Liv Deteronòm / Deuteronome / Deuteronomy

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Deteronòm 16

1 Lè mwa Abib la va rive, se pou nou fete fèt delivrans lan pou Seyè a, Bondye nou an, paske se yon jou lannwit konsa, nan mwa Abib la, Seyè a, Bondye nou an, te fè nou soti kite peyi Lejip la.
Pou fèt delivrans lan, n’a ofri bèf, kabrit ak mouton pou yo touye pou Seyè a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou yo adore l’ la.
Lè n’ap manje vyann bèt nou touye pou mwen an, nou pa pou manje pen fèt ak ledven avè l’. Pandan sèt jou, n’a manje pen fèt san ledven, pen malere, paske se prese prese nou te soti kite peyi Lejip la. Konsa, n’a toujou chonje tout tray nou te pase jou nou t’ap soti kite peyi Lejip la.
Pandan sèt jou sa yo, pesonn nan peyi nou an pa gen dwa gen ledven lakay li. Epi nan vyann nou te ofri pou mwen nan aswè premye jou a, pa kite anyen pase nwit pou denmen maten.
Nou p’ap gen dwa touye bèt nou ofri pou delivrans lan nan ankenn lavil Seyè a va ban nou pou nou rete.
Se va sèlman kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a n’a touye bèt delivrans lan nan aswè apre solèy fin kouche, paske se yon lè konsa nou te soti kite peyi Lejip.
N’a kwit vyann bèt nou te ofri a epi n’a manje l’ kote Seyè a te chwazi a. Apre sa, nan maten, n’a vire do nou, n’a tounen lakay nou.
Pandan sis jou, n’a manje pen fèt san ledven. Sou setyèm jou a, n’a reyini tout moun pou fè gwo sèvis pou Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p’ap fè ankenn travay.
N’a konte sèt senmenn apre premye jou nou konmanse ranmase rekòt grenn nan jaden nou yo.
10 Apre sa, n’a fete Fèt Senmenn yo pou di Seyè a, Bondye nou an, mèsi. N’a pote ba li ofrann n’a vle dapre sa Seyè a va ban nou nan favè li.
11 N’a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou fè sèvis pou li a, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, domestik nou yo, fanm kou gason, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm vèv k’ap viv ansanm ak nou nan lavil kote nou rete a.
12 N’a toujou chonje nou menm tou yon lè nou te esklav nan peyi Lejip. Se poutèt sa n’a toujou obeyi tout lwa sa yo.
13 Lè n’a fin moulen grenn jaden nou yo, lè n’a fin kraze rezen nou yo, n’a fè fèt Joupa yo pandan sèt jou.
14 N’a pran kont plezi nou, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm vèv ki rete nan lavil kote nou ye a.
15 Pandan sèt jou, n’a fè fèt pou Seyè a, Bondye nou an, kote li menm li te chwazi a, paske Seyè a, Bondye nou an, te beni nou nan tout rekòt nou yo, ak nan tout travay nou yo pou nou te ka kontan nèt ale.
16 Twa fwa chak lanne, pou fèt Delivrans lan, pou fèt Premye Rekòt la ak pou fèt Joupa yo, chak gason nan peyi a va vin adore Seyè a, Bondye nou an, kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Yo p’ap gen dwa vini de men vid.
17 Men, yo chak va bay kichòy, dapre benediksyon Seyè a, Bondye nou an, va ba yo.
18  N’a mete jij ak majistra nan chak lavil Seyè a, Bondye nou an, va ban nou pou dirije tout branch fanmi nou yo. Y’a fè travay yo san patipri.
19 Piga yo fè ankenn lenjistis. Piga yo gade sou figi moun pou jije yo. Piga yo pran lajan anba nan men pesonn paske lajan konsa ka anpeche menm moun ki gen konprann wè klè, li ka fè nou kondannen moun inonsan.
20 Pa janm kite anyen anpeche nou rann jistis jan nou dwe fè l’ la. Konsa, n’a kapab viv, n’a kapab pran peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an pou nou.
21 Piga nou janm plante ankenn poto Achera ni ankenn pyebwa repozwa pou sèvi nou zidòl bò kote lòtèl n’ap bati pou Seyè a, Bondye nou an.
22 Piga nou janm mete wòch kanpe pou fè sèvis zidòl. Seyè a pa vle wè bagay konsa menm.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Deuteronome 16

