus chers.
Vous vous rappelez, frères, notre travail et notre peine: nuit et jour à l’oeuvre, pour n’être à charge à aucun de vous, nous vous avons prêché l’Évangile de Dieu.
10 Vous êtes témoins, et Dieu l’est aussi, que nous avons eu envers vous qui croyez une conduite sainte, juste et irréprochable.
11 Vous savez aussi que nous avons été pour chacun de vous ce qu’un père est pour ses enfants,
12 vous exhortant, vous consolant, vous conjurant de marcher d’une manière digne de Dieu, qui vous appelle à son royaume et à sa gloire.
13 C’est pourquoi nous rendons continuellement grâces à Dieu de ce qu’en recevant la parole de Dieu, que nous vous avons fait entendre, vous l’avez reçue, non comme la parole des hommes, mais, ainsi qu’elle l’est véritablement, comme la parole de Dieu, qui agit en vous qui croyez.
14 Car vous, frères, vous êtes devenus les imitateurs des Églises de Dieu qui sont en Jésus Christ dans la Judée, parce que vous aussi, vous avez souffert de la part de vos propres compatriotes les mêmes maux qu’elles ont soufferts de la part des Juifs.
15 Ce sont ces Juifs qui ont fait mourir le Seigneur Jésus et les prophètes, qui nous ont persécutés, qui ne plaisent point à Dieu, et qui sont ennemis de tous les hommes,
16 nous empêchant de parler aux païens pour qu’ils soient sauvés, en sorte qu’ils ne cessent de mettre le comble à leurs péchés. Mais la colère a fini par les atteindre.
17 Pour nous, frères, après avoir été quelque temps séparés de vous, de corps mais non de coeur, nous avons eu d’autant plus ardemment le vif désir de vous voir.
18 Aussi voulions-nous aller vers vous, du moins moi Paul, une et même deux fois; mais Satan nous en a empêchés.
19 Qui est, en effet, notre espérance, ou notre joie, ou notre couronne de gloire? N’est-ce pas vous aussi, devant notre Seigneur Jésus, lors de son avènement?
20 Oui, vous êtes notre gloire et notre joie. 

Louis Segond {LSG}

 1Thessalonians 2       

1 For yourselves, brethren, know our entrance in unto you, that it was not in vain:
But even after that we had suffered before, and were shamefully entreated, as ye know, at Philippi, we were bold in our God to speak unto you the gospel of God with much contention.
For our exhortation was not of deceit, nor of uncleanness, nor in guile:
But as we were allowed of God to be put in trust with the gospel, even so we speak; not as pleasing men, but God, which trieth our hearts.
For neither at any time used we flattering words, as ye know, nor a cloke of covetousness; God is witness:
Nor of men sought we glory, neither of you, nor yet of others, when we might have been burdensome, as the apostles of Christ.
But we were gentle among you, even as a nurse cherisheth her children:
So being affectionately desirous of you, we were willing to have imparted unto you, not the gospel of God only, but also our own souls, because ye were dear unto us.
For ye remember, brethren, our labour and travail: for labouring night and day, because we would not be chargeable unto any of you, we preached unto you the gospel of God.
10 Ye are witnesses, and God also, how holily and justly and unblameably we behaved ourselves among you that believe:
11 As ye know how we exhorted and comforted and charged every one of you, as a father doth his children,
12 That ye would walk worthy of God, who hath called you unto his kingdom and glory.
13 For this cause also thank we God without ceasing, because, when ye received the word of God which ye heard of us, ye received it not as the word of men, but as it is in truth, the word of God, which effectually worketh also in you that believe.
14 For ye, brethren, became followers of the churches of God which in Judaea are in Christ Jesus: for ye also have suffered like things of your own countrymen, even as they have of the Jews:
15 Who both killed the Lord Jesus, and their own prophets, and have persecuted us; and they please not God, and are contrary to all men:
16 Forbidding us to speak to the Gentiles that they might be saved, to fill up their sins alway: for the wrath is come upon them to the uttermost.
17 But we, brethren, being taken from you for a short time in presence, not in heart, endeavoured the more abundantly to see your face with great desire.
18 Wherefore we would have come unto you, even I Paul, once and again; but Satan hindered us.
19 For what is our hope, or joy, or crown of rejoicing? Are not even ye in the presence of our Lord Jesus Christ at his coming?
20 For ye are our glory and joy.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}