Liv 2 Samyèl / 2 Samuel / 2 Samuel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Samyèl 1

1 Apre li te fin kraze moun Amalèk yo, David tounen lavil Ziklag. Lè sa a Sayil te deja mouri. David menm te lavil Ziklag depi de jou.
Sou twazyèm jou a, yon nonm rive soti nan kan Sayil la. Rad sou li te chire, li te gen pousyè sou tèt li pou fè wè jan li te nan gwo lapenn. Lè li rive bò kote David, li lage kò l’ atè, li bese tèt li byen ba devan li.
David mande l’: -Kote ou soti? Nonm lan reponn: -Mwen chape kò m’ soti nan kan moun Izrayèl yo.
David di li: -Manyè di m’ sa ki pase. Nonm lan reponn: -Lame pèp Izrayèl la kouri pandan batay la te mare. Gen anpil sòlda ki mouri. Sayil ak Jonatan, pitit gason l’ lan, mouri tou.
David mande nonm ki te pote nouvèl la: -Ki jan ou fè konnen Sayil ak Jonatan, pitit li a, mouri?
Nonm lan reponn: -Mwen t’ap pase konsa sou mòn Gilboa a lè mwen wè Sayil apiye sou frenn li pou l’ pa tonbe atè. Cha lagè lènmi yo ak kavalye yo te prèt pou rive sou li.
Lè sa a, li voye je l’ gade, li wè m’, epi li rele m’ vini. Mwen reponn li: Men mwen, monwa.
Li mande m’ ki moun mwen ye. Mwen reponn li se yon moun Amalèk mwen ye.
Lè sa a, li mande m’ pou m’ pwoche bò kote l’ pou m’ touye l’, paske li te santi tèt li ap vire, atout li te gen tout konesans li sou li.
10 Se konsa, mwen pwoche bò kote l’, mwen touye l’ paske mwen te konnen tonbe li te tonbe li t’ap toujou mouri. Apre sa, mwen pran kouwòn ki te sou tèt li ak braslè ki te nan ponyèt li, mwen pote yo ba ou, mèt.
11  David chire rad ki te sou li sitèlman sa te fè li lapenn. Tout moun ki te la avè l’ yo fè menm bagay la tou.
12 Yo kriye, yo pran gwo lapenn pou Sayil, pou Jonatan, pitit li a, pou lame Seyè a ak pou pèp Izrayèl la, paske te gen anpil ladan yo ki te mouri nan lagè a. Yo rete san manje jouk aswè.
13 Apre sa, David mande jenn gason ki te pote nouvèl la: -Ki moun ou ye? Jenn gason an reponn: -Mwen se pitit yonn nan moun Amalèk ki vin rete nan peyi a.
14 David di l’ konsa: -Bon. Ki jan ou fè pa t’ pè leve men ou sou wa Bondye chwazi a pou ou rive touye l’?
15 David rele yonn nan moun li yo. Li di l’ konsa: -Vini non! Touye msye. Nonm lan bay moun Amalèk la yon sèl kou, li touye l’ frèt.
16 David menm te di moun Amalèk la: -Se ou menm ki reskonsab sa ki rive ou la a. Se ou menm ki kondannen tèt ou lè ou di ak bouch ou se ou menm ki touye wa Bondye te chwazi a.
17  David pran chante pou plenn lanmò Sayil ak Jonatan, pitit Sayil la.
18 Li bay lòd pou yo moutre chante a bay tout moun Jida yo. Se chante banza yo. Yo jwenn li ekri nan Liv Moun ki mache dwat la.
19 O Izrayèl, tout gwo chèf ou yo mouri sou mòn yo. Yo desann tout vanyan sòlda ou yo.
20 Pa kite nouvèl la rive nan lavil Gad. Pa gaye nouvèl la nan lavil Askalon, pou medam peyi Filisti yo pa fè fèt, pou pitit fi moun sa yo ki pa sèvi Bondye pèp Izrayèl la pa leve danse.
21 Nou menm mòn Giboa yo, se pou nou rete san yon grenn lapli, san yon degout lawouze. Piga jaden janm pouse sou flan mòn nou yo! Paske se la yo trennen nan labou plak fè pwotèj sòlda yo, plak fè pwotèj wa Sayil la ki p’ap janm fwote ak lwil ankò.
22 Jonatan pa t’ janm fè bak toutotan li pa tranpe flèch li yo nan san lènmi l’ yo. Sayil pa t’ janm tounen toutotan li pa t’ plonje nepe l’ nan vant vanyan sòlda lènmi l’ yo.
23 Sayil ak Jonatan, yonn te renmen lòt! Toujou ansanm nan lavi, ansanm ansanm tou nan lanmò! Pi veyatif pase malfini, pi vanyan pase lyon.
24 Medam pèp Izrayèl yo, rele pou Sayil! Li te konn ban nou bèl rad koulè violèt ki koute byen chè, ak bèl bijou an lò pou mete sou nou.
25 Vanyan sòlda yo mouri nan lagè! Jonatan mouri, li blayi atè plat sou ti mòn yo!
26 Mwen gen gwo lapenn pou ou, Jonatan, frè mwen. Jan mwen te renmen ou sa a! Jan ou menm ou te renmen m’, se pa pale. Zanmitay sa a te pi bon pou mwen lontan pase renmen ankenn fanm ta ka gen pou mwen!
27 Vanyan sòlda yo mouri! Tout zam lagè yo pa vo anyen koulye a!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