1 Observe le mois des épis, et célèbre la Pâque en l’honneur de l’Éternel, ton Dieu; car c’est dans le mois des épis que l’Éternel, ton Dieu, t’a fait sortir d’Égypte, pendant la nuit.
Tu sacrifieras la Pâque à l’Éternel, ton Dieu, tes victimes de menu et de gros bétail, dans le lieu que l’Éternel choisira pour y faire résider son nom.
Pendant la fête, tu ne mangeras pas du pain levé, mais tu mangeras sept jours des pains sans levain, du pain d’affliction, car c’est avec précipitation que tu es sorti du pays d’Égypte: il en sera ainsi, afin que tu te souviennes toute ta vie du jour où tu es sorti du pays d’Égypte.
On ne verra point chez toi de levain, dans toute l’étendue de ton pays, pendant sept jours; et aucune partie des victimes que tu sacrifieras le soir du premier jour ne sera gardée pendant la nuit jusqu’au matin.
Tu ne pourras point sacrifier la Pâque dans l’un quelconque des lieux que l’Éternel, ton Dieu, te donne pour demeure;
mais c’est dans le lieu que choisira l’Éternel, ton Dieu, pour y faire résider son nom, que tu sacrifieras la Pâque, le soir, au coucher du soleil, à l’époque de ta sortie d’Égypte.
Tu feras cuire la victime, et tu la mangeras dans le lieu que choisira l’Éternel, ton Dieu. Et le matin, tu pourras t’en retourner et t’en aller vers tes tentes.
Pendant six jours, tu mangeras des pains sans levain; et le septième jour, il y aura une assemblée solennelle en l’honneur de l’Éternel, ton Dieu: tu ne feras aucun ouvrage.
Tu compteras sept semaines; dès que la faucille sera mise dans les blés, tu commenceras à compter sept semaines.
10 Puis tu célébreras la fête des semaines, et tu feras des offrandes volontaires, selon les bénédictions que l’Éternel, ton Dieu, t’aura accordées.
11 Tu te réjouiras devant l’Éternel, ton Dieu, dans le lieu que l’Éternel, ton Dieu, choisira pour y faire résider son nom, toi, ton fils et ta fille, ton serviteur et ta servante, le Lévite qui sera dans tes portes, et l’étranger, l’orphelin et la veuve qui seront au milieu de toi.
12 Tu te souviendras que tu as été esclave en Égypte, et tu observeras et mettras ces lois en pratique.
13 Tu célébreras la fête des tabernacles pendant sept jours, quand tu recueilleras le produit de ton aire et de ton pressoir.
14 Tu te réjouiras à cette fête, toi, ton fils et ta fille, ton serviteur et ta servante, et le Lévite, l’étranger, l’orphelin et la veuve qui seront dans tes portes.
15 Tu célébreras la fête pendant sept jours en l’honneur de l’Éternel, ton Dieu, dans le lieu que choisira l’Éternel; car l’Éternel, ton Dieu, te bénira dans toutes tes récoltes et dans tout le travail de tes mains, et tu te livreras entièrement à la joie.
16 Trois fois par année, tous les mâles d’entre vous se présenteront devant l’Éternel, ton Dieu, dans le lieu qu’il choisira: à la fête des pains sans levain, à la fête des semaines, et à la fête des tabernacles. On ne paraîtra point devant l’Éternel les mains vides.
17 Chacun donnera ce qu’il pourra, selon les bénédictions que l’Éternel, ton Dieu, lui aura accordées.
18 Tu établiras des juges et des magistrats dans toutes les villes que l’Éternel, ton Dieu, te donne, selon tes tribus; et ils jugeront le peuple avec justice.
19 Tu ne porteras atteinte à aucun droit, tu n’auras point égard à l’apparence des personnes, et tu ne recevras point de présent, car les présents aveuglent les yeux des sages et corrompent les paroles des justes.
20 Tu suivras ponctuellement la justice, afin que tu vives et que tu possèdes le pays que l’Éternel, ton Dieu, te donne.
21 Tu ne fixeras aucune idole de bois à côté de l’autel que tu élèveras à l’Éternel, ton Dieu.
22 Tu ne dresseras point de statues, qui sont en aversion à l’Éternel, ton Dieu.
Louis Segond {LSG}

Deuteronomy 16

1 Observe the month of Abib, and keep the passover unto the Lord thy God: for in the month of Abib the Lord thy God brought thee forth out of Egypt by night.
Thou shalt therefore sacrifice the passover unto the Lord thy God, of the flock and the herd, in the place which the Lord shall choose to place his name there.
Thou shalt eat no leavened bread with it; seven days shalt thou eat unleavened bread therewith, even the bread of affliction; for thou camest forth out of the land of Egypt in haste: that thou mayest remember the day when thou camest forth out of the land of Egypt all the days of thy life.
And there shall be no leavened bread seen with thee in all thy coast seven days; neither shall there any thing of the flesh, which thou sacrificedst the first day at even, remain all night until the morning.
Thou mayest not sacrifice the passover within any of thy gates, which the Lord thy God giveth thee:
But at the place which the Lord thy God shall choose to place his name in, there thou shalt sacrifice the passover at even, at the going down of the sun, at the season that thou camest forth out of Egypt.
And thou shalt roast and eat it in the place which the Lord thy God shall choose: and thou shalt turn in the morning, and go unto thy tents.
Six days thou shalt eat unleavened bread: and on the seventh day shall be a solemn assembly to the Lord thy God: thou shalt do no work therein.
Seven weeks shalt thou number unto thee: begin to number the seven weeks from such time as thou beginnest to put the sickle to the corn.
10 And thou shalt keep the feast of weeks unto the Lord thy God with a tribute of a freewill offering of thine hand, which thou shalt give unto the Lord thy God, according as the Lord thy God hath blessed thee:
11 And thou shalt rejoice before the Lord thy God, thou, and thy son, and thy daughter, and thy manservant, and thy maidservant, and the Levite that is within thy gates, and the stranger, and the fatherless, and the widow, that are among you, in the place which the Lord thy God hath chosen to place his name there.
12 And thou shalt remember that thou wast a bondman in Egypt: and thou shalt observe and do these statutes.
13 Thou shalt observe the feast of tabernacles seven days, after that thou hast gathered in thy corn and thy wine:
14 And thou shalt rejoice in thy feast, thou, and thy son, and thy daughter, and thy manservant, and thy maidservant, and the Levite, the stranger, and the fatherless, and the widow, that are within thy gates.
15 Seven days shalt thou keep a solemn feast unto the Lord thy God in the place which the Lord shall choose: because the Lord thy God shall bless thee in all thine increase, and in all the works of thine hands, therefore thou shalt surely rejoice.
16 Three times in a year shall all thy males appear before the Lord thy God in the place which he shall choose; in the feast of unleavened bread, and in the feast of weeks, and in the feast of tabernacles: and they shall not appear before the Lord empty:
17 Every man shall give as he is able, according to the blessing of the Lord thy God which he hath given thee.
18 Judges and officers shalt thou make thee in all thy gates, which the Lord thy God giveth thee, throughout thy tribes: and they shall judge the people with just judgment.
19 Thou shalt not wrest judgment; thou shalt not respect persons, neither take a gift: for a gift doth blind the eyes of the wise, and pervert the words of the righteous.
20 That which is altogether just shalt thou follow, that thou mayest live, and inherit the land which the Lord thy God giveth thee.
21 Thou shalt not plant thee a grove of any trees near unto the altar of the Lord thy God, which thou shalt make thee.
22 Neither shalt thou set thee up any image; which the Lord thy God hateth.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}