2 Samuel 1

1 Après la mort de Saül, David, qui avait battu les Amalécites, était depuis deux jours revenu à Tsiklag.
Le troisième jour, un homme arriva du camp de Saül, les vêtements déchirés et la tête couverte de terre. Lorsqu’il fut en présence de David, il se jeta par terre et se prosterna.
David lui dit: D’où viens-tu? Et il lui répondit: Je me suis sauvé du camp d’Israël.
David lui dit: Que s’est-il passé? dis-moi donc! Et il répondit: Le peuple s’est enfui du champ de bataille, et un grand nombre d’hommes sont tombés et ont péri; Saül même et Jonathan, son fils, sont morts.
David dit au jeune homme qui lui apportait ces nouvelles: Comment sais-tu que Saül et Jonathan, son fils, sont morts?
Et le jeune homme qui lui apportait ces nouvelles répondit: Je me trouvais sur la montagne de Guilboa; et voici, Saül s’appuyait sur sa lance, et voici, les chars et les cavaliers étaient près de l’atteindre.
S’étant retourné, il m’aperçut et m’appela. Je dis: Me voici!
Et il me dit: Qui es-tu? Je lui répondis: Je suis Amalécite.
Et il dit: Approche donc, et donne-moi la mort; car je suis pris de vertige, quoique encore plein de vie.
10 Je m’approchai de lui, et je lui donnai la mort, sachant bien qu’il ne survivrait pas à sa défaite. J’ai enlevé le diadème qui était sur sa tête et le bracelet qu’il avait au bras, et je les apporte ici à mon seigneur.
11 David saisit ses vêtements et les déchira, et tous les hommes qui étaient auprès de lui firent de même.
12 Ils furent dans le deuil, pleurèrent et jeûnèrent jusqu’au soir, à cause de Saül, de Jonathan, son fils, du peuple de l’Éternel, et de la maison d’Israël, parce qu’ils étaient tombés par l’épée.
13 David dit au jeune homme qui lui avait apporté ces nouvelles: D’où es-tu? Et il répondit: Je suis le fils d’un étranger, d’un Amalécite.
14 David lui dit: Comment n’as-tu pas craint de porter la main sur l’oint de l’Éternel et de lui donner la mort?
15 Et David appela l’un de ses gens, et dit: Approche, et tue-le! Cet homme frappa l’Amalécite, qui mourut.
16 Et David lui dit: Que ton sang retombe sur ta tête, car ta bouche a déposé contre toi, puisque tu as dit: J’ai donné la mort à l’oint de l’Éternel!
17 Voici le cantique funèbre que David composa sur Saül et sur Jonathan, son fils,
18 et qu’il ordonna d’enseigner aux enfants de Juda. C’est le cantique de l’arc: il est écrit dans le livre du Juste.
19 L’élite d’Israël a succombé sur tes collines! Comment des héros sont-ils tombés?
20 Ne l’annoncez point dans Gath, N’en publiez point la nouvelle dans les rues d’Askalon, De peur que les filles des Philistins ne se réjouissent, De peur que les filles des incirconcis ne triomphent.
21 Montagnes de Guilboa! Qu’il n’y ait sur vous ni rosée ni pluie, Ni champs qui donnent des prémices pour les offrandes! Car là ont été jetés les boucliers des héros, Le bouclier de Saül; L’huile a cessé de les oindre.
22 Devant le sang des blessés, devant la graisse des plus vaillants, L’arc de Jonathan n’a jamais reculé, Et l’épée de Saül ne retournait point à vide.
23 Saül et Jonathan, aimables et chéris pendant leur vie, N’ont point été séparés dans leur mort; Ils étaient plus légers que les aigles, Ils étaient plus forts que les lions.
24 Filles d’Israël! pleurez sur Saül, Qui vous revêtait magnifiquement de cramoisi, Qui mettait des ornements d’or sur vos habits.
25 Comment des héros sont-ils tombés au milieu du combat? Comment Jonathan a-t-il succombé sur tes collines?
26 Je suis dans la douleur à cause de toi, Jonathan, mon frère! Tu faisais tout mon plaisir; Ton amour pour moi était admirable, Au-dessus de l’amour des femmes.
27 Comment des héros sont-ils tombés? Comment leurs armes se sont-elles perdues?
Louis Segond {LSG}

2 Samuel 1

1 Now it came to pass after the death of Saul, when David was returned from the slaughter of the Amalekites, and David had abode two days in Ziklag;
It came even to pass on the third day, that, behold, a man came out of the camp from Saul with his clothes rent, and earth upon his head: and so it was, when he came to David, that he fell to the earth, and did obeisance.
And David said unto him, From whence comest thou? And he said unto him, Out of the camp of Israel am I escaped.
And David said unto him, How went the matter? I pray thee, tell me. And he answered, That the people are fled from the battle, and many of the people also are fallen and dead; and Saul and Jonathan his son are dead also.
And David said unto the young man that told him, How knowest thou that Saul and Jonathan his son be dead?
And the young man that told him said, As I happened by chance upon mount Gilboa, behold, Saul leaned upon his spear; and, lo, the chariots and horsemen followed hard after him.
And when he looked behind him, he saw me, and called unto me. And I answered, Here am I.
And he said unto me, Who art thou? And I answered him, I am an Amalekite.
He said unto me again, Stand, I pray thee, upon me, and slay me: for anguish is come upon me, because my life is yet whole in me.
10 So I stood upon him, and slew him, because I was sure that he could not live after that he was fallen: and I took the crown that was upon his head, and the bracelet that was on his arm, and have brought them hither unto my lord.
11 Then David took hold on his clothes, and rent them; and likewise all the men that were with him:
12 And they mourned, and wept, and fasted until even, for Saul, and for Jonathan his son, and for the people of the Lord, and for the house of Israel; because they were fallen by the sword.
13 And David said unto the young man that told him, Whence art thou? And he answered, I am the son of a stranger, an Amalekite.
14 And David said unto him, How wast thou not afraid to stretch forth thine hand to destroy the Lord‘s anointed?
15 And David called one of the young men, and said, Go near, and fall upon him. And he smote him that he died.
16 And David said unto him, Thy blood be upon thy head; for thy mouth hath testified against thee, saying, I have slain the Lord‘s anointed.
17 And David lamented with this lamentation over Saul and over Jonathan his son:
18 (Also he bade them teach the children of Judah the use of the bow: behold, it is written in the book of Jasher.)
19 The beauty of Israel is slain upon thy high places: how are the mighty fallen!
20 Tell it not in Gath, publish it not in the streets of Askelon; lest the daughters of the Philistines rejoice, lest the daughters of the uncircumcised triumph.
21 Ye mountains of Gilboa, let there be no dew, neither let there be rain, upon you, nor fields of offerings: for there the shield of the mighty is vilely cast away, the shield of Saul, as though he had not been anointed with oil.
22 From the blood of the slain, from the fat of the mighty, the bow of Jonathan turned not back, and the sword of Saul returned not empty.
23 Saul and Jonathan were lovely and pleasant in their lives, and in their death they were not divided: they were swifter than eagles, they were stronger than lions.
24 Ye daughters of Israel, weep over Saul, who clothed you in scarlet, with other delights, who put on ornaments of gold upon your apparel.
25 How are the mighty fallen in the midst of the battle! O Jonathan, thou wast slain in thine high places.
26 I am distressed for thee, my brother Jonathan: very pleasant hast thou been unto me: thy love to me was wonderful, passing the love of women.
27 How are the mighty fallen, and the weapons of war perished!
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}